Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

3 participants

Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  kakakok Dim 19 Avr 2009 - 4:54

Sa pa genyen lontan senarist , mete an an senn ideyolog titidis la nan sousi pou kontinye fe moun de byen pe pwezante Rene Civil komm kandida Fanmi Lavalas...Komm kwa se ta va yon Evo Mrales Aysyen...

Si sea te pwezans Marc Ak kakakok sou sit la sa a tap pase tankou yon let la post ...
Pita li menm rive fe konnen Rene Civil ta va yon repwezanta klas domine o pouvwa... Tout sa a se nan yon sousi pou pase moun de byen nan betiz ....

Kom sou sit sila pweske tout moun pe pale de koze ideyoloji Joel kom gwo entelektyel titidis rete sel kok chante ap fe bonyon mimi nan koze diktati domine , diktati dominan ! popilis . sendika plante fey koka ak sendika malfete jpp ...Bonyon sila santi telman bon yon nonm tankou san malis ta rale yon bon bol ladan li......

NB Bolivie Fey koka se yon nan pwesipal kilti li ..Men mezanmi Ayiti se malfete , vyolas ak kidnapaj ki pi gwo kilti nou ....

Mezan fok nou ta rele anmwe nan deye Joel lo li vle fe nou konpwann diktati klas dominan yo pa bon se diktati klas domine yo ki bon ????? Sa vle di si Rene Civil te nan pati Repiblicain an li tap touye Colin Powell pou pozisyon li te pwan pou Obama...e si li te nan kan demokrat yo Li ta pase Liberman a l'infinitif...

Mzanmi ban souf tande si Marc pakab reponn sou koze ideyoloji yo kakakok pa janm pe mardigra malmaske.......Pa janm genyen kote diktati poletaria jan remet anyen ! Sitou lo an reyalite se yon narkopopilis ki kache deye li !

Andedan tout koule diktati sa yo toujou genyen yon ti klas dominan ki konsantre pouvwa , lajan ak fanm eki pweske toujou fini nan simetye ou an ekzil...

Joel yon lot fwa ou toujou pe diskite ak mwen paske demi verite ou YO pakab pase anba je mwen... Mwen pa antre lobey titidis / espwa / lavalas men koze dikati klas domine ak klas dominan ou vle pale a nou nan lane 2008 genle jou bare w..leve kanpe !

DIKATI PA GENYEN KI MOVE LADAN LI SA KI ENPOTAN SE KI DIKTATE AK KI OBJEKTI ???OUI JOUNEN JODIA NOU BEZWEN YON DIKTATE POU RETABLI LOTORITE DE L'ETAT ...OI NOU BZWEN YON DIKTATE POU ENTERE KORIPSYON ! WI NOU BEZWEN YON DIKTATE POU OGMANTE PWODIKSYON NASYONAL LA ! WI NOU BEZWEN YOBN DIKTATE POU KONTWOLE DWA ANAKOPOLIS YO TE BAY ZANMI YO POU TOUYR RACHE , VYOLE MOUN YO PA RENMEN !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  kakakok Dim 19 Avr 2009 - 7:48

Neptune di yon bagay fondamantal e sa fe mwen konpwann poukisa sa se konsa lavlas fonksyone .Nan pweske tout 1 e tan li tap pale .o mwen li di yon bagay serye...Akote de bagay responsabilite yo li fikse kote li rekonet lavalas genyen responsabilite li nan koze pa patisipe nan eleksyon yo...

Yon lot kote pandan yap pale de retou li di :::: ale se yon retou se yon lot..men poukisa te genyen ale ??poukisa dwe genyen retou ??? Lo koze sila soti nan bouch yon achitek se pa nan bouch ti sonson lasalin li soti...

Kom nan pati sila pa genyen deba se selman touye ! mete deyo ! se akizasyon de tret je lasi yo pap janm konnen verite yo..yap ka toujou itilize yo chak fwa yo bezwen yo..Se yon nan rezon doktrinn katolik pandan lontan te refize fidel yo li la bib !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  Joel Dim 19 Avr 2009 - 8:55

pou m ta pè diskite ak ou Kòk,annou serye.
Pa t gen diktati sou Aristide,nèg monte sou radyo ak kowòdone ak rebèl ki pran zam kont li,anyen pa rive yo.Yo joure l ,yo di misye boule bebe lan pilon,anyen pa rive yo.
Ozetazini ,sa pa ta ka fèt ,o moman ke ta gen moun ki pran zam kont gouvènman ameriken ,e gen moun ki ta monte sou radyo pou apiye rebelyon an ,yo ta p mete yo anba kòd.
Se sa yo rele lènmi enteryè yo.
Epitou al fè yon ti rechèch sou PALMER RAIDS an 1919 yo,al etidye pwoblèm MACCARTHY an ,kote moun manje prizon pou senpati kominis ,isit OZETAZINI,lan ane 50s yo.

ARISTIDE PA T DIKTATE.
Mwen se yon moun ki te viv koumansman diktati DIVALYE an,mwen konn sa diktati ye.
Epitou m ap pale de RENE CIVIL,se pa vle mwen vle misye vin prezidan.Se konsiderasyon istorik m ap fè.M ap konpare sa ki ap pase ann Ayiti ak sa k ap pase lan rès Amerik Latin ,kote pèp yo se moun ki ssòti lan zantray yo ,moun ki konnen grangou tankou yo y ap mete opouvwa.
Lula se yon nèg ki genyen anpil frè ak sè ki mouri de malnitrisyon e Morales limenm se peyizan ,endyen pi san,ke pèp lan mete sou pouvwa a lan yon peyi ke se desandan ewopeyen ,kl sòt lan boujwazi an ki te toujou lan tèt Leta.
Mwen pran ka Rene Civil akòz de kapasite pou òganizasyon li.
Mwen pa p pran lan blòf ,zafè de pitit sòyèt ,de moun ki pa prepare tankou agiman bann grangou yo toujou mete devan ,pou yo vòlò tout sa ki gen lan peyi an.
Si misye pran eksperyans ,li kontinye ap òganize pèp la ,e li poze kandida l li vini prezidan,m ap di Ayobibo pou li tèt kale.
Se pèp lan ki pou chwazi.
E zafè w ap pale de kidnapinge lòt konsiderasyon konsa ,se pawòl van

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  Thunder Lun 20 Avr 2009 - 11:48

Mezanmi woooo! ...moun ki kite peyi a depi sou Papa Doc ap vinn pale w de ki moun ki te diktatè ou pa. Pou yon moun genyen odas pou w kanpe di ke Aristide pat yon diktatè ? ...Sa a se yon ensilt pou fanmi tout moun ke l manje yo. Fanatism fè yo pèdi lisidite yo.

Pandan ke respè dwa moun ap pran ekstansyon sou planèt la, se konsa ke diktati ap "evolye". Si lontan Duvalier te ka mete opozan politik li nan Fò Dimanch. Jounen jodi a, akòz mond lan ki tounen yon gwo vilaj, ti nèg monte konplo pou deklanche dezòd epi pwofite ratibwaze tout opozisyon. Apre sa yo monte sou radyo pou di ke : Le "peuple" a identifié ses ennemis

Si Duvalier te bay milis li an inifòm, Tutud li menm te kite yo an sivil, konsa li ka nye fasilman tout koneksyon ak yo. Paske nou tout konnen ke sa sanzave te konn fè gran jounen ayè, se nan fè nwa sèlman ke sa ka fèt kounyea.

Diktati jounen jodi yo degize gwoup eskadron lanmò an le "pèp", pou yo ka bafwe moun ki pòv nan lespri. Transfòme OP an veritab gang san manman k ap simen la twoublay tout kote ki pa nan enterè rejim ke y ap sipòte yo. Chèf gang yo rele "militan".

Yo pa fiziye moun nan poto ankò, yo fiziye yo nan machinn yo, nan biznis yo, nan lakou lakay yo, nan lari. Pa de moun ki lepli souvan sou moto oubyen sou machin san plak. Oubyen yo kache nan koridò pou simen katouch sou manifestasyon pasifik.

Sèl agiman yo genyen pou defann diktati sanginè Aristide la se : oh wiiiii! entèl toujou an vi, entèl pa t arete. Bon! ...e sa ki pa t jwenn chans sa yo yo menm ? Tankou Mireille Bertin, Max Mayard, Jacques Florival, Antoine Leroy, Christine Jeune, Brignol Lindor, Maxime Deselmours, Berthony Bazil pou m site sila yo sèlman ? Hitler pa t touye tout moun li te konnen ki pat nan ras "pure" la nonplis, Duavlier pa t touye tout moun ki te opoze ak li nonplis. Donk vye agiman radòt sa yo pa prezante yo devan moun.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  kakakok Lun 20 Avr 2009 - 13:22

Thunder a écrit:Mezanmi woooo! ...moun ki kite peyi a depi sou Papa Doc ap vinn pale w de ki moun ki te diktatè ou pa. Pou yon moun genyen odas pou w kanpe di ke Aristide pat yon diktatè ? ...Sa a se yon ensilt pou fanmi tout moun ke l manje yo. Fanatism fè yo pèdi lisidite yo.

Pandan ke respè dwa moun ap pran ekstansyon sou planèt la, se konsa ke diktati ap "evolye". Si lontan Duvalier te ka mete opozan politik li nan Fò Dimanch. Jounen jodi a, akòz mond lan ki tounen yon gwo vilaj, ti nèg monte konplo pou deklanche dezòd epi pwofite ratibwaze tout opozisyon. Apre sa yo monte sou radyo pou di ke : Le "peuple" a identifié ses ennemis

Si Duvalier te bay milis li an inifòm, Tutud li menm te kite yo an [/[size=24]font]Civil, [font=Comic Sans Ms]konsa li ka nye fasilman tout koneksyon ak yo. Paske nou tout konnen ke sa sanzave te konn fè gran jounen ayè, se nan fè nwa sèlman ke sa ka fèt kounyea.
]

Vye zanm mesi pou gwo travay sila ..Tout neg lage ko yo nan eleksyon pandan ke ideyolog 100 T ap voye vye signal sou sit la... Men nan tout travay genyen plas pou rer paske lere se nan ladomen lom menm li ye... se nan mo sivil la ki tres mal ecrit ou te pou ekri li konsa Civil[b]
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  Thunder Lun 20 Avr 2009 - 13:49

Mèsi pou koreksyon an

lol! lol! lol!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

JOEL ! NI DIKTATI  DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE ! Empty Re: JOEL ! NI DIKTATI DOMINAN ,NI POPILIS ANKO MWENS DIKTATI DOMINE PA JANM MACHE !

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum