Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le Bundle Lot 6 Boosters Fable ...
Voir le deal

Le vrai débat commence ici au forumHaiti

2 participants

Aller en bas

Le vrai débat commence ici au forumHaiti Empty Le vrai débat commence ici au forumHaiti

Message  Marc-Henry Sam 20 Déc 2008 - 15:12

Zye lan zye nap pale. Nap debat. Nap echange san presyon ak tout moun. Tout moun ladan sou fowom ayiti. De l'équilibre, il en aura. Des débats , ils en auront. Des interpretations , elles en auront. Dans la discipline et le respect youn pou lot nap fe de vrais debat. Nap pale des vraies affaires. J'invite donc tous les haitiens . Tout moun vini isit la pou yo pale , exprime, commente, donne opinyon yo. Un forum pluriel pour une Haiti diversifiée politiquement , socialement et économiquement. Se sa li ye wi FORUMHAITI.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Le vrai débat commence ici au forumHaiti Empty Re: Le vrai débat commence ici au forumHaiti

Message  Invité Dim 21 Déc 2008 - 11:20

C'est dommage que Stanley Lucas, Nancy Roc, et bien d'autres n'ont pas encore accepté l'invitation de nous rejoindre sur ce forum. Pour le moment, nous avons l'ossature d'un groupe OP lavalas, ce qui nuit considérablement au débat.

Il nous faut des tetes GNB et makouts pour avoir l'équilibre.


Marc, pourquoi ne pas autoriser Dezagreman à s'inscrire à nouveau?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le vrai débat commence ici au forumHaiti Empty Re: Le vrai débat commence ici au forumHaiti

Message  jafrikayiti Dim 21 Déc 2008 - 18:37

Marc envite:"Tout moun vini isit la pou yo pale , eksprime, kòmante, (donner) bay opinyon yo. "

Dakò! Men pinga ou kouri fèmen forum nan lè son yo koumanse depaman ak sa ou te espere a!

Se sa ki rive ak klas politik reyaksyonè Ameriken an epi kliyan l yo, chak fwa gen eleksyon lib. Yo mande pèp la vote. Pèp la reponn klè kon dlo kòk. Kit se Ayiti, kit se Palestin, kit se Nikaragwa...Men, lè rezilta konsiltasyon popilè a koumanse rive, Tonton Sam mande pete koken.

An 1991 se Jimmy Carter ki te al fè vye djòb la, an 2006 se Desmond Tutu ki te ale Montana.

Marc-Henry, deba sa n ap mande a, poudi nou pare pou rezilta li ka bay?

Sitiyasyon fowòm nan pa konparab ak eleksyon. Paske eleksyon se wout nòmal pou chwazi dirijan peyi a. Men, pou detèmine dwa yon moun pou li viv nan peyi li ak ekzèsis tout dwa epi devwa sivik li, se pa konsiltasyon popilè ki deside sa. SE LA LWA.

Si nou vle viv nan yon sosyete gwo ponyèt, nou te mèt kontinye fè lago - Chak gwoup ki "opouvwa" va gen yon gwoup yo ekzile. Yon jou nou va konprann kijan sistèm sa a pa entèlijan ditou. Alalong tout moun gen pou viktim.

Kidonk, mwen pa p rete ap diskite la a èske entèl gen dwa retounen lakay, osnon èske entèl gen dwa alatèt Fanmi Lavalas. Kesyon sa yo pa lojik nan kad yon fowòm. Se lalwa peyi a ki bay sitwayen JB Aristide ak tout fanmi li DWA pou yo viv lakay yo. Se Manm Fanmi Lavalas ki gen DWA ak responsablite pou yo chwazi ki lès ki alatèt pati a. Opinyon m pa gen anyen arevwa ak sa. Gen gwo diferans ant yon moun ki di "mwen ta pito Aristide bay politik vag - mwen panse Aristide ta pi itil nan lòt domèn - epi yon moun ki deklare pou yo kite li tounen Ayiti, Aristide dwe bay yon lòt moun dirije pati politik la, osnon li pa gen dwa fè politik ankò. Nan premye ka a, moun nan eksprime yon opinyon - se nòmal. Men, nan dezyèm ka a, moun nan ap fè pwomosyon zak ilegal epi gwo ponyèt.

Mwen pa kwè Etazini ta dwe janm genyen yon lòt Prezidan ki soti nan fanmi Bush la. Poutan ou pa ta janm bare m ap mande pou yo anpeche Jeb Bush fè politik osnon mennen kanpay pou li vin fè yon kou nan White House la tou.

Mwen teke fren m !

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le vrai débat commence ici au forumHaiti Empty Re: Le vrai débat commence ici au forumHaiti

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum