Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

+2
Joel
piporiko
6 participants

Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  piporiko Jeu 18 Juin 2009 - 19:26

Ayiti-Politik
Lè a rive pou politik fèt yon lòt jan nan peyi a



Radyo Kiskeya voye jete akizasyon ki fèt sou Direktris Pwogramasyon li, Liliane Pierre Paul, nan lanmò Pè Gérard Jean Juste



jeudi 18 juin 2009,

Radio Kiskeya



Ayiti deja pote tit peyi ki pi pòv nan kontinan ameriken an. Peyi ki pi kòwonpi nan lemonn se tit li tou, menm lè sa mande diskisyon.

Yo di tou Ayiti se yon antite kawotik engouvènab. Prezans Nasyonzini pa bò isit konfime sa.

Men sanble sa pa ase pou Ayiti Toma : non sèlman yap kontinye ban nou tit, (sa nou merite ak sa nou pap janm merite), men sanble nou menm tou, nap travay pou bay tèt nou pi bèl tit ankò, tankou :

yon peyi kote se bandi, kriminèl, atoufè, koupèd sakit ki fè politik ;

yon peyi kote manti, blòf, akizasyon san fondman, difamasyon, kout lang, mechanste politik, zen, tripotaj, kraponay se zam politik pi malouk pase zam atomik ;

yon peyi kote moun ki di yo save fè bèk atè oswa danse yanvalou devan sila yo ki gen kapasite fè plis bri, voye wòch tribò-babò (menm kont moun yo di yap defann), boule kawotchou, kraze vit machin, voye eslogan anmè kou fyèl, yon fwa yo estime kòz yap defann lan jis ;

yon peyi kote lagòch tèt koupe ak ladwat ; kote nasyonalis ak okipan se « pase pranm, ma pase chèchew » ;

yon peyi kote demokrat pa ka fè diktatè wont ;

yon peyi kote pa gen lidè oswa lidèchip ni nan Leta, ni nan gouvèlman, ni nan soyete sivil ; kote twoupo a lage kou ti « kochon laplenn », kou « kabrit Tomazo » , 4 pye gaye nan savann nan ;

yon peyi kote sa pèp la vle, se sa ki bon ;

yon peyi lòbèy, yon peyi rans, yon peyi tyans kote Graham Green te kwè li te dekouvri komedyen. An reyalite, se yon peyi kote ansasasen fè 2 pou 5, kote pèsonn pat gen dwa ri oswa danse, menm lè tanbou ak vaksin ta marye.

Nan peyi sa a, gen swadizan lidè politik ki mete nan bouch patizan yo pawòl ki di pè Gérard Jean Juste ki al antere jedi a nan Kavayon (Sid), trape kansè san apre yo fin bat li nan Legliz Senpyè, nan mwa jiyè 2005, pandan antèman konfrè nou Jacques Roche .

Kidonk, men ayisyen jwenn vrè kòz kansè san an, anvan tout save nan lemonn antye kap pèdi tan yo nan laboratwa, pou jwenn kòz maladi sa ;

Kidonk, pè Jean Juste trape kansè a apre yo fin bat li. Li mouri 4 lane apre !

Dekouvèt sa a ki pral fè la medsin fè 100 pa an avan, siman latriye doktè wòtpòt lavalas yo siyen brevè li.

Nou pa la e nou pap janm la pou aplodi vyolans kont pèsonn. E nou pat aplodi vyolans kont Jean Juste. Sepandan, fòk nou di manti politik sektè lavalas la abitye bay transfòme jodi a an eskandal politik lè yo vle rann yon bann moun responsab lanmò pè a, senpman paske yo te advèsè politik li.

Nan ka sa a, fòk tout moun ki di yap defann demokrasi, moralite nan politik ak laverite leve kanpe pou di NON !

Leve kanpe pou denonse eksplwatasyon malonèt yon kadav !

Leve kanpe pou denonse agiman san pye ni tèt pou jistifye yon operasyon politik !

Leve kanpe pou defann moun ki pase tout vi yo ap goumen pou peyi a sa a, san yo pa janm reklame ni glwa pèsonèl, ni avantanj materyèl !

Leve kanpe pou di pèp la atansyon : yap eseye tòdye listwa ak laverite pou sal moun ki pa janm trayil !

Leve kanpe pou denonse manti ki anonse krim ki pwograme, paske, tout moun konn teknik la : asasinen karaktè, detwi imaj yon moun, anvan ou touyel fizikman.

Sila yo ki, nan Miyami, nan Ti Plas Kazo ak Nan katedral Pòtoprens pèmèt yo site non plizyè moun, pami yo jounalis Liliane Pierre-Paul, kòm moun ki gen awè nan lanmò Jean Juste, konnen byen, yo manti kou chen. Yo konnen vrè objektif yo se rive, wè pa wè, atenn repitasyon yon moun yo sèten ki kontinye benefisye konfyans popilasyon akòz angajman san fot li depi plizyè dizèn lane bò kotel. Yon konfyans ki rete djanm, malgre tout mannigans yo fè kont li deja : tanto se gwo kay li gen isit ; tanto se plizyè kawo tè li gen la ; yon lòt lè, se avantaj li jwenn ak kontra sèvis nan antrepriz leta. Manti, manti, manti, kontinye manti petèt ap gen yon rès, yon ma kap rete. Se estrateji sa a, an atandan yal pi lwen, si bon dye vle, yap rapouswiv.

Yo konn trè byen yo manti kou chen, lè yo deklare, nan antèman Jacques Roche la, Liliane te pami moun ki tap simen kou sou pè a. Yo bliye, kamera plizyè televizyon te la. Nenpòt ki lè, si televizyon sa yo vle, yo ka montre jan moun sa yo manti kou chen.

Pè a li menm, ki te grandizè lèl te vivan, pou ki li pat janm denonse epi pote plent kont moun li te idantifye kòm agresèl ? Pou ki se lèl fin mouri akizasyon sa yo ap tonbe ? Eske, konsa, yo bay prèv yo gen respè pou pè a, pwòp patizan yo, lè yap envante istwa sou kadav li ki ankò tou cho nan men yo ? Ki kalite politisyen sa yo, anpil moun ap mande ? Kote yo vle mennen pèp ayisyen an ? Eske se enterè pèp la yap defann lè yap bal manti, lè yap fèl repete manti, lè yap fèl atake moun kap defann enterèl tout bon vre ?

Pwoblèm moun sa yo pa di, pèsonn pat dwe leve lavwa pou denonse kò ansasinay sou Jacques Roche la. Tout moun te dwe rete bouch be, oswa antre anba kabann apre zak sa a. Alòske li menm, pè Jean Juste te di, si yo te ka kidnape Aristide, lòt moun ap sibi kidnaping tou an palan de Jacques Roche, ankenn lòt vwa pat dwe leve pou di lekontrè. Nan lespri moun sa yo, yo sèl gen dwa lapawòl ; moun ki pa wè menm jan ak yo merite disparèt.

Tout moun konnen Liliane, tout moun isit la ak nan plizyè lòt medya oswa nan lòt espas nan peyi a, pa konn maspinen moun. Zam nou mem jounalis, se enfòmasyon, analiz ak editoryal pou ride opinyon piblik la wè klè nan divès pwoblèm ; Nou pap janm etone dèske, nan travay sa a, nou jennen mazanza ki vle tenèb blayi toupatou, lajounen kou lanwit, jan yo te pwomèt li dayè.

Nou menm, se nan limyè nap mache ! Se nan solèy nou kwè ! Nou pap ensiste sou sa, paske nou sèten majorite moun gen konviksyon sa a. Sepandan, nap di tout moun : atansyon ! Pa kite pratik politik sa yo pran pye nan peyi a. Kwape yo ; denonse yo. Paske, si nou kite sa fèt, se pa nou menm nan Radyo Kiskeya kap peye po kase a. Se peyi a, peyi nou an, kap vin pi mal chak jou pi plis. Se peyi a, peyi nou an, kap bay plis moun serye degoutans. Se peyi a kap pèdi plis patriyòt konsekan.

Pou fin nap redi : Non ! Sa pa dwe kontinye ! Li lè li tan pou politik fèt yon lòt jan nan yon peyi yo di ki se yon wont pou tout Karayib la, si se pa pou lemonn antye.

Marvel Dandin Direktè Jeneral

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Joel Ven 19 Juin 2009 - 6:58

Wi Mavèl konn manyè Kreyòl li ,se pou n ba l sa; men se pou misye di kilès ki responsab politik lan fèt jan misye di an.

Te gen yon repòtè kanadyen ki di ke se Kiskeya ki te responsab rimè ke Sò Anne te boule yon ti bebe e fè poud pou seremoni dyabolik pandan prezidans Aristide lan.
yon kidam de Miyami etan ,te rele radyo Kiskeya pou l te di ke l te la e mesyedam kiskeya yo t ap ankourajel; sete pandan peryòd destabilizasyon an.

Epitou ,asasinay karaktè pè DEVALCIN apre lanmò l sou radyo Kiskeya ,se te yon bagay ki tris.
Kiskeya envite yon pakèt fanm sou radyo an ,ki di ke pè Devalcin te konnen li te genyen SIDA e li te kontinye ap kouche ak yo.
Nèg lan po t ko menm antere menm ,men yo te vle detwi repitasyon pou pa t genyen yon gwo manifestasyon pandan lantèman l.
Se dizon di yo pa y ka detwi repitasyon JANJIS apre lan mò.Sa difisil ,men tou se pou yo di ke Janjis te di ke yo kidnape Aristide ,yo gen dwa kidnape lòt moun tou.

Sa klè ke Lilyàn te di lan radyo ke pè Janjis te deyè kò asasinay JACQUES ROCHE se youn lan rezon ke dikaiti Latòti an te arete misye.
Diktati latòti an te di ke yo te arete JANJIS paske "la clameur publique" di ke li responsab kò asasinaj lan e se Lilyàn ki t ap alimante "clameur publique" sa a.
Menm si Janjis te malad ,si li pa t lan prizon ,yo ta gen dwa trete l anvan maladi an te vin twò avanse lankò l.

Pa egzanp si PREVAL te lan prizon e yo pa t trete kansè pwostat li an ,maladi an pa t ap touye l?

Li twò ta pou Lilyà Pyè Pòl,se sòt de politik ke yo maton la dan l lan ki ap "boomerang' kont manmzèl.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Sasaye Ven 19 Juin 2009 - 11:16

Ou pa wè, yo pale de maspinay ki te fèt lan legliz Senpyè a kòm yon bagay nòmal?
Oken reproch oubyen kondanasyon yon zak krapile.
Oken kestyon yon bagay konsa pat sipoze fèt lan yon legliz:
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Thunder Sam 20 Juin 2009 - 3:32

Si yo "kidnape" san manman ke yo rele Tutud lan, lòt moun ka kidnape tou. Ebyen li ka menm jan ke Jacques Roche ka mouri pou pozisyon politik li, lòt moun ka mouri pou pozisyon politik yo tou. Si fòmil lan mache pou youn, li ta sipoze mache pou yon lòt. Donk pa ta dwe genyen oken pwoblèm si se te vre ke genyen men dèyè lanmò Jean Juste.

Bon e si Jean Juste te mouri asasinen menm? Ann di tankou yon Max Mayard, Antoine Henrys, elatriye... kisa ke opòtinis yo t a di ? ...sanble lanmò misye ap fè plis byen pou sèten k ap pran pòz siye zye ak mouchwa. Epi se yo ankò ki t ap pale de desans. Kou di Rico: tchiiiiiiiiiiiip!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Joel Sam 20 Juin 2009 - 7:36

Wi,

Se Janjis ki te fè kidnape ROCHE,alòs ke nèg lan te Miyami lè kidnaping lan te fèt.
Epitou se Roche pou misye ta chwazi,moun ke misye te konnen ,moun Kavayon menm jan ak li.

Nou pa aprann anyen;politik nou te konn ap mennen an ,politik kraze zo,li pa posib ankò.

Atansyon ,si bagay lan gate ankò,anvan pou "kominote entènasyonal"lan vin sove po nou ,anpil lan nou ap gen tan al bwa chat e pa p gen pwotestasyon.Nou gen move repitasyon e si nou pa rann nou kont ke se PREVAL ki ant nou ak AMAGEDON ...
Adye!

Se ta p pi gwo katastròf pou nou ,si nou te vòlò eleksyon prezidansyèl 2006 lan.
Yo di Preval malad,pito nou priye li fin fè tèm li an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  piporiko Sam 20 Juin 2009 - 9:31

Thunder a écrit:Si yo "kidnape" san manman ke yo rele Tutud lan, lòt moun ka kidnape tou. Ebyen li ka menm jan ke Jacques Roche ka mouri pou pozisyon politik li, lòt moun ka mouri pou pozisyon politik yo tou. Si fòmil lan mache pou youn, li ta sipoze mache pou yon lòt. Donk pa ta dwe genyen oken pwoblèm si se te vre ke genyen men dèyè lanmò Jean Juste.

Bon e si Jean Juste te mouri asasinen menm? Ann di tankou yon Max Mayard, Antoine Henrys, elatriye... kisa ke opòtinis yo t a di ? ...sanble lanmò misye ap fè plis byen pou sèten k ap pran pòz siye zye ak mouchwa. Epi se yo ankò ki t ap pale de desans. Kou di Rico: tchiiiiiiiiiiiip!


MOUN WAP OU SITE NON YO PAT ITIL PEYI A NAN YON MERDE.MILITE SE YON BET SOVAJ SE TANKOU BET POU TOUYE YO.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Se pa pou dat !

Message  jafrikayiti Sam 20 Juin 2009 - 11:29

Nivo decheyans n ap viv jounen jodi a, se konsekans yon seri move konpotman n ap denonse depi kèk ane.

1) Voye akizasyon fantezis monte tribo babo
2) Move jesyon konflidenterè ak patizanri nan laprès
3) Lachte reponsab politik yo

1) - Lè akizasyon fantezis t ap fèt sou tout moun ki de prè ou de lwen asosye ak Lavalas, depi ane 2000 yo, anpil vwa te abitye soulve pou di ola. Menm jan an tou, mwenmenm pèsonèlman, mwen te rele anmwe pinga, lè toya - san fondman - t ap voye dèyè ansyen patizan Lavalas ki te vire bonèt yo - pou yon rezon osnon yon lot. Kit se lese frape nan plato santral ki te enplike Chavannes Jean-Baptiste, kit se akizasyon ki te fèt sou Lilianne Pierre-Paul. Mèzalo, sa mwen te twouve tris, sèke menm desans sa a pa te la, lè eleman danjere nan sosyete a te koumanse kouri bri "ti bebe Aristide manje, apre So Anne fin kraze l nan pilon", osnon defen Amyot Metayer ki ta swadizan pale nan govi pou li denonse Aristide osnon Gérard Jean-Juste ki ta fè kidnape epi touye Jacques Roche. Chak fwa nou ede akizasyon fantezis, ki baze sou sipèstisyon ak rasis anti-noumenm, vale teren nan mitan nou, se envesti n ap envesti nan malè pandye ki - to ou ta ap fè nou tout viktim. Lèt kaye kontinye ap kase tèt nou!

2) Move jesyon konflidenterè ak patizanri nan laprès. Kouman fè jouk jounen jodi a, nan tèks Marvel la, misye pa santi nesesite pou li denonse epi kondane itilizasyon "la criée publique" pou yo te arete Gérard Jean-Juste, maltrete li, epi fèmen li nan prizon pou plizyè mwa? Si se vre Lilianne marye ak nimewo 2 nan Gwoup 184 la - Anthony Barbier, li klè genyen yon konflidenterè nan dosye a. Mèzalo, desans epi pwofesyonalism te dwe ede Radyo Kiskeya aji yon fason ki pi diy. Sa pa dwe etone nou si kriz kidnaping nan te dire tout dire sa a - e jiskaprezan li po ko bout. Paske, olye sitwayen non-vyolan nan sosyete a te batay kont sikilasyon zam vyolan - okontrè se sou baz prejije klas - ak patizanri politik, akizasyon t ap fèt nan dosye sa a. Pandan li te ridikil pou sipoze se malere patizan Lavalas nan site solèy ki te fome katye jeneral rezo kidnapin lan - se la zot t ap pouse MINUSTAH ale fè ratibwazay sou malere ki mouri pa pil e pa pakèt - san okenn konsiderasyon. Nou sonje ekspresyon tankou "dommage collateral" - se konsa MINUSTAH vin konsidere li nomal pou yo blayi Ayisyen atè ak bal. Jeneral Bacellar mouri, li pap janm ka pale verite sou dosye sa a. Gen yon seri dosye ki pa ka e ki pa dwe regle sou ang politik. Se mank vizyon ki fè minorite ki genyen ekonomi peyi a nan men l lan panse li kapab bay tèt li pwoteksyon ak zam. Keseswa zam FADH, FRAPH, MINUSTAH osnon zam yo achte nan Florida pandan rejim Gwo Jera a. Se pa ak plis zam nou pran jwenn lapè nan peyi a. Se nivo jistis ak solidarite sosyal la ki pou ogmante an menm tan ak sekirite a.

3) Lachte Responsab politik yo: Se sa nou remake jounen jodi a tankou ayè. Lè Jean-Juste pase tout tan sa a nan prizon epi pyès politisyen ki nan kan advès la pa di anyen pou denonse krim Gwo Jera t ap komèt la, sa rann li pi fasil pou wonn vyolans ak revanch lan kontinye. Gen dosye ki a klè. Men, ka Jean-Juste la, se menm jan ak ka Antoine Izméry a. Se anndan yon legliz, kote tout otorite yo te prezan, yo pran pèsonaj la, rale li, maltrete li epi lageli nan prizon sou baz akizasyon fantezis - bri kouri. Yo e sasinen Izmery lapoula. Kriminèl ki te fèe zak sa a, apre anpil efo, lajistis Ayisyen jije yo epi kondane yo....Gwo Jera lage yo. Okontrè, se Gerard Jean-Juste li fè lage nan prizon jouk kalite sante li deteryore nan yon pwen ki fatal.


Pou m fini m ap di se yon konpotman inakseptab ke mwen kondane san di pètèt, lè moun kouri bri se "dlo mo" yo voye sou Jean-Juste nan legliz la ki lakoz li mouri. Mwen pa konnen kisa ki lakoz Jean-Juste te gen pwoblèm respiratwa ki te lakoz li te ospitalize a. Mwen pa p kouri di se maladi natirèl senpman ki touye li. Paske, li klè gouvènman Gwo Jera a te adopte yon konpotman kriminèl, nan jan yo te mete li nan prizon an. E li klè, konplisite fos okipasyon yo ki te gen pouvwa sou popetwèl yo pa te fè anyen pou asire bon sante Jean-Juste nan prizon an, alevwa pou ankouraje liberasyon li. Anplis, nou ka wè "timing" liberasyon li koresponn ak politik eliminasyon Fanmi Lavalas nan zafè politik peyi a. Se sa ki te preyokipasyon okipan yo - pa kite lidè Lavalas ki ka mobilize moun - sou teren an, nan moman eleksyon yo. Kidonk, mwen pa ka ekate posiblite pou yo ta fè zak kriminèl sou Jean-Juste pandan li nan prizon an. Men, se pa nan voye monte nou va rive fè limyè sou kesyon an. Se pou Fanmi Lavalas osnon moun ki byen plase pou fè sa, pote yon akizasyon fomèl kont reprezantan defakto Ayisyen epi responsab fos okipasyon ki te opouvwa nan peryod Jean-Juste te nan prizon an. Ekzije yon ankèt fomèl fèt pou etabli responsablite yo.

Mwen pa konnen kisa ki te di nan legliz la jou antèman Jacques Roche la. Mwen pa p lonji dwèt sou pyès moun ni mwen pap ede alimante bri kouri. Sa mwen ka kritike se sa ki te ekri sou sit radyo kiskeya ak rès près GNBis la nan moman pèsekisyon sistematik Fanmi Lavalas ak senpatizan li yo. Sa ki te ekri ak sa ki pa te ekri...yo tout montre siy yon paspouki, yon mank pwofesyonalism - epi sitou yon mank vizyon alontèm lakay moun ki te dwe gen pi bon konprann pase sa.

Si lè yo kidnape yon pwofesè lekol GNBis, se pwofesè GNBis parèy li sèlman ki konprann se yon malsite ki merite denonse....kidnapè yo fenk kare fè viktim nan popilasyon an. Mèzalo, si konpatriyot yo nan Radio Kiskeya ta rive konprann sitiyasyon an sou yon ang ki pi laj, yo ta chanje tit tèks Marvel la...paske se pa pou dat lè a te rive pou nou te koumanse fè politik yon lot jan nan peyi a. SE PA POU DAT!

Jafrikayiti
"Pour le pays pour la patrie, qu'il puisse faire bon VIVRE!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  dilibon Sam 20 Juin 2009 - 13:06

jafrikayiti,

Sa'a se youn bel kout kreyon! Li balanse menm si li sanble ak youn pledwari ki ta penshe bo lavalas men agiman yo yo fe anpil sans e se nan wout sa pou nou ale si nou vle pale ak senserite de chanjman peyi!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  jafrikayiti Sam 20 Juin 2009 - 18:28

Dilibon,

Mèsi pou konpliman an. Mèzalo, se pa balans mwen t ap chèche fè, paske balans pa toujou bon. Paregzanp, mwen pa nan balanse ak kriminèl kondane tankou Louis Jodel Chamblain. Men, onètete ak yon sans jistis se yon bousol mwen kwè ki toujou itil nan tout sa n ap fè.

Annou kontinye feraye pou ogmante jistis sosyal pou vyolans lan ka bese alawonnbadè.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Thunder Dim 21 Juin 2009 - 8:46

piporiko a écrit:
Thunder a écrit:Si yo "kidnape" san manman ke yo rele Tutud lan, lòt moun ka kidnape tou. Ebyen li ka menm jan ke Jacques Roche ka mouri pou pozisyon politik li, lòt moun ka mouri pou pozisyon politik yo tou. Si fòmil lan mache pou youn, li ta sipoze mache pou yon lòt. Donk pa ta dwe genyen oken pwoblèm si se te vre ke genyen men dèyè lanmò Jean Juste.

Bon e si Jean Juste te mouri asasinen menm? Ann di tankou yon Max Mayard, Antoine Henrys, elatriye... kisa ke opòtinis yo t a di ? ...sanble lanmò misye ap fè plis byen pou sèten k ap pran pòz siye zye ak mouchwa. Epi se yo ankò ki t ap pale de desans. Kou di Rico: tchiiiiiiiiiiiip!


MOUN WAP OU SITE NON YO PAT ITIL PEYI A NAN YON MERDE.MILITE SE YON BET SOVAJ SE TANKOU BET POU TOUYE YO.

Si se konsa ke w wè bagay yo, ebyen wou pa sipoze ap fè figi w fè tè pwa tè mayi sou lòt moun ki panse ke Lavalasyen pa vo plis ke chen mouri bò wout ke machinn kraze lavèy, e yo dwe touye yo tankou chen anraje.

Genyen moun ki panse ke Amanus Mayette, Nahoun, Sò Ann, Rene Civil, Tutud... tout se moun ki pa itil peyi a yon mèd nonplis, tout moun sa yo te dwe ap griye sou recho babekyou Lisifè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS Empty Re: LiLIANNE REPONN SOU LANMO PE JANJIS

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum