Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Kile na p lage kabrit lan?

3 participants

Aller en bas

Kile na p lage kabrit lan? Empty Kile na p lage kabrit lan?

Message  Sasaye Ven 11 Juin 2010 - 12:02

Mesye, lilè pou n chanje kap.

Pandan peyi an kraze epi tèlman gen refleksyion ki pou fèt, pou nou eseye ede oudimwen senpatize avèk frè ak sè nou ki lan yon sitiyasyon malouk.

Pandan gen yon milyon sanzabri ki bezwen remèd, swen ak soutyen.

Pandan move repitasyon Ayisyen ap mete baryè pou nou tout keseswa lan peyi nou oubyen a letranje.

Pandan pitit nou ap sibi movez resepsyon tout kote paske demeplè blan bouke ak nou.

Ondire nou bliye tout bagay sayo pou nou chita lan diskisyon ki pap mennen oken kote.

Nou komanse we projè ranvesman gouvènman an ap ralanti.
Si nou te kwè ladann toutbon, nou ta eseye ranfòse mouvman an pou nou reyisi jete gouvènman an.

Kounyea nou pa revolisyonè anko. Nou lan chasse aux sorcieres.

Yon patisipan chwazi yon psedo ki gen yon non fanm.
Lan avata a, senbol sèks lan se yon senbol maskilen.

Yon patisipan ki deklare li se gason galan lage de gidon deyè yon moun li konprann ki te yon fanm.
Mwen pantan, paske mwen mande m kijan Riko fè pa wè ke li fè ere.
Se pa ti ri mwen ri, paske se te yon bagay ki komik anpil.

Mwen te rekonèt lan estil ekriti, gramè ak ekspresyon ke nouvo patisipan saa se te yon ansyen patisipan ki retounen avek yon lòt psedo.
Pa gen anyen ki dròl lan sa, mwen deja wè nèg ki prezante tèt yo kom endyen.
Matine pa t janm lan fè jwèt avèk moun epi aji an fanm.
Li pa janm reponn lan pawòl dous nèg ta p voye monte.

Sa ki te komik lan se ke Riko ta p fè jako pye vèt pou yon nèg ke li te deja twoke konn li avè l.

Mwen di le bagay saa sot deyò, etensèl pral gaye.

Lè Thunde rantre lan won, mwen avèti l an plizye fwa: pa rantre laa!
Misye fè bon blag avè m, konprenan ke mwen ta p fè jalouzi e li di ke nèg Kanada vle tout pou yo.

Mesye, erè fèt.
Mwen konpran veksasyon lè nou wè verite a.
Men se pa yon katastròf menmjan ak seyis 12 janvye a.

Annou bliye sa non.
Lanpwen moun ki kapab di ke se ekspre nou fè al dèyè yon nèg.
Se yon erè de jijman.

Kidonk, ann tounen sou sitiyasyon Ayiti pou n pale sou kisa ki pral rive peyi a.
Pa agrave yon sitiyasyon ki grav lan al chèche ansyen fowòm pou kontinye zen an.

Sa kapab deranje fowòm nan anpil e mwen konnen se pa sa nou vle.

Mwen pa ni lavalasyen, ni Prevalyen, ma p pale avèk nou an Ayisyen.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kile na p lage kabrit lan? Empty Re: Kile na p lage kabrit lan?

Message  Rico Ven 11 Juin 2010 - 15:32

Mezanmi nou kap vire an won, san jamè ateri. MWEN TA VLE FÈ W KREDI WOU PA LAVALAS, WOU PA SITOU PREVALYEN. POUTAN PA GEN ECHANJ ENPOSIB AVÈ W.

Konbvyen fwa mwen demonte w rejim Preval pa gen tande, refize chita ak ayisyen parey li. Konbyen fwa yo ekri, prezante plan, etranje tankou blan. Li mete you sou kote pou fè sali vle ak blan kinan l, gwo zouzonn kinan l , politisyen kinan l.

Se komsi peyi sa pou yon ti gwoup yo fout sou kote tout moun. Menm lè opozan lonje la men bali. MEN RETOUNEN SOU SAKI TE DI SA YO PA JANM VLE TANDE, NI YO PA KWÈ. Yo di w koman pou nou ede, pote konkou, relve nivo pèp nou.

Gouvenman refize chita pale alos ke dire mete an aplikasyon saki di yo. Men tonas Sasaye lè w pa gen ekout, lè wap voye jilbrèt, lè wap pran lwa ak mezi pou fè magouy.

Yo leve nan degwann-ou. MANYÈ REVEYE W PA GEN DYALOG, SE KOKEN KAP JWE, KISA W VLE SE LARI POU YON PÈP PRAN
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kile na p lage kabrit lan? Empty Re: Kile na p lage kabrit lan?

Message  Sasaye Ven 11 Juin 2010 - 16:07

Riko,
Lè m di ke mwen pa ni sesi, ni sela, se ayisyen mwen ye. Se pa yon ekskiz ke ma p bay.
Mwen sèlman enterese lan sa ki pral ede Ayiti, pa ekstansyon, Ayisyen pou soti lan gagòt la.

Tout moun gen dwa chwazi kan yo vle lan yon demokrasi san pèsonn pa joure yo pou sa.

Ou di m ke opozisyon soti pou dechouke gouvènman paske Preval pa vle chita avèk yo.
Sipozan ke se ta vre, se panko yon kòz pou dechoukaj.

Lè yon gouvenman an plas,li lan yon pozision lidèship e li pa oblije chita avèk opozisyon pou li mande yo ki desizion pou l pran.
Li kapab chita avèk yo si l vle, pou eklesi desizyon l, konsilte; men viretounen, desizyon yo, bon ou move, se job gouvènman an.

Si yo mal dirije, gaspiye resous leta, detounen trezò piblik, komèt enjistis, represyon. asasina..... lè tèm yo fini, se pou yo reponn de move zak yo.

Opozisyon, lan okenn peyi e ou konnen lan Kanada tou, pa janm patisipe dirèkteman lan priz desizyon yon gouvènman.

Oplis, opozisyon kapab pwoteste kont yon aksyon gouvènman ke li pa dakò. Gouvènman an pa oblije chanje anyen pou sa, paske manda l ba l opsyon pou l fòmile politik li jan l wè ki ta bon pou peyi a ak popilasyon an.

Sa ma p di laa, se pou tout gouvènman ki anplas, kelkeswa sektè ki vote l.

Sa ki rete opozisyon an pou l fè, se prepare kanpay avèk ajanda pa yo, pou fè chanjman yo vle lè yo pran pouvwa a.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kile na p lage kabrit lan? Empty Re: Kile na p lage kabrit lan?

Message  Thunder Ven 11 Juin 2010 - 16:52

Sasaye,

Mwen pa kwè ke genyen moun ki pran plezi nan pèdi tan ak makoklen konsa. Men kòm se atansyon ke ti yason bezwen, se atansyon ke l ap jwenn.

Misye pot ko menm poste anyen mwen te gen tan konnen ke se Lanslo alyas Pierre, Webmestre, Frankie-Talkie, Marianne elatriye... Paralèl lan te senp: "Benoit Latendresse / Martine Latourmente" sedo yo similè.

Mwen pa janm panse ke misye se te yon fanm:

http://www.forumhaiti.com/haiti-politique-f3/bravo-rony-timote-t8525.htm#69165

Menmsi ke misye se senbòl fanm nan ke li te pran, se lè mwen rele l "Lanslo" ke li kouri chanje senbòl lan pou pa gason an.

Se pa yon kesyon de politik k ap regle la, paske malad mantal sa a atake tout moun tout kote ak tout tandans. Se lè ke li vle jwenn sipò moun tankou Joel ak Marc ke li foure yon zafè "politik".

Bondye ke w wè opinyon moun tout tandans, tout seks sou kesyon malpouwont sa a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Kile na p lage kabrit lan? Empty Re: Kile na p lage kabrit lan?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum