Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Lopozisyon politik pran nan pa konprann ak Espwa kap ranmase lajan gwo zouzoun

Aller en bas

Lopozisyon politik pran nan pa konprann ak Espwa kap ranmase lajan gwo zouzoun Empty Lopozisyon politik pran nan pa konprann ak Espwa kap ranmase lajan gwo zouzoun

Message  Rico Mer 8 Avr 2009 - 17:49

Depi kèlke tan map frape sou tout sit Pati Lespwa pwofite magouyè gwo zouzounn peyi dAyiti kap founi yo lajan. Mwen twouve fanm ak gason ki nan lopozisyon politik nan peyi dAyiti, se yon bann iresponsab, moun san kwomozom, yo pa janm konbat yon fenomenn kap vale teren depi lontan.

Se komsi bann vye diskou boulshit lavalas kap pale anti gwo zouzounn, anti kapitalis, te chanje rapo politik yo. Non vye pratik sayo gen rasinn pwofond nan mès ak taktik politikayè Ayisyen. Dayè gouvenman lavalas ki pase tout yon etènite sou pouvwa pa janm pran mezi pou pote èd pou pati politik. Malgre dispozisyon legal ki eziste nan manman lwa peyi dAyiti. Non tout se pou tradisyonèl koken ki gen pouvwa. Se pran tout avantaj pou toujou kenbe pouvwa.

Se twouve Senatèz Fuzyon Senephize reveye, komanse rele deryè bann moun anro yo selon eslogan lavalas kap finanse pati Lespwa. Men se te meem pratik ak makout rive jouk sou lavalas. SAKI PLIS CHOKAN SE TE BANN KOKEN LAVALAS KAP JOURE MALPOUWONT GWOZOUNN E PI KWI W YO BYEN LONGE POU RESEVWA LAJAN YO.

Tout vye magouy sayo toujou fèt nan yon silans absoli. Sa pran moun vreman pwoch gwo bwa lavalas ki konnen vye lizaj sayo. Se ak kout gwo lajan kash, pafwa bon dola meriken yo ranmase. Dayè si te bon envestigasyon gen lajan yo te twouve nan yon kof Tabarre an pouriti. Ki pwovnans bann dola meriken sayo. Eske sa pa sanble ak gwo zouzounn koken kap finanse politisyen magouyè.Alos map di senatèz Senephise frape byen fo sou tanbou l, alète bon pèp menm si li sanble two ta.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum