Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Coffret dresseur d’élite ETB Pokémon EV06 Mascarade Crépusculaire
56.90 €
Voir le deal

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

5 participants

Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Joel Mer 17 Nov 2010 - 8:45

Lotre jou mwen t ap gade yon dokimantè sou ""HISTORY CHANNEL"" sou ""sosyete sekrèt"" OZETAZINI yo.Sitou sou SKULL AND BONES!
Gen yon britanik ki te fè yon kòmantè .Misye di pandan kanpay lan REAGAN pa t vle wè GEORGE BUSH e vise vèsa;BUSH te konsidere REAGAN tankou yon peyizan aryere.
Misye di briskeman ,la vèy Kongrè Pati Repibliken an ,REAGAN di se G. BUSH li te vle kòm vis prezidan.Misye spekile ke ""mafya"" SKULL AND BONES yo ;komisyon trilateral yo,te bay REAGAN yon mesaj.

Pou nou vini ak pa nou yo ;apa de peryòd apre 1915 ;se yon gwoup boujwazi nèg lan Nò yo ki toujou ap dirije peyi an.Menm lè ou gen yon nèg tankou SALOMON ki te prezidan ;misye pa t nèg lan Nò ,a kote misye ou te gen FRANÇOIS MANIGAT.

Mwen t ap gade lis delege ki siyen manifest 1843 ,ki te mete RIVIÈRE HERARD prezidan.
Lan lis lan apa anpil lòt non ;ou jwenn: Jn LATORTUE, G. HYPPOLITE,J.S. HYPPOLITE,BAZIN,E. MANIGAT etc...

DUVALIER ak ARISTIDE se yon aksidan ;si apre gouvènman ke okipasyon an te enpoze .gouvènman milatris yo ;nou vin rejwenn MAGLOIRE ak ESTIME ,ki fè pati grann boujwazi lan NÒ yo.

Lan ""conspiracy theory"" mwen an .Eske PREVAL ki fè pati gran fanmi NÒ sa yo se pa yon enfiltrasyon lan ""kan popilè"" an?
Eske misye pa ekate yon moun tankou ALEXIS e nonmen CELESTIN pou li fasilite yon viktwa MANIGA yo?

Si sa mwen ta di yo ,se ta verite ;se pou PREVAL konnen ke pèpetyasyon dominans fanmi sa yo depann de kisa madan MANIGA pral remèt lan gad lan ;si li genyen yon bagay lan dyakout li.
Se pral fen desandan jeneral ki te alye ak zòt pou yo te touye DESSALINES pou yo vòlò tè yo e viv o depan peyi an!

Se jis yon teyori ;si gen moun ki ka kontwedi m ;mwen envite yo fè sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Marc-Henry Mer 17 Nov 2010 - 11:07

Joel

Tout bagay possib lan mond sa . Men mwen kwè lan evolusyon des choses et lan democrasi. Un vote , un homme . Mais zot pran vott sayo an konsiderasyon fok pep la al vote an mass le 28 novembre 2010.

_________________
Solidarité et Unité pour sauver Haiti
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Joel Mer 17 Nov 2010 - 11:42

MARC;

Pou w konprann bagay yo ,se pou w ale fon lan istwa peyi an.Tankou m di l ,malgre ou wè gen nèg ki pa p eseye konprann anyen.

Tankou m di l ;PREVAL se desandan gran fanmi lan NÒ yo.Granpapa misye se te yon gwo bwa sou NORD ALEXIS e li te chèfLAME AN a yon epòk.
Papa misye tou se te youn lan ""ESTIME BOYS"" yo .Menm jan ak BAZIN.
Mesye sa yo bizawèl yo ,se te ""DIK"" ak ""Kont"" lan wayòm KRISTÒF lan.

Se yon klik nèg ,ki gen lontan y ap feraye e se yo ki toujou lan direksyon peyi an.Se youn lan rezon ke yon nonm tankou MANIGA ,anraje pou l prezidan ;se tankou yon dwa diven ke l genyen.

POUKISA SE MANIGA AK MADANM LI KE PREVAL BAY YON OTO BLENDE?
ESKE GEN LÒT MOUN LI BAY OTO SA YO?
POUKISA SE ARISTIDE PREVAL ACHANE POU L BAY BARYÈ!

Jwèt lan mare e se pa jan moun sipoze l lan.Se k ap pa an favè CELESTIN ;PREVAL PA T JANM GEN PWOJÈ POU CELESTIN TE PREZIDAN;se posib se te madan MANIGA ki te toujou lan liv PREVAL lan.

Men tankou JULIEN remake l se k ap agoni sistèm lan n ap wè la a.Zafè ""pi kapab"" lan ap rive lan fen l ,paske madan MANIGA pa p ka delivre ""goods"" yo vre!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Mawon Rcfranc Mer 17 Nov 2010 - 11:51

Tout bagay posib, jan Marc di a. Mwen te fè menm refleksyon an tou, lè Preval te rejete Alexis. Desandan koudetayis 1806 solidè antre yo, yo pa t’ap janm dakò pou yon desandan diek ampere t’a vinn sou pouvwa ankò.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Joel Mer 17 Nov 2010 - 13:39

Mawon;

Poukisa madan MANIGA pa t ale lan dezyèm tou an?
Zafè krap ""pédagogie du deuxième tour"" pa ka kenbe ,paske menm bagay lan te rive an DOMINIKANI e te gen yon akò pou t pa gen dezyèm tou e pa t gen pwoblèm.

Poukisa tou apre koudeta 2004 lan ,nou sonje te gen yon represyon pwenn fè pa ,kont tout gran pèsonalite LAVALAS yo;de moun tankou NEPTUNE ,JEAN JUSTE elt..;PREVAL menm te kè pòpòz.
Eske te gen yon dizon ant ti klik lan ;yo te deja konnen ke PREVAL t ap kontinye represyon anti-LAVALAS lan;ekate la FANMI e prepare plas pou MIRLANDE?
Se tout kesyon nou gen dwa poze.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  kakakok Mer 17 Nov 2010 - 13:47

Joel a écrit:Lotre jou mwen t ap gade yon dokimantè sou ""HISTORY CHANNEL"" sou ""sosyete sekrèt"" OZETAZINI yo.Sitou sou SKULL AND BONES!
Gen yon britanik ki te fè yon kòmantè .Misye di pandan kanpay lan REAGAN pa t vle wè GEORGE BUSH e vise vèsa;BUSH te konsidere REAGAN tankou yon peyizan aryere.
Misye di briskeman ,la vèy Kongrè Pati Repibliken an ,REAGAN di se G. BUSH li te vle kòm vis prezidan.Misye spekile ke ""mafya"" SKULL AND BONES yo ;komisyon trilateral yo,te bay REAGAN yon mesaj.

Pou nou vini ak pa nou yo ;apa de peryòd apre 1915 ;se yon gwoup boujwazi nèg lan Nò yo ki toujou ap dirije peyi an.Menm lè ou gen yon nèg tankou SALOMON ki te prezidan ;misye pa t nèg lan Nò ,a kote misye ou te gen FRANÇOIS MANIGAT.

Mwen t ap gade lis delege ki siyen manifest 1843 ,ki te mete RIVIÈRE HERARD prezidan.
Lan lis lan apa anpil lòt non ;ou jwenn: Jn LATORTUE, G. HYPPOLITE,J.S. HYPPOLITE,BAZIN,E. MANIGAT etc...

DUVALIER ak ARISTIDE se yon aksidan ;si apre gouvènman ke okipasyon an te enpoze .gouvènman milatris yo ;nou vin rejwenn MAGLOIRE ak ESTIME ,ki fè pati grann boujwazi lan NÒ yo.

Lan ""conspiracy theory"" mwen an .Eske PREVAL ki fè pati gran fanmi NÒ sa yo se pa yon enfiltrasyon lan ""kan popilè"" an?
Eske misye pa ekate yon moun tankou ALEXIS e nonmen CELESTIN pou li fasilite yon viktwa MANIGA yo?

Si sa mwen ta di yo ,se ta verite ;se pou PREVAL konnen ke pèpetyasyon dominans fanmi sa yo depann de kisa madan MANIGA pral remèt lan gad lan ;si li genyen yon bagay lan dyakout li.
Se pral fen desandan jeneral ki te alye ak zòt pou yo te touye DESSALINES pou yo vòlò tè yo e viv o depan peyi an!

Se jis yon teyori ;si gen moun ki ka kontwedi m ;mwen envite yo fè sa!

Joel wou se yon beau corps ou ta dwe desann nan No al ede Sena terre Moise fini touye ti res sitoyen ki rete nan peyia .... Tout bagay te planifye pa Aristide ...Se pa enfiltrasyon ki fe Aristide te aksepte pwezante Preval konmm Agronome Se vakabondaj ak opotinis....Se pou de moso pen Aristide vann Preval lit pep la. Listwa montre nou a kle yonn pa diferan delot ..Se sa ki fe jouk jounen jodya nou pa janm konnen ki komando ki tal chaje touye Sr Preval ???Ki kod mal taye ki te fet Jean Do ???? Ki neg ki tal touye Paste Leroy ak florival nan Prizon ????? Joel la paix pa ka geyen okenn enflitrasyon se yon konplo kont pep Ayisyen yo tou 2 se deux A SA SAINT EN LIBERTE ! dEUX INOSANG AUX MAINS SALES !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Marc H Mer 17 Nov 2010 - 13:49

Joel

Sans mwen pa kontredi sa wou ekri la konsènan politik Preval kontt Fanmi Lavalas. Men mwen kwè ke Aristide pa byen gere pati lavalas la tou. Pati lavalas ta sipoze change strategi li après koudeta 2004 lan. Mwen admett ke yo patt ka fe sa lan period post koudeta an . Mwen konprann an antt 2004 ak 2006 , gouvèneman Latortue tap maspinen militan Fanmi lavalas yo . Mwen konprann ke pati patt kapab fe mieux. Men an 2007 mwen kwè te genyen anpil kondition ki te reyni pou Fanmi Lavalas ta oganise 'l pou mette bon jan strikti lan organisation sa . C'est dans cette perspective que j'affirmais et je confirme aujourd'hui que Aristide a son propre plan pour Fanmi Lavalas. Un plan dont seul Aristide en connait l'issu.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Joel Mer 17 Nov 2010 - 15:54

KAKAKOK;

Pa antre lan diskisyon sa a ;ak boulkrap ARISTIDE pa bon,LAVALAS pa bon.Li depase kad sa a.

Mwen m ap pale de anviwon 10 a 15 fanmi lan NÒ ki domine politik ayisyen an depi apre BOYER.Si w al lan BEAUBRUN ARDOUIN ,w ap wè ke BOYER te fiziye yon BAZIN ki te refize rekonèt gouvènman l lan;se te anvan l te antreprann kanpay LÈS lan.Se te an 1824.

MARC;

Sispann ak bagay senplis sa yo.Se te plan PREVAL pou l te kraze FANMILAVALAS.Se te plan tout gwo pèsonalite GNBis yo ,asosye ak PREVAL;ke se swa LATORTUE,MANIGAT ,PREVAL.

ARISTIDE pa gen anyen l t ap fè ki ta ka satisfè mesye sa yo;mesye yo te genyen plan pou yo te kraze FL;SE YON MIRAK KE pati an ekziste toujou.
Sa pa gen anyen de nouvo ;se menm taktik lan yo te ize kont PERON ann AJANTIN.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  kakakok Mer 17 Nov 2010 - 16:59

Joel a écrit: KAKAKOK;

Mwen konnen ou pe pale kote mwen map pale ..Paske koze tet anba sa yo..Moun ki we pi kle ..Sa mouhe Joel vle di la :Lan ""conspiracy theory"" mwen an .Eske PREVAL ki fè pati gran fanmi NÒ sa yo se pa yon enfiltrasyon lan ""kan popilè"" an?
Eske misye pa ekate yon moun tankou ALEXIS e nonmen CELESTIN pou li fasilite yon viktwa MANIGA yo?
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Joel Mer 17 Nov 2010 - 17:25

[quote="kakakok"

ARISTIDE pa gen anyen l t ap fè ki ta ka satisfè mesye sa yo;mesye yo te genyen plan pou yo te kraze FL;SE YON MIRAK KE pati an ekziste toujou.
Sa pa gen anyen de nouvo ;se menm taktik lan yo te ize kont PERON ann AJANTIN.[/quote]

Mwen konnen ou pe pale kote mwen map pale ..Paske koze tet anba sa yo..Moun ki we pi kle ..Sa mouhe Joel vle di la :Lan ""conspiracy theory"" mwen an .Eske PREVAL ki fè pati gran fanmi NÒ sa yo se pa yon enfiltrasyon lan ""kan popilè"" an?
Eske misye pa ekate yon moun tankou ALEXIS e nonmen CELESTIN pou li fasilite yon viktwa MANIGA yo?[/quote]

KOK;
BAGAY ,a pwopo de sa mesye yo ap fè lan CHANM yo pa enterese m;sa pa gen okenn enterè pou mwen.
Pou ka konbat yon bagay ,fò k ou konprann li.
Mwen pa di ,mwen konn sa k ap pase menm jan ak ou.Map poze kesyon.M ap ""deal"" an pwobabilite.
Oumenm ,ou gen dwa wè yon bagay ke voyè montè sou entènèt lan di ;depi yo konyenside ak jan ou wè bagay yo;otomatikman pou wou,se la verite.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  kakakok Mer 17 Nov 2010 - 23:36

Mon he ou fe tout ti res san mwen te genyen an tounen dlo ..Mwen pa okenn pwoblem ak neg ki vle fe pwobalite nan politik an Ayiti ...Atansyon pou pa insilte entelijans neg sou forum lan ..Genyen yon bon pati nan pwobilite ki ekzat nan matematik.....

ekzanp .... konbyen yo ka aranje mo joel la ?????

repons la ap ekzat : 4x3x2x1 = se 24 jan selman ! Lo wap pale de infiltrasyon se pou blofe moun serye ! Se pou nou konpwann te genyen yon bagay serte ki ta regle ....
Lan ""conspiracy theory"" mwen an .Eske PREVAL ki fè pati gran fanmi NÒ sa yo se pa yon enfiltrasyon lan ""kan popilè"" an?
Eske misye pa ekate yon moun tankou ALEXIS e nonmen CELESTIN pou li fasilite yon viktwa MANIGA yo?
Si de 86 a pandan koudeta 91 nou te konpwan te genyen bagay serye noute nan kk...Mwen apwe peryod sila ...Depi nou te we Ariste tap anpehe Preval restaure lotorite leta et Preval te mahe nan lojik aristid nan lepok sa nou te deja konpwann tout bagay ...Se pousa nou te pito antre Miyami vini benyen nan pisinn olye nou tal voye kk nan montana ????

SI OU VLE KWE KWE M PA GENYEN TOUT KLASIKALITE SA YO NAN POLITIK AN AYITI ...SE VOLE ! TOUYE ! FE LAJAN NAN TOUT KOULE KONDYON ! PA GENYEN KONT POU RANN ! FE VALIZ PATI POU LEGZIL SAN JIJE ! ANALFABET PA BET ! SE BUSH PE !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye? Empty Re: CONSPIRACY THEORY?E si sa n ap wè la a te planifye?

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum