Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G ...
Voir le deal
389 €

Omaj a Dr. Martin Luther King.

Aller en bas

Omaj a Dr. Martin Luther King. Empty Omaj a Dr. Martin Luther King.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 15 Jan 2007 - 20:03

Jodya se youn gran jou pou tout neg an jeneral se pa pou selman afro Ameriken yo selman paske jodya se anivèsè youn nan litè nou yo.Youn nan neg integral nou yo.Youn nan gran zom ki pase sou la tè.

Lè mwen ap tande e ap li sa ki te ap pase o Zeta Zuni depi emansipatyon jiska rive fen ane 60 yo map mande tet mwen kote ke Rev. Martin Luther king te twouve amou saa ke li genyen nan kè li pou tout moun an jeneral pa selman nwa.Kote li te genyen sajes sa poul repouse vyolans poul di ke nou pap swiv opresè nou yo nan vyolans.Lè youn moun pran sans diskou Martin Luther King yo ou wè ke li se youn moun ki te enspire de bon dye vre pase mwen pa ka konprann ki jan youn moun fè renmen youn moun ki pa renmen w.Men Li te telman gran ke li transande enn ,meshanste.vyolans pou li te anbrase lanmou ,non vyolans ,li pale de liberte, egalite fraternite rev saa ke tout moun ki onet e sinsè sou la tè ap lite pou tout moun jwi.Li di ke tout moun genyen serten dwa ke kreyatè ya bali epi se pou li pouswiv yo jiskas ke li jwen yo.Fok youn moun gran reyelman pou pa rayi moun ki pa renmen w,ki oprese frè ak sè w.Mwen rann omaj a Dr. Martin Luther King pase li se youn moun ki pa tap shashe glwa ni richess ,men ki te ap lite pou egalite sou la tè ,pou la pè sou la tè pou konpasyon, pou solidarite ant tout pep.Wi li merite Prix Nobel la, men sa li merite vreman se rekonesans eternel de tout moun an jeneral ke se nwa ,ke se blan , ke se jonn.Tankou pwoverb la di ya lan mo kote viktwa w.Fos mal yo pa ka detwi youn moun konsa; li se youn flanbo ki ap limen eternelman pou montre tout moun sou la te sa ki genyen valè reyelman.Jodya mwen koube byen ba devan memwa gran nonm saa ki te fè nou konnen ke nou dwe reklame dwa nou kelke swa pri ke nou dwe peye.Wi wap rete nan souvni nou ayityen ameriken menm jan ak Toussaint Louvwerture ,ak jean jacques dessalines. ak Presidan Mandela.,nap rann omaj tou ak tout litè ki mouri pou kosz sila a.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum