Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -55%
Coffret d’outils – STANLEY – ...
Voir le deal
21.99 €

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

2 participants

Aller en bas

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod Empty Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

Message  kami Ven 15 Jan 2010 - 15:29

Distribusyon manje ap fe konyea an Ayiti avek lod!

Tout moun an liy pou resevwa manje un peu partout nan kapital la.

Mwen fyer de sem ak frem yo pou ker poze yo, se nan moman sa yo ou we valer, lanmour umanis ki egziste nan ker kretyen pou youn ak lot eksprime. Yo toujou di se nan maler ou rekonet vre zanmi-w, gwo mouvman de solidarite sa-a ki deklanche an Ayiti sa-a demontre nou ke pep nou an tres solidaire. Effo ke yo ap deploye pou yo sove youn ak lot la se yon bagay a jamer memorable. Komite de kartier ki forme yo pou pote konkour a moun kap viv nan lot komunote yo moun sa yo, yo diy deloj. Volonter sa yo malgre ineksperyans yo nan afer sekour merite poun bat bwavo pou yo car yap riske prop vi yo pou vini osekou de moun ki an detress. YON GWO BRAVO ANKOR POU MOUN SA YO.

Kanta pou pep la kap mouri ki an detress, san dlo san manje depi 2 jou nou di yo kouraj plis aid ap vini pa dezespere kinbe fem. Avek pasyans kouraj nap soti viktorieux nan goumin ke nap minin poun surviv la.

Se vre gouvenman-an pat pare pou tout bagay konsa, min nou kwe ke la bonne fwa egziste la kay yo pou yo eden soti nan situation de chaos ke nou ye la-a, pasyante, bayo on ti tan. Lapriye, Bondye pap lage nou, gade jan le monde antier ap pote appuie ban-nou. "Les secours du monde entier est au chauvet d'Haiti"
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod Empty Re: Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

Message  Invité Ven 15 Jan 2010 - 16:03

YON GWO BRAVO ANKOR POU MOUN SA YO.


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod Empty Re: Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

Message  Rico Ven 15 Jan 2010 - 17:31

Mezanmi si mwen gen dwa pou komante, san kreye nwizans, zafè bonn fwa lakay ti nèg sou pouvwa sayo fè mwen refleshi anpil. Pou mwen gen plis SÈTOBLIJE ladann lè nou swiv byen ak konprann tout leve kanpe blan, nwè, jonn e latriye pou ede Ayiti.

Antouka eksperyans ak veki nou vreman diferan ak anpil moun, dapre sa nou konnen ak konprann nan pratik ti nèg kap voye flè depi dikdantan. An menm tan map mande vijilans anpil se toujou epok sèten ti nèg dwèt long vinn rich.

Tankou yon zanmi enjenyè Travo Piblik abitye di m zafè volo, koripsyon pran saki pa pou wou se yon egzèsis nomal pou gade yon djob nan peyi Dayiti.

Antouka se veye volo pou detounman tout èd sayo. Genyen yon lot kondisip travayè nan yon ONG ki fè m konnen menm si yon travayè Ong blan ou neg serye, entèg, demand ak solitasyon pou volo fini pa destabilize l pou tonbe nan tenten.

Sistèm koripsyon si telman fo, byen etabli nan peyi dAyiti, twouve mwayen pou fè menm travayè swadizan onèt ONG tonbe nan volo.

Saki rive vol, detounman, banalize, vinn preske nomal nan sistèm peyi dAyiti . Kom toujou yo rele sa biznis, yon degajman, non vol, dwèt long siperyè.
Antouka mwen swete moun ki nan bezwen yo vreman pral souse yo zo, bann aloufa pral lese yon bon moso pou yo.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod Empty Re: Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

Message  kami Ven 15 Jan 2010 - 17:39

Rico,

Sandout pral gin voler et map di anpil voler paske li deja komanse. Yon nesesite tankou dlo ki tounen yon remed de vi ak yon tanperati 90 degre monte de 1gd a 3gd. Transpotasyon minm se pi mal, moun ki vle retounen nan pwovins lakay yo, pri an triple.

Kom pral gin anpil blan ki pral jerer un peu nan lajan-an mwen kwe ke voler yo va kite 75% omwen pou pep la. Si Aristid antre se pi mal paske fol gin pa chimere li yo la dan-n.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod Empty Re: Distribusyon manje ap fet konyea an Ayiti avek lod

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum