Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

Ti gason......

Aller en bas

Ti gason...... Empty Ti gason......

Message  Sasaye Mer 4 Aoû 2010 - 2:15


Ti gason,

Leve tèt w, gade anlè
wa wè syèl lan ble, solèy la klere.
Se pou w konnen se pou wou tout espas saa ye,
se pou w konnen se pou wou solèy la klere.
Chale ki degaje an se pou chofe w.
Limyè ki fe w fèmen je w lan, li la pou w sa wè klè.

Ti gason, sonje ou se pitit Ayiti.
Ou gen yon plas anba syèl la
menmjan ak tout lòt ayisyen.
Lè solèy lan klere se pou nou tout
jwenm limyè ak chalè.

Sonje ke ti peyi toupiti nou an
se yon gwo peyi ki make linivè
depi zansèt nou yo te fè l tranble
avèk kòlè e fè tonè kraze moun ki te vle
retire dwa nou lan men nou.

Ti gason, lanpwen anyen ki kapab fè w wont
ke wou se ayisyen pitit Tousen ak Desalin.
Memsi gen moun ki ta vle fè w kwè se pa sa.

Sonje se zansèt wou ki fè tout nèg lan tout peyi
pran konsyans ke yo pa jwenn tou sa k pou yo.
Se yo ki fè tout blan konprann
ke nèg pa dwe bese tèt devan pèsonn.

Ti gason, se lan men w peyi a pral chita.
Al lekòl pou w konn li ak ekri,
men se pou w vini ak lide pa w
pou fè peyi w avanse.

Pa kite pèsonn vinn di w kisa ki bon pou wou.
Pwoteje fanmi w ak zanmi w.
Pa kite moun devaste pyebwa lan peyi a.
Fè tout moun respekte sitwayen Ayisyen.
Toujou gade devan w san gade deyè.

Ou kapab resevwa tout moun lakay wou,
men se oumenm ki pou dirije kay ou,
Pa kite yo fè w sa w pa p fè yo.

Aprann defann tèt w, peyi w, fanmi w, zanmi w.
E si se avèk zam pou w fè sa,
Se dwa w, se devwa w.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum