Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où ...
Voir le deal

Diskou Me Jean-Henry Céant

3 participants

Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Sasaye Mer 3 Nov 2010 - 6:54

Diskou Me Jean-Henry Céant

LASOSYETE, BONJOU.

Nou tande? Eske nou byen tande sa kat pilye peyi a: Sektè prive, Peyizan, Fanm ak Jèn, sa kat sitwayen ki fèk pale la yo sot di nou la a. Si nou tande, fòk nou konprann ke peyi nou an, AYITI, jodi a plis pase nenpòt ki lè, ap soufri tout bon nan tout kò l.

Papa Desalin! Ou tande? Peyi ou menm, Petyon, Kristòf ak tout lòt yo remèt nou an, eske ou wè kote l ye? Se yon peyi divize, se yon peyi kote lamizè tabli, se yon peyi kote «esklizyon» ap fè ravaj. Se yon peyi kote tout moun pa moun. Se yon peyi kote tout moun pa viv tankou moun.

Fanm, peyizan, jèn, pwofesyonèl, sektè prive, sektè politik, sosyete sivil, sektè relijie, yo tout di sa pa bon, sa pa ka kontinye.

Poukisa, jèn yo pa ka jwenn bon fòmasyon ak travay ? Poukisa, fanm, potomitan peyi a, kap travay maten, midi, swa, pa ka jwenn pwoteksyon leta, paka akouche nan bon lopital? Poukisa, peyizan, ki reskonsab tout pwodiksyon agrikòl peyi a, pa jwenn limyè, pa jwenn dlo, pa jwen sant sante, pa jwenn jistis ni sekirite? Poukisa, sektè prive a ki pou kreye richès, bay travay, ki vle patisipe nan devlòpman peyi a, pa jwenn bon kondisyon pou l investi? Poukisa, anpil frè ak sè n, oblije pran kantè, sove al lòt bò dlo pou chèche lavi?

Mezanmi, eske nou ka kontinye gade latè a ki prale; zo mòn kap pouse; dlo kap bwote timoun, kap bwote gran moun; kay ki mal bati kap kraze sou moun; Ayisyen kap viv pil sou pil sou plas piblik? Eske nou ka gade, kontinye gade frè nou ak sè nou kap viv san diyite anba tant toujou? Eske nou ka kontinye ap gade sitiyasyon sa a, san nou pa fè anyen?

Jodi a, moman an rive pou nou ranmase lespri Lakayè a, pou nou ba li plis souf. Se pou sa nou vini la a, «Kòt a Kòt», pou nou pran yon gwo desizyon. Desizyon sa a, se pou nou mete peyi a nan yon lòt direksyon, nan yon lòt wout!

Medam, Mesye, Zanmi, Komèsan, Atizan, Peyizan, Ouvriye,
Reprezantan Òganizasyon Politik, Manm Sendika, Manm Pati Politik,
Zanmi Peyi DAYITI,

«A.I.M.E.R. Haïti» ap di nou ONÈ. Nap di nou mèsi, nap di nou byenveni. Byenveni nan vil Lakayè, kote kòd lonbrit peyi a antere. Nap pwofite pou nou di ekip Meri Lakayè a yon mèsi espesyal. Nap pwofite pou nou di tout moun Akayè, «mèsi bokou» pou jan yo resevwa nou. Nap voye yon kokenn kout chapo pou komite lokal «A.I.M.E.R. Haïti» a, pou jan yo ede òganize rasanbleman sa a.

Epitou, map pwofite pou di «A.I.M.E.R. HAITI», se yon vwa kap chache lòt vwa; se yon men kap chache lòt men. Se yon volonte kap chèche lòt volonte, pou li di byen wo, byen fò: «Peyi nou an merite afeksyon nou. Peyi nou an, nan moman trajik sa a, mande pou nou renmen l. Se manman nou tout. Li malad, se nou ki pou ba l gerizon. Li fèb, se nou ki pou leve l».

Nan istwa divès peyi, lè gwo malè frape, yo wè kèk sitwayen parèt. Yo pale ak lòt sitwayen parèy yo, yo mete sou kote tout sa k separe yo, tout sa ki divize yo, pou travay ansanm pou sove peyi yo. Yo travay nan yon fason pou tout moun ka pwofite, pou lavi tout moun miyò. Se sa Winston Churchill te fè pou Angletè. Se sa Jeneral De Gaulle te fè pou Lafrans. Se sa Roosvelt te fè pou peyi Etazini. Se sa Nelson Mandela fè pou Afrik di Sud.

Si nou gade byen, se rèv TOUSEN LOUVÈTI an, ero inivèsèl nou an, ke zansèt nou yo reyalize nan Lakayè an 1803, lè yo te met ansanm pou ba nou libète e fè lendepandans peyi a. Si zansèt yo ba nou libète a, nou menm nou pa reyisi fè tout moun tounen sitwayen. Nan peyi nou an tout moun pa moun, tout moun pa viv tankou moun. Jodi a, tout moun pa moun paske gen moun lavil, gen moun andeyò. Gen moun klè, gen moun nwa. Gen dyaspora, gen moun anndan. Gen bon lekòl, gen move lekòl. Gen moun ki vini depi lontan, gen moun ki fèk vini. Gen moun ki save, gen sa ki pa kon li ki pa kon ekri.

Mezanmi, Gen yon grenn mo pou tout sa nou sot di la a, li rele: ESKLIZYON!

Esklizyon se yon atitid, se yon konpòtman. Reyalite sa a parèt toupatou, nan edikasyon, nan lajistis, nan travay, nan fanmi, nan politik, nan ekonomi, nan lasante, nan leta, nan gouvènman. Ki kote l sòti?

Esklizyon jwenn rasin, nan istwa peyi DAYITI. Pa bliye anvan endepandans, kolonizasyon blayi pandan senk syèk. Esklizyon jwenn rasin, nan kilti nou: ''Zafè mouton pa zafè kabrit”; “Chak koukouy klere pou grenn je l”. Jis anndan administrasyon leta ak gouvènman: ESKLIZYON an la. Esklizyon se yon Kansè kap devore sosyete a.

Nou dwe koupe fache ak Esklizyon.

Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak lamizè. Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak ensekirite. Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak destriksyon anviwònman. Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak enjistis, move gouvènans ak koripsyon. Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak lekzil. Koupe fache ak Esklizyon, se koupe fache ak pèsekisyon Prezidan ak kolaboratè l, lè yo pa sou pouvwa ankò.

Zanmi, Frè ak Sè m yo, 12 janvye 2010, Gen yon koken tranblemantè ki ravaje peyi nou an. Katastròf sa a fè plis pase 300.000 mò, plis blese ak andikape. Jodi a, pèp ayisyen an gen yon gwo defi devan l: Fòk nou rebati peyi a.

Rebati peyi pa vle di sèlman rebati kay. Li vle di asire sekirite moun, bay travay, pwoteje anvironman, bay chak moun mwayen pou yo sèvi fanmi yo, sèvi peyi yo. Kidonk, pou plan rekonstriksyon yo reyisi, se pou yo ale ansanm avèk kilti nou, pase nou, reyalite peyi a.

Malè a gwo, men nou se pèp vanyan, nou se pèp kapab.

Pou nou fè sa, fòk nou aprann met tèt ansanm. Pou nou di non, nou pap pran move wout ankò, nou dwe konnen sa nou vle, e se pou li klè nan tèt nou tout. Rekonstriksyon peyi nou an pap fèt sou yon baz solid si nou pa konsidere bezwen popilasyon an: manje, sante, edikasyon, sekirite, travay; si nou pa konsidere pwoblèm ki genyenn nan gouvènans, nan anviwònman, nan amenajman teritwa. Rekonstriksyon, se respekte dwa chak moun; se respekte diyite chak moun, kit yo se fanm, kit yo se gason; kit yo se katolik ou pwotestan, kit yo se vodouyizan.

Jodi a, moman an rive pou nou kreye yon lekòl ki pa gen anyen pou l wè ak lekòl tèt anba sistèm edikatif la ap tolere a. Jodi a fòk nou bay popilasyon nou an manje, la sante. Fòk nou devlope agrikilti nou an. Fòk nou fè tout moun konprann ke devlòpman pa fèt san envestisman, san sektè prive. Swasantkenz pou san popilasyon an pa ka kontinye viv ak yon revni ki pi piti pase 2 dola pa jou.

Li pa posib pou kwasans ekonomik pa depase de pou san depi dizan. Kredi fèt pou louvri pou tout pwodiktè san prejije.

Li lè, li tan, pou pakèt lajan dyaspora a ap voye sèvi tout bon pou lavimiyò. Li lè pou leta ayisyen mete chita yon politik ki pèmèt tout travayè gen yon revni nòmal. Li pa nòmal pou lamizè ak povrete ap ogmante chak ane. Li pa nòmal pou enjistis ak inegalite sosyal ap vale teren chak jou. Li pa nòmal pou se sèlman twa pou san popilisyon peyi Dayiti ki jwenn sekirite sosyal.

Pou konbat kansè yo rele «ESKLIZYON» an, Ayisyèn ak Ayisyen, gwoup ak òganizasyon patriyòt ak sitwayen konsekan, nou dwe mennen gwo aksyon pou reveye konsyans nasyonal la; fè sansibilizasyon toupatou; ankadre popilasyon lokal yo, depi katye pou rive nan depatman. Nou tout dwe patisipe.

Nou sonje premye kongrè Lakayè a se pi bèl paj istwa peyi nou. Li ba nou libète. Alòske rayisab, prejije, lespri rasis tap boulvèse epòk la, zansèt nou yo te di «NON», yo pa vle «DIVIZYON». Yo te chwazi met tèt ansanm pou fè libète triyonfe sou bout tè nou an.

«Dezyèm Kongrè Lakayè a» se yon kafou pou nou chanje lide youn ak lòt, pou nou diskite, pou nou bay dizon nou sou gwo defi ki poze nan peyi a e ki dwe jwenn bon repons.

Kont «ESKLIZYON» an, fòk Granmoun met tèt ansanm ak jèn. Kont esklizyon, boujwa fèt pou met tèt ansanm ak pèp. Kont esklizyon, ouvriye fèt pou met tèt ansanm ak patwon. Kont esklizyon, leta fèt pou met tèt ansanm ak sektè prive. Ayisyen deyò fèt pou met tèt ansanm ak Ayisyen anndan. Se sa demokrasi nou an dwe ye.

«Dezyèm Kongrè Akayè a» dwe yon brase-lide pou Ayiti chanje; pou li tounen yon sosyete modèn, kote devlòpman chita sou solidarite tout moun, jenerozite ak bon konpreyansyon ak tout pèp. Moman an rive pou nou di nan demokrasi nap mete kanpe a «TOUT MOUN LADANN. TOUT MOUN LADANN: SA KI VINI DEPI LONTAN, SA KI FÈK VINI, AYISYEN KI GEN POU YO RETOUNEN; YO TOUT LADANN».

«Dezyèm Kongrè Akayè a» se yon «Kòt à Kòt» ki reyini sitwayen tout jenerasyon, nan tout sektè, nan tout kote pou yon devlòpman dirab. Nan demokrasi sa a, fèt pou gen yon plas espesyal pou fanm, tout fanm; pou jèn, tout jèn; pou peyizan, tout peyizan. Kidonk, fòk gen plas pou tout moun; kote tout moun ka jwenn fòmasyon, travay, ankadreman, pou yo mèt tèt yo, pou yo «VIV TANKOU MOUN».

Nou konnen zanmi, bon zanmi Ayiti yo, ap ede nou nan wout sa a. Men, fòk nou pa bliye se nou menm ki chwazi wout la. Sakrifis ki pou fèt yo, se nou ki pou fè yo. A pati jounen jodi a, chak Ayisyen se yon pwofesè, se yon pwotektè pou lòt ayisyen. Chak ayisyen fèt pou li reskonsab yon lòt ayisyen. Nan travay, nan sajès, nan lòd, nan respè youn pou lòt, nap rive.

Chers Amis de la Communauté Internationale,

Je vous adresse un remerciement particulier. Comme vous le savez, Haïti vit un moment fort où la population côtoie l'abîme. A l'exemple d'autres peuples, nous avons choisi de recourir à notre histoire pour trouver les raisons d'espérer et trouver la force nécessaire à la reconstruction. C'est la symbolique de ce retour à l'Arcahaie, dans le contexte de la solidarité internationale.

Notre terre d’accueil a reçu toutes les races, toutes les ethnies; nous sommes tous devenus des haïtiens à part entière. Faisons de ce 21 août 2010 le point d’ancrage, le nouveau point de départ sans exclusive avec la rage de nous aimer et de nous supporter l’un l’autre, fils et filles d’Haïti, propriétaires en indivision de cette terre.

Nous avons besoin de nous ressourcer, nous avons besoin de trouver les ressorts indispensables pour initier un nouveau départ. Ce nouveau départ qui fera d'Haïti un pays moderne, démocratique: Un pays souverain, mais d’une souveraineté inscrite dans la solidarité internationale. Un pays dans lequel, désormais, les droits, tous les droits humains, seront acquis à tous les citoyens. Un pays où règnera la règle de Droit, où la loi sera une pour tous. Un pays où la décentralisation deviendra réalité.

Amis de la Communauté Internationale, je le sais, Haïti peut compter sur vous.




Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Sasaye Mer 3 Nov 2010 - 17:03

Jodi a, pèp ayisyen an gen yon gwo defi devan l:

Fòk nou rebati peyi a.
Rebati peyi pa vle di sèlman rebati kay.

Li vle di asire sekirite moun, bay travay, pwoteje anvironman, bay chak moun mwayen pou yo sèvi fanmi yo, sèvi peyi yo.

Kidonk, pou plan rekonstriksyon yo reyisi, se pou yo ale ansanm avèk kilti nou, pase nou, reyalite peyi a.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Sasaye Mer 3 Nov 2010 - 17:07

Papa Desalin! Ou tande?
Peyi ou menm, Petyon, Kristòf ak tout lòt yo remèt nou an, eske ou wè kote l ye?

Se yon peyi divize, se yon peyi kote lamizè tabli, se yon peyi kote «esklizyon» ap fè ravaj.

Se yon peyi kote tout moun pa moun.

Se yon peyi kote tout moun pa viv tankou moun.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  revelation Mer 3 Nov 2010 - 17:48

Ceant di: Kont «ESKLIZYON» an, fòk Granmoun met tèt ansanm ak jèn. Kont esklizyon, boujwa fèt pou met tèt ansanm ak pèp. Kont esklizyon, ouvriye fèt pou met tèt ansanm ak patwon. Kont esklizyon, leta fèt pou met tèt ansanm ak sektè prive. Ayisyen deyò fèt pou met tèt ansanm ak Ayisyen anndan. Se sa demokrasi nou an dwe ye.
Depi nou pran indepandans nou se yon zafe exklisyon de 2 kote kap fet! Se yo zafe pa ladann ke nou ap konjigue depi tikatkat!!
Boujwa pa ladann!
Malere pa ladann!
Makout pa ladann!
Chimer pa ladann!!
Milite pa ladann!
Koudetayist pa ladann,
Lang Franse pa ladann!!
Diaspora pa ladann!!
Nou ta renmen tande kandida yo pale plis de jistis sosyal.

Plan yo pou mete sou pye yon system de santé e hygiene sistenab e apropriyé pou bezwen pep la.

Ki plan yo pou mete sou pye yon system d'edikasyon de base ki chita sou disipline, travay e rekonpans.

Ki plan yo pou mete sou pye yon system de lojman kote apre 15 a 20 an de louyer lokater la vinn propriete chemet chemetress kay la.

Avek yon jistis sosyal adequat, pap gen pa ladann ni exklisyon.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Sasaye Mer 3 Nov 2010 - 21:59


Revelasyon, bosspapa!!!!

Ou pa wè dapre sa Seyan ap di ke zafè pa ladan l lan fini?

Kounyea sa ki ap konjige se TOUT MOUN LADAN L.

Omwen li tèks yo anvan w kouri konsa.

Mwenmenm mwen pa lan sa, paske gen de nèg ke mwen pa p janm mele ap yo.
Petèt ke mwen gen degoutans fasil, antouka mwen pa politisyen mwen kapab voye kèk bourik al ranni lan patiraj yo.

Men yon prezidan se prezidan tout moun li ye. Podyab !!!!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Doub-Sossis Jeu 4 Nov 2010 - 20:29

Diskou Me Jean-Henry Céant  Section6
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Diskou Me Jean-Henry Céant  Empty Re: Diskou Me Jean-Henry Céant

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum