Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

+2
Rico
Sasaye
6 participants

Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Sasaye Ven 4 Mar 2011 - 12:51

Lan eta deplorab nou ye jodya.
Kote tout enstitisyon lan peyi a bezwen rebati.
Kote Lajistis bezwen refome.
Ke administrasyon piblik beswen oganize.

Kote edikasyon fèt pou repanse pou dirije popilasyon an lan yon endepandans sosyal e espirityèl.

Nou bezwen refè tèt ayisyen pou yo wè reyalite epi eklere tèt yo pou yo soti lan 18èm syek kote yo ap viv toujou.

Nou bezwen ke avèk edikasyon akademik e sivik pèp la aprann respekte tèt li avèk tout moun.
Pou li konnen ke li se sitwayen Ayiti avèk menm dwa ke tout lot ayisyen.

Nou bezwen yon ekonomi ki kapab mete travay lan tout pwovens e ki pèmèt
sitwayen yo viv lan respè ak diyite.
Kote tout moun kapab viv ak respè, lamen dan lamen.

Si nou reflechi sou kantite bagay ki bezwen fèt,
nou bezwen yon lidèchip eklere e pwogresis ki gen plan pou komanse regle
sak pi ijan ann Ayiti.

Apre nou finn pran lan TONTONNWEL, kounyea mwen tande ayisyen ap mande
pou bayo manman yo.
Ki fout bagay sayo?

Lè yon moun granmoun, li pa depann de manman l anko.
Okontre li lè pou li cheri, okipe, konsole manman l.

Lan konjonkti saa, manman pitit se vant sèlman pou yo mare pou kriye malè
ak chagren pitit li.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Ven 4 Mar 2011 - 15:14

Wouuuyyyyyy mwen di nou PANIK DAN LE KAN DÈ GRÈK.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Sasaye Ven 4 Mar 2011 - 16:50

Riko,

Depi kilè w rele Ayiti Kan dè grèk laa?

Ou pi rezonab pase sa.
Annou diskite pwen ki soulve yo.
Ou pa oblije dako, men bay pwendvi pa w.

Pa gen rezon pou okenn panik pwiske mwen pa lan okenn kan.
Yon gwo pwoblèm ki genyen se pou moun chwazi ant yon zandolit e yon mabouya.

Toulede se MM.
Alo wa fè chwa w.
Menm woumenm mwen pa kwè ou kapab fanatik lan yon sitiyasyon konsa.

Mwenmenm an tout onètete, mwen ta pito darati an pase devègonde an.



Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Joel Ven 4 Mar 2011 - 17:48

Madan MANIGA gen anpil chans pou l pase ;men m ap kontinye di ;si bondye ou dyab fè m la toujou ;mwen pa p vle tande ou wè okenn eskiz.
Nèg toujou lan yon pi kapab ou byen prepare ;kididonk si madanm lan desann pantalèt ,mwen pa p vle tande pale de rans sa yo ankò

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Le gros roseau Ven 4 Mar 2011 - 18:05

Joel

li pap ka desann pantalet li pase li di se yon pantalet an asye li pral mete sou li .Menm Leslie ki di li janm toujou pral nan serum ;(lol)Genyen yon moun ki di ke Myrlande Manigat se pitit pep la. mezanmi depi ki lè pitit yon ansyen kolonel pitit pitit yon ansyen diktatè te pitit pep?Se vre kondi Sassaye di ya yo mete nou ant lanklim e le marto devan yon fait accompli kote yap fè nou chwasi ant 2 mal men mezanmi piga pèsonn vinn ban nou zannanna pou suzann non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Invité Ven 4 Mar 2011 - 18:06

Joel a écrit:Madan MANIGA gen anpil chans pou l pase ;men m ap kontinye di ;si bondye ou dyab fè m la toujou ;mwen pa p vle tande ou wè okenn eskiz.
Nèg toujou lan yon pi kapab ou byen prepare ;kididonk si madanm lan desann pantalèt ,mwen pa p vle tande pale de rans sa yo ankò

Pantalèt manzèl gentan ap trenmen atè...

Pa gen anyen ki pral etone mwen....

Men se pou dako, se nou menm lavalas ki lakoz bagay yo rive nan eta sa a...

Madan Maniga prezidan, a la wont....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Le gros roseau Ven 4 Mar 2011 - 23:26

Si pantalet myrlande gen tan ap trenen a tè kalson Micky li menm deja rete nan la ri ya.ki donk se 2 moun toutouni ki pral goumen le 20 mars ki ap vini yan.nou paka di se lavalas ki mete nou nan komedy saa non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Sam 5 Mar 2011 - 0:08

colocolo a écrit:
Joel a écrit:Madan MANIGA gen anpil chans pou l pase ;men m ap kontinye di ;si bondye ou dyab fè m la toujou ;mwen pa p vle tande ou wè okenn eskiz.
Nèg toujou lan yon pi kapab ou byen prepare ;kididonk si madanm lan desann pantalèt ,mwen pa p vle tande pale de rans sa yo ankò

Pantalèt manzèl gentan ap trenmen atè...

Pa gen anyen ki pral etone mwen....

Men se pou dako, se nou menm lavalas ki lakoz bagay yo rive nan eta sa a...

Madan Maniga prezidan, a la wont....

Colo granmoun te aprann mwen lè pa gen anyen pou di, se boukle bouch, mete baboukèt. Sispann zafè ti zanfan gate, fè kolè zandolit. Manyè monte nivo , fini jwèt kolejyen sayo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Invité Sam 5 Mar 2011 - 0:13

Rico a écrit:
Colo granmoun te aprann mwen lè pa gen anyen pou di, se boukle bouch, mete baboukèt. Sispann zafè ti zanfan gate, fè kolè zandolit. Manyè monte nivo , fini jwèt kolejyen sayo.

Rico,

Eske manzèl pa yon enbesil???

Kijan li ka fè yon demand konsa???

Se pou ameriken kenbe lakay yo kriminèl ayisien yo???

Sa fè sans pou ou?

http://radiokiskeya.com/spip.php?article7569

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Thunder Sam 5 Mar 2011 - 0:28

Le gros roseau a écrit:Joel

li pap ka desann pantalet li pase li di se yon pantalet an asye li pral mete sou li .Menm Leslie ki di li janm toujou pral nan serum ;(lol)Genyen yon moun ki di ke Myrlande Manigat se pitit pep la. mezanmi depi ki lè pitit yon ansyen kolonel pitit pitit yon ansyen diktatè te pitit pep?Se vre kondi Sassaye di ya yo mete nou ant lanklim e le marto devan yon fait accompli kote yap fè nou chwasi ant 2 mal men mezanmi piga pèsonn vinn ban nou zannanna pou suzann non.

Ki "YO" sa a ki mete nou nan sa a? Alò lè nou konprann ke nou entèlijan, pèp lan ap mete baton nan rwou nou.

Se pa sèl blan ki di otan non, kote pèp ke nou di ke nou genyen ki ka sesi oubyen sela yo? nou do te konprann ke se an 1990 ke n ap viv toujou?

Wi! Manigat se pitit pèp lan ke li ye. Sa ki pa kontan, bwè pwazon!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Sam 5 Mar 2011 - 0:45

Thunder mwen vag tout vye komantè radot kap pale sou forom lan. Zafè ansyen kolonèl ki remonte plis 70 lane pase , ki te mal peye, mal loje, ak salè mizerab.

Podyab KOTE MON KONSA TE GRAN NÈG AK SALÈ PWATRINÈ KI DWE PRAN SWEN PLIZYÈ TI MOUN, SAN KONTE LA FANMY NAN PRATIK MOUN LONTAN, ki te loje nan yon ti kay modès an plen katye popilè Matisan, kote epok sayo se te nan raje ak bon bigay.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Thunder Sam 5 Mar 2011 - 0:50

Rico,

Pa okipe nèg k ap divize pou renye yo. Se konsa ke yo toujou bezwen divize pep lan, yo menm pou yo ka regle koze yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Sam 5 Mar 2011 - 0:59

[quote="colocolo"]
Rico a écrit:
o]Rico,

Eske manzèl pa yon enbesil???

Kijan li ka fè yon demand konsa???

Se pou ameriken kenbe lakay yo kriminèl ayisien yo???

Sa fè sans pou ou?

http://radiokiskeya.com/spip.php?article7569[/size][/quote]

Colo kote pwoblèm madanm lan byen atikile demand li pou yon moratwa, eske w pran sans sa vle di :

moratoire:

délai moratorium, prorogation, suspension,


Pran tan byen li ak konprann, kom pwochen prezidan potansyel li di meriken sispann mete abse sou klou.

Fè yo kanpo pou bali plis chans nan relevman lot priyorite. Olye flanke tout swit nan janm li move volo ayisyano-meriken pou bali plis la twoublay.

Li mande yon kanpo, kite l remanbre fos sekiritel pou flanke vagabon sayo merite. Alos kote pwoblèm lan.


Dernière édition par Rico le Sam 5 Mar 2011 - 1:04, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Invité Sam 5 Mar 2011 - 1:01

NON!!!

Li pa gen dwa fè demand sa a!!!

Eske ou tap kontan si yon prezidan yon lot peyi manda Kanada pou lage kriminèl nan lari Québec nan wèl ou???


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Sam 5 Mar 2011 - 1:10

colocolo a écrit:NON!!!

Li pa gen dwa fè demand sa a!!!

Eske ou tap kontan si yon prezidan yon lot peyi manda Kanada pou lage kriminèl nan lari Québec nan wèl ou???


Sispann vye radot sayo, se nomal yon ti peyi ki sou sipo entènasyonal kap mande moratwa, bali tan pou rezoud pwoblèm kriminalite lakay li.

Pa gen konparezon nn ak Kanada Sispann rabadja, depwi kèlke tan wap dekonnen

Dayè Kanada konn repon fason pozitif sitou nan epok operasyon Bagdag yo te konprann pou pa menm voye ansyen kriminèl kite lakay yo pou prop vi yo.

.


Dernière édition par Rico le Sam 5 Mar 2011 - 1:13, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Invité Sam 5 Mar 2011 - 1:12

Rico a écrit:
colocolo a écrit:NON!!!

Li pa gen dwa fè demand sa a!!!

Eske ou tap kontan si yon prezidan yon lot peyi manda Kanada pou lage kriminèl nan lari Québec nan wèl ou???


Sispann vye radot sayo, se nomal yon ti peyi ki sou sipo entènasyonal kap made moratwa, bali tan pou rezoud pwoblèm kriminalite lakay li. Pa gen konparezon nn ak Kanada Sispann rabadja, depwi kèlke tan wap dekonnen.

Nou bezwen yon prezidan ki ka atake pwoblem peyi nou...

Se pa yon lot avadra ki pral kontinie menm jan ak Preval pou trenen pèsonalite peyi nou devan blan....

Mande pou ONU rete an Ayiti, pou ameriken sispann depote ayisien, patati patata...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Rico Sam 5 Mar 2011 - 1:18

ANTOUKA WOU CHIRE, WOU PRAL CHITA FÈ LOPOZISYON POU 5 LANE KAP RIVE YO. NOU TE CHO TWOP DEVAN BANN AN. MANYÈ PRAN TI CHÈZ BA POU SWIV LOT FASON POU MENNEN BAK YON PEYI.

APRAN KRIYE, FÈ KOLÈ, RELE ANMWE LAGAD, CHANS FINI KOKEN VLE METE PYE. SE FINI REJIM TI PEPIS, KOLEKTIVITE SCHANPWÈL
.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Sasaye Sam 5 Mar 2011 - 2:20



SE FINI REJIM TI PEPIS, KOLEKTIVITE SCHANPWÈL.

Fè atansyon wi.

Pa kouri two vit.
Al gade videyo ke Mak fenk mete kote lot MM nan ap pale ak pèp Leyogann.

Eske w vle di si Manman an prezidan ou ladann,
e si Devègonde prezidan ou lan opozisyon?

Jan bagay ap dewoule lanpwen moun ki kapab predi sak pral pase le 20 Mas non.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Joel Sam 5 Mar 2011 - 7:01

Thunder a écrit:
Le gros roseau a écrit:Joel

li pap ka desann pantalet li pase li di se yon pantalet an asye li pral mete sou li .Menm Leslie ki di li janm toujou pral nan serum ;(lol)Genyen yon moun ki di ke Myrlande Manigat se pitit pep la. mezanmi depi ki lè pitit yon ansyen kolonel pitit pitit yon ansyen diktatè te pitit pep?Se vre kondi Sassaye di ya yo mete nou ant lanklim e le marto devan yon fait accompli kote yap fè nou chwasi ant 2 mal men mezanmi piga pèsonn vinn ban nou zannanna pou suzann non.

Ki "YO" sa a ki mete nou nan sa a? Alò lè nou konprann ke nou entèlijan, pèp lan ap mete baton nan rwou nou.

Se pa sèl blan ki di otan non, kote pèp ke nou di ke nou genyen ki ka sesi oubyen sela yo? nou do te konprann ke se an 1990 ke n ap viv toujou?

Wi! Manigat se pitit pèp lan ke li ye. Sa ki pa kontan, bwè pwazon!


THUNDER;
Ou pa ka lan ;sa ki pa kontan ,bwè pwazon pou yon repons lan diskisyon sa a.

Madan MANIGA pa pitit pèp.Li pa pitit pèp ,menm jan PREVAL pa pitit pèp.Santre balon an.
Ou jwenn HYPPOLITE ki siyen konstitisyon 1843 a.
Pou MANIGAT yo menm ;ou jwenn yon GUILLAUME MANIGAT ki siyen KONSTITISYON 1806 lan ;se konstitisyon ki te fèt apre sasinaj DESSALINES lan.
Pou MATELLI ,limenm ;ou jwenn yon LINSTANT PRADINE ki te siyen tou KONSTITISYON 1806 lan .Se lan fanmi sa a MATELI sòti.

Pou mesyedam sa yo ,moun tankou ARISTIDE se izipasyon y ap fè ,lè yo konprann yo ka dirije peyi an .Se rezon sa a ke yo tout te dakò pou koudeta yo.

M AP REPETE L ;PA GEN ESKIZ;yo pral pran direksyon peyi an ;pinga m pa wè k%ochon pa pouse zèl pou yo vole ,si tèlman yo pral fè mirak

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  revelation Sam 5 Mar 2011 - 9:17

BANM M MANMAN M !!!!!!!
Nou remen "imaj" MANMAN SAA ANPIL!!
Ayisyen sansib a manman yo!
Joure manman yon pep ou byen di yon pep ke li san manman se pi gwo ofans ke yon kap fe yo!!

Wi nou renmen imaj sa net e nou souwete ke Madam Manigat explote slogan saa anpil!! Wi pep renmen manman yo!

Gason ayisyen respekte manman yo, men yo pa finn kwe nan konesans ak kouraj fanm nan lakou politik ki se yon lakou sal!

Eske Madam Manigat gen kouraj, tamperaman madam Sara, ak pantalet an fer pou'l fe travay "Bayakou" saa.
Eske lap gen "grenn" kran pou'l mete Youri LaTortue ou byen Reynold George, chef lapolis e minist gwo kwomozom yo nan plas yo le Madam Prezidante lan ap passe lod!

Nou pa gen pwoblem!! Nou remen MANMAN, nou renmen TET KALE!!
sa pep la chwazi a se li nap respekte!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun? Empty Re: BANM M MANMAN M !!!!!!! Kilè ayisyen ap vinn granmoun?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum