Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Haiti developpement!

Aller en bas

Haiti developpement! Empty Haiti developpement!

Message  dilibon Lun 23 Nov 2009 - 16:08

Mwen tande moun ap pale ke Ayiti se peyi pov, men le map gade riches ki andedan peyi a, tout ko mwen grate mwen. Le map tande moun ap pale ke 70% budget peyi a ap soti deyo ke leta p ka rantre de nouvo revenu! Mwen di genle neg yo depi yo rantre nan peyi a yo bliye tout konsep ekonomik yo vre! Le map gade neg yo kap gouvenen - si nou ka rele sa gouvene - nou di andedan tet yo se akasan selman ki ladan li! Kit se Jean Claude Duvalier, kit se gouvenman Duvalier sans Jean Claude Duvalier, kit se lavals kite di yo ka fe pi byen yo, kit se gouvenman lavalas san Aristide tankou tranzisyon ak Preval se menm penpenp nan. Oh wi, bagay yo difisil, bagay yo red, etranje pap kite nou fe anyen, nou se pep nwa ak tout lot rel manman imoush nou konn tande. E mwen reyalize ke ap genyen moun ki aprann konsep devlopman yo byen. GIGO - garbage in garbage out. Ou pa ka mande youn elev matenel pou li fe youn nimewo calculus sa pa posib!

Lane denye mwen mande Prezidan Preval poukisa ou pa mobilize jenn yo nan travay devlopman, le msie rive li mande minis jenes ak spo a, li bay timoun yo pel ak bale pou netoye lavil la. ahhahah, ou pa beswen mande ke sa fini pa youn echec cuisant! Msie apt konprnan sa mwen te dil la! E menm si mwen te eksplike li, li pa tap konprann!

1- Tourism - Ayiti ap dwe rantre nan business jodya ap invite etranje lakay men fok li ka rive konvek pitit te Dayiti ak zanmi yo pou yo komanse rantre vinn nan fet patwonal kap fet pendan tout lane a, rantre nan kanaval, rantre vinn pwan plezi yo nan oyun seri de espas ki pwal prepare pou sa selman!

2- Ayiti ka pa bel men tou pre lanme a si ou amenaje youn boardwalk, ktoe ki genyen bel plaj prepare e pwoteje pou sa, youn espas pou biznis ki tap genyen youn espas pou reprezante kilti chak peyi ki nan karayib la. Espas sa'a tap genyen kouran 24/24 ak bon jan sekirite. Li tap la pou moun andedan ki ka peye pri pou vinn la ak diaspora ak lot bato touris kap soti nan ti zile yo pou yo tounen menm jounen an. Nan espas sa ou tap genyen konpetisyon spo sou plaj la, ak bon jan fet mizik chak weekend, mizik tout karayb la epi fet final mizik lokal la ap fini a 10h ou byen minwi pi devan kote tout bato, tout bus ap tounen lakay yo! Ou ka devlope ti otel ou byen menm tant kote moun ki vl eka pase lanwit. Jan de mouvman sa yo te ka fet nan tout grann vil nan peyi'a kote ki genyen lanme!

3- Leta aysien te ka amenaje kek rue nan Potoprens ki tap destine pou ede lavi noktinn lan ka tounen!

Mesye yo konprann devlopman vle di fe Ayiti tounen Miami ou byen Santo Domingo youn sel jou, se pa sa... Se netoye, fe moun yo konsyantize nan nesesite pou kenbe peyi a pwop, ede etranje kit ayisien ak etranje ki vinn vizite, demontre moun ki envesti ke leta respekte chwa ke yofe de Ayiti e ke yap ede yo fe plis lajan e elaji biznis yo! Se bay signal ke van vreman vire, van koripsyon an fini depi devan pa pot palais national, men,,., kisa? Map pedi tan mwen, map preshe nan youn deze... AK espri ti koulout sa yo, ak tet kokorat sa yo, nou deja destine pou nou peri ak tout riches ki nan ponyet nou epi nou vle krisifye dominiken pou sikse yo ki se rezilta sakrifis, fos ak konviksoyn pep sa'a... Se pa nan rayi moun nap fe sikse! Pa genyen wout ki long si ou leve e fe youn premye pa...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum