Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, 144 Hz, FreeSync ...
399 € 499 €
Voir le deal

Poukisa nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik

2 participants

Aller en bas

Poukisa  nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik Empty Poukisa nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik

Message  Rodlam Sans Malice Mer 6 Sep 2006 - 23:35

Yè te genyen elektyon primè nan florida.Mwen ak konpayon mwen nou te al vote nan yon legliz ki tou pre lakay mwen.Nou pa pase 10 minute pou nou te vote.yon moun pa beswen ekri anyen ou jis renpli yon serk a kote non moun ou vle vote pou li epi ou glise fish la yon ti mashinn epi vwala.

Lè map tande konbyen lajan ke CEP mande pou reyalise elektyon an ayiti mwen ap mande si se pase genyen tout pati sayo ki fè genyen tout traka sa yo an ayiti.Dernyyèman mwen te tande yo di yo paka jwen kote pou yon enstale biro elektoral yo,Jan mwen konmen genyen leglis ak ti lekol ak pos polis nan tout kote pou kisa yo paka jwen kote pou yo mete biro vot yo.Ak ki sa mwen vote :mwen paret ak yon ti kat ke yo bam depi mwen te pran lisans mwen, epi yo mande mwen montre lisans mwen epi non mwen nan yon rejis ,mwen an nik siyen nonm pouyo konpare siyati mwen ak sa ki sou lisans la.

Genyen moun ki di ke CEp pat dwe aksepte okenn pati politk ki pa ka mojntre 5000 siyati ,bon mwen di yo pat dwe akspete oken pati ki pa ka montre o mwen 100000 patisans. e ki pa genyen yon katye general. fok yo kreye moyen pou anpeshe nenpot ti ambitye paret ak yon pati politik;fok Palmantè yo travay sou bagay saa. fok genyen yon disiplinn nan zafè elektoral nan peyi ya. nou paka tou tan se sharite nap mande pou nou fè elektyon. sa se yon wont.

Yonn nan pwoblem nou se yon mank de disiplinn e kouraj pou nou atake gwo pwoblem ke nou ap konfronte .mwen te kwè ke ak paket moun ki voyaje ki retounen nan peyi ya nou ta imite sa ki bon ke nou wè lot kote men se pa vre. ayisyen ki rele elit yo se pale anpil fè vye pwomes ke yo pa janm reyalise.Jodya nap mande ed pou nou reyalise elektyon minisipal yo ;eske nan de zan anko se ed nou pral blije mande pou nou renouvle yon tyer Sena anko?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa  nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik Empty Re: Poukisa nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik

Message  alex jacques Jeu 7 Sep 2006 - 2:59

Rodlam, kom ou di-l ka nou grav pase aksan grav. Se vre, Ayisyen pe fe chanjman, ayisyen renmen fet akonpli. 5000 manm, pou yo pati politik sa pa vle di anyen. Men Rodlam, peyi sa-a telman chaje ak rakete, mafia, menm si ou ta mande chak pati politik pou yo gen you ak 1 Milyon moun, 50 pati ap ba ou san grate tet, kom si Ayiti te gen 50 milyon moun. You bann mo. Menm nan leta pi fo anploye yo se mo.

Mwen we ke ou dako ave-m ke palman-an dwe chita sou kesyon pati politik yo. La-a mwen dako tet kale. E sitou, palman sa-a gen anpil lejitimite pou-l pote chanjman nesese nan lwa nou yo. Paske se you palman ki refleti tout pati politik yo, pesonn p'ap ka di ke se anbisyon Prezidan ou gouvenman-an pou yo deklare tet yo avi ect.

Wi li le pou nou genyen you konsey Elektoral Pemanan, jan konstitisyon an mande-l la. Men pou rezon politik, ni leta Ayisyen, ni kominote entenasyonal la refize enstitisyon sa-a egziste. Poukisa? mwen pa konnen.

ps: ekri an kreyol, san mete aksan yo, se you gwo pwoblem. Men se you laptop mwen itilize, mete aksan yo pran anpil tan. N'a toujou eskize-m pou sa.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa  nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik Empty Re: Poukisa nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 7 Sep 2006 - 7:55

Pa okipe w de aksan ;isit la nou pap voye flè ni enpresyone pa jan yon moun ekri nou enpresyone pa sa li di.

Kom ou di ya se pa etonnan vre ke 50 pati ta ka bay 1 milyon siyati menm si ayiti se 8 milyon moun li genyen ladann.Men map refleshi sou sa yè swa, pep la li menm li genyen pati pal deja. wi, ke nou rele w MOP, Lavalas, Lespwa selon evanjelis ki a la mod la, pep la ap toujou vote pou ekip ki ap defann ou pretan ap defann enterè li, sa pou nou fè nou menm se shashe konsolide tout fraktyon sayo ,fè evanjelist yo konprann ke se pa yo tout ki ka presidan alo se pou en pe mete dlo nan di ven yo.pou yo pa divise kan pep la.

Zafè konsey elketoral proviswa saa se yon mistè li ye depi 20 lane nap pale de konsey elketoral pwoviswa nan pren yon gouvenman ki pase yo ki deside fome konsey permanan an,tou sa se yon bagay ke Palman saa te dwe regle yon fwa pou tout.Fok yo travay tou pou mashinn ke yo ap plede mande yo.Se pa selman shita ap radote epi bagay ki dwe regle pa ka regle tan ke yap tann la mann di syel.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Poukisa  nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik Empty Re: Poukisa nou dwe goumen pou genyen 2 ou 3 gwo pati politik

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum