Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

+2
alex jacques
ainsi ne soit-il
6 participants

Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Lun 26 Juil 2010 - 0:34

Men poukisa nouvèl kandidati Wyclef la simen tout panik sa a. Pa gen lontan m'ap pale de katastróf politik, m'ap di ke nou pito lan voye labou olye ke nou fè atansyon a mesaj y'ap voye bay nèg lan peyi a.

M'ap sonje yon bri ki te kouri apre tranbleman de tè a ke Wyclef ap volè lajan sou do Ayisyen ak YELE jis apre misye te finn di ke si yo ba'l fè distribusyon moun yo ap koute'l ak disiplin. Gen yon entèlokite ki te obsève e si akizasyon vol sa a pat yon fason pou yo di'l kanpe lwen.

Apa li papa, men mi, misye retounen fwa sa pou li di ke li vle prezidan lan ti lakou mafya a.

Pou mwen se pa yon kestyon de lang ke misye pa pale byen. Pou mwen Wyclef pa pale okin lang byen. Men tout sa se ranse n'ap ranse. Mwen kwè ke se divèsyon Wyclef vinn fè paske gen yon bagay yo rele divize vót. Alor m'ap pale ipotetikman byen ke mwen pa renmen fè ipotèz.

An nou chita tande reaksyon ofisyèl tout nèg ki te la anvan yo ki t'ap batay onètman ou menm ki t'ap goumen jis pou pouvwa an Ayiti. Poukisa tout reaksyon sa yo lan radyo alós ke pèsonn panko tande yon mo ki soti lan bouch Wyclef. W ta di yon lót tranbleman de tè e pi tèt tout moun chaje. Ayayay, y'ap travay nou tout bon wi e si nou gade lan montr a'n n'a wè li trèz è.

Se pa yon canular ankor, men pou mwen se jis yon strateji pou teste politisyen lakay yo. Tonton kandida, neveu kandida, talè nou tande ke ForumAyiti prezante kandida pa'l. E mwen byen kontan ke mwen pa ka vote fwa sa a.

Pèsonèlman mwen kwè ke 'Clef pati sou sa yo rele yon ego trip kèlke swa motif ak moun ki trenen'l lan gwo koze. Tankou yon provèb Tibeten di: "Ô petit lapin, ne crains pas que le ciel te tombe sur la tête."

An verite, tankou yon lót koze di: e bondye e demon ta dlo lan zye si yo te konn tray Ayiti ap pase. Hum!


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  alex jacques Lun 26 Juil 2010 - 8:49

Martine la Touremente!

Mwen konprann pwoblem ou, se pa ou selman k'ap plenyen de evantyel kandidati Wyclef. Paske depi-w di non Wyclef an Ayiti, tout politisyen konvansyonel, tet chat, neg ki fe 50 tan nan politik ak espwa ke you jou ya vinn prezidan, tout pran tranble!

Poukisa ke yo pe Wyclef? Depi byen lontan neg yo sou teren politik la, mwen kwe ke yo ta sipoze fe plis bagay ki pou fe pep la vote pou yo, olye de Wyclef.

Mwen p'ap defann Wyclef, paske se pa you moun mwen rekonent byen, mwen te rankontre misye you sel fwa o Kenya an Oktob 2009, kote li t'ap jwe nan you konse pou MTV Africa.

Men sel sa-m ka di, malgre tout sa you moun ka di de Wyclef, li fe plis pou Ayiti pase tout politisyen de grenn goch ki sou teren an depi dig dantan. Se politisyen tradisyonel yo ki mete peyi nan sa-l ye a. Mwen pa di ke tranbleman de te-a pa t'ap touye moun non, men politisyen kenbe peyi a nan kriz depi plis pase 200 zan. Pa gen okenn developman, enfrastikti e latriye.

Apre tranbleman de te a, Wyclef se te premye Ayisyen ke mwen te we sou CNN ak tout lot chenn televizyon, pou mande kominote entenasyonal la pou ede nou.

Zafe, kob ou di ke misye vole-a, se pa kob ke yo di li te vole. Yo te di ke kek biznis misye te "provider or supplier", nan kek pwoje Yele Ayiti t'ap enplimante. Ki dapre la lwa ka kreye konfli entere, men li pa ilegal.
Misye te konprann sa nan ta, se poutet sa li te revoke kontab Yele Ayiti-a.

Kidonk, Martine, si-w pa prezidan se pa Wyclef ki fe sa. Si Wyclef se you Ayisyen, li gen dwa pou-l Kandida.

Ou di Wyclef pale okenn lang men ou genle gen pwoblem ak Kreyol ou tou wi. Mwen konne ke ou renmen Franse Martine, denyeman mwen menn avek ou manke goumen sou zafe offisyalize Angle a. Gade kisa-w ekri,
pa gen you ayisyen nan nivo mwayen ki ka konprann kisa ou di pa ipotetikman/ipotez an kreyol. LOL
ipotetikman byen ke mwen pa renmen fè ipotèz.


Dernière édition par alex jacques le Mar 27 Juil 2010 - 3:53, édité 1 fois
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Joel Lun 26 Juil 2010 - 9:14

Mwen wè bagay WYCLÈF lan yon lòt jan.
Si misye se nasyonalite ayisyen sèlman l genyen ,mwen pa ta wè anyen mal lan yon kandidati l.
Mwen gen dwa twonpe m ,men mwen kwè ke misye di li gen nasyonalite ameriken tou.
Imajine w ,menm si yon moun pa gen nasyonalite ameriken ,politisyen tradisyonèl yo di se saou ye ,pou yo sa ekate w kòm konpetisyon;ale wè si w ta sitwayen ameriken vre.
Mwen pa konn politik WYCLEF ojis;men misye se neve frè JOSEPH yo ,mesye AYITI OBSÈVATÈ yo;eske joumou konn donnen kalbas?
Petèt ,mwen pa konnen;si gen bon grèf ki fèt.
Sou kesyon de lang ke WYCLEF pale ou pa pale yo.
Mwen sonje ke mwen te li yon atik sou NYTIMES;NYTIMES di ke gen de lè ,lè LULA ap pwononse yon diskou,anpil BREZILYEN gen difikilte konprann sa misye ap di.

Eksplikasyon NYT bay ,sè ke LULA li malman;se 5 an edikasyon fòmèl misye genyen;sa pa anpeche ke misye ,dapre OBAMA,se prezidan ki pi popilè sou planèt lan.
Kididonk,pa gen resèt,ou pa janm konnen.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Lun 26 Juil 2010 - 11:03

Tou dabor, va donc chier avèk pawol ke w konprand problèm a'm. Kote w konen'm? Mwen pa enrerese a polemik paske w pa menm ka kanpe pou defand tèt a w. Se pa w menm k'ap di ke mwen pa mele ak moun? Ki sa w bezwen, au juste? W gen dwa repond si lide w di w, men w pa oblije fè sa pèsonèl. Mwen se manb forumAyiti, men mwen pa manb komunote. Tout sa m'ka fè, se evite mechanste.

Tout endividu gen dwa envante tout salopri pou seye ofanse Martine la tourmente men mwen pa pèmèt yo di ke m'ap denigre yon lót nèg ou byen pretand ke kandidati Wyclef deranje'm aloske li finn ekri ke li konprand itou ke mwen remake ke tèt politisyen yo chaje ak nouvèl sa a ki soti. Se pa posibl pou nèg pa menm konprann sa yo ap ekri e pi y'ap vin pran poz, vin fè lót reproch. Sa pa vo yon pata.

Mwen gen dwa di Wyclef pa pale okin lang byen paske anplis ke mwen ajoute ke se ranse tout kritik ap ranse si yo baze sou kestyon lang la. Jiska prezan gen mesaj lan sit la ke mwen te ekri sou Wyclef e se jis aplodi m'ap aplodi'l. Menm si, mwen pa yon fanatik avègl.

Al gad dewó a si w wè'm si w ap vinn di ke mwen pa gen dwa ekri ipotetikman ak ipotèz. E pi w pa menm propoze anyen pou ranplase'l... Gade, se pa pou iletre m'ap ekri sou sit la. Si w gen yon problèm, si w konplekse, se pa problèm pa'm. Si w gad lan glas, man-yè remake ke zepol a w pa sou tèt a w.

Tankou provèb lakay di: lanp gridap itil se vre men w pa janm wè yon kretyen vivan kanpe ak ti lanp li pou'l ka fè solèy wè.

Pa gen lontan non pli ke mwen t'ap di ke prezidan ayisyen pa bezwen gen gwo diplóm pou peyi a mache jisteman lan yo diskisyon ki te fè sou Lula. Alor, si gen moun ki pat la pou te li sa m'te di, piga yo vin ap di foste. An reyalite, jan de diskusyon pa enterese lót nèg sou forum la eksepsyonèlman manb ki kapab soti lan kadr Ayisyen a pou analize bagay yo.

Menm lan dènye forum mwen patisipe avandènye mesaj mwen ekri ap di ke lan peyi ki byen chita, anpil gouvènman se kris yo vinn jere. Sa montre ke Prezidan a ou pati ki sou pouvwa pa vrèman fè la diferans. Se menm jan, si Ayiti te yon peyi organize, si chak moun lan peyi a t'ap jwi ti kal bonè, w ta gen dwa al lan kouvan pou chwazi chèf lapolis, chef lame, prezidan, elatrèy...

Franchman, yo anraje wi.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Rico Lun 26 Juil 2010 - 12:47

Mete dlo nan diven nou. Ke se divèsyon ou lot zagribay Wycleff kap kandida si li ranpli tout kondisyon yo. Sitou si li vreman reyini kondisyon pou kandida kom sitwayen ki te viv depwi lontan sou tè etranjè.

Se dwa tout koken ou kandida serye mete estrateji yo o pwen. Depwi w an konfomite ak lwa peyi dAYITI. MEN VYE PAROL LI PA GEN OKENN LANG LI PALE, PA KANPE SOU ANYEN. Antouka lwa peyi ak konstitisyon pa eskli yon ayisyen ki pa maton nan zafè lang. Dayè si te gen kritè konsa anpil koken tankou Preval pa te nan zafè premye minis pou rive prezidan.

Koulyè a se kandida opoze ki dwe vini ak tèz demolisyon youn kont lot. Ou byen yon près pou fè deba sou bagay konsa. Men voye opinyon sou yon forom pou deklare entèl ou entèl pa konnen anyen se pa sa di tou. Se la aprantisaj demokratik difisil ou byen anpil nan nou pa vreman byen asimile pou di sayo vle.

Mwen konsyan anpil mwen demoli koken, denonse yo, avili yo. Men anlve dwa kandida yo, se jamè Men se demontre ilegalite, yo pa kanpe sou anyen, yo nan vyolans, yo de movèz fwa. Se konsa yo fè politik. Se demonte pa gen rezilta ou byen koman rezilta yo pral enposib ak devlopman tèz serye sou probabilite yo.

Pou Wycleff mwen pa konnen si se estrateji,ou blof ,si gen lakenn se demontre l fason metodik, movez preparasyon l, pase kowonpi nan volo ak detay presi verifye e verifyab. Se fouye bilan negatif li. Non kanpe sou senp nosyon konesans lang. Sitou peyi sa pwouve souvan nèg pa save ak bonn resous livre machandiz ak sansiblite yo e bonn volonte.

Tonas boule m jan peyi sa pran souflèt ak konesko, mwen pa ditou kapwonnen pou pran nenpot plonbye kom prezidan. Depi li byen antoure, byen zoutiye, genyen anpil sayo rele sansiblite, lamou ak konpasyon pou saki vreman nan soufrans.

Nou bezwen moun vreman konsa pou pwoteje pi mal, pi fèb nan mete nan rol yo dabo premye minis, minis, gwo fonksyonè volo nan fonksyon piblik, sèten senatè ak depitè pwoch pouvwa kap manje tout gato, gwo zouzounn visye ak latriye ki toujou pwofite pouvwa visye.

Ke yo rele li Wyclef, Madan Maniga, Madan Tatapyon, Ti rouj, Ti Solon peyi ap tann sovè sa , liberatè sa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  alex jacques Mar 27 Juil 2010 - 4:11

Tankou provèb lakay di: lanp gridap itil se vre men w pa janm wè yon kretyen vivan kanpe ak ti lanp li pou'l ka fè solèy wè
. Ahahahah!!

Martine, mwen renmen pwoveb kreyol sa-a ke ou ekri a. San dout li se you verite pou anpil moun, erezman li pa aplikab pou Alex Jacques men " Good try" Martine.

Si ou vle fe you deba entelektyel e pesonel ou ka ekri-m an prive sou fowom lan, konsa nou pa bezwen deranje lot manm forum lan ak FRANSE DWAT E GOCH nou yo. Kom mwen konnen ke tout sa ki etelektyel pou kek moun se "Pale Franse".

Lojikman, you tout moun an Frans se etelektyel menm si yo pat janm al lekol, paske yo pale FRANSe pa defo. LOL
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Joel Mar 27 Juil 2010 - 10:25

alex jacques a écrit:

Lojikman, you tout moun an Frans se etelektyel menm si yo pat janm al lekol, paske yo pale FRANSe pa defo. LOL

Sa a se vre;se pou yo retire bagay lan tèt tinèg ,ke ""pale franse vle di lespri"'.

Mwen te wè sou jounal franse ""LE MONDE"",yon seri de tèks ke etidyan Inivèsite franse ekri.
Lan youn ,lan sèlman 2 paragraf ,gen preske 10 fòt dotograf epitou ou pa ka fè ni pye,ni tèt sa nonm lan ekri an.
Tankou m te mansyone l;NOAM CHOMSKY te fè yon etid sou poukisa yon moun ki pa pale franse ,pa ka prezidan DAYITI.
Misye te konkli ,se te jis yon mwayen pou nèg elimine konpetisyon.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Juil 2010 - 11:16

M'ap di klèman Alex Jacques ke w se yon enbesil ki toujou ap di yon seri de inepsies dè ke l'bezwen vin provoke Martine la tourmente. Sa k pi rèd, koulye a li jwenn moun k'ap bat bravo paske li retounen ak ti agiman konplèks enferyorite'l la pa rapó a moun ki pale franse. Poutan mwen pale kreyol kan lide'm di'm tankou se pa paske mwen pa pataje sèten prejije pou mwen refize pale franse. Chak moun fè sa yo vle, tande madigra.

Tande yon bourik k'ap seye di lót moun gen prejije e pi l'ap envite yon lót vinn fè deba entèlektyèl an prive ak li. Si w gen yon bagay pou di apa de ti manyè konplèks enferyorite w la, pouki sa w pa seye eksprime'l kote tout moun ka li'l? W gen lè pa konprand sa ki ekri. W sanble ak lot ti kanich.

Si se pou etale maladrès ak devyans, al chèvhe yon lót patnè. Ki problèm nèg sa a? Li di'm ke mwen pa mele ak moun, l'ap gryen dan'l ke l'konprand provèb mwen ekri, l'ap seye detounen sa m'ekri e pi l'ap envite'm vin diskite an prive ak li. Desideman, senj sila ap gad lan glas e pi li wè zepol li pi wo ke tèt li. Al kouche. Si w bezwen fè deba aseptize kreyol franse whatever, ki sa ki anpeche salopri louvri prop diskusyon'l.

Man-yè fèmen djèl nou, mezanmi. Mwen pa konn pou tout moun. Mwen ekri lan lang ki lan lide'm. E pi ke se an kreyol, ke se an franse, ke se an angle, se pa pou fè pèsonn plezi. Ban'm van'm ak koze sa yo.

Chèche parè'w, ti-mal. Ala w sou moun. Ki lès chyen sal sila ap seye ramne a nivo animal li a. Stand up!

Pouki nèg la pa ka pase'l de Martine la tourmente. Si se pat sou Entènèt se pa de koudpye sa ta manje.

Kreyol pale kreyol konprand. Du moins, je l'espère. Pouah!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Juil 2010 - 11:26

Pa okipe sanzave malonèt la non. Se voye yo voye'l paske yo pa renmen akalmi. Men se yon erè bandi yo fè paske mwen pa jan'm lage yon pous bay nèg de movèz fwa sa yo.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Joel Mar 27 Juil 2010 - 11:47

Mesye,
Mwen pa p pran pou pèsonn lan agiman nou an non.
Alex jis di yon bagay,ke m souliye.
Mwen panse ke se te yon erè pou mesyedam ki te ekri Konstitisyon 1987 lan mete franse ak kreyòl kòm lang nasyonal.
Gen peyi ki gen lang nasyonal lan konstitisyon yo ;gen peyi ki pa genyen.
Mwen pa kwè LANGLETÈ gen lang nasyonal,ETAZINI pa genyen tou.ANGLE se lang nasyonal ETAZINI se ""defakto"".
Konstitisyon DESSALINES LAN,1805,pa gen lang nasyonal;pa gen garanti ke si DESSALINES pa t mouri sasinen ,franse t ap vini lang nasyonal.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Juil 2010 - 18:00

Mwwen toujou respekte e sitou apresye ler w propoze yon diskusyon ki elaji deba yo. Mwen pa gen anyen kontr pozisyon a w pa rapor a franse lan peyi Ayiti menm si nou pa aproche problem la menm fason. Le nou byen gade, problem peyi a pi konpleks ke jis koze franse sila.

Sa ki degoutan, se ler yon endividu pa menm konprann pou ki sa nou konn ap fe diskusyon sou lang e pi l'ap antre lan koze pou'l ka ramne lot moun lan menm estad aryere tankou'l. Mwen menm, m'ap defand justis pou tout moun, sa vle di progres pou peyi a men mwen pa gen tolerans ak alpha-bete. konsa.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  grandzo di Mar 27 Juil 2010 - 18:06

Martine.

Wiclef ne va pas se présenter aux élections….Les haïtiens ne comprennent rien A la politique. Tout haitien raisonnable devrait penser que c'est impossible…. Ce n'est pas pas un canular mais de l'imbecilisme.

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  grandzo di Mar 27 Juil 2010 - 18:22

Wiclef ne se présentera pas pour trois raisons fondamentales : La première est juridique. En effet, se pose la question de sa double nationalité haïtienne et américaine. Cet obstacle n'est pas insurmontable. La seconde est d'ordre contextuel,si Wiclef voulait se présenter, il ne se présenterait pas après une catastrophe aussi importante que celle du 12 janvier ou les gens attendent un messie… La troisième raison est d'ordre personnel, Wiclef me semble un homme intelligent qui ne confond pas le show business et la politique….

Apres avoir dit tout cela, je suis tente de tempérer la logique de mon analyse en me souvenant d'une chanson de Wiclef… If I were President……………… https://www.youtube.com/watch?v=t1QJOI37k2M

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Juil 2010 - 19:57

Mwen te asiste spektakl 'Clef plizye fwa san tout ler nou konn gad misye lan televizyon. Dernye fwa m'te we 'Clef, se te lan yon gwo festival bor isit e show misye a se te yun ki te atire pi gwo publik. Malgre sa, se te petet yon vingtaine Ayisyen lan mitan 20.000 moun ki te prezan.

Mwen respekte talan'l ak sa li reusi fer malgre limit li lan zafe jwe enstruman. Sa k pi red la, "Clef pe pa menm jwe yon kout tanbou. Misye se yon showman total e li se gwo bluffer itou. Misye gen bon coeur kan mem paske li lan ede moun an Ayiti. A la verite, mwen pa menm enterese lan zafe ke li te pran lajan pou regle biznis pa'l. Se pa konsa mwen kouri rele bale voleur. Wi, 'Clef pa yon neg pi serye pase sa lan yon seri de lot kestyon personel paske sa nui a imaj nenpot moun ki t'ap planifye karyer politik. (LOL)

Pou komanse, 'Clef te lan interview ane pase lan televizyon nasyonal Kanada. Misye t'ap rakonte jan papa'l te konn ap ensiste pou li vin legliz e ke li te di papa'l: "w konen papa ke si m'vin lan legliz la se deye medam yo m'ap vini alor pou kisa w'ap ensiste...?"

Si m'te prezidan, mwen t'ap legalize marijuana, pami tout bon entansyon 'Clef... (LOL) M'ap sonje lan spektakl sila, 'Clef te chaje... (LOL)

E pi se blag ke 'Clef pa konn pale kreyol. Bon, mwen rekonet yon Ayisen ki te kwaze 'Clef lan organizasyon spektakl li, lheure 'Clef te we fan'm neg la 'Clef te lanse bay konpatryot la: "Mayi moulu ak pwa" An Italie yo ta di cafe latte...

Lheure Peter MacInstosh t'ap chante Legalize marijuana, lheure Robert Nesta Marley t'ap chante Kaya, se pat karyer prezidan yo t'ap prepare... Oh! comme les temps ont change? Quand je pense que le peuple de l'herbe ne s'identifie pas au pouvoir et a Babylone. Men ki sa 'Clef ap regle konsa. Se gwo zafe. (lol)







ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  grandzo di Mar 27 Juil 2010 - 20:37

le ou vle… ou kabab montre ke espriw esoterik

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  grandzo di Mar 27 Juil 2010 - 20:55

martine,

https://www.youtube.com/watch?v=w8nnnoOdauw&feature=related

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  grandzo di Mar 27 Juil 2010 - 21:08

Martine

Une conversation de nixon avec kissenger …. lumière sur la politique américaine de l'Afrique noire, notamment sur le burundi

https://www.youtube.com/watch?v=E3KtudsQ050

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Thunder Mer 28 Juil 2010 - 1:43

Alex ekri:

Mwen konprann pwoblem ou, se pa ou selman k'ap plenyen de evantyel kandidati Wyclef. Paske depi-w di non Wyclef an Ayiti, tout politisyen konvansyonel, tet chat, neg ki fe 50 tan nan politik ak espwa ke you jou ya vinn prezidan, tout pran tranble!

Poukisa ke yo pe Wyclef? Depi byen lontan neg yo sou teren politik la, mwen kwe ke yo ta sipoze fe plis bagay ki pou fe pep la vote pou yo, olye de Wyclef.

Sa a se vre, menm yon rimè sou kandidati misye bay anpil nèg lapoupourèl (lol).

Sèl bagay, dapre sa mwen tande, misye genyen yon paspò diplomatik Ayisyen ke Preval te fè ba li antan ke anabasadè. Se sèl Ayisyen ki ka genyen yon paspò Ayisyen, sitou si se youn diplomatik.

NB._ An atandan menm, ki moun ki lage ti pig an menm? Li toujou sur les nerfs? Ke mèt ti pig an, mare ti pig an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...  Empty Re: Wyclef Jean fidèle à lui-même et à ses bienfaiteurs...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum