Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, 144 Hz, FreeSync ...
399 € 499 €
Voir le deal

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

4 participants

Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Jeu 5 Avr 2007 - 20:05

http://kreyol.masterches.net/

Bonjou,

mwen etidyan Strasbou, frans e mwen kreye yon diksyonè kreyòl ayisyen "Online" : http://kreyol.masterches.net/

Li pwopoze :
#Yon diksyonè : definisyon ak sinonim, istwa, tradisyon, etimoloji, pwovèb, ak tradiksyon nan lot kreyol ak nan lot lang yo
#Yon gramè : yon paj wiki ; gramè ak lengwistik

M'ap fè yon konpil de tout enfomasyon m'ap twouve e sa nou ap ban mwen.

Ki jan pou nou patisipe :
1.ay anlè http://kreyol.masterches.net/
2. Si ou vle mete yon definisyon, yon ekspresyon, yon pwovèb, yon moman istwa, yon moun enpotan nan istwa peyi a : gade si mo ou fraz la ja la, nan ka sa a wap mete yon komantè sinon wap klike anlè "proposer une definition" oubyen "add a definition"; nou pe mete imaj, map mete-l nan baz de done mwen ni
3. Si ou vle korije yon definisyon : mete koreksyon ou tap fè nan komantè wap twouve anba mo ou vle modifye an.
4. Ou pe pwopoze definisyon nan lang kreyol karayib (mete nan definisyon an ki orijin kreyol li ye, kreyol gwadloup, matinik, giyan, reyinyon...etc )
5. M'ap valide definisyon an e m'ap mete li an paj si nesesè.

6.Nan pati "gramè kreyol ayisyen" : si ou vle patisipe nan kreasyon'l, klike anlè "Compte" anlè a goch nan meni-a e enskri w ; apre wap retounen nan gramè-a e ou pe edite li. Kote administrasyon an, mwen tini yon sovgad de paj-la avan'l te modifye.

Mwen se yon Ayisyen de la dyaspora e mwen ta renmen tini yon imaj korèk anlè lentènet. Se pou sa mwen ta renmen nou korije e nou kontribiye nan elaborasyon diksyonè sa a, ansiklopedi sa-a.
M'ap chache tout enfomasyon ki ofisyel ou ki veritab nan listwa d'ayiti (nou pa bizwen yon kreolizasyon kreyol ayisyen si nou genyen yon ekivalan nan lang pa nou )

Mèsi pou tout kontribisyon nou.
Korije'm si mwen fè fot.
Mèsi anpil.
Diksyonè-a kapab ay lwen lwen.


MasterChes


PS : pour les non creolophones, il s'agit d'un projet de dictionnaire creole-creole haitien avec un essai grammatical et linguistique.

Toute participation, commentaire et idées sont les bienvenues sur http://kreyol.masterches.net/
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 5 Avr 2007 - 20:55

mwen prezante w felisitasyon pou travay enpotan saa ke wap fè ya.Mwen te konpran genyen lot moun ki pi maton pase mwen sou forum lan ki te pral komante sou bon jan travay saa.Se yon gwo servis wap rann ayisyen si w ta reyisi reyalise yon diktyonè;byen ke genyen yonn deja men plisyè pa twop.Nou beswen liv en kreyol pou ti moun nou yo aprann syans ak tout lot sijè nan lang pa yo. Avan yè map gade yon jenn gason ki te nan show Oprah Winfrey ki fome yon fondatyon pou mete liv klasik yo nan lang ke ti moun yo pale nan tout peyi se konsa yo te tradwi anpil liv deja nan lang kanbodyen yo, Vietnamyen ak anpil lot peyi ;li tan ke neg ki maton nan kreyol komanse tradwi liv an kreyol tou .SE regretan ke mwen pa tande oken demach ke Minis edikatyon natyonal la ap fè pou edike ti ayisyen o mwen nan premye sik yo an kreyol .Bagay anseye yon ti moun nan yon lang ke li pa pale ka kose li anpil reta.

genyen yon moun ki te di mwen ki jan fè ti ayisyen ki sot an ayiti aprann nan lang angle fasilman.men fok li konprann ti moun lan ka pa pale angle lakay li sa depan de paran li men yo gade televisyon anpil e fok yo pale angle ak lot ti moun pou yo genyen zanmi.epi angle pi fasil ke franse.an ayiti 3/4 ti moun nan peyi pa genyen televisyon.paran yo pa menm konn li , ni ekri. se pousa li ta bon ke ti moun yo komanse premye sik primè a nan lang yo e tout moun ki ekri swa yon gramè yon diktyonè merite konpliman paske se yon bagay ki te pou fet lontan deja.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Ven 6 Avr 2007 - 7:11

Mèsi pou ankourajman wap voye ban mwen.
Mwen ni anpil traka lè mwen wè jan moun a pale kreyol ayisyen ... yo pa konnen jan pou yo mete yon let douvan lot, mwen menm mwen ka fè pati de se moun sa yo. Mwen menm ki natif natal sa ka choke m de fwa lè m ka poze m kesyon "eske se konsa yo te aprann mwen pale kreyol ? Eske se jan m ap li nan atik otè selèb ? Kè mwen di mwen non, a pa kon sa ou te aprann li, ni yon bagay ki denatire l ... e mwen mete'm ap chache...se pou sa mwen ouvè pwojè sa; li senp mè li mande anpil rigè, anpil investisman".

Sa ke yon komansman pou kreyol ayisyen an, deja nap mete an plas gramè natif natal an nou. Jan W. Vedrine di li, li sanble ke se sa pou nou swiv, 3 prensip esansyèl pou nou konsève patrimwan an nou : 3 sèl prensip sa a di ou ki jan wap ekri kreyol ba tout moun, ki jan wap pwononse lèt ak silab kreyol ba tout moun, ki jan n'ap adapte kreyol la epi neolojism ak anpwen nan dot lang ak nan dot domèn (enfomatik, matematik, chimi, fizik ..etc )

Mwen komanse epi se 3 prensip sa a, e mwen senti m alèz paske mwen senti m ritonen nan rasin mwen, yon identifikasyon ... nan kreyol mwen konnèt la pa ni "SH" mais "CH" pa ni lèt alfabè initil, pa ni anpwen nan dot lang aleske nou ja genyen pwòp mo nou.

Mwen ni 2 gran pwojè alè kile :
- diksyonè a : ni mo ki bizwen plis devlope, ni definisyon ki bizwen ilistrasyon, ni sa ki bizwen korije ou modifikasyon, ni mo ki pa ladann pou nou mete

Mwen twouve an lo mo nan vokabilè m, nan paj W. Vedrine, nan http://hometown.aol.com/definisyon (yo mete kopirayt, mè n'ap enspire senpleman de sa yo fè pou nou mete'l a dispozisyon de tout moun, n'ap modifye l, ni definisyon ki pa korèkt, ni mo ki mal ekrit, ni lèt ki an twòp...n'ap korije l nan kreyol natif natal.

- Gramè a ak lengwistik : pati la sa difisil, li ouvè an wiki pou tout moun pe sa patisipe. Mwen komanse ekri epi korije plisyè pati adan l, li manke anpil pou nou fè. Mwen mete kèk endikasyon pou nou kontinye.
Nou pe mèt ekri e modifye, m'ap mete l an paj lè m'ap travay anlèl. Esansyèl pou jodi a se ke nou asire de fè yon bagay serye e ak 3 prensip mwen pale piwo, nap woule pou li pe sa yon pilye.

Rejwen mwen si : http://kreyol.masterches.net/

(pou nou pe sa patisipe nan gramè a, klike anlè "compte" e ranpli sa ki mande login passwd, map valide yo epi nou pe sa komanse )
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Ven 6 Avr 2007 - 7:44

Master,

Ou te pase anpil tan nan Antiy franse yo?paske kreyòl ou an pi sanble ak kreyòl zòn sa a ,ke kreyòl ayisyen.

Epitou,san m pa bezwen fè okenn repwòch,ann ayiti nou deja genyen yon òtograf ofisyel ke tout timoun ap aprann nan lekòl primè jounen jodi an.
Jan w ekri a,san m pa bezwen fè konèsè ,se pa kreyòl ayisyen an.

Apre m fin di tou sa,m ap ankouraje w,pouse pou pi devan ;annou kontinye boukante lide sou lang nou renmen anpil lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Ven 6 Avr 2007 - 8:59

Master,

Nan sa w vle fè an,men yon ti diksyonè ki ka w ede .
Se diksyonè Kreyòl Matiniken an,ke lengwis maton ki rele RAPHAEL CONFIANT mete sou nèt lan.

Gen anpil mo ,mwen te konprann se te nan Kreyòl ayisyen an sèlman yo te ekziste;mo tankou "abòdjò" "yabofè" elatriye

Amize w

http://www.potomitan.info/dictionnaire/index.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Rodlam Sans Malice Ven 6 Avr 2007 - 10:47

Joel

Mwen te vle mande Master menm bagay la pase mwen wè li itilise yon kreyol ki pi sanble kreyol Gwadloupeyen yo pale.men pouki sa li ekri "dot "o lye de" lot" eske se yon fot ou byen se konsa yo di lot Martinik.Li di sa ke yon komansman pou lang ;mwen kwè li vle di sa se yon komansman. epi mwen wè li itilise "pe"Li ekri mwen ni de gran pwojè alè kile, mwen pa konprann sa li di ya.Poukisa li ekri korekt, ekrit?

nou pap kritike non men nap chache fè lang plis iniform.pou tout moun pale li e ekri li menm jan .Mwen kwè li esantyel ke nou fè sa.paske pafwa fok ou konsantre w anpil pou konprann byen sa moun Martinique,Guadeloup, ak lot kote yo lè yap pale kreyol ak ou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Sasaye Ven 6 Avr 2007 - 15:40

Mwen menm tou. Jan Joel di a, mwen kwe ke Mastè grandi lan Antiy ou byen youn lan paran li yo se antiyè.
Vokabilè mysye pi antiyè ke ayisyen.
Ayisyen di "lot", yo di "dot" ou byen "zot"
Ayisyen di "genyen ou gen", yo di "ni". Pa ekzanp "mwen ni" "ou ni"
Ayisyen di "konnen", yo di "sav"
Kanta "pe", li vle di "ap". Pa ekzanp "m pe" "ou pe". Moun lan sid Ayiti, tankou Okay ak Jeremi itilize "pe" lan menm sans lan.

Lan pwen pwoblèm depi nou fè diferans ant Kreyol Ayisyen ak lot yo.

Antouka, Mastè, mèsi pou bon travay w ap fè laa. Mwen souetè w bon siksè.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Ven 6 Avr 2007 - 18:02

Se pou nou wè similarite ki gen nan Kreyòl yo,kreyòl a baz franse yo.

Gen de mo ki diferan,ki gen diferans jan nou pwononse yo,men an jeneral chapant gramè Kreyòl yo se menm.

Kote nou plase vèb yo ak konpleman yo ,gen anpiljan ke yo se menm.
Gade yon ti moso kreyòl Cajun yo (Blan desandan franse La Lwizyàn yo).
Se yon tradiksyon Fab La Fontèn LA CIGALE ET LA FOURMI e gade jan yo tradwi tit lan "Cigale-la et Froumi-la

Sa vin ranfòse teyori ke se kolon blan nòdwès La Frans yo ki etabli chapant Kreyòl lan,e ke sitou nan tout koloni yo se yon sèl lang ki te itilize se te kreyòl:kelkelanswa ou te blan,ou te nwa oubyen ou te milat:

http://perso.orange.fr/aetius/amerika/Louisiane.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Ven 6 Avr 2007 - 19:27

Bonjou,

mèsi pou pwopozisyon nou.

Mwen ta vle reponn anlè plizyè pwen nou evoke nan post sa a. Nou ni rezon lè nou di ke m genyen enflians antiy gwadloup. Mè mwen te leve ayiti e mwen te viv gwadloup nan kominote ayisyen. Ni an paket bagay ak mo ak fraz ak pawòl mwen blye, mwen ranplase pa anpwen kreyol gwadloupeyen oubyen pa kreyolizasyon (neoljism mwen krye prosede la sa) de kèk lang nan lekel mwen kontre kèk definisyon m pa sonje nan lang kreyol natif natal d'Ayiti.

Objektif premye mwen ta renmen nou panse nan pwojè sa a se difize, epi yon kalite irepwochab kreyol ayisyen an anlè twèl la (ni yon neolojism pou web, m blye l, fo nou mete l nan definisyon yo) : m ap pale de gramè kreyol la (mwen ouvè yon wiki pou sa ki ap rasanble tout enfomasyon ofisyèl ak kiltirèl) ak lengwistik kreyol la. Mwen kontre 3 prensip ki make nan konstitisyon an ki ofisyalize grafi ak pwononsyasyon kreyol natif natal ( Òtograf Ofisyèl Lang Kreyòl Ayisyen an Selon lalwa septanm 1979 ki parèt nan janvye 1980 anba siyati Sekretè Deta Edikasyon Nasyonal Dayiti, M. Jozèf Bèna.

Konstitisyon 1987 la sou zafè lang kreyòl ayisyen an Kontitisyon 1987 di nan atik 5 kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Se sèl lang ki fè inite an Ayiti

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

-------->m ap enonse se 3 prensip sa yo pi ba)

M ap eseye ekri yon bagay korèkt ki kapab sèvi nasyon ayisyèn d'Ayiti ak dyaspora la tou.

Mwen ap fè anpil fot lè m ap ekri nan kreyol ayisyen an paske m ka aprann korije kreyol m ap pale a (se efektivman yon melanj kreyol ayisyen ak inflians kreyol gwadloupeyen), mè si m ouvè yon paj gramè Wiki se pou yon travay (woule?) kolaboratif, pou nou ap korije nou mityèlman lè n ap tronpe nou.
Mwen ka aksepte tout remak ki kapab fè m avanse nan objektif sa a.

Lè m pale de komansman lang kreyol la se pa yon abi, mwen tap pale de propagasyon l anlè twèl la (web). M ap chache san espwa yon diksyonè kreyol ayisyen "onlin" mwen pa twouve, m'ap chache yon gramè kreyol ayisyen "online" mwen pa twouve l" : di mwen, sa m twouve se yon gramè ki pa koresponn epi sa m te aprann lè mwen te piti; mwen ta vle rekonnèt yon gramè ak melodi kreyol ayisyen an.
Sa m komanse ekri nan paj gramè a, se enfomasyon ofisyèl (cf. konstitisyon ak W. Vedrine ) ak divès bagay mwen twouve a dwèt ak goch (ni yon ekspresyon esprè nan lang kreyol ayisyen an mè m pa sonje l pou di "à droite et à gauche" ? tou patou ? )
Mwen ta renmen nou korije l e nou ajoute enfomasyon nou genyen bò kote nou (ni=tini kreyol gwadloupeyen --->genyen=kreyol ayisyen ...mèsi )

Pou definisyon pou antre yo nan diksyonè a, mwen twouve kèk nan ekstrè disksyonè kreyol ayisyen (W. Vedrine ) e dot nan paj web divès (si li tini kopirayt, mwen respekte kopirayt la, swa m ap enspire m de definisyon yo bay yo menm, swa m ap endike pwovenans definisyon mwen mete an, ak imaj si nesesè)

Sa mwen ta vle a, se yon travail san pou san kolaboratif, ke tout moun patisipe pou nou pe sa konpie yon bagay enteresan anlè kreyol ayisyen anlè twèl la. Li kapab sèvi yon bon koz, koz nasyon an.

Nou te dim ke kreyol ayisyen an genyen yon gramè deja ekri, mwen ta renmen l a dispozisyon anlè twèl la : n ap mete kopirayt otè gramè sa a, mè m ta renmen gramè sa a genyen yon presans anlè twèl la.

pou reponn denye post la "cigale-la et froumi-la" : figi kreyol chanje selon ke se yon kolon kap pale l plito ke yon natif natal ... lè m ka li fraz sa a, mwen ka di m, mè moun sa a, li pa konnèt pale fransé pou l ekri l mal kon sa...yon natif natal pak kapab konprann ke sa se kreyol li paske m panse ke se kreyol kolon fransè oubyen esklav emansipe ki tap chache genyen enpòtans (djol roze, tilititi ) e pa kreyol ayisyen oubyen esklav mawon yo te pale. Se pou sa mwen pa ka rekonnèt orijin mwen nan fraz sa a, ni jan li ekri.

Mwen ta renmen nou rasanble tout enfomasyon lengwistik oubyen ki ap ede ekri yon konpil règ kap reji gramè kreyol d'Ayiti (gade kopirayt la si nou wèl nan yon ouvraj ofisyèl oubyen enspire nou de ouvraj la ) oubyen tout definisyon nap twouve ki dwèt ni plas li nan yon diksyonè kreyol ayisyen.

Mwen ouvè sijè la nan yon Wiki paj : http://kreyol.masterches.net/ nan "Gramè" (lien : http://kreyol.masterches.net/modules/wiwimod/index.php?page=Gram%E8&back=wiwihome

Pou nou pe sa konplete ak korije wiki sa a, klike anlè "Compte" (http://kreyol.masterches.net/user.php) e enskri w.
M'ap valide l. Nou ke pe edite epi modifye konteni wiki a. Mwen twouve tou yon list mo ki bizwen defini nan mem paj wiki a nan ribrik "kreyol" ([url]http://kreyol.masterches.net/modules/wiwimod/index.php?page=kreyol&back=Gramè[/url])

Pou nou sa ajoute yon definisyon : klike anlè "proposer ue definition" (http://kreyol.masterches.net/modules/dictionary/submit.php)
Si nou trape kèk pwoblem, di mwen l nan post sa a.

Pou nou pe sa korije yon definisyon an, mete l nan wiki "kreyol" an, ou byen mete yon komantè nan definisyon mo ou tap vle modifye an.

Mèsi anpil.


M ap presante nou 3 prensip mwen mete piwo plase nan gramè kreyol ayisyen anlè paj wèb mwen fè a :

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo:




--------------------------------------------------------------------------------

Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.

an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou

b nan: aba

ch nan: chak, cho

d nan: drapo

e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret

è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè

en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis

f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè

g nan: lagè, grangou

i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip

j nan: lenjistis, manje

k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl

l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl

m nan: me, mil, moun, montre, lamizè

n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann

o nan: drapo, yo

on nan: onz, montre

ou nan: tout, moun, kouran, pou

p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè

r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay

s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante

t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay

ui nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )

v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay

w nan: pwofesè, twa, wòl

y nan: kreyòl, yon, yo, travay

z nan: dizui, onz, lamizè

An menm tan, tout egzanp sa yo montre nou dezyèm prensip la se:


Prensip 2: Chak son ekri menm jan.

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:


Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil.


Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz.

Kalkile prensip sa yo byen.
Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri.
Suiv modèl yo byen.
Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )


------------------------------

Men Alfabè ofisyèl kreyòl la:
a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z

1. 18 konsòn
b nan : bal, debat, kapab
ch nan : chat, rache, rach
d nan : daso, kadna, gad
f nan : fal, rafal, saf
g nan : garaj, bagay, bag
h nan : hay, hany, hinghang
j nan : jalou, kajou, raj
k nan : kad, makawon, avèk
l nan : lavi, pale, fasil
m nan : malad, enfimite, dam
n nan : nas, zepina, medsin
ng nan : ling, touhing, zing
p nan : poto, rapadou, pap
r nan : rat, marasa
s nan : sik, dousi, sous
t nan : taso, titato, tèt
v nan : vakabon, lave, rèv
z nan : zafè, razè, raz


2. 7 Vwayèl bouch


a : ase, latè, leta
e : elèv, redi, rale
è : ès-ès, kèk, ankè
i : istwa, pit, ]]anasi
o :ochan, foli, mato
ò :òfèv , gòl , gadò
ou :ouvriye , goud , kalfou


3. 4 vwayèl bouch-nen


an : anlè , zandolit , devan
en : enbesil , pentad , lapen
on : onz , ponpe , pantalon
oun: ounsi , mazounbèl, youn, ounfò, oungan


4. Vwayèl-konsòn: W


wa : watè , lakwa
wan : wanga , lakwann
wete: wete , fwete , dwe
wen : kwen , pwen
wi : kwi , piwili
wo : wotè , gwo
wò : wòl , bwòs
won : wont , fwonte
wou : woule, kwout


5. Atansyon


wo , wò, won kapab ekri konsa tou: ro, rò, ron
Egzanp: rotè, gro, ròl, bròs, ront, fronte, roule, krout


6. Y


ya : faya, pyas
yan: yanvalou, pyan, yanm
ye : peye, katye
yè : ayè, soupyè
yen: anyen, kretyen
yo : koyo, konfyolo
yò : miyò, dyòl, biyòt
yon: pyon, bouyon
you: you, pyou, fyou


7. ui/wi


Egzanp : luil, lwil, nuit, nwit, uit, wit, zuit/zwit


8. Tirè


Nou kapab sèvi ou pa sèvi avèk tirè, si nou vle, pou makonnen, yon mo ak kèk fòm gramè ki vini apre, li, tankou nan:
Fòm atik defini yo:
Fi-a, nèg-la, mouche-a, fanm-nan.
Fi a, nèg la, mouche a, fanm nan
Fòm adjektif posesif yo :
Papa-li, pitit-mwen…
Papa li, pitit mwen
Pwonon konpleman retresi yo :
Nèg-la di m li te wè m yè…
Nèg la di m li te wè m yè


9. Apwostwòf


Nou kapab sèvi ou pa sèvi avèk apwostwòf pou pwonon sijè yo:
1. M’ te vini rele ou, men m’ pa te jwenn ou.
M te vini rele ou, men m pa te jwenn ou
2. Jèda pa la, l’ al lekòl.
Jèda pa la, l al lekòl…
M’, n’, l’, se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre yo


10. Aksan


Nou sèvi ak aksan fòs ( ` ) pou fè
e tounen è
o tounen ò
a devan n tounen àn
Egzanp: lèd, fò, Antwàn, an pàn
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Jeu 19 Avr 2007 - 0:34

Nouvoté anlè twèl la :

Diksyonè a miyò : http://www.masterches.net/diksyone

Diksyonè
<>Kreyòl_Kreyòl
<>Non pwòp
<>Gramè

Kilti ak edikasyon
<>Pwovèb
<Pwezi>
<Matematik>

Forum
-->Yon foròm de diskisyon anlè se chapit sa yo

Mèsi anpil pou tout kontribisyon nou, ede m etabli bagay sa a, ede m.
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Lun 23 Avr 2007 - 12:00

http://www.masterches.net/diksyone/


The dictionary has been updated and has a new skin and a brand new forum is associated for enhancing contributions.

Features :
Encyclopedia part :
-Dictionary kreyol-kreyol (creole-creole)
(with translation in other languages, synonyms, sources, references, search field)
-Non Pwòp, istwa, teknik
-Pwovèb, proverbs
-Literati, kont kreyol pwezi ak lèt : litterature, native stories poetry and letters
-Lengwistik, gramè : linguistic, grammary (wiki mode)
-Matematik

Site part :
-Wiki : for lengwistik and grammary part and other acute news(http://www.masterches.net/diksyone/wiki_niouz)
-Forum : for contribs and discussions part (http://www.masterches.net/diksyone/forum)

Thanks a lot for all your contributions, other parts can be added to this project.

N'ap rive mezanmi!
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Mer 25 Avr 2007 - 17:47

An palan de diksyonè,INIVESITE INDIANA fèk parèt ak yon kokenn chenn diksyonè Kreyòl-Angle.

Yon gwomoso;781 paj wi; KOUMANMAM:

http://www.potomitan.info/vedrine/dictionary.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Rodlam Sans Malice Mer 25 Avr 2007 - 18:07

men bon travay mwen ta renmen konnen non moun sas ki fè gwo travay sila.Ou ta met touye zentelektyel komokyel nan UEH yo;yo pa tap janm okipe yon bagay konsa.Men li se nan yon iniversite tranje ke yon diktyonè kreyol angle soti.

ki sa elit saa itil peyi dayiti menm ki fè yo pretantye konsa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Mer 25 Avr 2007 - 19:51

Rodlam Sans Malice a écrit:men bon travay mwen ta renmen konnen non moun sas ki fè gwo travay sila.Ou ta met touye zentelektyel komokyel nan UEH yo;yo pa tap janm okipe yon bagay konsa.Men li se nan yon iniversite tranje ke yon diktyonè kreyol angle soti.

ki sa elit saa itil peyi dayiti menm ki fè yo pretantye konsa?

Sans Malice,

Siman se pwofesè VALDMAN.Inivèsite Indiana gen yon Depatman kreyòl solid.Mwen kwè ke dr Iv Dejan te fè yon kout etidye la,si m pa twonpe m.

Inivèsite KANSAS ,gen yon Depatman Lang Kreyòl ki solid tou.Mwen kwè ke yo deja parèt yon diksyonè tou,ki rele DIKSYONè FREEMAN-LAGUERRE.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Joel Jeu 26 Avr 2007 - 10:26

Rodlam Sans Malice a écrit:mwen prezante w felisitasyon pou travay enpotan saa ke wap fè ya.Mwen te konpran genyen lot moun ki pi maton pase mwen sou forum lan ki te pral komante sou bon jan travay saa.Se yon gwo servis wap rann ayisyen si w ta reyisi reyalise yon diktyonè;byen ke genyen yonn deja men plisyè pa twop.Nou beswen liv en kreyol pou ti moun nou yo aprann syans ak tout lot sijè nan lang pa yo. Avan yè map gade yon jenn gason ki te nan show Oprah Winfrey ki fome yon fondatyon pou mete liv klasik yo nan lang ke ti moun yo pale nan tout peyi se konsa yo te tradwi anpil liv deja nan lang kanbodyen yo, Vietnamyen ak anpil lot peyi ;li tan ke neg ki maton nan kreyol komanse tradwi liv an kreyol tou .SE regretan ke mwen pa tande oken demach ke Minis edikatyon natyonal la ap fè pou edike ti ayisyen o mwen nan premye sik yo an kreyol .Bagay anseye yon ti moun nan yon lang ke li pa pale ka kose li anpil reta.

genyen yon moun ki te di mwen ki jan fè ti ayisyen ki sot an ayiti aprann nan lang angle fasilman.men fok li konprann ti moun lan ka pa pale angle lakay li sa depan de paran li men yo gade televisyon anpil e fok yo pale angle ak lot ti moun pou yo genyen zanmi.epi angle pi fasil ke franse.an ayiti 3/4 ti moun nan peyi pa genyen televisyon.paran yo pa menm konn li , ni ekri. se pousa li ta bon ke ti moun yo komanse premye sik primè a nan lang yo e tout moun ki ekri swa yon gramè yon diktyonè merite konpliman paske se yon bagay ki te pou fet lontan deja.

San Malis,

Lang tankou Vyetanayen se pa yon lang ki osi rich ke lang Kreyòl nou an non.
Men ou wè ke y ap tradwi klasik nan lang sa a.
Ann ayiti,se boujwazi an ak klas entelektyèl lan ki apeche avans fèt nan Lang kreyòl lan.Tankou Dr Michel de Graff di l;tout avans ak prestij lang kreyòl lan ta ka pran ap antrene yon diminisyon prestij lang franse an.
Se konsa yo wèl,kididonk y ap bay Kreyòl lan poto.
Thunder ,

petèt lè Aristide tounen (lol),paske misye te viv nan yon peyi ki gen 13 lang nasyonal egal ego;se misye ki ap bay lang Kreyòl lan ,plas li merite.

Epi gade yon eskandal .Yo deja tradwi GOUVERNEURS DE LA ROSEE ,nan 17 lang deja.
Men po dyab ,pa gen yon moun ki tradwi liv sa a an Kreyòl.

Y ap tradwi klasik literati mondyal yo an Kreyòl wi;men se yon etranje k ap fè l.
Mwen garanti nou sa!


Dernière édition par le Sam 28 Avr 2007 - 7:31, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  masterches Ven 27 Avr 2007 - 12:30

Diksyonè a genyen 5940 antre alè kile.

http://www.masterches.net/diksyone/
Bagay nèf yo :

-Anpil mo kap tradywi : 1166 kounye a

-Diksyonè a genyen yon antre [Angle]<-->[Kreyòl Ayisyen] epi 4570 tradiksyon.

-Yon diksyonè Matematik ak teknoloji : fòmil Latex yo poko gen entèpretasyon nan diksyonè a

-Yon diksyonè la : penti, atis

-Yon diksyonè pwovèb ak entèpretasyon yo : 114 antre (lè sa posib)

-Yon antre pou Konstitisyon an nan lang pa nou an

-Yon debi diksyonè jiridik franse-Kreyòl Ayisyen.

-Yon foròm pou nou diskite de chak mo, de chak antre, pwopozisyon, ide nou, tèks ak atik

-Yon seksyon Gramè epi Wiki : tout moun genyen pou patisipe nan ekriti atik lengwistik sa a e pwopoze yon etid pal.

Tout kontribisyon ki genyen kopirayt yo, n'ap mete koutwazi ba yo, sous enfòmasyon an, ou byen ekri menm enfòmasyon an nan kap nou an.

Tout kontribisyon nou ap fè pwojè a ale pli douvan.

N'ap rive mezanmi, n'ap rive !

http://www.masterches.net/diksyone/
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik Empty Re: Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum