Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la.

2 participants

Aller en bas

Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la. Empty Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la.

Message  Sasaye Mar 8 Juil 2008 - 20:00

Konpatriyòt,

Kite m remèsye nou tout ki toujou pataje tan nou, talan nou, lapriyè nou ak mwen lè m nan peyi a anchè annòs. Viv an Ayiti toujou yon pasyon pou mwen. An espri se Ayiti mwen toujou rete, menm si map vwayaje. Mèsi Bondye, mèsi nou tout. Fini mwen fini ak randevou doktè yo pou kesyon dèt, asirans e konsiltasyon, map pran avyon touswit pou lakay.

GENYEN POU GENYEN, VIKTWA FINAL LA, SE POU PEP LA>

Pou rezon pèsonèl pa m, mwen pap kapab mete nou tout okouran vwayaj mwen yo atravè Ayiti e aletranje. Atak vèbal e menm fizik ap ogmante kont mwen depi arè koudapèl (desizyon) lendi 9 jwen 2008 la.

Pandan dènye tan sa yo, Stanley Lucas, Ewòl Emanyèl, Nancy Rock ki abitye fè difamasyon kont mwen, lage degidon dèyèm. Yo pa gen fren nan fè manti sou dom. Sak pi mal la, mwen pa gen tan poum reponn yo e pouswiv yo nan Lajistis.

Sepandan, m ap viktim: Mwen sot pran yon gwo kout wòch nan rèl dom. Atakan kòlboso 6 fenèt legliz Sent Klè e kraze yon fenèt byen gran pou yo rantre ateri legliz la vè 2 zè dimaten.

Yo ale ak kèk materyèl pou bay son, sitou kibòd ak pawè. Depi lendi 9 jwen 2008, nou oblije pran plis prekosyon. Rimè yo fò deyò a. Mezanmi poze. Pa lagras Bondye, ak priyè e sipò anpil zanmi tout ras, tout koulè, tout nasyonalite, se konsa Pèp avèm toujou genyen pwosè kont gouvènman kap pile zòtèy nou, vyole dwa nou.

Enjistis nan lit pa nou paka gen dènye mo a. Diskriminasyon, rasism, lahèn, vyolans, mizè, grangou paka gen dènye mo a. Jan noumenm kretyen abitye di: Jezi deja gen viktwa final la.
Nan Li, noumenm Pèp Ayisyen kap lite dwe gen viktwa final la tou
sou tout fòs lanmò nou site piwo yo e lòt ankò.

SONJE 15 JIYè

Nou dwe voye yon sewòm bay Doktè Aristid. Larekonesans paka lachte. Menm zòt ap plede di: "Si Titid te la, nou taka manje. Si Titid te la, nou pa tap mouri grangou. Si Titid te la, vakans lan ta bèl..."
Plizyè lòt konpatriyòt ap repete: "Se lè bon pa la, nou konn enpòtans li."

Nou tout manb Fanmiy Lavalas ta dwe di Doktè Titid: "Bòn Fèt".
Priye pou li tout kote nou ye. Nan lòd ak disipli n, leve vwa nou pou Prezidan Titid tout kote nou kapab.

KONPRANN KONPATRIYOT KI GEN ZEB NAN BOUCH YO>
Nan Legliz katolik, gen yon sakreman Jezi mete yo rele LAKONFESYON. Konfese peche n, mande padon, reprann
plas nou nan Fanmiy la, sa toujou remanbre nou. Aba Satan!

Nou fè zanmi ak zòt, poukisa pa ak militan parèy nou. Yo bezwen nou, nou bezwen yo. Kreyòl pale, Kreyòl konprann!

ENTELEKTYEL NONKONSEKAN, FE RESPE NOU!>

Nou pèdi twòp entèlektyèl. Manman Ayiti paka fi n envesti gwo kapital li (kòb) nan entèlektyèl yo pou nap plede pèdi yo.
Zòt vòlè yo nan men Manman Ayiti, yon fason w yon lòt.
Si Zòt paka manje manje a, li pito gate l.
Gen yon seri entèlektyèl Zòt pa rive vòlè, li pito gate yo, voye yo al gate lakay.

Si Zòt paka pran lakay pa lafòs, li gen lòt jan pou li manje labouyi cho a. Nan ane 70 yo, Zòt te anvayi peyi nou ak moun lanvèlandwat, e aprè li mete nou sou lis 4H.
Tout Ayisyen te dwe mouri deja anba 4H.
Dizyèm lan kanpe, ankadre pa entèlektyèl konsekan yo, Zòt wete nou nan 4H. Zòt ap pouswiv plan grangou li, plan lanmò li.

Fòk li disparèt "REZIZTANS" yo pou li pran richès lakay.
"REZISTANS, REZISTANS, REZISTANS".

Pèp Ayisyen konsekan, louvri 2 nawè nou! Nou nan prizon en nan en jou. REZISTANS. Yon sèl jou ki rete pa dwe replonje nou kacho fòs lanmò!

Kreyòl pale, Kreyòl konprann!

Na wè byento!

Lapriyè, vijilans, rezistans!

NJera NJeri

Best Regards,
Gerard Jean-Juste
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la. Empty Re: Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la.

Message  Sasaye Mar 8 Juil 2008 - 20:04

Jerajanjis rantre Miami semènn pase pou l regle kèk zafè pèsonel.
Apre lap retounen Ayiti anko.
Bagay yo mongonmen toujou lan peyi a.

Lalit kontini:
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la. Empty Re: Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la.

Message  ed428 Mar 8 Juil 2008 - 23:44

Genle pa gen okenn kote ke ayisyen respekte anko. E n te kwe ke legliz te yon plas sakre!!!

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la. Empty Re: Yo atake Legliz Sent Klè, legliz Jera Janjis la.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum