Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 ...
Voir le deal
499.99 €

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

3 participants

Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Rodlam Sans Malice Mar 19 Déc 2006 - 9:57

Se ak la penn mwen sot li sa ki ap pase nan peyi dayiti yè Lundi ya.Bagay saa se pa zafè ti delenkan grangou se yon insekirite politik mansh long li ye.Fok gouvenman rekonet saa. pa kite moun ki pa ba peyi dayiti fè anyen pou yo kite nap divise peyi ya .Kite jean Claude Duvalier ak Jean bertrand Aristide rantre nan peyi yo pou yo kanpe devan Palè ya ak Presidan Preval nan mitan leve men tou de pou montre ke divisyon an fini tankou Jimmy Carter te fè ak Pemier Minis Palestinyen ki mouri ya ak Menachem Begin. tankou Bill Clinton te fè ak yo tou.

Bagay sa rive two lwen wi. se pa ni Alexis ni Preval ki ka rezoud li se nou tout ki pou pran konsyans ke li pa ka kontinye konsa anko.An nou bliye sa ki te pase pou nou rekomanse sou yon lot pye.Fok nou reyalise se detrwi nap detwi ti peyi nou an.

Zafè Fadh la tou an nou regle l yon fwa pou tout.Si se pou nou entegre ansyen militè nan yon jandameri an nou fè l imedyatman.Se rekonsilyation natyonal la ki pou retire nou nan bagay sila. Paske genyen yon bann janl pase li pase ki do yo o mi yo pa genyen anyen pou yo pèdi anko,. yo deside tout bon vre janl pase li pase. mezanmi mwen mande nou pran konsyans de sitiyatyon an; bagay la inkyetan tout bon vre.Nan anvi tout nou ka pèdi tout wi.nanpren moun ki ap tolere ayisyen menase sekirite lot peyi nan rejyon an non. Fè atansyon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Jude Mar 19 Déc 2006 - 18:48

Mwen pa kwè post sa pral gen anpil repons...
Nom Duvalier tabou... W pa sipoze ekri'l sou sit sa.
Jude
Jude
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 1864
Localisation : Frans
Loisirs : Financial Exchanges - Geopolitic
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le progressiste !

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Rodlam Sans Malice Mar 19 Déc 2006 - 19:30

Jude

poukisa non Duvalier pa ka ekri sou sit sila. jean Claude Duvalier se ayisyen tankou Aristide ,tankou Preval,,jiska presan li panko renonse a sitoyennte li. Mwen se pou rekonsilyaton natyonal la ke mwen ap lite paske mwen wè san sa e byen hing hang lan pap janm fini e se nan trou nap rantre pi red.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Jude Mer 20 Déc 2006 - 5:44

Rodlam Sans Malice a écrit:Judepoukisa non Duvalier pa ka ekri sou sit sila. jean Claude Duvalier se ayisyen tankou Aristide ,tankou Preval,,jiska presan li panko renonse a sitoyennte li. Mwen se pou rekonsilyaton natyonal la ke mwen ap lite paske mwen wè san sa e byen hing hang lan pap janm fini e se nan trou nap rantre pi red.

Sans Malice, gen plizyè moun sou "Forum Haiti" ki pa ka yè Duvalier non. Pa di'm w pa't konn sa.
Jude
Jude
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 1864
Localisation : Frans
Loisirs : Financial Exchanges - Geopolitic
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le progressiste !

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Rodlam Sans Malice Mer 20 Déc 2006 - 6:59

Jude

Mwen pa kwè genyen moun isit la ki telman boushe ki vle mete babouket nan boush personn .wi yo ka mande ke diskisyon yo fet nan respè e ak sivilite men mwen pa ko janm wè ke yo anpeshe yon moun pale de jean Claude Duvalier.Tit sit la pa ta vo anyen si yon moun pa ka pale de jean Claude Duvalier ki se yon personaj enpotan nan listwa peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Joel Mer 20 Déc 2006 - 7:35

Jude,

Mwen se youn ki te wè avènman François Duvalier ,ki te konnen moun gouvènman sa a te touye,men sa pa vle di ke mwen ta ap pase tan m ap modi Duvalier yo.

Se moun ki pa vle wè Aristide yo,ki pase tan ap mete lis,ap imajine bagay misye fè elatriye.

E ou konn yon bagay,menm Divalyeris yo aktyèlman pa p prese mande pou Jean Claude Duvalier tounen si nan menm kout kat lan se pou Aristide ta tounen tou.

Si Aristide ta tounen anpil ti nèg pa t ap konnen kote yo gad,paske enfliyans misye pa twò diminye non,okontrè.

Kididonk ,pou mwen ,pa gen pwoblèm pou ni JCD ak JBA tounen.
Eske MAGLOIRE pa t tounen?
Alòs?
e mwen sonje mwen se youn nan moun ki te konn ap chante "Fò l Jije"
Mwen pa konnen si San Malis sonje chante sa a!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Rodlam Sans Malice Mer 20 Déc 2006 - 7:50

Pa sonje menm se pwazon?Se te epok nou te genyen tout foug sou nou ;kote nou tap tande mesye souveren yo ,papa Danny Laferiere,Rodrigue Numa. et latriye,moun tankou dr Albert Chassagne.,profesè ya e Doktè Duvalier.Fok nou pa bliye Antoine Rodlophe Herard tou ki pat manke mete yon kritik kashe lè li te konn ap fè reportaj match football.nan stad la.

Fok yon moun rekonet ke hing hang lan pa regle anyen se nan trou nap rantre shak jou; li nésésè ke nou fè yon rekonsilyatyon pase yon shifon sou sa ki te pase pou nou wè si na sove sa ki panko englouti ya ti peyi ke nou di nou renmen anpil.Kwak mwen sot li yè swa yon nonm ki di :"J'ai honte d'etre haitien",men rezon ke li bay la se paske pep la pa shwasi Manigat yo shwasi Rene Preval.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo Empty Re: mezanmi kite Aristide ak Jean Claude Duvali tounnen lakay yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum