Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le Bundle Lot 6 Boosters Fable ...
Voir le deal

Dènye mesaj mwen sou forum haiti

5 participants

Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  jafrikayiti Jeu 24 Déc 2009 - 11:56

Gen kèk semenn depi mwen pa ekri sou fowom sa a paske mwen remake diskisyon yo deraye - yo tonbe nan yon nivo ki pa pèmèt mwen aprann kwakseswa ki itil.

Jodi a, mwen voye yon lèy konsa pou mwen wè kisa k ap di, epi mwen remake dilibon kole pyese yon mesaj ki chaje ak mechanste epi enbesilite ladan li. Kote yon moun poste yon mesaj sou non mwen pou aplodi yon zak kriminèl.

Se konsa sa te pase sou plizyè fowom kote moun ki pa gen matirite pou yo patisipe nan diskisyon eklere - gaspiye yon espas ki te ka sèvi anpil bon bagay.

Kilti ZENYÈZ sa a, ki fè anpil moun nan jenerasyon anvan m yo - kontinye ap make pa an plas nan jesyon peyi nou an. se yon kilti ki fè anpil viktim deja. "la criée publique" se metod pou idantifye koupab yon mache piblik ki boule, yon jounalis ki mouri sasinen, yon envestisè yo kidnape... epi zen gaye, bri kouri,,,,entèl te wè sa nan govi, zot sèmante se verite paske li te wè yon mesaj sou entènèt la kote yon patizan X te aplodi ....epi epi epi - yon bann granmoun ki pase sou ban lekol ap aji tankou tinedjè iresponsab. Sipèstisyon fin kokobe bonnanj yo.

Si yon moun vle kontinye aji ak enbesilite pou li kole pyese fo mesaj sou non mwen sou fowom Marc Henry a, degaje nou. DEesizyon pa mwen se pou mwen retire kom mwen nan salmannaza sa a. Se domaj paske mwen gen lontan m ap kominike ak Marc Henry e fowom sa a te pati sou yon bon pye.

respè!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!" - pi rèd!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Colere crapaud,dison nous .

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 12:10

Depii nan Ginen move neg ap trayi neg .Yo vann fre yo pou ninpot ti mosso krizokal .Sa a tou se yon verite .Se an Ayiti selman ke nou te di ke fok sa sispan min rass kongo a pa vle sa rive lan peyi a .Yo vle kontinye ak menm kilti trayizon an kite minin yon gwo lide ke yo te ginyen anba ter : Patrice Lumumba .

Joyeux Noel a tous .Paix sur la terre aux hommes et aux femmes de bonne volonte .Que ce depart qui se fait sous les fausses auspices de la colere soient vu pour ce qu'il est :
L'inacapacite de proceder avec la prpagande chmerique lavalasse en presence de la critique constructive de la logique et de la raison.

Bonne journee a tous et fetez ce jour de notre rituel avec sagesse .


Dernière édition par deza le Lun 28 Déc 2009 - 14:34, édité 2 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  dilibon Jeu 24 Déc 2009 - 12:12

deleted


Dernière édition par dilibon le Jeu 24 Déc 2009 - 12:18, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  dilibon Jeu 24 Déc 2009 - 12:17

jafrikayiti a écrit:Gen kèk semenn depi mwen pa ekri sou fowom sa a paske mwen remake diskisyon yo deraye - yo tonbe nan yon nivo ki pa pèmèt mwen aprann kwakseswa ki itil.

Jodi a, mwen voye yon lèy konsa pou mwen wè kisa k ap di, epi mwen remake dilibon kole pyese yon mesaj ki chaje ak mechanste epi enbesilite ladan li. Kote yon moun poste yon mesaj sou non mwen pou aplodi yon zak kriminèl.

Se konsa sa te pase sou plizyè fowom kote moun ki pa gen matirite pou yo patisipe nan diskisyon eklere - gaspiye yon espas ki te ka sèvi anpil bon bagay.

Kilti ZENYÈZ sa a, ki fè anpil moun nan jenerasyon anvan m yo - kontinye ap make pa an plas nan jesyon peyi nou an. se yon kilti ki fè anpil viktim deja. "la criée publique" se metod pou idantifye koupab yon mache piblik ki boule, yon jounalis ki mouri sasinen, yon envestisè yo kidnape... epi zen gaye, bri kouri,,,,entèl te wè sa nan govi, zot sèmante se verite paske li te wè yon mesaj sou entènèt la kote yon patizan X te aplodi ....epi epi epi - yon bann granmoun ki pase sou ban lekol ap aji tankou tinedjè iresponsab. Sipèstisyon fin kokobe bonnanj yo.

Si yon moun vle kontinye aji ak enbesilite pou li kole pyese fo mesaj sou non mwen sou fowom Marc Henry a, degaje nou. DEesizyon pa mwen se pou mwen retire kom mwen nan salmannaza sa a. Se domaj paske mwen gen lontan m ap kominike ak Marc Henry e fowom sa a te pati sou yon bon pye.

respè!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!" - pi rèd!

Jafrikayiti,

Ou granmoun ou ka fe saw vle, ou ka ekri sou youn forum konsa ou ka deside pa janm ekri se dwa w e mwen respekte sa.

Mwen nan lavi pam pa janm pe okenn moun menm, men mwen ka diw ke mwen pat rapote sa pou fe okenn zen. Youn mashe boule nan Potoprens preske lavey fet Nowel, kom ou menm ou ka pense ke sa afekte mwen anpil. Mwen ap pense ak kantite manman ak papa pitit ki pap ka fe reveyon paske dapre sa mashann yo di se youn main kriminel ki lakoz dife a. Mwen te komanse kwe ke se ka kek fil kouran ki lakoz men rime yo te vle fe kwe ak insistans se youn main kriminel. Alo, kom se pa premye mashe ke kriminel boule, mwen tap fe rechech sou sa kite konn di nan ka anvan yo. Se konsa mwen tonbe sou kek enpresyon e nom w paret. Mwen rapote li, mwen bay sit kote li rapote a. Ou menm kom gason kanson ki konnen se lot moun ki mete pawol sa yo sou pseudo w te ka di sa epi mande sit OPLpeople.com pou retire li paske li ekri depi 2005 nan moman kote emosyon yo te vreman ro!

Sa wap fe la nan reyaksyon w sanble ak youn kole krapo - fe wont sevi kole - di wap kite pou tout moun ka pran pitye pou ou kom youn viktim - kote wap blame mwen menm (messager a) ki pa envante anyen, ki pa cheche blese w, ni fe okenn difamasyon. Se pa mwen ki mechan, se pa mwen ki ap fe nyezri paske dife nan youn mashe piblik pa nyezri!

Si ou pito leve youn konba ant Marc Henry ak ou menm, se dwa w anko, mwen pap rantre nan sa paske le nou te bon zanmi mwen pat konnen ni youn ni lot. Pesonelman, mwen pa genyen anyen ak ou, mwen pa janm echanje vreman ak ou pou w ta di mwen bezwen pwan youn revanj, mwen emosyonelman net devan pseudonim ou. Men anko inn fwa ou gran moun ou ka fe saw pi pito! Ke lape ak lespri Nowel la mashe ak ou!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Joel Jeu 24 Déc 2009 - 12:28

jafrikayiti a écrit:Gen kèk semenn depi mwen pa ekri sou fowom sa a paske mwen remake diskisyon yo deraye - yo tonbe nan yon nivo ki pa pèmèt mwen aprann kwakseswa ki itil.

Jodi a, mwen voye yon lèy konsa pou mwen wè kisa k ap di, epi mwen remake dilibon kole pyese yon mesaj ki chaje ak mechanste epi enbesilite ladan li. Kote yon moun poste yon mesaj sou non mwen pou aplodi yon zak kriminèl.

Se konsa sa te pase sou plizyè fowom kote moun ki pa gen matirite pou yo patisipe nan diskisyon eklere - gaspiye yon espas ki te ka sèvi anpil bon bagay.

Kilti ZENYÈZ sa a, ki fè anpil moun nan jenerasyon anvan m yo - kontinye ap make pa an plas nan jesyon peyi nou an. se yon kilti ki fè anpil viktim deja. "la criée publique" se metod pou idantifye koupab yon mache piblik ki boule, yon jounalis ki mouri sasinen, yon envestisè yo kidnape... epi zen gaye, bri kouri,,,,entèl te wè sa nan govi, zot sèmante se verite paske li te wè yon mesaj sou entènèt la kote yon patizan X te aplodi ....epi epi epi - yon bann granmoun ki pase sou ban lekol ap aji tankou tinedjè iresponsab. Sipèstisyon fin kokobe bonnanj yo.

Si yon moun vle kontinye aji ak enbesilite pou li kole pyese fo mesaj sou non mwen sou fowom Marc Henry a, degaje nou. DEesizyon pa mwen se pou mwen retire kom mwen nan salmannaza sa a. Se domaj paske mwen gen lontan m ap kominike ak Marc Henry e fowom sa a te pati sou yon bon pye.

respè!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!" - pi rèd!

Jaf,
Se domaj,
Mwen te retire kòm ,men apre mwen wè ou te fè yon entèvansyon ,mwen te fè yon retounen.
Si w kraze yon kite sa ,m ap swiv ou,m ap ba zòt legen ,petèt se sa yo t ap chache.
Antouka ,mwen te abitye swiv ou sou lòt fowòm;mwen te apresye briyans ou,e se pa flate m ap flate w.
Marc ,refize wè rezon!
E se konsa m ap di ke m ale tou!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 12:49

Atoa !Neg sezi !Yo te pwan Marc pou pope twell epi kounye a yo we sepasa yap manje dwett yo .Sesak passe wi le opotiniss akk fanatik konpwan yo ka mache sou karakte yon neg paske lap aji an moun de byen.

Sipan di ke nou gin lot kote pou nou ale sitt la pa bon anko epi nap mande Marc feisitt fe lotbo mete vye presyon sou li pou ouve pott pou nou toujou pou nou fe sa nou vle le nou vle anko .Pott lan ouve pou tout moun kounye a . Nou gindwa pale jan nou vle depi sepa betiz nap di atake moun pou gramessi .

Marc di granmoun sipoze mache sou de pye yo si yo pa infim.Comme on !Allons-y ! Kanpe ! Stand up ! Levantate ! Debout !Noupaka vle rale toujou tankou ti bebe .Tonnerre !Mete gasson sou nou nou .Vinn ak bonjan agiman pou defan pozisyon nou yo .


Dernière édition par deza le Lun 28 Déc 2009 - 14:36, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 13:49

[quote="jafrikayiti" Sipèstisyon fin kokobe bonnanj yo.[/quote]

Pa di'm se jodi ke w w apran zak neg de movez fwa ka fe. Se byen ke w anpeche yo sevi ak nom w pou sevi kouveti fabilasyon ke yo chita ap fe ak dezenfomasyon men anvan tou se yon provokasyon jalouzi byen kalkile paske w kanpe lwen.

E pi tou neg ki gran moun, menm si sa pa ta sipoze gade pesonn, se yon kestyon pasyon ki ap regle. Neg ki vizyone yo gen dwa gen kapasite pou yo konsantre yo men nou pa ka espere sa pou tout. Pandan Rome tap boule Neron se vyolon li t'ap jwe kondi yo di lan istwa ak mitoloji moun sa yo.

Nou konen tou ke gen yon problem lan peyi a e lot kote. Gen fason yon neg te leve ke w pa ka drese. Li gen dwa ap fonksyone, li gen dwa gen diplom, men gen yon seri de mank ke nou pap janm ka konble paske gen yon baz ki pat la. San ke mwen pap jije pesonn, apa premye yon refleksyon yon fanm sou sit la se sipoze ke mwen te kite yon pil pitit an Ayiti. Sa di anpil lan pesepsyon yo.

Sa kap pase sou forum la se pa yon konspirasyon kontr ansyen manb neseseman paske tout moun kapabl deside bay vag. Se jis yon nouvo pouvwa ki ap seye rekrite jenn neg ak neges tande pou al kraze Ayiti net.


Dernière édition par pierre le Jeu 24 Déc 2009 - 14:44, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Fanatiques et ignorants n'ont jamais tort : L'epiphanie du Sepa mwin Seyo.

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 14:04

Mett dilibon mande yon trev min nou menm lavalassyen nou pa vle trev .Se komsi nou konpwan ke nou ka ginyen yon batay ki fin pedi deja .Non et non ! Afe ke yon ideolojii tett anaba dwate gosh ap mande boule malerez boule komess yo pou yon profet magouye ansasin vole sa tounyn lan mitan nou nan peyi a pa akseptab .Nou prett pou di se Marc ak dilibon ak moderateu a ki resposab di feu ke yo mete lan mache Hypolite la .

Les lavalassiens sont cruels,egoistes ,mechants et irresponsables .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Rico Jeu 24 Déc 2009 - 14:39

Se domaj Jaf vle leve koken sou zafè ton tèsk yo site l depi yon lot forom. Kote pwoblèm, annik pote limyè sou saki di nan forom OPL. Souvan se abitid entèvenan malen forom sa ki itilize nenpot sedo. Mwen rico viktim mepri sa deja.


Palan de kliyantèl dantan forumhaiti preske tout se itilzatè forom OPL pou voye monte pwopagann lavalas ak Aristidyen yo.

Alos sakap pase la mwen tande yo vle kraze rak pa bo isit. Komsi bann tentennad patizan nan forumhaiti ak eskonbrit nan forom san kontrol yo te pote plis kalite
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 15:05

Tout moun gen dwa defann alejans yo, anfen, si yo te janm ap defann yon bagay pase sa. Lot forum yo pat chita ap fe promosyon prejije ak konpleks enferyorite. Se te menm tre byen ke tout moun te vinn ekprime yo. Sa depann de yon endividi pou li ka filtre e disene sa ki bon pou li. Sitou ke se sou Entenet moun ap pale. Gen de reaksyon se jis lan bouch lach pou sa soti. Kom yo pat janm ka defann tet yo e pi yo pat pi for pase sa, alor yo byen kontan ke yon abruti ap di byen for sa yo kontinye ap panse tou dousman. Neg tro konplekse. Anpil Ayisyen soufri yon jan de nostalji paske yo pa gen fason pou yo al kontinye abu ou byen reprodui ti sistem, ti mantalite yo. Nou refize avanse. Nou chita lan vye prejije alos ke nou ap oblije ap viv kay mpun, kelke swa fonksyon nou, klass nou nou se bouche nen bwen dlo santi kay vwazinaj.

Tout neg sa yo, se bezwen yo ta bezwen al lage bonb sou moun yo wi. Yon ban benettis. Le ras moun ki koronpi pedi konpa yo, yo al chita ap kritike chak gouvenman ki pase, chak pati ki pwal lan eleksyon. Se jis oportunis ki ap tann yon fant port pou glise kor yo. Anvan anyen w tande yo deklare yo se jounalis. Poutan mande yo ki sa ki wol jounalis yo tonbe bege. Yo jis for lan politikayri ak fabulasyon.

Yo pwal kontan net le yo pa we'm ankor sof abruti ki te panse mwen tap vinn akouche betiz ak li sou do pep ayisyen. Kote moun yo wo mwen pa we moun yo wo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  revelation Jeu 24 Déc 2009 - 15:22

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Le

Moderateu forumhaiti di:Mett dilibon mande yon trev min nou menm lavalassyen nou pa vle trev .Se komsi nou konpwan ke nou ka ginyen yon batay ki fenn pedi deja .

Yon pep kap pedi 2 ou 3 batay men li pap pedi la guerre la toutotan ke li gen fos ak konviksyon pou’l goumen.

Moderateu a fe yon fuit an avan le li di:Nou prett pou di se Marc ak dilibon ak moderateu a ki resposab difeu ke yo mete lan mache Hypolite la .
Moun ki di men koulev la, se li ki touye’l. Nou vini ak yon dife boule ki date de 2005 pou nou kole’l sou do yon kamarad.

Tout moun gen dwa by opinion yo, men pote yon akizasyon kriminel sou yon kamarad, pa yon opinion anko, se yon difamasyon ki gen konsekans grav sitou le gen viktim ki mouri, lajan pedi, Fok nou pa jouye ak sa.etc..

Moderateu a deklare sou zafe dife sa ke : Les lavalassiens sont cruels,egoistes ,mechants et irresponsables.

Kom nou di deja, Si Moderateu a te vreman serye nan travay li, fok li ta tand rezilta anket la polis ak sevis pompye e sevis assirans, sevis sosyal e relijyez etc. Moderateu a gentan jouyen kriminel yo[Lavalasyen] e bay vedik li.

Li pa memm poze tet li ti kestyon simp sa yo.
Ki yes ke krim sa profite ??
Ki yes ki gennyen, ki yes ki pedi nan zafe dife sa gwo jounnen fet sa yo.

Se possib ke dife sa pi gran passe Lavalas/GNBiste/INITE?

Mache Hippolite sa ki se yon patrimoine natyonal, yon moniman historik e touristik ke anpil gran neg investise e bizisman vle poze la pat sou li depi byen lontan.

Fok nou fouye byen fon, fok nou kale je nou e ouvri zorey nou pou nou we e tande ki yes kap dirije peyi d’Ayiti?

Aristide te passe anba moun sa yo, fwa sa se tou Preval kap fe nenpot ki konsesyon pou moun sa yo. Se memm moun sa yo ki vinn sou forum nan pou vinn divize nou pou yo sa regnen.

Ki moun sa yo? Se kestyon an sa !!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Invité Jeu 24 Déc 2009 - 15:52

tout neg sa yo, se bezwen yo ta bezwen al lage bonb sou moun yo wi. Yon ban benettis.{le fou du forum double des caracteritiques d'un clown ti-pierre tett kokolo )

Ki moun ki te mande ofisyelman pou lage bomb sou kazenn dessalinnes yon zonn kote ti pep la rete a ?

Mouche ansasin an rele Jean Bertrand Aristide ,le defroque !.

Tom Brokaw yon jounaliss anchorman te mande le sa a kouman yon prezidan ki di ke li rinmin pep li jwin kouray pou mande gouvenman merikin bonbade yo ?

Jodya tout moun konen poukisa mersenaire a te mande sa . Kongo ke yo rele Aristid la ki fe pak ak dyab pou pilonin ti bebe nou yo yo pat janm rinmin Ayisyen .Li pa menm sevi avek yo kom serite apwe li finn kraze lame et transfome la poliss nasyonal an katye jenewal vole ansasynn chime lavalass .

Bay kou bliye pote mak sonje .Sel vagabon anashiss lavalass selman sikopat ak kriminel kika pwan poz blye sa lavalass fe peyi a ak tout moun kap viv la dan ni a.

Shame on you,neurotic liar !

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Dènye mesaj mwen sou forum haiti Empty Re: Dènye mesaj mwen sou forum haiti

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum