Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Kote Ayiti pwale: Okipasyon miskle...

Aller en bas

Kote Ayiti pwale: Okipasyon miskle... Empty Kote Ayiti pwale: Okipasyon miskle...

Message  dilibon Sam 21 Nov 2009 - 10:48

Le mwen chita reflechi - le mwen gade koman pep aysien nan ansanm li amof e san konsyans, le mwen gade kalite moun ki opouvwa ak sa ki nan wout pou pwan pouvwa, le mwen analize lit etidyan ki ap mande minimum standa, le mwen gade eta koripsyon ouvet nan tout kwen peyi'a, mank nasyonalism ak patryotism, le map gade tout endikate ekonomik, sosyal, politik, etc.... mwen we ke res mond nan ap rive nan youn grenn konklisyon fok yo mete kod nan kou chien anranje sa'a pou li pa finn tounen youn danje pou tout lot nasyon ki pre ou ki lwen li! Se domaj men nap vanse rapidman nan wout sa'a. Pa genyen okenn enstitisyon kap fonksyone nan peyi'a: Legliz demisyone, inivesite nan lage kote chans disparisyon li iminan, prezidans voyou, paleman voyou, jistis ineksistan, lame aboli, lapolis se Sentaniz Minustha, ONGs ap vole jan yo kapab, diaspora ap jwe kashkash liben sere liben, tout pwopriete leta ap vann anba shal san okenn kesyon ni kont randi.... Nou mele! Si 206 zan de sa Paul Moral te fini liv ak pawol ke avni peyi sa'a chaje ak menas, jodya fok nou reyalize ke nou pa menm ka pale de kesyon avni pou peyi sa'a!

Mwen konnen Desalinn ak Kristof anpil moun pwal monte yo, men ak youn ti recul, youn ti refleksyon san pasyon nap reyalize ke peyi sa'a pa lwen rantre nan boulva la wont kote yap sispann kesyon de souverennte pou Ayiti, deplase kek eleman ladan li, rantre fonksyone etranje nan administrasyon nouvo entite a, e fe bout te sa tounen youn kote vivab pou pensyone kap soti nan tout lot peyi vinn nan vre perle des antilles. Ayiti tounen youn katastrof san okenn alternative!


Dernière édition par dilibon le Sam 21 Nov 2009 - 11:20, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Kote Ayiti pwale: Okipasyon miskle... Empty Re: Kote Ayiti pwale: Okipasyon miskle...

Message  dilibon Sam 21 Nov 2009 - 11:14

Caricom Pre pou kanpe youn vast mashe rejyonal kote tout peyi tap fasilite transfe byen, sevis ak lib sikilasyon de moun. Pi gwo pwoblem yo jodya se Ayiti paske Ayiti nan youn tel movez eta ke ayisien pwal vin ranpli tout zile ak tout move mes saka konpote!

Antigua ak Barbade - Aruba - Bahamas - Belize - zil vyej - ZIltik ak Caiman - Costa Rica - Cuba - Dominica - Repiblik Dominikenn - Guyanne - Grenade - Guadeloupe - Honduras - Jamayk - Panama - Portorico - Trinidad - St Kitts - Ste Lucie etc.. tout kote nan Karayb la genyen konplent ak kantite ayisien ki ap anvayi lakay yo, vinn itilize resous sitwayen yo. Tout efo yo fe pou ayisien ta rete lakay yo se lajan pedi nan twou egou! Se youn dezas ki nan peyi sa'a. LE mwen ap tande konplent ak kritik peyi sa yo mwen pa genyen agimantasyon kont sa yap pale kap pase mal andedan lakay.

An nou pwan ekzanp peyi Kiba. Youn peyi ki anba youn mizan karantenn, youn blocus de youn peyi ki pi pwisan sou late, youn peyi kap sibi anpil pwoblem finansye, obstak a devlopman, youn defi sosyal etc.. men lap goumen. Peyi sa nan male li, we ke Ayiti pi mal pase li e li ofri ou edikasyon pitit ou kom ed, fomasyon de dokte pou rezoud mal fondamantal lakay ou. Jenerasyon dokte li fome pou ou yo, retounen men yo rive devan youn espektak grimasan nan peyi e anpil nan yo deja Miami ou byen Montreal olye de andedan peyi yo. Kiba voye dokte kiben menm, se ak zonk yap travay andedan peyi nan lage kont tout maladi sitou chik ki retounen nan peyi'a.

Ayiti voye preske 2 milyon ayisen nan Repiblik Dominikenn e tiyo a rete ouve, ou byen vann nan ap kontinye, vide sou repiblik vwazinn nan! Ayisien ap blame dominiken kom kriminel ki pa respekte dwa ayisien aloske menm aysien sa yo pa genyen ase de lisidite pou reklame menm dwa sa yo nan men leta ayisien. Lotre jhou genyen youn zanmi kap dim koman dominiken mechan, anraje e pa respekte ayisien, mwen di msie kom tout pitit ou finn grna, ou pwan pensyon, e zafew pa pi mal eske ou pre pouw ta adopte youn ti ayisien ki nan repiblik dominikenn. Msie di ke mwen anraje kote li ka vinn cheche pwoblem ak ayisien. Mwen di msie si ou pa vle nan pwoblem ak ayisien poukisa wap joure dominiken?

Se konsa nou se youn pep mawon, youn pep pale anpil, youn pep emotif. LE ijans nou vle fe youn bagay men apre kek jou tout emosyon rafebli epi nou kanpe. Kote raj ayisien te genyen apre siklonn yo? Kote anvi chanjman apre DIvalye e Aristide? Kote volonte pou bati lot jan de lekol ak kay pou pep la apre lekol paste a te tonbe nan peyi'a? Nou se youn pep de komedyen, bakonye, blofe, ak mente ki bay menm tet nou menti epi nap grouye ak youn fo nasyonalis, youn fo patriyotism. Nou renmen youn peyi tankou youn glas, glas ke nou pwan swen pou nou ka gade figi nou selman!

Nap sibi konsekans de pwop enkonsekans nou!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum