Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

Gwo akizasyon jij lavalas J.C. Douyon kont minis jistis Espwa Jean Joseph Exume

Aller en bas

Gwo akizasyon jij lavalas J.C. Douyon kont minis jistis Espwa Jean Joseph Exume Empty Gwo akizasyon jij lavalas J.C. Douyon kont minis jistis Espwa Jean Joseph Exume

Message  Rico Sam 4 Avr 2009 - 18:30

Emisyon Ramase te yon gwo teyat Samdi maten. Jij denstriksyon Jean Claude Douyon selèb nan zafè demann entegrasyon pati Lavalas nan pwosesis eleksyon senatoryal te nan mikro emisyon Samdi maten Ranmase Radyo Karayib. Sa fè pitye se ak kout kriye jij sa eksplike koman se yon kou foure li pran nan zafè kokenchenn akizasyon malvèsasyon yo akize l.


Mouche fè konnen pa gen rezon vreman jistifye pou flanke l deyo nan tribinal preyme enstans lap feraye. Selon li gen lot rezon kache minis jistis Jean Exume ak konplisite Komisè Manes monte sou do l nan revokasyon l.

Jij Douyon fè konnen rezon ki pran kom pretesk se akizasyon yon fanm ki rele Solanges Maintélus ki te pran yon aksyon devan tribinal li pou zafè konfli teryen. Jij Douyon te pwononse yon odonans ki se yon mezi konsèvatè ki pèmèt dam lan pouswiv dosye sa an prosè kont pati opozan MM. Samy Zuraik ak Joseph Issa 2 manb kominorite arab.

Men se twouve minis jistis Exume selon jij Douyon fè konnen li te nan magouy ak fanm sa pou te avantaje l . Se konsa yo deklare li ta resevwa 100 000 GOUD POU TRAFIKE YON DESIZYON JISTIS.

Jij Douyon ak gwo kriye di Komisè Manès KONPLIS nan senaryo pou yo flanke l nan pwoblèm. Tout eskonbrit sayo konkokte nan ekip komisè gouvenman kap konspire kont li. Dayè fanm li te delivre odonans an favè l selon zotorite jistis fè konnen seli menm ki denonse l pou lajan li te bali. Jij la di Madanm sa nan prizon aktyèlman. Li pa konnen madanm lan se devan ban lakou li rankontre l.

Lè yo mande jij Douyon ki rezon yo arete madan lan yo flanke l nan prizon Petyonvil. Li reponn , li pa konprann rezon yo flanke fanm sa nan prizon. Selon li eske se pou rezon li te pran aksyon kont 2 sitwayen MM. Samy Zuraik ak Joseph Issa ki nan konfli ak li. Li ta sanble 2 kliyan arab sayo se pwoteje minis Exumé. Selon Jij la ki fè konnen se vye desizyon abitrè ki pran pou mete madanm nan prizon. Dotan Madanm lan anprizone yo pa fè l wè jij natirèl li nan delè lwa yo.

Jij Douyon soti anpil kakashat sou minis Exume kom bon magouyè. Se konsa nou aprann sou gouvenman Aristid la, yo revoke minis Exume kite deja minis jistis san gwo bri. Rezon mouche Exume nan yon toune a letranje pale mal Aristide anpil ak entèlokitè blan.

Kom nou byen konnen lavalas gen antenn li patou, blan o sèvis Lavalas voye rapo bay Aristide. Saki rive lè minis Exume rive ayeropo pa gen machinn ofisyèl ni delagasyon ki vinn rankontre l, moouche depi lè sa revoke.Nou aprann se yon minis ki gen lang vipè, li renmen pale mal moun anpil.

Finalman map mande saki vrè ou fo nan tout saki di yo. Nou abitye ak bann zobop lavalaso-espwa sayo. Se menm kabrit tomazo, frè syamwa ki leve koken, Mwen te di bo isit la nou dwe atann nou yon veritab konfrontasyon ant 2 klan sayo. Mwen di se komansman la fen 2 ekip belijeran sayo. Se lese yo fè kanaj, kite youn detri lot jan Prezidan Roosevelt te prevwa li. Mwen te byen di se moun konsa li te anonse pou vanu pye yo, ti pèp yo pran pou paravan dwe pase sou yo kom bon roulo konpresè.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum