Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON ...
Voir le deal
1190 €

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

3 participants

Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Rico Jeu 18 Sep 2008 - 10:42

MINISTERE DES TRAVAUX PUBLICS, TRANSPORTS ET COMMUNICATIONS
Projets exécutés ou en exécution Ex 2004/2005 et 2005/2006



Mezanmi gen yon eskandal kap gronde,sou zafè lajan mal depanse sou gouvenman Latoti pou te fè drenaj dlo ki soti depi basin Lakint kap anvayi vil Gonayiv chak siklonn ou chak fot avès lapli. Se yon dosye cho radyo Vizyon 2000 sou kondwit 2 animatè vedèt Valery Numa ak Daly Valet ap poze keksyon depi kelke jou nan emisyon kotidyenn. Parol la kisa tout lajan selon tablo pi ba ki deja dekese pou travo drenaj ki te dwe pwoteje vil Gonayiv apre sikonn Jeanne. Li ta sanble swa travo sayo pa bon ou pa byenfèt ou sanble pa te janm fèt. Selon 2 konpayi ki te resevwa lajan pou fè travay sa ki divize an plizyè lo, Konpayi Tecina fè konnen tout travyo te bèl ak byen fini selon plan yo.

Li rete lot konpayi yo ki poko pwononse yo pou di egzakteman si travo te bèl ak byn egzekite. Men animatè pitboul Daly Valet fè konnen kontrèman Valery Numa se Ministè Travo Piblik dwe bay eksplikasyon sou tout done konsènan travo drenaj nan Gonayiv. An plis li fè konen Kou siperyè dè kont dwe bay detay si dekèsman bann lajan pou depans total tout travo sayo fèt selon nom yo ak lwa yo.

Alos nou pa lanse oken kritik ni okenn responsablite kont anreprenè ki te gen kontra sayo pou lenstan. Si non yo la paske yo te an chaj travo sayo. Selon done nou twouve nan liv blan Gerad Latotue yo dekese tout lajan sayo.Aos koulyè a se konnen pouki travo sayo pa pwoteje Gonayiv menm pasyèlman nan siklonn ane 2008 yo.Alos deba ap kontinye sou sa pou le moman. Pa tire konklizyon tout swit gen anpil lot eleman nou dwe teni kont avan pou tonbe sou vrè koupab. Dayè travo jeni konsa gen konsèpsyon. siveyans ak egzekisyon ki rantre an koz. An plis 4 konpàyi yo bay kontra sayo ki kote gen fay pou pwouve.Se sa wi bagay ti nèg toujou konplike.


Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 1 Artibonite GRETCO 1 077 229,59 04-nov-05 6 mois
Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 2 Artibonite NACOSE 1 136 013,76 04-nov-05 6 mois

Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 3 Artibonite NACOSE 1 324 130,78 04-nov-05 6 mois
Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 4 Artibonite TECINA 560 297,86 07-déc-05 6 mois
Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 5 Artibonite TECINA 829 079,57 04-nov-05 6 mois
Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 6 Artibonite BGAS 1 692 548,36 04-nov-05 6 mois
Drainage Eaux Pluviales
des Gonaïves Lot 7 Artibonite BGAS 1 824 316,75 04-nov-05 6 mois


http://gerardlatortue.org/PDF/MTPTC.pdf
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  sassa Jeu 18 Sep 2008 - 15:28

Vous êtes Haitiens, comme moi, pourquoi vous posez-vous ces questions et cherchez-vous des réponses, nous savons tous comment notre république fonctionne, (encore il y a 20 ans, c'était mieux). Si une révolution n'y est pas, que voulez-vous qu'on change. On dirait que la magouille est passée dans nos veines.

sassa
Senior

Féminin
Nombre de messages : 34
Localisation : france
Loisirs : couture
Date d'inscription : 07/05/2008

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Rico Jeu 18 Sep 2008 - 15:40

Parol ap pale jounen jodyè a fim ki rele Nacose temwagne difikilte li te genyen pou egzekite travo drenaj sou lo no 2 ak 4 an kontra travo vil Gonayiv. Yon sèten enjenyè Joseph konpayi Nacose selon Valery Numa fè konnen gen tronson ri Paul Pron ki sitiye o zalantou ri Kristof pa janm gen travo drenaj selo plan ak devi yo. Rezon, presyon sitwayen nan zonn lan ki vle ryen savwa, kanpe an kwa kont traktè ak travayè konpayi an . Kanta andwa anplasman kavo 2 mesye Metayer yo nan vil Gonayiv fim Nacose setoblije kanpe lwen san vreman touche zonn sa kite dwe drennen komsadwa.

Toujou enjenyè fim Nacose kap pale selon Valery Numa gen yon gang tou pwisan nan Gonayiv ki reklamen lajan yo nan kontra sa. Alos fim Nacose setoblije peye 7000 $ chak mwa pou yon gwoup 10 chimè ki pa manje anyen ki frèt. Selon enjenyè se nan gwo kout kolè mesye chimè sayo touche lajan sayo chak mwa pandan travo.

Dali Valet fè konnen kriz la plis grav paske gen yon gang ak kravat ki chita nan Potoprens ki tonbe nan gaspiyaj fon piblik sayo.

Nou te sezi aprann tou bann ti fim sayo laplipa pran nesans nan Gonayiv. Se komsidire Ganayiv te gen yon ekspètiz nan travo jeni, konstriksyon rout, dremaj, kuraj ak latriye.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Rico Ven 19 Sep 2008 - 21:23

Mwen pa konnen ki rezon gen kanpe lwen ak silans sou yon sijè mwen abode ki gen tout enpotans nan moman nap pale kisa ki dwe fèt pou anpeche dlo anglouti Gonayiv. Mwen pote yon sijè kote pre 8 milyon dola pase nan men 4 fim pou travo drenaj nan Gonayiv. Li ta sanble travo sayo pa efikas. Sanble sa pa enterese pèsonn pa bo isit. Menm si nou kwè se kontrè ak moun kap fè jouda swiv pos sa. Sepandan map mete nou an gad kont dyol alèle, moun jalou, rico pa jounalis ni gen foli jounalis. Mwen se yon bon militan nan forom sa ki vle fè echanj serye sitou sou aktiyalite aktyèl peyi a. Se devwa nou enterese nan pwoblèm konplesk. Sitou se lajan prete nou dwe remèt, alos louvri je, vinn pale mande kont pou nou pa pase pou enbesil.

Tout gwo rale ki tap fèt sou vèsan Lakint , mwen te fè konnen gen lajan ki te depanse pou bagay sa. Mwen komanse tonbe sou travo ki sanse fèt nan Gonayiv. Alos se pou nou chita konprann koman o mwens travo sayo pa ede malgre jefo ki te komanse depi sou Latoti.

Pou retounen sou ankèt 2 jounalis radyovisyon 2000, yo jounen jodyè se fim Nacose ki te gen 2 kontra ki te prezante pou bay eksplikasyon kisa ki te fèt kom travo. Jeneralman reprezantan Nacos fè konnen yo respèkte 2 kontra yo te genyen pou travo sayo selon plan ak devi ofisyèl. Yo erije yon kanal an beton kouvri yo ki jete nan lanmè o nivo Raboto pou evakye dlo ki drenen. Men selon 2 mesye travo dragaj lanmè te dwe kontinye . Sa vle di yo te dwe kreze, pouse lanmè a pou kanal sa pa refoule dlo lanmè. POU MOUN KI PA KONNEN SE KONSA TOUT RIV KI BODE LANMÈ NAN OKAP TE DRAGE NAN TOUT LONGÈ VIL LA. Mwen poko te menm fèt men=se konsa Okap vinn menm benfisye yon gran pati nan lanmè a. Pou moun ki konnen Okap Fe vè ou Runba Nigt Klib ale preske nan ri A se te lanmè. Sou Prezidan kinanm Paul Magloire yo te angaje yon konpayi Kiben INDUSTRIAS MARITIMAS ki te gen ekspètiz sa. Non rele ti komik betize moun nan fè travay malouk.


Pou retounen sou sijè, selon reprezantan Nacoste konstate travo dragay sayo te prevwa men yo pa janm reyalize. Byen atandi ki pa nan responsablite l. Animatè yo mande ko koman kontra ki prevwa 6 mwa pou fè travay sa pran plis tan ke sa. Yo fè konnen te gen ekspropriyasyon ki te poko acheve. Men pi gwo koz la se lese frape ant bandi, chimè ki mande anraje nan Gonayiv kap batay. Alos negosiyasyon dwe fèt ak chak gang sayo. Reprezantan Nacoste fè konnen preske chak ri se yon klan sègnè lagè, li dwe negosye ak tout pou fè travo sayo.

Gang plis sotisfike,pi mechan se peye lajan. Gen lot se founi moun nan bidjè konpayi lan. Bon emisyon pa vreman gen tan pou vide zafè malouk sayo. Men sa nou panse eske nan epizod konpayi Nacoste, ki bon djob pou remèt. Sitou pou yon konpayi ki setoblije pran 19 mwa pou yon travay ki te dwe fini nan 6 mwa. Sa vle di plis 13 mwa diferans. Alos kou lokasyon machinn, ekipman lou konbyen sa koute konpayi sa. An plis pou grese pat koken, bay djob pou moun ki pa vinn fè anyen. Pwoblèm nou grav aksan grav nan peyi sa.MEZANMIRO A LA ESKONBRIT NOU PA TA JANM PANSE. Mwen swete lot konpayi pral defile pou defann tèt yo nan zafè preske 8 milyon dola meriken ki depanse pou ryen.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Doub-Sossis Ven 19 Sep 2008 - 23:14

Gang
plis sotisfike,pi mechan se peye lajan. Gen lot se founi moun nan bidjè
konpayi lan. Bon emisyon pa vreman gen tan pou vide zafè malouk sayo.
Men sa nou panse eske nan epizod konpayi Nacoste, ki bon djob pou
remèt. Sitou pou yon konpayi ki setoblije pran 19 mwa pou yon travay ki
te dwe fini nan 6 mwa. Sa vle di plis 13 mwa diferans. Alos kou
lokasyon machinn, ekipman lou konbyen sa koute konpayi sa. An plis pou
grese pat koken, bay djob pou moun ki pa vinn fè anyen. Pwoblèm nou
grav aksan grav nan peyi sa.MEZANMIRO A LA ESKONBRIT NOU PA TA JANM
PANSE. Mwen swete lot konpayi pral defile pou defann tèt yo nan zafè
preske 8 milyon dola meriken ki depanse pou ryen.

Tout se le aki 86 ak papa soutirans.

Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Rico Sam 20 Sep 2008 - 0:38

Kisak te pi miyo ak volo, shat mimiya w ki toujou gen kwi w yon byen long nan rasonnen piblik pou bati chato tankou vye kay blok beton nan tout katye Potoprens. Koman Pierre Novembre, ti Bobo ak latriye bann zanmi w yo te twouve tout blok beton sayo, siman, fè, sab ak latriye
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Doub-Sossis Sam 20 Sep 2008 - 13:01

Se tou Bizar pat gen kalite dezas sayo Azel ak lot cyclone passe mwen pat okouran Gonaives te sibi kalite dezas sila yo, tandis les aki 86 yo brote au moins 4 ou 5 lavalas labou desas ekolojik.

Ginle ODVA pat janm existe, yo pat janm kon netoye canal fe digues et la trie, epi sitou yo pa te kon soutire ti vakabon gangs ki kanpe ransone tout travay kap fet.

Si kalite zingredian sila yo ki pran yon popilation an otaj empeche tout travay fet ransonen moun, mete tout moun Gonaive an danje pa merite passe a linfinitif..alos mwen pa konen pou kiles pen de mort la existe ankor..
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Rico Sam 20 Sep 2008 - 19:01

Yon jou map pale potè presizyon, lè moun banm otorizasyon. Mache Kwa Bosal mwen gen pou rakonte koman li pa jamn rive fèt ni sou Duvalier ak Janklod. Zafè volo, magouyè, detounè fon piblik gouvenman kann kale makout divalyeryen se te bon inivèsite ki fome ti nèg. Anpil ap mache nan tout dyaspora nan eksprimen desèpsyon yo ak kout vye manèv. Se pa vreman kritik kont nouvo rejim ki mete yo an vakans KI PA MIYO KE YO. Men se pozisyonman politik nan kanpay salisaj pase pran tout moun melanje yo pou louvri brèch. Map di ipokrit sayo se fini pou nou.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv Empty Re: Kisak pase nan zafè lajan pou drenaj vil Gonayiv apre siklonn Jeanne nan Gonayiv

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum