Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 – 16 Go / 512Go (CDAV : ...
499.99 € 699.99 €
Voir le deal

Banditism,kidnaping,enstabilite ki lès ki responsab yo?

Aller en bas

Banditism,kidnaping,enstabilite ki lès ki responsab yo? Empty Banditism,kidnaping,enstabilite ki lès ki responsab yo?

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Nov 2006 - 0:43

Lè yon moun ap li sa anpil ayisyen ki ap defann enterè yo ekri fok ou konnen byen ki sa moun saa ap defann pou ka konprann sa li vle di.Anpil nan yo fè konprann se Aristide ki kote li ye an Afik de Sid la ki ap manipile moun nan peyi ya pou fè dezod eske se vre?Eske dezod sayo ki genyen tout moun ladan yo depi ti boujwa , pase pa polisye koronpi ke shef Polis la li menm rekonet ,mashann drug, kriminel ti volè eske se vre yo tout se lavalasyen.eske se yon fenomenn nouvo an ayiti ?

Mwen sonje lè Manigat te Presidan genyen yon jounalis ki te pose l kestyon sou zafè ensekirite ya. li te reponn ke se pa yon fenomenn selman ki an ayiti li te bay ekzanp sa ki ap pase Karakas kote li te ap viv ki genyen menm fenomenn sa yo tou.Nan peyi ki pi rish la ,ki genyen pi gwo lame ya. se tou patou moun ap rele pou krim sayo :omisid, kidnaping ,hold-up, drug dilè ki ap touye tout yon fanmi sou wout florida. asasen ki ap kidnape ti moun etc.Si se lame ke ayiti beswen ki pou fè bagay sayo sispann mwen kwè nan tout lot peyi depi Eta Zuni jiska kolombi en passan pa Venezwela peyi sayo pa ta genyen krim di tou.

Si nap konpare Eta Zuni ak ayiti ki kote ki genyen plis krim pwoportyonelman a popilatyon. O zeta Zuni to shomaj la 4.5% preske tout moun nan peyi ya genyen swa welfare ou byen yon fom dasistans sosyal kan menm,yo pa iletre. men se tou patou ou tande se shak jou se sel nouvel ou tande nan televisyon.An ayiti ou genyen yon to shomaj ki preske 90%,menm moun ki swa disan ap traVAY TANKOU MET LEKOL, ANPLOYE LOPITAL ,polisye paka viv ak sa yo toushe ki jan yon moun fè pou di se lavalasyen ki responsab de sa ki ap fet nan peyi ya. eske genyen yon etamp lavalasyen ki make nan fwon kriminel yo?O zeta Zuni eske paske yo jwen yon nwa ki ap touye moun ou byen yon blan ki ap fè menm bagay yo ou ka di se demokrat ou Repibliken ki ap fè krim?

An ayiti depi politisyen ki pa nan gouvenman ;ki pa ka shashe lot travay pou yo fè se plas leta yap tann pou yo deshepiye peyi ya yo toujou mete tou sa ki pa bon sou gouvenman ke yo kont la , men mande yo lè se yo ki te genyen pouvwa nan men yo sa yo te regle konsa yo paka di w.Si nan ane 60 e 70 yo bagay yo pat ko rive nan pwen saa fok yon moun konprann pat ko genyen tout moun sayo nan peyi ya. epi se sou yon diktati ke moun tap viv te genyen espwa pou yon moun imigre yon lot kote pou te ba rwa a peyi li. men jounnen jodya pep la paka pran kanntè anko.Sa ki genyen moyen ki ka kite peyi ya. men ti malere ki pa ka ale bahamas ou byen pran kanntè pou yo vinn Florida ,ke yap retounnen an ayit de peyi Saint Domingue ki pa genyen ni kay pou yo domi , ni manje pou yo manje menm drug la yo pa jwen anko ki sa pou yo fè?Se pa ke mwen vle tolere delenkan non ,men fok yon moun mete w nan plas moun sayo pou konprann ke wou tou ou te ka nan ka yo.Ti boujwa ki genyen fanmi ap kidnape moun ,polisye ki genyen yon ti apwentman ap kidnape moun ,men se lavalas ki responsab .

Yo fout Manigat kou deta, yo pran pouvwa yo ba tet yo kou deta, ;Aristide monte yo fouke l, yo repran pouvwa yo masakre popilatyon katye pov, blan meriken fout yo nan wol yo. preval monte se pa de traka yo pa bali , Aristide retounnen yo konplote ak etranje pou jete l ,men se lavalas ki responsab enstabilité, ak tout mal ki nan peyi ya.

Apre yo finn jete Aristide yo pran pouvwa ,se vannen yo vannen peyi ya nan koriptyon.krim tout kalite men se lavalas ki responsab.Bon mwen te kwè lavalas pa o pouvwa anko.Se Lespwa ki o pouvwa ki separe pouvwa ak tout pati politik yo,ki jan fè nou paka resoud pwoblem yo pandan 2 lane ke nou sot pase sou pouvwa.

Poukisa nou pa wè se yon ko ki malad depi lontan ki rive nan pwen moribon kote se ti souf li ki rete anvan li mouri akoz endesans inkonsyans endiferans yon klas ke yo rele elit.Poukisa nou pa fè mea culpa nou pito pou nou di ke se nou tout ki responsab si jodya peyi ya rive nan pwen ke li ye ya.Nou pale de 20 lane men pouikisa nou pa di ke nou gouvène peyi ya pandan o mwen 9 lane nan 20 yo.Ekisa nou te fè pandan 30 lane anvan yo pou nou te evite desas la ;Lè Pape la te di fok sa shanje nan peyi ya se lavalasyen ke li te ye?Lè moun yo tap vinn mouri nan plaj Florida tankou se bet san konte sa reken manje nan lan mè karayib la se Paradi ke yo tap fwi?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum