Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -47%
DOMO DO1032SV – Aspirateur balai 2 en 1
Voir le deal
49.99 €

Lansman Ansanm Nou fô 22 desanm 2009/Mario Dupuy

Aller en bas

Lansman Ansanm Nou fô 22 desanm 2009/Mario Dupuy Empty Lansman Ansanm Nou fô 22 desanm 2009/Mario Dupuy

Message  Marc H Sam 9 Jan 2010 - 14:37

On m'a demandé de poster ce texte et bonne lecture .

LANSMAN ANSANM NOU FÒ 22 DESANM 2009


Par Mario DUPUY



Nan lane 1802 , kolon esklavagis yo nan konplisite ak trayizon zòt , te anbake Tousen. Yo bwote li yal lage li lòt bò dlo .Apre zak trayizon sa a, kolon yo tap banbile .Daprè yo esklavaj la tap avi nèt al kole , se ta pral piyaj ak eksplwatasyon gaz kole.Yo te di nou mare yo paske nou bare yo .

Men tout esklav pat gen sèvèl zwazo . Tout afranchi pat sèvèl wòwòt .Yo te konprann ke diyite se premye byen natirel ke tout moun sou latè posede ..Yo te realize lè yo ansanm , yo fò .Si yo ansanm ansanm , yo ka fè lendependans , yo ka granmoun tèt yo .E se sa ki te fèt .Se ansanm ansanm yo te fè 1804 .

Listwa aprann nou ke trayizon se yon izin ki fabrike imilyasyon , ensekirite ,grangou , eksklizyon ,ak koripsyon .Chak fwa ou kase fèy pou kouvri sa , se gaz ou mete nan motè izin trayizon an .

Lè trayizon melanje ak divizyon li fè nou pi grangou , nou viv san diyite , sa vle di nou viv nan fatra pil sou pil , nan labou ,nan chomaj , san lekol pou timoun yo, , san inivèsite pou jenès la , san lopital , san jistis anplis li baw arogans ak ensekirite kom desè .

Rezilta se lokipasyon deklare oubyen miz sou tutel anba chal .

Men listwa apran nou tou kit se nan lane 1802-1803 , kit se nan lane 1915-1934 kit se jodi a ,lè nou ansanm , nou fò , si nou mete nou ansanm ansanm nou ka chanje sa tankou nou te fè li deja

16 desanm 1990 .
Nou te fè’l , nou ka refè’l ,paske nou se yon pèp entelijan , Nou te fè’l , nou ka refè’l

Paske grangou nan vant pa dous . Nou te fè’l , nou ka refè’l paske jèn fi ak jèn gason nan peyi a paka ap grandi tou kondane . Nou te fè’l , nou ka refè’l paske nou konprann , lè nou ansanm nou fò .

Se ansanm ansanm nap kapab kraze grangou klorox la , nap kapab bay tèt nou sekirite , pou nou gen yon peyi ki retounen granmoun tèt li .
Konsa nan respekte la lwa ak manman lwa peyi a , tout Ayisyen san distenksyon, sa ki deyò ki bezwen retounen lakay , sa ki andedan ki anvi ale paske yo dekouraje , yap kapab ansanm , ansanm viv nan peyi yo ,

kole zèpòl ak zèpòl , men nan men pou rekonstwui AYITI.

Konsa nap rejwenn diyite nou ke se soi pou chak grenn nan mitan nou , ke se soi pou nou tout an tan ke peyi .Paske le yon moun ou byen yon peyi pèdi

diyite li , li pa gen anyen li ka ni pedi ni genyen ankò .Nou mennm Ayisyen , jodi a nou gen pou pedi , nou gen pou genyen .

Jodi a peyi a bezwen yon ekip , ki makonnen ak pèp la , ki gen vizyon klè kou dlo kok sou grandè AYITI

Ki konprann nesesite istorik pou tout moun ladann , san eksklizyion , san awogans .

yon ekip ki ka makonnen ansanm tout bon lide , tout kalite Ayisyen , san distenksyon ke li rich ke li pòv ke li fèt lavil , ke li fèt nan mòn, ke lap viv andedan ou andeyò peyi a .Yon ekip ki ka rebay chak Ayisyen konfyans nan tèt li ,yon ekip ki ka travay pou tout zanmi , tout peyi etranje respekte Ayiti ak tout Ayisyen.Paske Ayiti gen dirijan ki respekte sitwayen yo , paske Ayiti gen sitwayen ki gen konfyans nan dirijan yo .Yon ekip ki konnen byen leta se byen nou tout , byen leta se pa chwal papa .

Yon ekip ki konprann ke politik fèt pou moun men pa kont moun .Yon ekip ki dakò tout moun se moun , ke tout moun dwe viv tankou moun . Yon ekip ki deside e detèmine pou li chanje leta a , pou li mete li osèvis tout sitwayen yo , pa sèlman a la dispozisyon de yon ti gwoup .
Men ekip la , li la a . Li pran angajman pou li bay tout enèji li , pou’l mete konpetans li ak entegrite li osèvis peyi a , pou AYITI soti nan sinistroz li ye jodi a .

Ekip sa a di granmoun yo pa echwe , jenès la pa dejwe .Yo tap fonksyone gaye.Jodi a nou deside mete tèt nou ansanm.Paske se ansanm nou fò .Se eksperyans granmoun yo makonnen ak detèminasyon jèn yo kap bay Ayiti yon lòt nivo kote tout moun ap ka viv tankou moun .

ANSANM NOU FÒ , ANSANM ANSANM NAP CHANJE SA

POU TOUT MOUN VIV TANKOU MOUN
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum