Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

+2
Thunder
revelation
6 participants

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  revelation Dim 5 Avr 2009 - 11:28

Rappel du premier message :

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 04kristofspan

Sa se pawol anpil moun ap di e ke Rod San Malice toujou ap preche sou sit forumhaiti e tout lot kote ke li passe.

Wi ogmantasyon popilasyon klas malere yo se yon gwo pwoblem pou developman yon peyi!

Si granneg la ap fe 2 ou 3 timoun, e malere a ap fe 8 a 10 timoun. Donk nan 20 a 30 tan peyi d’ayiti kap genyen 2 ou 3 dokte ak ingenye nan klass boujwaz la e akoz de mize ke nou ye la 8 a 10 vagabond assasin ak prostitye nan klass malerez la.
Donk si nou miltiplye kwassans konpozan klass sa yo, map we kle ke peyi d’Ayiti kap vinn pi pov de jou an jou.

Nou kap tire memm konklizyon a Rod pou’n di ke si nou pa rezoud pwoblem popilasyon an nan peyi d’Ayiti kelkeswa million dolla ke nou investi nan edikasyon, sante, lojman, eksetera, ak vistess ke popilasyon an ap ogmante nan milye malere yo, nou pap jamb kap ratrape nou.
Problem nan se ke le pli souvan, macho ayisyen pavle mete kapot, e malerez la pakab pran pilil paske swa pilil la fe li malad paske li gen nause e li pa manje byen, swa a koz li pa gen tan le ak sexyel sa vinn sou li, ou tou simpleman ignorans e neglijans.

Se ak lajan tax sosyete a e lajan assistans internasyonal la ke Leta pral sevi poul okipe tout malere sa yo.
Lajan sa yo te kab sevi pou develope e modenize infraktrikti e ranfose institisyon nan peyi d’Ayiti.

Pwoblem demografik la, fok se pa la pou nou komanse pou nou sa avanse pou pi devan.

Gen yon pwoblem politik e relijyez nan zafe sa.

Majorite politisyen konsevate, ak relijyon kretyenn refize bay lajan pou sipote avotman, e achte grenn pou malerez pran. Yo prefere bay lajan pou distribye kapot pou gason mete paske yo panse ke avek kapot la, timoun indezirab pap fet e maladi veneryenn kankou HIV AID pap grennen nan peyi a, e lajan pap depanse pou gran mesi nan moun ki pral mouri.

Yon lot solisyon se sterilize fanm sa yo apre 2 ou 3 timoun ke yo fe!

Solisyon sa, si li fet san konsantman malerez sayo, se ap yon vyolasyon dwa himen yo e gen posibilite pou 1 ou 2 nan timoun say o mouri de mize. E si sa rive, malerez la pap kap fe timoun anko.

Solition pa simp jan nou konprand nan, men nou kap jwen plizye solition si nou mete tet nou ansamb e serye sou sije sa.

Revelasyon


http://www.nytimes.com/2009/04/05/opinion/05kristof.html?scp=1&sq=haiti%20population&st=cse
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas


Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 19:59

Rodlam Sans Malice a écrit:Tande mwen konnen w ase entelijan pou konprann sa ke mwen ap chache montre w la. menm si BNC ak Ona te mete kredi a la disposityon fanm yo eske w konnen genyen lajan ase pou prete tout fanm ak gason an ayiti?Epi ki sa ki di ke lè fanm sa yo ap byen manje tet yo repose se pa plis pitit yo pral fè?fanm ayisyennn nan tout pwoblem lè yo jenn se yon boukan di fe ki cho pase yo . se bon jan edikatyon seksyel pou yo fè nan lekol ak ti gason tankou ti fi ki pou montre yo ki jan pou yo pran prekotyon pou yo pa fè pitit anvan lè ki pafwa blije yo al fè pwostitutyon pou yo ba premye ya manje. epi se konsa sa fè yo pran jiska 8 jis yo tounen yo vye gran moun anvan laj.

Malice,

Ki pwoblem ou gen ak fanm?

Magre tout goumen mwen goumen ak ou pou te prezante Negrita excuses pou toutt aso repete ou te fè sou li, ou pat janm okipe'm.

Jodia ou deside ofanse tout fanm alawonbadè.

Sispann mon frè.

Mwen pral eksplike ou pi bien kouman nou ka resoud pwoblem sa a.

Lè yon bank gen $1,000,000 nan porte-feuille kredi, ane prochènn, kob sa a fè pitit e li ap kapab prete plis moun toujou.

Sa vle di si ONA ak BNC deside prete fanm kob, se chak ane yo tap gen plis moyen pou prete plis fanm kob toujou.

Fanm sa yo ta pral kree richès, bay lot fanm parèy yo travay, yo tap bay gason tou travay.

Mwen pa foutu konpran kouman yon moun ki pa gen tan, ta pral fè ap grennen pitit. Ou di sa jis pou ka kontinie ofanse medam yo, sispann mon frè.

Piske richès ap kree, leta tap ka pran plis tax sou komèsan ak antreprenè sa yo, leta tap vini gen moyen nan men li pou bati lekol e bay sèvis pou popilasion an.

Tout pwoblem Ayiti, se robinè kredi a an bann atoufè pa vle kite roule e yo pran kob sa yo pito pou yo volè e fè piyay ak zanmi yo.

Mon frè, sispann wè yon moun pou sa li ye a, wè li pito pou sa li ka ye a si li ta resevwa yon minimum ankadreman. Sispan mande pou yo chatre moun yo. Se ta pral kree plis frustrasion lakay moun sa yo toujou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 21:39

Population:
8,706,497
note: estimates for this country explicitly take into account the effects of excess mortality due to AIDS; this can result in lower life expectancy, higher infant mortality and death rates, lower population and growth rates, and changes in the distribution of population by age and sex than would otherwise be expected (July 2007 est.)


Age structure:
0-14 years: 42.1% (male 1,846,175/female 1,817,082)
15-64 years: 54.4% (male 2,313,542/female 2,426,326)
65 years and over: 3.5% (male 134,580/female 168,792) (2007 est.)

Median age:
total: 18.4 years
male: 17.9 years
female: 18.8 years (2007 est.)

Population growth rate:
2.453% (2007 est.)

Birth rate:
35.87 births/1,000 population (2007 est.)

Death rate:
10.4 deaths/1,000 population (2007 est.)

Net migration rate:
-0.94 migrant(s)/1,000 population (2007 est.)

Sex ratio:
at birth: 1.03 male(s)/female
under 15 years: 1.016 male(s)/female
15-64 years: 0.954 male(s)/female
65 years and over: 0.797 male(s)/female
total population: 0.973 male(s)/female (2007 est.)

Infant mortality rate:
total: 63.83 deaths/1,000 live births
male: 68.45 deaths/1,000 live births
female: 59.07 deaths/1,000 live births (2007 est.)

Life expectancy at birth:
total population: 57.03 years
male: 55.35 years
female: 58.75 years (2007 est.)

See also: Healthy Life Expectancy

See also: Health Performance
Total fertility rate:
4.86 children born/woman (2007 est.)

HIV/AIDS - adult prevalence rate:
5.6% (2003 est.)

HIV/AIDS - people living with HIV/AIDS:
280,000 (2003 est.)

HIV/AIDS - deaths:
24,000 (2003 est.)

Nationality:
noun: Haitian(s)
adjective: Haitian

Ethnic groups:
black 95%, mulatto and white 5%

Religions:
Roman Catholic 80%, Protestant 16% (Baptist 10%, Pentecostal 4%, Adventist 1%, other 1%), none 1%, other 3%
note: roughly half of the population practices voodoo

Languages:
French (official), Creole (official)

Literacy:
definition: age 15 and over can read and write
total population: 52.9%
male: 54.8%
female: 51.2% (2003 est.)

http://www.theodora.com/wfbcurrent/haiti/haiti_people.html

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  revelation Dim 5 Avr 2009 - 22:08

Ana Creole, m'pa di ke 100 pou 100 pitit pep la tounen kriminel ak prostituye! Sa ke 'm te vle di majorite ladan yo e se konsekans saa ke nap viv konnyen la. Nou we anpil nan pitit pep la nan la ri e politisyen ak drug dealer ap sevi ak yo jan yo vle.

Colocolo ap pale de bay fanm yo pouvwa lajan pou diminye grennen ti moun. Lajan sa pap sifi selman fok w bayo tou ankadreman e edikasyon finansye pou yo konnen ki jan pou gere lajan sa.
Si se pa sa jenn gason pral fe jakot pye vet devan yo, mache toutouni e byen bande devan fanm sa yo e fe yo pedi lholoj yo e lajan yo.
Fok mwen di w an passan ke fanm ki sou foto a se 10 timoun ke li gennyen. 9 fet deja, e yon nan vant.

Fok yon yon pou nou passe mande anploye lETA, ARPANTE, PROFESSE LEKOL, SOLDA LANME KONBYEN PITIT KE YO LESSE DEYO NAN CHAK PROVINS KE YO PASSE.

fOK YO VINN FE KONFESYON SA.
Rod gen rezon le li di ke nou bay fanm trop to sou zafe grennen timoun. Se pa chinwa ni indou ki konn raze fanm pi byen passe peson. 2 peyi sa yo depasse 1 billion moun yo chak!!
Yo deja we ke se yon pwoblem ekonomik li ye e yo pran dispozisyon pou sa.
Nan peyi sa yo, chak fanmi gen dwa a 2 timoun. Yon ti fi, yon ti gason.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  AnaCreole Dim 5 Avr 2009 - 22:10

Kwasans demografik an Ayiti se yo gwo problem, se yon absè bò dèyè peyi-a ki prêt pou pete. Se pa de moun ki pa lan peyi-a, pou yon ti zile tankou Ayiti, popilasyon pa te fèt pou te janm depase senk milyon moun. Sa’k pi mal lan, sèke majorite moun sa yo anba laj 20 tan. M’ap mande mwen pou konbyen tan jènn gason ak jèn fi sa yo ap rete tann, san yo pa jwenn opòtinite pou yo avanse sosyalman anvan yo revolte ? Lè sa, gouvènman, lentanyonal p’ap kabab fè anyen.

Meyè mwayen pou kontrole nesans se amelyore nivo vi malere yo, e jan atik lan di a edikasyon se kle a. Plis yon fanm edike se plis li ap mete kontwol sou reprodiksyon li.

Se yon problèm pou yon gouvènman serye t’a dwe atake sou plizyè fron, telke edikasyon, opòtinite ekonomik, method kontrasepsyon gratis. Peyi-a pòv vre, men si yo sispann volè jan Colo di a, nou t’ap jwenn ase resous pou resoud problèm sa.

Pou yon kanpay kont kwasans demografik la mache, fòk nou pran kilti peyi an kontèks, si se pa sa se lave men siye atè. Se pa tout metòd kontrasepsyon ke kilti peyi a ap asepte. Gason marye an Ayiti, refize mete kondom pou yo al lan kontak ak madanm yo, gen lòt metòd ki osi efikas ke fanm yo ka itilize, san mari’l pa janm konnen.

Pa eksanp, mwen panse ke nouvo IUD, sa ki san òmòn lan se ta meyè metòd pou moun ki lan yon relasyon monogamous. Paske li trè efikas, li pa afekte libido ou sik mensyel moun yo, se yon ti bagay plastic li ye ge doktè mete andedan fi a, sa pa pran 15 minit pou mete’l, e pa gen entèvansyon chirijik. Li pa pèmanan, si sityasyon moun yo t’a chanje e yo vle fè yon lòt ti moun yo ka retire san problem.

Menm jan Lachinn gen yon politik pou kontwole kwasans lan, nou t’a gendwa mete youn anplas, kote depi yon moun fini gen 4 timoun, li obligatwa pou yo fè yon tib ligasyon.

Epwi pou gason k’ap mache grennen pitit adwat agoch, san yo pa gen mwayen pou yo okipe yo, leta dwe kenbe yo e chatre yo, e se pa tib ligasyon non, se koupe 2 patat ki anba bannann Bondye ba yo a, pou yo sa chache yon kwen pou pose deyè yo, paske se malonèt.

Men yon link ak diferan metòd ki genyen pou kontwole nesans:

http://www.cfpc.ca/French/cfpc/programs/patient%20education/birth%20control/default.asp?s=1
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Rodlam Sans Malice Dim 5 Avr 2009 - 23:52

Edike yo Dr Anna pou yo sispann mande m ki pwoblem mwen genyen ak fanm. mwen di fanm ayisyen cho anpil mwen pa kont chalè yo non mwen vle jis yo fè edikatyon yo pou yo sispann grennen pitit tankou fanm ki nan foto, se yon krim pou yon gouvenman kite yo jenn fanm ap fè tout pitit sa yo nan yon peyi kote yo pa ba malerez food stamp (coupon alimentè).Ki travay Minist fanm lan ap fè?ki travay Minist Sante e populatyon ap fè? ki travay Minist planifiakatyon ap fè?

kolo ap mande si yon fanm genyen travay ki jan poul fè fè anpil pitit .Colo ou pale pafwa tankou yon ti moun piti.Mwen genyen yon fanm nan katye lakay mwen se fanm lan ki te tankou gason men fout li fè yon paket pitit.gade tout metod ki genyen pou kontwole kwasans demografik la , neg ki te kouri deyè m pou distribityon kapot la ou pran lekti teks ke Anacreole rekomande ya ti pap?
se bagay saa ki fè yon paket moun ap di ke sou Duvalier sa te pi bon men yo pa rantre kwansans popilatyon nan ekwatyon an.Ki jan pou sa ta pi bon lè w genyen yon popilatyon ki ogmante epi pwodiktyon natyonal la desann?Yon moun pa beswen ekonomis pou konrann enflatyon ak rarte manje ki genyen nan peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Joel Lun 6 Avr 2009 - 8:01

Pwoblèm demografik lan se youn lan pi gwo pwoblèm Ayiti genyen .
Se youn lan rezon mwen pa ta renmen ARISTIDE tounen sou pouvwa a,paske li twò timid e ak background pè katolik li an ,li pa p afwonte bagay sa a ,jan pou li afwonte l.

Gade mesye Chinwa yo,yo di ke peyi yo gen 1,2 milya moun.Se twòp e se pa pou sèlman yo rete kwasans lan ,se pou yo diminye popilasyon .
Mesye dam yo pran yon lwa ,ke yon moun pa gen dwa gen plis ke yon timoun.
Anpil lòt peyi kanpe,men la Chine limenm di yo ale yo la voum.

Ann Ayiti .fòk gen yon moun ki pre pou l afwonte legliz katolik ak pwotestan ,pou fè yo konprann ke bagay sa a pa ka kontinye ,ke peyi an pa ka sipòte tout moun sa yo.
SE ENPOSIB!
mwen pa konnen ki kote moun sa a ou gwoup moun sa a ap sòti ,men peyi an bezwen l.
Si se pa sa tout bagay n ap pale pou kwasans ekonomik,edikasyon ,tout se ap lave men siye a tè;paske tout sa yon gouvènman menm si l gen bòn volonte vle fè,se ap lave men siye a tè

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  revelation Lun 6 Avr 2009 - 13:27

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 04kristofspan

Le map gade foto sa anko, m’we yon bel fanmi ki gen vizaj yo byen reyonan. Ti moun yo toutounin se vre, men yo pa skeleton, yo gen viand, e koule po yo byen swa. Sel bagay ki manke sou foto sa se yon gason papa byen kanpe e fyer de fanmi li.
Malerezman, papa sa pa la pou proteje pitit li yo… Se vreman trist.


Ki yes ki gen to ? Gason yo?, famm yo ? ou byen Leta/Sosyete a ki pa fe travay li?

Ana Creole di: Epwi pou gason k’ap mache grennen pitit adwat agoch, san yo pa gen mwayen pou yo okipe yo, leta dwe kenbe yo e chatre yo, e se pa tib ligasyon non, se koupe 2 patat ki anba bannann Bondye ba yo a, pou yo sa chache yon kwen pou pose deyè yo, paske se malonèt.

Sa pa etonne’m, Ana Creole ki se yon famm e lat proteje famm parey li, e atake danble gason yo ak sosyete a!!!

Pou Ana, famm paray li ak timoun yo se yo ki victim nan trajedi sa, gason, Leta ak relijion koupab.
E chatiman chatre grenn gason sa bay tout gason cher de poul.
Si te gen toujou famm "Amazon"vanyan kite kab rache grenn gason mete ate, le mond tekab myo


M’se yon gason e malerezman, m’pa kab pale pou lot gason, map pale e pataje experyans pa’m avek nou.

Se madam’mwen ki te volontereman ale kite’m e pran 2 timoun mwen yo al viv Florida. Jou sa m’te anraje e mwen te anvi desand anba a altouye tout moun e touye tet’m apre sa.
Thanks God, mwen pafe sa!!

Mwen vale fyerte’m e mwen foure queue anba vant mwen e m kontinye ak rest vie’m.
6 mwa pa passé, yon papye divos ak child support vinn jwen mwen. Sa fe’m pi anraje anko e mwen di ke m’pap bay 5 kob.
Men herezman pou timoun yo e pou madam lan, Leta fe travail li e poze sele sou check mwen.

Chak mwa lajan soti sou check mwen, ke m gen bill pam poum peye e lot obligasyon, se pa pwoblem pa yo.
E travay sa kontinye fet pandan 18 tan, e apre sa mwen fe’l volonterman jiskaske timoun yo fini collej, gen profesyon yo e ap travay.

Chaj sa te lou se vre paske tout famm nan travay mwen te konnen ke’m se yon divose, yon « damaj good » Donk vinn fe jako pye vet nan biwo a se blye sa.
M’te oblije fe ko’m piti pandan lontan. M’fyer de tet mwen paske, ni famm, ni timoun ni sosyete a paka vinn manke’m dega, ni mande pou yo chatre’l!!

Fok mwen di ke kredi a se
25% pou mwen gason, paske se chaj mwen, se mwen pou pote’l.
25% pou Leta Florida paske vle ou pa, yo te serre boulou’m pandan tout tan sa yo.
25% pou madam lan ki te genbe la e pa lague e pa jamb remarye e pa gen lot timoun pandan tout tan sa yo.
25% a timoun yo ki malgre ke’m pat la, yo pa tombe nan vagabongaj ni nan delinkans e konsantre yo nan etid yo e yopa jamb blame’m de absans mwen.

Saa se histwa pa’m ! M’pa konnen pa lot moun e mwen pa potpawol gason.

Travay sa mande patisipasyon e kollaborasyon tout moun e premye pa, fok se Leta/sosyete a ki pou fe’l.

Fok yo fe gason kou famm respekte obligasyon yo etan manman ak papa yon fanmi (mwen pa di etan mesye ak madam), si se pasa, yo pap jamb fe’l volonterman.

Anpil paran malonet al lague pitit yo bay leta pou yo mete yo nan orphelinat!! Se yon zak malonet paske timoun sa yo pa orphelin!!
Yo gen manman e yo gen papa!!

Fok Leta mete yon system sou pye pou chache e kouri deye e jwenn papa ak manman ti moun sa yo e fe yo pran responsabilite yo an charg.

Si se passa, nap passe tout vie nou ap pote charg pou lot moun.
Madam sou foto sa te kab pi byennere si lite gen 2 ou 3 timoun selman e sosyete a te kab ede e fe travay li avek mwens traka.

10 timoun nan yon grenn fanmi san papa!! Sa trop!!
E madam sa paret jenn, li kapab fe yon lot 4 a 5 timoun anko!

An atandan, popilasyon an ap ogmante, 8.7 million moun sou memm ti bout te peyi d'Ayiti sa ki existe depi indepandans nou!!




Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 13:55

revelation a écrit:
Colocolo ap pale de bay fanm yo pouvwa lajan pou diminye grennen ti moun. Lajan sa pap sifi selman fok w bayo tou ankadreman e edikasyon finansye pou yo konnen ki jan pou gere lajan sa.
Si se pa sa jenn gason pral fe jakot pye vet devan yo, mache toutouni e byen bande devan fanm sa yo e fe yo pedi lholoj yo e lajan yo.
Fok mwen di w an passan ke fanm ki sou foto a se 10 timoun ke li gennyen. 9 fet deja, e yon nan vant.

Revelasyon[/size]

Revelasion,

Tit sijè a : " Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye"

Se pou tèt sa, mwen panse si moun sa yo pa malere anko pwoblem pitit la pa poze anko.

Si yon fanm gen moyen pou okipe pitit li yo, alo kote pwoblem lan ye la a anko?

Annou kreye oportunite pou fanm yo ka gen kob nan men yo epi avan nou travèse nan 2e faz la ki se fomasion ak edikasion ki va pèmèt yon endividi fè yon pi bon chwa.

Pa blie fomasion ak edikasion san lajan nan men fanm yo se lave men siye atè.

Ana a écrit:Pa eksanp, mwen panse ke nouvo IUD, sa ki san òmòn lan se ta meyè metòd pou moun ki lan yon relasyon monogamous. Paske li trè efikas, li pa afekte libido ou sik mensyel moun yo, se yon ti bagay plastic li ye ge doktè mete andedan fi a, sa pa pran 15 minit pou mete’l, e pa gen entèvansyon chirijik. Li pa pèmanan, si sityasyon moun yo t’a chanje e yo vle fè yon lòt ti moun yo ka retire san problem.

Mèsi pou konsiltasion gratis sa a.

Mwen ta renmen doktè a di nou tou ki sa pou nou fè pou nou empeche timoun nou mouri tankou rat.

Taux de mortalité enfantile en Haiti: 63.83 deaths/1,000 live births

Mwen ta renmen tout fi sou fowum sa a fè tande vwa yo pouyo di ki jan yo tap santi yo si yon gouvèneman deside anpeche yo fè lot pitit san se pa volonte yo.

Pa pale'm de la Chine paske nou men an Ayiti nou chwazi viv nan demokrasi kote chak moun gen dwa fè chwa li vle depi li pap deranje lot moun.

Malice a écrit:Colo ou pale pafwa tankou yon ti moun piti.

Malice,

Pa vini kache dèyè laj pou entimide mwen e fose'm vale opinion makout ou a. Mwen pa Negrita e sa pap mache.

Map poze ou 10 keksion:


1) Konbien rekolte diri nou fè nan latibonit?
Nou fè 2, e map di ou ke nou ka fè 3.

2) Ki kantite tè nou rouze nan latibonit?
Mwen asire ou ke Fleuve Artibonite gen ase dlo pou rouze de fwa plis tè toujou, nou te ka menm jwen dlo pou rive nan Savanne desolée.

3) Eske Ayisien pratike la peche?
Ti pechè nou yo pa gen gwo kannot e se bo litoral la yo rete e se sak fè yo pa ka jwen pwason anko. Donk la pechee pa bay anko

4) Pou kisa nou pa bay pechè yo mwayen pou ya ale peche nan fon lanmè?
Nou pito fè politik, radote tout la sent jounen e mande pou yo chatre yo pito

5) Lè yon pechè Mole Saint Nicolas fini peche, sa li fèt ak pwason an?
Pwason an gate paske li pa gen mwayen pou li konsève li, li pa gen chambre froide

6) Sa nou fè ak bèl chadèk, zoranj nan Pilboro, Marmelade, limbe, elatriye?
Yo gate alo ke nou te ka fè bon ji pou voye vann nan vil nou yo.

7) Ki rad nou mete sou nou?
Pèpè alo ke tayè an Ayiti pa gen travay pou yo fè

Cool Kilès nou peye pou bay nou sekirite?
Blan alo ke anpil ti ayisien ta renmen antre nan PNH la pou sèvi peyi li

9)Ki jan de aktivite nou ankouraje an Ayiti?
Kontreband ak importation alo ke se pwodiksion lokal pou nou ta bay jarèt

10) Ki kote nale pase vakans nou menm kap viv nan diaspora a?
Dominicanie, Cuba alo ke Ayiti pi bèl ke tout kote sa yo



]Wi, se pou nou chatre moun yo si se parès ak koripsion nou vle toujou ankouraje.

Vièj pete je mwen, Ayiti ka resevwa 20 million moun anko, si nou vle travay e exploite tout oportunite nou genyen.



Joel,

Titid se yon nounm entelijan e li konpran richès Ayiti se Ayisien. E li konprann tou Tout Moun se Moun, li pa tap janm aplike vie politik diskriminatwa sa a kote li ta pral mache chatre ti malere yo alo gran nèg tap ka grennen timoun jan yo vle.


Dernière édition par colocolo le Lun 6 Avr 2009 - 14:06, édité 5 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Thunder Lun 6 Avr 2009 - 14:01

Mwen pa kwè ke genyen moun ki enkonsyan ase pou yo pa konnen ke genyen yon pwoblèm demografik serye nan peyi a. E ke leta dwe pran mezi pou kontwole nesans san kontwòl.

Se sou taktik yo ke nou pa tonbe dakò. Tankou zafè chatre a, pap pratikab paske l ap koute twòp lajan, e lakòz ke papa nan sosyete a nye pitit pli souvan pou yo ka echape anba kout jilèt.

Oubyen, di moun ke apre 4 timoun leta ap mare twonp li se yon itopi paske mwen kwè nou ka konte sou dwèt yon sèl men konbyen lokalite ki genyen doktè ki kalifye pou sa. Anplis sa ka pouse manman yo pa mete non tout timoun yo genyen sou kat fanmi ke sant sante toujou ba yo, donk sa ap kreye yon "evazyon", si nou ka rele l konsa, bò kote fanm yo.

Mwen panse solisyon a kout tèm lan se edikasyon, epwi fè ke papa ki abandone pitit yo tounen kriminèl ki pini pa prizon e amand. Paske leplisouvan se gason yo ki enkonsyan paske yo konnen ke menm si yon genyen 10 pitit, pye yo pa mare ak anyen, yo ka disparèt nenpòt lè lide yo di yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 15:12

Thunder a écrit:Mwen panse solisyon a kout tèm lan se edikasyon, epwi fè ke papa ki abandone pitit yo tounen kriminèl ki pini pa prizon e amand. Paske leplisouvan se gason yo ki enkonsyan paske yo konnen ke menm si yon genyen 10 pitit, pye yo pa mare ak anyen, yo ka disparèt nenpòt lè lide yo di yo.

100 pou 100 dako.

Ankadre fanm yo e anpeche nèg bay gol kouri.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 15:29

neg yo fè twop FKD... men gen de neg ki "' I Dont care " ou met di'l peye li pap janm peye nou konnen peyi nou...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  revelation Lun 6 Avr 2009 - 16:57

Colocolo di: Vièj pete je mwen, Ayiti ka resevwa 20 million moun anko, si nou vle travay e exploite tout oportunite nou genyen.
Moun se pil sou pil ke yo ap domi pa gen asse plas pou plante manje pou konstwi lojman, pou fe plas piblik pou 8.7 million Ayisyen e w di ke w kap jwen mwayen ajoute 20 million moun anko sou ti bout te sa.

Rod gen rezon le li di ke w reflechi e rezone memm jan ak yon timoun piti.
Bagay explozyon demografik sa pa gen jwet ladan !!
Le gen tout moun sa yo gonfle yon grenn kote konsa, se manje, ak jwisans, ak edikasyon e sante ke w ap retire nan bouch lot moun.

Le nou te piti, te gen manje sou tab tout jounnen, nou te konn sevi tet nou le ke nap manje sou tab e te konn gen rest pou pita, konnyen la nan peyi d’Ayiti, sak nan assiet w, se li’k pa w.

Thunder di: Mwen panse solisyon a kout tèm lan se edikasyon, epwi fè ke papa ki abandone pitit yo tounen kriminèl ki pini pa prizon e amand
M’dako ak w byen ke prison se yon desizyon non prodiktif paske yon papa ki chita nan prizon pap bay ti moun manje.

Fok tout famm ki fe pitit deklare nom ak prenom papa yo.
Si konsepsyon timoun nan te fet nan vagabongaj, la se yon lot gwo pwoblem pou idantifikasyon papa a.

Si Leta pran desizyon pou aplike test sang keyo rele DNA a. Moman de verite scientifik sa kap kweye gwo pwoblem nan mariaj, nan fiansaj, nan plasaj, nan konkibinaj, mari ki konprand ke pitit pa pitit yo, se pitit gason lakou etc..
Sosyete a kap vinn tet anba.

Men se pou yon koz jist paske etan gason, yon famm pakab gen je chech pou fe yon jenn gason okipe pitit yon lot gason pandan tout vi li. Se yon injistis sa. e sa rive nan anpil lot sosyete. Sa se yon lot sije tabou nan sosyete nou an paske gason ayisyen wont le yo koku. Yo oblije rete ak famm nan paske famm nan dous. E vise versa.

Pou’m pote yon ti eklesisman sou remak Ana Creole la ki mande pou yon chatre tout gason ki pa okipe pitit li.
Sa Ana te byen di se ke yon gason ki chatre se pa banann li ke yo koupe, se boulgrenn li ke yo retire e neg sa pa yon vre gason, li pa gen kouraj.
Li kap kouche famm, men li pa yon vre gason. Li se yon chulo !! Se famm kap okipe’l.

Kan yo vle di ke yon gason brav e gen kouraj yo toujou di ke neg sa gen grenn nan bouda’l, this man has balls !
Yon pa jamb di ke neg sa gen bel banann!!
Fok nou pa konfond expressyon sa. E remak Ana Creole la pirman imaje, li pa reyel. Si’m pa trompe’m.
Colocolo di : Joel,
Titid se yon nounm entelijan e li konpran richès Ayiti se Ayisien. E li konprann tou Tout Moun se Moun, li pa tap janm aplike vie politik diskriminatwa sa a kote li ta pral mache chatre ti malere yo alo gran nèg tap ka grennen timoun jan yo vle
.
Se pawol politisyen!! Se dwa tout moun malere kou granneg boule bwa jan yo vle !!
Se dwa yo pou yo fe timoun si yo vle.


Sepandan, tout moun gen yon obligasyon e responsabilite pou okipe sa yo mete sou la te.
Si yo pa kapab ranpli obligasyon yo, yap pedi dwa sa e Leta kap anpeche yo fe timoun pou rest sosyete a sa viv dan la paix.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 17:07

revelation a écrit:Rod gen rezon le li di ke w reflechi e rezone memm jan ak yon timoun piti.
Bagay explozyon demografik sa pa gen jwet ladan !!
Le gen tout moun sa yo gonfle yon grenn kote konsa, se manje, ak jwisans, ak edikasyon e sante ke w ap retire nan bouch lot moun.

Le nou te piti, te gen manje sou tab tout jounnen, nou te konn sevi tet nou le ke nap manje sou tab e te konn gen rest pou pita, konnyen la nan peyi d’Ayiti, sak nan assiet w, se li’k pa w.

Revelasyon

Ni ou ni Rod pa reflechi. Nap viv nan Washintong ak New York, e nou pa janm kale je nou pou wè.

Se nomal nou pap gen plas pou bay 20 million nouvo moun sa yo rete si nou rete ak fè ti kay an katon. Men sinou asepte travay di jan mwen mande a, fè building 5 a 10 etaj, se ato ak gen plas.

Men tip de kay nou dwe fè pou loje moun sayo:

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Kanonkai


Annou apran imite sa ki bon.

Kantè zafè manje a, mwen gentan di sa ki pou fèt pou 30 million ayisien sa yo tap jwen manje 4 fwa pa jou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  AnaCreole Lun 6 Avr 2009 - 23:15

revelation a écrit: Fok nou pa konfond expressyon sa. E remak Ana Creole la pirman imaje, li pa reyel. Si’m pa trompe’m.


Revelasyon, ou pa tronpe’w. men se yon mezi si yo t’a aplike li tou kont anpil sanwont, mwen pa t’ap desole tou. Ayiti pa gen yon leta tankou LaFlorid ki ka fè malpouwont yo asime responsabilite yo, e anpil gason ayisyen pran avantaj de sa, tout kote yo pase yo fè yon timoun, oubyen lè yo ak yon fanm yo finn gen 3 a 4 ti moun, yo kite ak fanm, yo pran yon lòt fanm yo yo bal 3 a 4 ti moun moun tou epwi yo pa bay malerèz yo senk kòb pou okipe timoun yo.

Men fanm konplis tou lan bagay sa, paske li pa fè sans pou al ouvè janb wou pa yon gason ki pa’p leve ni lou ni lejè, oubyen yon moun ke ou finn gen yon ti moun ak li, ki pa ka pran swen li epwi pou al fè yon lòt pou li, se pa serye.

Colo, edikasyon pou fanm yo fè pati solisyon problem lan, plis opòtinite ekonomik se yon pati tou, men jan’w wè opòtinite ekonomik se pa konsa li ye. Jan Rodlam mensyone a, si fanm lan okipe ap travay, se pa sa k’ap anpeche grennen ti moun. Kote sa enpòtan, l’ap bay fanm yo mwayen pou yo plis pran pi bon swen 2 ou 3 ti moun ke li genyen, pou yo ka diminye chans pou yo pa pèdi ti moun yo.

Kle a, se edikasyon jan Thunder di a, yon manman ki konn li ak ekri, gen plis aksè ak enfòmasyon, gen tandans pou pitit konn li ak ekri tou. Lè moun lan konn li, li pli fasil pou leta simaye enfòmasyon sou lasante, nitrisyon, kontraseptif, elatriye. Li sifi pou depatman santé piblik enprime ti panflèt, ak enfòmasyon say o, epwi distribiye lan tout mache, tout lekòl, etc.
Si ta gen yon palemantè k’ap li fowòm sa, mwen t’a sijere ke li entwodi yon lwa lan la chanb, ki di ke se pou moun k’ap travay lan leta fè benevola lan alfabetizasyon, pou sa’k k’ap vinn chache job leta oubyen sa ki vle poze kandidati pou pòs lan leta, ke pou aplikasyon yo asepte, se pou yo bay prèv key o te alphabetize omwens 100 moun. Yo t’ap ran peyi yon gran sèvis.
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  gwotoro Mer 8 Avr 2009 - 16:33

A cote d'une vaste campagne d'education pour expliquer aux gens les consequences de la surpopulation sur l'environnement, l'economie et le futur du pays, il faut surtout assurer l'accessibilite aux moyens de contraception (condoms, pilules contraceptives, sterilet, etc.) a la population - c'est le point le plus important.

C'est l'acces aux moyens de contraception qui fait generalement la grande difference entre le taux de natalite chez les gens de milieux plus aises et celui chez les gens pauvres (et cela est verifie dans la plupart des pays du monde et surtout aux USA).

Ce n'est pas une question d'inconscience ou de sang chaud. Pour les gens pauvres, il s'agit peut-etre du seul plaisir qu'ils peuvent s'offrir, mais en meme temps, ils n'ont pas les moyens de se premunir contre les grossesses non desirees...

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Jeu 9 Avr 2009 - 11:35

gwotoro a écrit: il faut surtout assurer l'accessibilite aux moyens de contraception (condoms, pilules contraceptives, sterilet, etc.) a la population - c'est le point le plus important.

Gwotoro,

Vous avez sans doute entendu parler de la notion Main Invisible en économie.

Pa ezamp, poukisa lè wale nan yon magasen ou pale ale nan kès ki gen plis moun kap tan nan?

Pa entelijans, ou pran ligne ki pi kout la san se pa yon bagay ou te apran lekol oubien ou pa tann yon moun di ou ale nan kès sa a.

Se men bagay la a tou.

Yon fanm konnen tout tan li gen plis pitit se tout tan bagay la pi di pou li.

Yon fanm an Ayiti konnen tou tout sa pou li fè pou li gen mwens pitit e poutan li pa ka pratike yo.


Majorite fanm ki gen anpil pitit sa yo genyen yo ak anpil papa diferan.

Donk, chak fwa fanm sa yo pran yon nèg diferan, li bali yon pitit. Se nèg la ka bay li menm ak pitit li manje, si nèg sa a di li pap mete kapot, se fini, fanm nan oblije dako.

Bay fanm yo dwa yo, bay yo dwa ekonomik yo.

Pou kisa lè yon fanm ayisien ap viv Kanada ak USA, li fè mwens pitit?

Li pa resevwa kras lot fomasion an plis ke lot fanm ki rete nan peyi lakay yo, yon sèl bagay li gen liberté économique li.

Pou mwen fini.


Malis, Rico, Joel, papa mwen, papa ou te kite Ayiti nan ane 1950, 60 ou 70.

Ou konnen konbien moun Ayiti te genyen lè sa a?

Mwens ke 5 millions e poutan peyi a pat ka bay yo manje se pou tèt sa moun sa yo te oblije ale chaje lavi a yon lot kote.


Nou se yon dal parese, nou pito batay pou pouvwa olie nou kree antrepriz.

Annou komanse travay epi na va wè kobien moun nap ka okipe an Ayiti.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  revelation Jeu 9 Avr 2009 - 13:12

Ana Creole di: Men fanm konplis tou lan bagay sa, paske li pa fè sans pou al ouvè janb wou pa yon gason ki pa’p leve ni lou ni lejè, oubyen yon moun ke ou finn gen yon ti moun ak li, ki pa ka pran swen li epwi pou al fè yon lòt pou li, se pa serye.
M’dako ak w Ana.
Zafe fe pitit pou yon gason ki pap leve ni lou ni leje a, kelkeswa bel gason shelbe ke li ye, si gason sa pap kab okipe fanmi sa, zafe fe pitit la pa ladan.

Sepandan, gen de sikonstans kote ke yon jenn fanm pou rezon ekonomik oblije kouche ak yon gason marye ou byen yon moun ke yo pa remen. Sitou si se gason marye sa kap pran swen de fami jenn fanm sa, peye lwaye, voye fre ak se lekol, bay machin etc..

Fok fanm nan komen ke li nan yon sitiyasion tanpore, ke li pap passe tout vie li avek yon gason marye.
Fok jenn fanm sa profite pran tout byen materyel e edikasyon possib pou le ke relasyon sa fini, pou’l pa tonbe sou po deye’l.

Gwotoro a dit : A cote d'une vaste campagne d'éducation pour expliquer aux gens les conséquences de la surpopulation sur l'environnement, l'économie et le futur du pays, il faut surtout assurer l'accessibilité aux moyens de contraception (condoms, pilules contraceptives, stérilet, etc.) a la population - c'est le point le plus important.
C'est l'accès aux moyens de contraception qui fait généralement la grande différence entre le taux de natalité chez les gens de milieux plus aises et celui chez les gens pauvres (et cela est vérifié dans la plupart des pays du monde et surtout aux USA).

Gwotoro sa w di an rouj la se sa net!! Diskisyon te met fini la! Konsekans tout popilasyon sa yo gonfle yon grenn kote, sou environman, ekonomi peyi a, etc..
Sou plan individyel e klas, la majorité des garçons et filles de la classe moyenne pensent surtout à leur future et ne veulent pas avoir une famille non désirée.
Ils pensent d’abord à leur condition professionnelle.

Sou plan kiltirel e sosyal peyi a. On distribue beaucoup plus de capot aux garçons que de pilules aux jeunes filles.
Les pilules, capots et autres formes de contraceptions pour les femmes sont tabou dans la société Haïtienne.
On voit d’un mauvais œil les filles et femmes qui circulent ces genres de gadgets dans leur valise. Si sosyete a we yon jenn fanm gen tout bagay sa yo nan valiz li premye bagay ki vinn nan tet yo se"fanm sa se vagabonn, li tou pare" Yo pa we ke se yon fanm ki prevwayan.

A par la pilule il y a des femmes qui ont des capots avec eux pour se protéger contre les maladies vénériennes et de grossesse en cas de viols et toute autres formes d’attaque sexuelle.

Je suis d’accord Gwotoro comme il a dit « , il faut surtout assurer l'accessibilité aux moyens de contraception (condoms, pilules contraceptives, stérilet, etc.) a la population - c'est le point le plus important. »
Mais cela aussi va créer un autre travail pour la société, parce que l’accès-etmoyen facile chez les jeunes pourrait créer le vagabondage.

Pandan ke nap konbat zafe grennen ti moun nan fok nou kontrole tou zafe abize akse e mwayen kontrol popilasyon an tou wi.

Nou di yo men bagay pou'n pa grennen ti moun, sa pa vle di boule bwa san fe chabon tout jounnen!!

Gen yon gwo diferans ant lisans ak dwa e libete e dechepye.
Diferan ant ize e abize. Exse nan tout bagay touye moun!

Mesi Ana Creole, e tout lot fanm yo ki bay opinyon e konsey yo bay fanm lakay nou sou zafe grennen timoun nan.

E mesi a tout lot gason Gwotoro, TiNeg, Rod, Colocolo, Joel, Thunder e tout lot kamarad yo ki bay jenn gason konsey pou yo edike tet yo dabo, pran plezi e profite jenness yo avan ke yo vinn papa san ke yo pa bezwen e nou tout sitwayen konsekan ki we ke plis gen moun nan peyi d'Ayiti, se plis responsabilite a ogmante sou do Diaspora, sou do klas favorize a e sou do Leta, e se mwens resous ke nou gennyen pou nou ta fe lot progre avanse.


Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  gwotoro Jeu 9 Avr 2009 - 21:12

Il faut souligner aussi qu'un projet de loi pour la reconnaissance des conjoints de fait et les droits des enfants nes hors mariage est "oublie" depuis plus de 2 ans dans les tiroirs du Parlement.

Une telle loi est importante pour un pays comme Haiti, ou les enfants nes en dehors du mariage sont une part importante de la population.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 9 Avr 2009 - 21:41

Colo

Vous rèvez ou avez-vous oublié votre pays?Combien coute ce batiment que vous aviez affiché plus haut?Bien que je partage votre idée d'aggrandir nos villes verticalement au lieu de servir de nos plaines fertiles pour batir des maisons sans aucun plan d'amenagement du territoire,mais faut-il bien que nous tenions compte de nos moyens.

Oui haiti pourrait heberger beaucoup plus que 30 millions d'habitants si nous avions les ressources materielles et humaines pour garantir un minimum de bien-etre à tous ces citoyens.Mais dans l'etat de sous-developpment ou nous vivons actuellement peut-on parler de croissance economique sans un controle des naissances?

C'est une mesintelligence de croire que la surpopulation soit seulement une fonction de densité du pays.Le Nigeria est moins dense que le Japon pourtant le PIB du japon depasse de mille coudées celui du Nigeria.Au pays ou l'agriculture se realise a l'aide d'outils que nos ancetres utilisaient au 18eme siècle il est imperieux que nous diminuons la croissance demographique pour pouvoir eduquer tous nos enfants sinon le cercle vicieux de la pauvreté se sera pas brisé.Considerons le nombre d'enfants qui ne frequentent pas l'ecole et nous comprendrons mieux la réalité de notre pays.

Ce n'est pas tant l'independance economique des femmes haitiennes dans les pays d'accueil qui leur permette de controler les grosesses. ;c'est de preference l'accès facile aux contraceptives et aux conseils des gynecologues.Combien de femmes haitiennes recoivent des soins et conseils d'un gynecologue ou meme d'une femme sage en haiti?Voila ce qui devrait etre l'une des priorités des ministères de la Santé et de la poulation, du ministère des affares sociales et celui de la condition feminine .Nous multiplions des ministères sans qu'ils puissent remplir leur mission.Malheureusement nos dirigeants sont des inconscients qui prefèrent siphoner l'argent de l'ONA au lieu de s'occuper des besoins essentiels de notre peuple.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Ven 10 Avr 2009 - 11:53

gwotoro a écrit:Il faut souligner aussi qu'un projet de loi pour la reconnaissance des conjoints de fait et les droits des enfants nes hors mariage est "oublie" depuis plus de 2 ans dans les tiroirs du Parlement.

Une telle loi est importante pour un pays comme Haiti, ou les enfants nes en dehors du mariage sont une part importante de la population.

Gwotoro,

Cette loi n'est pas applicable en Haiti.

Par exemple, Rodlam Sans Malice a rapporté que plus de 2 douzaines d'enfants ont revendiqué son père pour père biologique.

Parmi ces lots d'enfants, lesquels sont vraiment les fils du père de
Malice?

Ou encore a-t-on les informations pour confirmer ou rejeter que Malice ou un autre enfant de ces 2 douzaines est vraiment le fils de leur père?


Combien couterait-il à l'Etat haitien pour faire de pareils tests d'ADN, faire jaillir la vérité et porter les pères à jouer leur role de père?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Rodlam Sans Malice Ven 10 Avr 2009 - 20:17

Tout d'abord ce ne sont pas les enfants qui ont revendiqué le pere de malice pour etre leur père biologique . c'est lui avant sa mort qui me les eut presentés comme ses enfants.J'ai été temoin de ses relations avec leur maman.J'ai passé des vacances à Bayeux chez l'une d'elle sur son invitation après mon certificat d'etudes.C'etait une très belle jeune fille qui n'avait que seize ans à l'epoque qui pouvait etre sa fille.En fait la première fois que je l'ai vue au college Notre Dame durant une kermesse je pensais qu'elle etait sa fille.

En haiti un homme qui travaille a cette possibilité;il lui incombait de prendre des mesures pour eviter la naissance de ces enfants. Dire qu'haiti a les moyens pour nourrir 20 milions d'habitants est de l'irresponsabilité.Pourquoi donc tous ces gens souffrent de cette misère infrahumaine. Tous les Presidents sont-ils des irresponsables et des voleurs?pouquoi les enfants nés en dehors du mariage aux etats-unis ont les memes droits que les autres enfants et cette loi n'est pas applicable en Haiti?;il y a des centres pour verifier la paternité.Si les irresponsables savaient qu'ils pourraient endurer des peines de prison s'ils se derobent de leurs obligations envers ces enfants ;ils reflechiraient beaucoup avant de mettre leur queue dans le vagin des jeunes filles qu'ils courtisent à cause de la pauvrete des femmes en haiti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Sam 11 Avr 2009 - 17:05

Malice,

Aviez-vous jamais essayé de traiter vos frères et soeurs comme de vrais membres de votre famille?

Avez-vous des exemples à l'appui?


Pardonnez-moi si ces questions vous paraissent un peu trop personnelles mais j'ai besoin de la réponse pour clarifier un point à tous sur ce forum.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Rodlam Sans Malice Sam 11 Avr 2009 - 20:23

je ne vois pas l'importance de votre question.pourquoi faut-il que ma vie personnelle soit un exemple pour clarifier votre point?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Invité Sam 11 Avr 2009 - 20:31

Rodlam Sans Malice a écrit:je ne vois pas l'importance de votre question.pourquoi faut-il que ma vie personnelle soit un exemple pour clarifier votre point?

Nous pouvons deduire la réponse.

Men sa map di a.

Timoun ki fèt nan kondision sa a, ni Leta ni pitit madan marie ou madan prensipal la pa rekonèt yo.

Se pou nou bay Fanm yo dwa yo si nou vle konbat jan de diskriminasion sa yo an Ayiti e anpeche timoun sa yo fèt.

Mèsi Malice pou kolaborasion ou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Rodlam Sans Malice Sam 11 Avr 2009 - 20:42

En tou ka mwen se pa melem ke yo pat vle wè mwen ou yo pat rekonet mwen ;mwen pa reponsab de vagabondaj papa yo.genyen mwen pale ak yo e sa ki fet ak jenn ti fi saa se paske mwen te kite ayiti lè yo te piti ki fè mwen pa rekonet yo ,men si mwen ta rankontre ak yo mwen tap fè tou sa mwen kapab pou mwen ta byen ak yo.paske manman yo te pran swen de mwen lè mwen te pase yon vakans lakay li. Mwen pa ka genyen rankinn kont ni manman yo ni yo menm mwen dwe renmen yo tankou frè ak sè mwen depi yo pa vagabon.

pafwa menm sa ki soti nan menm vant ak w ou ka pa ka viv ak yo.sitou si nou pat leve nan menm kay.se pa paske yon moun soti nan menm plasenta ou byen nan menm peni ak w ki fè nou se frè ak sè .Nou wè sa nan Presidan Obama ak fanmi li kote papa.li pa konnen yo vre.Alors kestyon de frè ak sè se yon bagay ki relatif.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye - Page 2 Empty Re: Fok Malere Ta Sispand Grennen Timoun Pou Mize sa Diminye

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum