Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G ...
Voir le deal
389 €

Eskandal anvi nan dosye Lona, anpil lajan pa ranbouse ak zotobre lavalas

2 participants

Aller en bas

Eskandal anvi nan dosye Lona, anpil lajan pa ranbouse ak zotobre lavalas Empty Eskandal anvi nan dosye Lona, anpil lajan pa ranbouse ak zotobre lavalas

Message  Rico Mer 12 Nov 2008 - 15:15

Depi kèlke tan dosye Lona ap fè bri. Sitou dosye direktè sotan ou swa depoze Sandro Joseph ki nan twoub ak yon zafè blanchiman dajan. Swit yon vwati li achte kach pou fanm dous li pou yon zafè 27, 000. 00$ an biyè vèt. Direktè Sandro devan jistis, alos yo ranplase l swit yon dekrè Prezidansyèl. Yo nomen direktè sotan Minis zafè sosyal Jean Alix Boyer ranplase l.

Men sa nou apran nan koulis nan Palman Ayisyen anpil presyon ap fèt pou nouvo direktè travay pou mete an plas yon estrikti yo te prevwa depi lontan. Nou vle pale yon konsey administrasyon ki dwe plase sou tèt estaff dirèksyon Lona. Menm si reprezantan sektê prive fè konnen se rol Prezidan ki dwe soti yon dekrè, non se rol direktè okipe zafè konsa kom silbatenn ki depann de yon konsey dadministrasyon.

Konsey dadministrasyon sa dwe genyen 3 manb sekte zafè ki kotizan nan kès Lona, 3 manb sendika ki soti nan konpayi ki kotize nan Lona e 3 manb leta Aysyen ki dwe sou konsey sa tou. Men komik ladann leta Ayisyen pa kotize yon sou nan Lona , menm si anplwaye Leta yo peye kotizasyon nan Lona a travè chek yo chak mwa. Men leta predatè pakapala egzije sou konsèy adminisrasyon sa san kotize yon klou.

Men parol kap pale nouvo direktè sa gen pou mennen bon ankèt, fè netwyaj nan dosye Lona tout yon seri iregalirite ki pase nan bwat sa.

1- Kom pa egzanp defisit nan Lona ki tounnen apeprè otou 500 000 milyon goud pa ane. Sitou sou 2 dènye administrasyon Sandro Joseph.

1- Li gen pou klarifye mete a jou dezas finansye ak anplè li nan envestiman nan dosye Lona Vil.

3- Manman bèf la, gwo eskonbrit ki genyen se mete ajou 112 gwo dignitè lavalas an pos toujou an grann pati ki pa janm ranbouse Lona yon goud pou tout yon seri gwo prè ki te fèt. Selon sa kap pale dosye sa bay tèt fè mal.Gen palmantè ki pa two cho selon enterè kache yo. Genyen lot ki vle yon komisyson panche sou dosye sa mete non tout koken ki fè dapiyan sou lajan Lona koni o gran jou. Anpil gran non koni ap travay o nivo Prezidansyèl ak premye minis lan. SAN PA JANM RANBOUSE LAJAN YO PRETE DEPI LONTAN.

A swiv


Dernière édition par Rico le Mer 12 Nov 2008 - 15:34, édité 3 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Eskandal anvi nan dosye Lona, anpil lajan pa ranbouse ak zotobre lavalas Empty Re: Eskandal anvi nan dosye Lona, anpil lajan pa ranbouse ak zotobre lavalas

Message  Rodlam Sans Malice Mer 12 Nov 2008 - 15:25

bagay koriptyon saa fok li fini youn jou an ayiti.Depi lontan se toujou konsa depi youn neg byen souche nan youn gouvènman li volo jan li vle ,li prete lajan la bank epi li pa remet yo. Bon ki jan pou youn peyi mache byen nan kondityon saa?

nou te kwè apre 86 bagay sa yo ta sispann men se menm koryptyon ke w tande ki nan leta epi pou youn moun ap vinn pale de moun ki te pase deja yo.Ale yo tout la voum.Nou beswen bon jan chanjman total kapital nan peyi ya.Ti mazet yo desann kalson yo ase.nou beswen bon jan administratè ak youn dirijan ki genyen kouraj.Se pa moun ki ap di :"vini vit" epi apre ki al monte nan avyon menm si li di se kidnape yo te kidnape li. ki jan w te fè pase tout lan nwit ap radote nan telefonn ak yo?B.S. saa mwen pa kwè nan li vre. se yo ki te fè w prepare valiz ou?Si nou pa ka pran chalè kwisinn lan rete nan salon lakay nou.ba moun ki genyen bon jan GNB lè pou yo deal ak malandren.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum