Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le Bundle Lot 6 Boosters Fable ...
Voir le deal

Un nouveau gouvernement

+3
dilibon
Marc H
Arché Jean
7 participants

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Un nouveau gouvernement

Message  Arché Jean Lun 9 Nov 2009 - 0:47

Rappel du premier message :

Un nouveau premier ministre, un nouveau gouvernement, est-ce l'arrivee d'une nouvelle equipe de grands mangeurs, de magouilleurs, d'antipatriotes ou l'arrivee d'un groupe de techocrates, d'intellectuels, de patriotes, de democrates qui connaissent les problemes du pays, en font l'evaluation pou trouver yon solution. Chanje yon gouvenman pa vle di anyin si se yon chanjman ki fet pou satisfe interet moun ki fe-l la. J'espere que cette nouvelle equipe commencera a poser des pierres qui serviront de base dans la construction de cette nouvelle Haiti dont nous revons tous.

Arche

Arché Jean
Senior

Masculin
Nombre de messages : 88
Localisation : Boston, Massachusetts
Loisirs : Reading, writing, sports and travel
Date d'inscription : 12/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Re: Un nouveau gouvernement

Message  dilibon Mar 17 Nov 2009 - 16:04

9/11 pa selman youn dezas ki lage kek imeb ate, men li lage anpil moun ki konese nan mond finansye nan Loryan etenel, li kreye youn endistri tou nef kise
sekirite ki tounen youn emoraji pou peyi isit non selman andedan peyi a men nan tout strikti li genyen a letranje ak tout lot peyi zanmi ke yo sipote! Fok Lamerik te reponn, men an entelijan, youn peyi ki soti ak lame li dwe kapab demontre kisa efo milite yo ap pote kom avantaj ekonomik pou peyi a apre sa, paske lage se youn gwo angajman milite men se youn konsantman pou mete anpil resous deyo ki pap pwal envesti, ki pap pwal edike, ki pap pwal sevi nan anvlop sosyal.

Nou pa ka we ki avantaj ke Lamerik jwenn swa nan lage nan Afganistan, ni en Irak. Mwen te pense ke si lage nan Afganistan te youn repons a zak teworis yo, (ou byen ansyen zanmi ameriken ki twouve ke yo te abandone yo e trayi kite vle riposte,), Afganistan pa genyen lot resous ke drog nan epok sa. Kom mwen te estime ke lame amriekn pa ka rantre nan eksplwatasyon drog nan youn peyi, nou te estime ke pa genyen twop resous ki ka ede li. Men nan peyi Irak nou pense ke pwoblem petwol nan peyi isit te tou rezoud, ke Lamerik tap kapote Saddam pou genyen feu vert pou eksplwate resous petwol ki nan 4ieme peyi ekspotate petwol. Pa genyen moralite le peyi ap defann entere li, si li sevi ak moralite se jis nan oyun pwen pou bare vre objektif li!

Nan tou 2 teyat de ge sa yo, genyen anpil konpayi ki fe gwo lajan, genyen moun nan gouvenman ki fe gwo lajan, men avantaj peyi a jwenn pa toujou evidan! Entranzijans Lamerik sou gouvenman GWB pou genyen lage kont la terreur, kelkeswa sa sa vle di, li ignore non selman lamitye ak anpil peyi, bliye kontinan sid amerik la, rate adrese pwoblem Israel ak Palestine, men li neglije adrese pwoblem de baz kite andedan ekonomi kote li kite sekte finansye tounen youn vre gage, youn vre bank bolet, youn vre espas kote tout moun ki genyen moyen ka fe sa yo pi pito, le vrai laisser faire.

Gende moun ki pense ke se atak teworis yo kite lakoz recession kite frape peyi nan lane 2001. Mwen di non se pa vre. Depi sou Reagan ekonomi amerikenn nan pou lite siviv te repoze sou emejans de youn seri de aktivite ekonomi e finansye kek lane de sa te ilegal. Depi epok deregulation bank yo, ktoe tout gran neg ka kanpe youn bank pou vole e gapiye lajan ke depozite mete nan bon swen yo ak fem konviksyon si yo vinn insolvan, gouvenman federal ap vini a la reskous pou sove yo e asire kliyan. E kom yo te genyen anpil bwa politik deye bannan yo, impunite total te garanti! GWB Papa te bail yo out vre. Menm pitit GWB papa te enplike nan fameux cas de Lincoln Savings Bank. GWB baby te fe beurre li nan rarte gaz kite genyen kek lane de sa ak jwet enflyans li tap jwe sou gouvenman papa li jis pou li te ka rive achte ekip football ameriken e menm paye youn sevo pou reflechi sou karye politik li jiskaske li rive prezidan. Recession 2001 yo te marque par la fin de bubble dot-com yo. Dot com yo, pou nou eksplpike rapidman, sete youn seri de konpayi nan internet ki pat genyen okenn baz reyel pou yo evalye men ke endistri finansye te ba yo vale ke yo te vle pou yo ka fe speculation. Kom konpayi sa yo pat kanpe sou anyen, envestisman yo pat kanpe sou anyen, eh byen blad (bulle la) la pete! Anpil moun te pedi anpil lajan. Apre 9/11, gouvenman entejekte anpil resous nan ekonomi pou vini a la reskous anko sou tout preteks, men sign avankoure ke ekonomi amerikenn nan te deja esoufle te la e recession an tap rive menm san atak yo! Okontre atak la vinn oblije GWB mobilize lame li ki ede ekonomi an repwan nanm li, sou baz nationalism ak patriotism avanse, nan mwa Novanm 2001.

Kom nou te di depi nan fen administration Carter, vu ke gouvenman ameriken yo refize adrese pwoblem nan alabaz, aksepte fe sakrifis ki ka byen fe res mond we ke li nan youn sorte de perte de vites men sa te ka ede li remonte en pi bonn sante pi devan. Men tout tan lap kashe pwoblem yo anba carpet yap vinn pi red. Se tankou youn moun ki genyen youn abse epi lap kashe li anba rad, genyen youn pwen lap chanje an maldizo! Ameriken kontinye ak menm metod ki ka fe youn ti po paret sou tet maleng nan, solution bandaj la kise deregulation ak laisser faire. Deregulation rive kraze tout mezi kite la pou pwoteje konsomate yo tankou lwa ki separe bank komesyal ak bank pou epargne, zafe tout bank ka rantre nan tout aktivite finansye san gade deye, pemet spekilasyon sou mortgage kite tounen zouti pou envestise fe gwo speculation, konpayi asirans asire tout bagay ak fem konesans ke leta deye yo pou anpeshe yo koule kom entite komesyal. Kiles ki ta konnen ke li ka fe sal pito, depense ou byen jwe bolet san gade deye si li konen genyen youn fos ekonomik kap vinn remet lajan li anka de perte?

Gwo mesye yo antann yo pou monte vale kay nan nivo ke pat genyen. Yo kreye youn lot blad finansye ki ka pete nenpot kile! Ekonomi laji, ekspann nan nivo ke li pat dwe ye normalement pou pemet menm jwet la. Yo konnen ke ak menas de kolaps, de grande stagnation ekonomik pou gouvenman vini sove yo. Se sak fe nou tande ke genyen konpagni ki two gwo pou fe bankroupsi... Men sonje ke genyen youn prensip ekonomik ki di ke pa genyen okenn resous ki san limit. Gouvenman federal ki ap depanse nan lage, ki ap kenbe menm mod de vi, kap ankouraje moun prete pou depense menm jan ak li, Depi 25 kan chak period de swadizan kwasans rapid toujou swiv ak youn recession ki soti nan pwoblem endimik, pwoblem ki alabaz, ki dwe solisyone apre lage fwad la!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Re: Un nouveau gouvernement

Message  dilibon Mar 17 Nov 2009 - 16:10

Signal ki demontre ke epok kwasans yo pa vreman regle pwoblem ekonomik peyi seke malgre kwasans ekonomik ke statistik yo demontre kite eksiste nan peyi a depi nan fen 2001 jiska 2007, anpil fanmi pa resevwa anpil ogmantasyon nan sale yo, (nou pap pale de gwo chef ekzekitif yo: CEO's ak konpayel yo). Le ou konpare sale depi lane 50, 60 ak 70 yo sale travaye tipik grandi vreman dousman. Nan denye 30 tan ki sot pase la'a, nou remake ogmantasyon de 1996 a 2002, men ogmantasyon sa yo te vreman pi ba ke pousantaj ogmantasyon inflation ki nan ekonomi'a. Joday youn fanmi ameriken kap toushe sale minimum jis pa ka viv menm ak asistans leta!

Bank rezev ak fek sot deklare ke denye recession sa'a kanpe apre pi gro sovtaj finansye nan listwa amerikenn. Bank nan deklare viktwa, men konfyans konsomate yo pa orandevou, 10.2% popilasyon ki nan chomaj, 49 milyon moun lane denye kite nan grangou malgre swadizan asistans leta, 47 milyon moun san asirans sante, youn gro chanjman nan moun ki genyen lajan, anpil moun ki pedi kay, anpil moun ki vinn ranpli tout pwogram kay piblik, pendan ke "anger" blan yo komanse rive nan denye pwen kont moun ki genyen koule, enpatyans ak entolerans ameriken kont imigran (legal ou ilegal). Li di wi pou w jistifye 1 trillion dola vet pa ane nan lage kan timoun ameriken ap mouri grangou e standa lavi ap bese chak jou. Nan konteks sa'a mwen di espas pou youn peyi depandan kite 70% bidje li sou do letranje reprezante youn risk ak youn menas san parey!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Re: Un nouveau gouvernement

Message  Maximo Mar 17 Nov 2009 - 16:25

dilibon a écrit:

Dilibon mwen pwal fè on ti konparezon la nan sa'w di ya. Si on neg gen madanm li ak pitit li nan on kay e ke reveni'l pèmèt li selman bay madanm li ke 30% depans kay la, e ke se on lot bon gason ki ap bay lot 70% kob kay la bezwen pou li fonksyone, sa ki pwal pase la? Se pa nomal pou bon gason sa rantre nan kay sa e pi li fè sa'l pi pito, pwan madanm pitit e nèg la kom desè si'l vle. Un nouveau gouvernement - Page 3 Icon_lol
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Re: Un nouveau gouvernement

Message  dilibon Mar 17 Nov 2009 - 17:17

Maximo a écrit:

Bon neg la te ka ap fe sa paske li ap defann kek intere ke ou pa konnen kote li te ka byen kite fe saw pito, eksepte pouw pa atake sak reprezane intere li. Men, sa mwen ap pale jodya, se ke neg sa'a kite konn peye 70% an ka rive nan youn pwen kote li ka byen pa kapab paske li genyen pwoblem andedan kay pa li! Si ou kontinye ap repoze sou li, madanm ou ak pitit ou ka pap selman sevi dese men yo ka byen pa ka tounen sentaniz kay neg sa'a.....

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Un nouveau gouvernement - Page 3 Empty Re: Un nouveau gouvernement

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum