Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

+2
Joel
kakakok
6 participants

Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  kakakok Mer 20 Jan 2010 - 9:06

My palace collasp ! Se enstablite ak kou deta ki fe sa ?????? Jodia se sel Aeoport Franccois Duvalier malgre domaj li sibi ki sel mwayen pou sekou antre nan peyi a????

Depi apre Duvalier nou pa janm fe anyen ki pi bon pase sa .... Jc D duvalier te kite la route nationale # 1 , la route de l amitie ....plus de 22 ans apres nou pa menm kapap entreteni yo ..Nou chita ap fe politik ..

ka nou grav !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Joel Mer 20 Jan 2010 - 9:56

non ,se pa poklitik PREVAL ap fè,se la verite l ap di!
Tonnè boule m ,si se pa t MINUSTAH ki te la a,yo t ap fout bay PREVAL yon koudeta deja!
ou t ap gen tan tande misye vyole konstitisyon an,gen twòp mizè elt..
Ou t ap gen tan wè REBU al fè meeting pou mande pou yo dechouke PREVAL;de nèg tankou Rosny DESROCHES e sitou GEORGE MICHEL mande anraje.Rankont t ap deja fèt ak Guy Philippe!
E ou t ap wè MANIGAT ak madanm li ap gonfle lestomak yo pou yo pale de "mal absolu"!
Pi w ou t ap wè yon koudeta e tout nèg sa yo sou ran pou yo vin patisipe lan Komisyon,komisyon tout non pou yo plen pòch yo!
Preval pa pè kounye an ,l ap pale ,men li te dwe di sa deja!
A BA KOUDETAYIS!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Rico Mer 20 Jan 2010 - 12:46

Alos Jojo an plen dezas wap vinn defann Preval. A la moun demeplè. Bon dapre w menm eske Minista ou blan meriken pral defann Preval si bon pèp tonbe an kolè.Dayè se yon gwo danje pou tout ekip chèf sayo ak twoup etanje ki nan dengwann yo. Pa gen leta ni gouveman. Nou an kondisyon eksèpsyonel. Se blan ki nan tèt tout inisyativ ak operasyon.

Talè tann anplwaye, bann fonksyonè ki pèdi travay yo. Zafè sa pral mete plis presyon sou sèktè enfomèl ak ti chomeko yo.Zafè bay manje ak dlo pa kap dire plis 5 mwa. Moun yo pa kap viv nan kondisyon demini sayo pase 6 mwa. Preval ak tout gouvenman li an kap rashe manyok li avan fen manda li. Gen tout engredyasn pou flanke l sa w rele yon koudeta. Etranje gen pou kolabore pou genyen tan nan flanke bon pèp espwa ki pral mande anraje.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Rico Mer 20 Jan 2010 - 13:09

kakakok a écrit:My palace collasp ! Se enstablite ak kou deta ki fe sa ?????? Jodia se sel Aeoport Franccois Duvalier malgre domaj li sibi ki sel mwayen pou sekou antre nan peyi a????

Depi apre Duvalier nou pa janm fe anyen ki pi bon pase sa .... Jc D duvalier te kite la route nationale # 1 , la route de l amitie ....plus de 22 ans apres nou pa menm kapap entreteni yo ..Nou chita ap fe politik ..

ka nou grav !


Mwen pap defann bann radotè apre Duvalier yo. Zafè ayeropo se lajan kontribiyab ki konstri yon pis an beton. Ei si w vle kwè m nenpot gouvenman tap oblije rantre ladann.


Dayè diktati ak vyolans lakoz nou pèdi tout avantaj epok Duvalier pè yo. Yon epok nou te an avans kom destinasyon touristik devan Dominikani. Se rezon sitou papa Doc te oblije konstri yon bout pis an beton. Paske Dominikani te konstri plizyè pis pou avyon gwo potè deja nan 3 vil. Men kom diktatè ransè kap voye flè, Dominiken pran kontrol destinasyon touristik nan zonn lan.

Sa w rele rout lamitye depi Duvalier pè e sou Janklod li tonbe an rwinnn. Entretyen ti nèg pa janm respèkte bagay konsa. Ke li rele Duvalier, Aristide, Preval e latriye
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  kakakok Mer 20 Jan 2010 - 13:23

Joel a écrit:non ,se pa poklitik PREVAL ap fè,se la verite l ap di!
Tonnè boule m ,si se pa t MINUSTAH ki te la a,yo t ap fout bay PREVAL yon koudeta deja!
ou t ap gen tan tande misye vyole konstitisyon an,gen twòp mizè elt..
Ou t ap gen tan wè REBU al fè meeting pou mande pou yo dechouke PREVAL;de nèg tankou Rosny DESROCHES e sitou GEORGE MICHEL mande anraje.Rankont t ap deja fèt ak Guy Philippe!
E ou t ap wè MANIGAT ak madanm li ap gonfle lestomak yo pou yo pale de "mal absolu"!
Pi w ou t ap wè yon koudeta e tout nèg sa yo sou ran pou yo vin patisipe lan Komisyon,komisyon tout non pou yo plen pòch yo!
Preval pa pè kounye an ,l ap pale ,men li te dwe di sa deja!
A BA KOUDETAYIS!


Joel se gwo koze Preval genyen rezon tout lot moun genyen to !M y palace le palasis national c'est son palais ! C 'est l'instabilite ak kou deta ki responsab tout male peyi a ! Pawol tafia lavalas pase plis pase 15 ans o pouvwa !

Se koudeta ki fe menm apwe 72 hrs nou paka ranmase mort nou yo ..

se kou deta ki fe nou blye si nou genyen kek lopital ak staff nann pwovens nou yo ..

se koudeta ki fe nou pa ekipe lopital pwovens nou yo /....

se koudeta ki Preval Aristide Ak Alexis pito kite zenglendo , move wout ap fe la lwa nan wout pwovens nou yo ..pandan yap miltiplye ti ligne aerienne inter urbain nan peyi a....

se kou deta ki fe yon ti bwat kweyon pou tout peyi dwe sere nan potopwens ....


Se di , se trist pou ka konstate depi plis pase plizye lane Potopwens ak dirijan mesken nou yo fouye yon gwo tou jodia yo tou antere ladan inosan tankou koupab ...

Se koudeta ki fe nou janm ka genyen yon lot gwo epot nan peyi a....

Se koudeta ki fe leta Haitien depann selman de Voila Haitel ak Digicel pou kominikasyon ????

Se pou nou avwe nou se yon bann malpwop ! Yon bann salle up ! Nou fonksyonne tankou yon ove kapilis a legoyism ..Moi dabo , mes enfants , ma femmme , mon chien s'il en reste les autres .....
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Marc-Henry Mer 20 Jan 2010 - 21:15

se kou deta ki fe nou blye si nou genyen kek lopital ak staff nann pwovens nou yo ..

se koudeta ki fe nou pa ekipe lopital pwovens nou yo /....


se koudeta ki Preval Aristide Ak Alexis pito kite zenglendo , move wout ap fe la lwa nan wout pwovens nou yo ..pandan yap miltiplye ti ligne aerienne inter urbain nan peyi a....

se kou deta ki fe yon ti bwat kweyon pou tout peyi dwe sere nan potopwens ....


Se di , se trist pou ka konstate depi plis pase plizye lane Potopwens ak dirijan mesken nou yo fouye yon gwo tou jodia yo tou antere ladan inosan tankou koupab ...

Se koudeta ki fe nou janm ka genyen yon lot gwo epot nan peyi a....

Se koudeta ki fe leta Haitien depann selman de Voila Haitel ak Digicel pou kominikasyon ????

Se pou nou avwe nou se yon bann malpwop ! Yon bann salle up ! Nou fonksyonne tankou yon ove kapilis a legoyism ..Moi dabo , mes enfants , ma femmme , mon chien s'il en reste les autres .....
_________________

Se pa koudeta , se inkopetans ak mank de vision , de leadership, de savoir-faire , visye , volo, egoisme, sans koutya, san hontt ki fe nou lan eta sa.

Se sam tap di.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  charlotin Mer 20 Jan 2010 - 22:38

M'ap di menm bagay la: koudeta fini pou Ayiti. Koutedatis yo konn sa trè byen, yo ret trankil depi kèlk jou. Se yon bann kapon. Yo konn Preval pase nou tout k'ap pale la. Yo tout te jwenn avètisman yo pou yo ret trankil depi lontan. Tout gen koneksyon ak anbasad Ameriken. On dirè koudetatis sou tout forum pi cho pase sa ki Ayiti yo.

Mwen te gad entèviyew a an dirèk kote li te di mon palais. Ke se te yon lapsus ke se pat yon lapsus, sa montre sansibilite ak frajilite nou tout paske peyi a kraze. Premye sa etranje konstate sè ke tout Ayisyen te fyè de palais nasyonal la.

Nou jis la pou kritike selman, minimize jefo ki ap fèt lan peyi a. Tout gran konesè yo, tout sa ki proch ak BonDieu yo, tout Moïse, tout Noe, toute fées ki gen baguette magique yo, m'ap tan nou eksplike'm byen sa k'ap pase Ayiti.

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Marc-Henry Mer 20 Jan 2010 - 23:16

Se pa on kritik , se on konstatasyon.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  charlotin Mer 20 Jan 2010 - 23:27

A mwen ke mwen mal konprann paske mwen t'ap li mèt mesaj la ki ekri
Nou fonksyonne tankou yon ove kapilis a
legoyism ..Moi dabo , mes enfants , ma femmme , mon chien s'il en reste
les autres .....
alóske se de Preval li tap pale ki te di "mon palais". Voyons donc, tout moun konen deja ke egoyism sa ki pi for yo se yun lan problem ki menen nou la. Mwen ap aplodi menm si se sa yon neg ap denonse men pa gen anyen la, Prezidan Preval gen dwa di mon palais. Se pa sa ki di ke li se yon egoyist.

Tande non, te gen yon jenn gason ki te lan forum souvan dènyèman men sa fè kèlk jou mwen pa wè'l. Si m'sonje byen misye tap viv an Ayiti. Eske Administratè pran nouvèl li? Eske administratè a konn rezon absans ou silans li?

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Thunder Mer 20 Jan 2010 - 23:58

Marc-Henry ekri:

Se pa koudeta , se inkopetans ak mank de vision , de leadership, de savoir-faire , visye , volo, egoisme, sans koutya, san hontt ki fe nou lan eta sa.

Se sam tap di

Wi Marc! ...mande menm mesye sa yo kisa ke yo panse de Koudeta 1986 lan, yo pral di ke Duvalier te merite l, mande yo menm bagay la pou tout tantativ ki te fèt sou li, y ap bay menm repons lan. Savledi ke koze pa vle wè koudeta sa a relatif.

Koudeta se yon zak enkonstitisyonèl e ki fè tò a peyi a menm jan ak vòlò, diktati, gangbanging Leta, asasina ak pèsekisyon politik... Men pouki ti nèg se koudeta sèlman ke yo denonse? Alò depi yon nonm monte kòm prezidan, li genyen lisans pou li fè sa li vle? li genyen dwa lavi ak lanmò sou moun ke li vle?

Mwen si e sèten ke si Bush te konn voye moun ak kawotchyou devan kongrè an pou boule manb kongrè a, li pa t ap fini manda l. De menm ke si Obama ta mande pou moun nwa ki grangou al mande blan ki rich de ki prevyan, li p ap fini manda l.

Konstitisyon an genyen plis atik ke sila a ki di ke Prezidan an eli pou 5 lane. Konstitisyon an di tou kijan pou yon gouvènman monte e ki jan ke li dwe fè travay li. Li di tou kijan ke lè 20 milyon dola debloke pou wout ak lopital K-Fou, pou vòlò pa foure sa nan pòch yo.

Se pa koudeta sèlman ki pou fini. Fòk vòlò, asasina, deal dwòg, baboukèt, maspinay sispann. Fòk moun ki la pou fè respekte konstitisyon an, respekte l yo menm. Paske konstitisyon p at vote sèlman pou advèsè politik.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN  LI TA PI BON Empty Re: SILANS PA JANM REGLE ANYEN ! MEN SI PREVAL TE KITE BOUCH LI FEMEN LI TA PI BON

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum