Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur ...
Voir le deal
600 €

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

5 participants

Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 1:33


Pati 4 "MINUSTAH ranplase FAdH"
https://www.youtube.com/watch?v=V6q4YHWAH5o

Nan segman sa a, Richard Morse (RAM) esplike wòl li wè Nasyonzini ap jwe Ayiti atravè MINUSTAH. Jafrikayiti fè chita pale sa a ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens, kat mwa apre Goudougoudou.

Pati 3 "M konvenk Washington pou Préval"
https://www.youtube.com/watch?v=ltzSh9c6ZzU

Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Nan segman sa a, RAM esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?

Kisa li konsidere kòm pi gwo reyalizasyon prezidans Preval la?


Pati 2 - "11 fanmi ap dirije Ayiti"https://www.youtube.com/watch?v=HZFZlyiKPqc

Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Pami anpil koze, nan segman sa a, RAM konekte anprizonman 2 boujwa lajistis te kondane pou itilizasyon fo papye nan ane 2007, so kabrit gouvènman Jacques Édouard Alexis pran apre mobilzasyon kont grangou klowòks ane 2008 yo, maryaj Prezidan Préval ak Elizabeth Delatour elatriye... Nan pwochen segman an, RAM pral esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?



Pati 1 - "Emerante kanpe djanm apre goudougoudou"https://www.youtube.com/watch?v=knxCYR4HxBk

12 janvye 2010 Goudougoudou fè anpil dega Ayiti. Men gen yon chelèn nan kilti peyi a ki te kanpe djanm. Ak plis pase 90 ane depi l ap feraye sou ti planèt ble saa, Emerante Depradines Morse te sèmante li pap kite Goudougoudou mennen li ale jwenn zansèt yo anvan lè.

Jafrikayiti te kontan aprann nouvèl sa a nan bouch pitit gason li ki rele Richard. A. Morse.

Premye pati chita pale sa a ki te fèt nan mwa avril 2010, nan otèl Oloffson, se entwodiksyon yon latriye koze ki ka enterese anpil moun k ap chèche konprann nan ki kafou Ayiti ye nan finisman ane madichon sa a.

Mesi grandèt Emerante daprezavwa ou pèmèt nou tanmen chita pale sa a ak yon kokennchenn ekzanp lavi ki pote laviktwa sou lanmò! Ayibobo!


Dernière édition par jafrikayiti le Lun 15 Nov 2010 - 20:02, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Joel Dim 14 Nov 2010 - 8:14

Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.

Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.

Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.

Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W.
Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:

ANJELIK O
ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
ANJELIK ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
TI FI KI PA KONN LAVE PASE
ALE KAY MANMAN
ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ
ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!

EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.

Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Invité Dim 14 Nov 2010 - 8:25

bon travay....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Rico Dim 14 Nov 2010 - 12:32

Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! dixit Jaf

Jaf se moun tankou w ki toujou vle fè kwè depi nan Ginen nèg toujou rayi nèg. Nan pran poz revolisyonè kategorize fanmy Maniga boujwa. O wi li toujou bezwen favè kom entelektyèl de fomasyon.

Poutan Jaf anpil zot se menm kabrit tomazo, eleman peti boujwa depwi nan papa ak mamann yo ki prepare pou gen tout privilèj ak avantaj yon sosyete.

Tonas Ayiti two piti, gato two piti, ti boujwa tankou w setoblije kraze rak nan Otawa. Kote wap mennen yon egzitans nan konfo ak nivo pi relve ke fanmy Maniga kap benyen nan dlo poupou. O mwen yo gen merit pou brave sitiyasyon deprimant peyi dayiti mete yo o sèvis li
.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Invité Dim 14 Nov 2010 - 13:22

Joel a écrit:Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.

Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.

Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.

Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W.
Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:

ANJELIK O
ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
ANJELIK ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
TI FI KI PA KONN LAVE PASE
ALE KAY MANMAN
ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ
ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!

EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.

Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an!

http://www.folkways.si.edu/listen2.aspx?type=preview&trackid=21594

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 13:49

Rico ekri: "Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! dixit Jaf"

Rico, ou dwe m eskiz piblik paske mwen pa janm ekri sa ou di mwen ekri pi wo a. Anvan ou kouri vòltije nan lestomak yon malere pou ou fè li esplikasyon, fòk omwens ou pran tan verifye akizasyon ou ap fè a. Se vre lerè se nan lestomak lòm sa chita. men....

Jaf


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Doub-Sossis Dim 14 Nov 2010 - 14:28

Joel a écrit:
Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an!

Rico,

sé jowèl ki te di sa kom dabitid-li. Bal bèl vag podiab. Jafrik gen respè pou les Manigat, bien ke li chita nan yon lot kan.

Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Rico Dim 14 Nov 2010 - 14:35

SE BYEN JAF ESKIZE M POU LERÈ, BAL NAN KAN ENKORIJIB JOEL KI TE DEKONNEN KONSA

Souvan mwen di Jaf pa nan nivo sèten kwidam kap dekonnen, o p wen li fè silans souvan nan kèlke kou anba senti.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  jackoti01 Dim 14 Nov 2010 - 16:19

jowel,
siman wap apiye sweet mickey. li soti nan fanmi sa tou. de prasdines
kote wap kite alexis ki se desandan desaline?

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Joel Dim 14 Nov 2010 - 17:43

MESYE;

Mwen pa konnen de ki sa n ap pale la a non.Zafè de respè pou MANIGAT yo.

SISPANN FOUT RICO lè w ap pran defans MANIGAT yo
sispann,sispann,sispann ;oumenm ak kavalye polka w yo.

Lè w fèmen dyòl ,pou w sispann rele ARISTIDE ak mesye LAVALAS ,vòlò,asasen ,piyajè;m a sispann bay opinyon m sou MANIGAT.

Fanmi MANIGAT a gen yon istwa.Si w al gade siyati mesye ki te lan mouvman 1843 yo ;w ap wè te gen yon MANIGAT ki te siyen l.
Prezidan FRANÇOIS DENIS LEGITIME ekri yon biyografi ,se pa de monte misye monte sou do FRANÇOIS SAINT SURIN MANIGAT(granpapa Lesly) ke misye kalifye de magouyè .Misye gen dwa t ap di la verite ou pa.
Nou konn istwa LESLY lan evènman 1987 yo ak lan apwi koudeta 1991 ak 2004 yo.

TONNÈ FOUT!FOUT TONNÈ!

LÈ W A SISPANN DI ARISTIDE SESI,SELABA;MWEN M A SISPANN DI KE MANIGAT SE DEMEPLÈ!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Joel Dim 14 Nov 2010 - 17:46

JACK;

Ki relasyon MARTELLY ak CANDIO?
Mwen toujou renmen aprann.

RICHARD MORSE pa t apiye koudeta 1991 lan non.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Invité Dim 14 Nov 2010 - 18:56

Joel a écrit:JACK;

Ki relasyon MARTELLY ak CANDIO?
Mwen toujou renmen aprann.

RICHARD MORSE pa t apiye koudeta 1991 lan non.

Se kouzen'l martelly te di nan intervyou Radio Canada se koz Aristide kouzen'l Richard Morse pa vle pale ave'l

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 21:21

Pati 3 "M konvenk Washington pou Préval"
https://www.youtube.com/watch?v=ltzSh9c6ZzU

Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Nan segman sa a, RAM esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?

Kisa li konsidere kòm pi gwo reyalizasyon prezidans Preval la?


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Doub-Sossis Dim 14 Nov 2010 - 22:49

Bon Jafrik wou pa wont wou posté yon Bagay konsa, poussé yon Richard Morse ki kom gwo éléktè ki chwazi Preval pond ba wASHIGNTON AK LOT AMBASSADE.

Kisak te Richard Morse la nan Peyi a; SELA mwen leve wi. Yon déjwé drogué ki lévé lot bo dlo ki vin échwé sou rives Haiti. lI PA MENM PLE YON BON KREOL.Paské manman l té sot nan yon fanmi LELIT, epil gen yon ti talan li ka jwé mizik.

Sé kalté ignorants sayo wi kap flank Haiti nan tchouboum, tou sendenden yo konpran yo ka fè politiku sommet jodia. kILOT DEJWE PAREY LI, APA PREVAL RICHA TE KA CHAWZI

Jwenn CV mussieu pou mwen pou mwen kon sa ki habilitél fouré djol li fond kons nn zfè peyi Dessalines nan apa ke grand grand papal te Monseigner DE sou Soulouque.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 23:19

M pa wont non Mesye Sosis!

Ala yon oumenm sa a! M wen po ko ap fè komatè sou sa RAM di yo. Mwen pito pataje opinyon misye ak tout moun epi apresa m ap patisipe tèt kale nan keseswa brase lide a. Annatandan, mwen senpman konfime pou son ekselans Misye Sosis "anveritedye m pa wont!" ;0)

Chalmas!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Joel Lun 15 Nov 2010 - 7:21

T-NEG a écrit:
Joel a écrit:Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.

Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.

Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.

Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W.
Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:

ANJELIK O
ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
ANJELIK ANJELIK O
ALE KAY MANMAN W
TI FI KI PA KONN LAVE PASE
ALE KAY MANMAN
ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ
ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!

EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.

Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an!

http://www.folkways.si.edu/listen2.aspx?type=preview&trackid=21594


Gen anpil lòt chante ke nou te konn tande lè nou te timoun e ki vini klasik ,se CANDIO ki te ekri yo.
Misye te ekri chante pro VINCENT e pi ta anti VINCENT.

LINSTANT DE PRASDINES te ekri yon terifik liv ;ou pito misye te kolekte tout dokiman ke gouvènman ayisyen an te pwodwi de 1804 a 1860.
Lan liv sa a ,n a rann nou kont poukisa li te fasil konsa pou DOMINIKEN yo te fè sesesyon an fasil konsa.
Lan prejije BOYER li te kite preske tout arondisman lan PATI LÈS lan ,sou kòmand ""milat "" dominiken yo.
Li te plis vle boule ak yo ,ke nèg ""nwa"" lan NÒ yo pa egzanp.

Epitou LINSTANT DE PRASDINES te sèvi gouvènman yo depi sou BOYER.
Te gen yon abitid ,mesye yo te genyen,sete ""milat"" yo te konn nonmen ""chaje dafè"" ak anbasadè peyi an ,lan peyi etranje.

Keseswa ,gouvènman di nwa yo ,ou byen gouvènman di milat to !

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Doub-Sossis Lun 15 Nov 2010 - 21:42

Jafrik eske se relais Rachel wou pran?


"26618: Fouche (comment) RICHARD MORSE for President (Lifetime job placement not necessary...) (fwd)

To: "Bob Corbett's Haiti list" <haiti@lists.webster.edu>
Subject: 26618: Fouche (comment) RICHARD MORSE for President (Lifetime job placement not necessary...) (fwd)
From: Bob Corbett <corbetre@webster.edu>
Date: Sun, 20 Nov 2005 08:07:32 -0600 (CST)
Sender: owner-haiti@lists.webster.edu

From: Rachel Fouché" <rfouche@verizon.net>

Unfortunately, only being of Haitian ancestry precludes my ability in actually putting my two cents into the upcoming Haitian elections. And I won't lie to you that trying to get all the major players straight in my mind has not been an uphill battle for myself -- if I could only remember names better, I too could be an academic intellectual. The list for President of Haiti is long, but I would like to proffer one more name for the list. There is one person we on the Corbett List know -- dare I say love? -- that I feel should be elected as President of Haiti purely on the basis that this man is sane enough to reject such a job position. But as I have dutifully done every four years since I could vote and penciled in the name of "Jimmy Carter" as my vote getter for President of the United States, I think we on the Corbett list should start a "Richard Morse for President" campaign for our beloved Emerald of the Caribbean.

Why Monsieur Morse, you may be thinking? Let me count the ways:

1) Richard Morse makes really cool Haitian roots music, and as President of Haiti, I'm sure he would be integral in the continued growth of Haitian art.

2) Unlike many of the politicos vying to get their hands on the governance of Haiti, Mr. Morse has held down a steady job as a hotelier in a volatile third-world country, thereby contributing to the coffers of the government instead of taking from it.

3) By successfully maintaining a piece of Haitian history (see #2), Richard has shown his reverence for historical landmarks and their upkeep.

4) Mr. Morse seems to have a complete understanding of the modern Haitian experience -- a Haitian American living in the country of his ancestors.

5) I don't think he would want the job as President of Haiti, which could really bode well for the country. That rejection points to a high level of sanity, a component often missing among Haiti's long history as a free republic.

6) Being American born, I am sure Richard Morse is aware of the level of English needed to speak to the current President of the United States -- you've been to Texas before haven't you, Mr. Morse?

Well, I could go on, but to me there is only one solution to the Haitian quagmire -- besides praying for supernatural intervention in the whole, sordid event -- and that is to make the person who would want the job least take the job, just like ol' George Washington. Of course I mean no disrespect to Mr. Morse by nominating in this valiant effort, but Haiti has tried so many different methods of management over hundreds of years... why not enforced presidency, non?

With Tongue Planted Respectfully in Cheek,

Rachel Fouché
"
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Empty Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum