Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot ...
Voir le deal

BONNET BLAN, BLAN BONNET

4 participants

Aller en bas

BONNET BLAN, BLAN BONNET Empty BONNET BLAN, BLAN BONNET

Message  Kiloutou Dim 6 Mar 2011 - 7:40




Pèp ayisyen se menm yo ye!

Le 20 mas kap vini an, pèp ayisyen an fose poul seleksyone yon nan 2 jiwèt pope twèl kom prezidan pou "dirije" peyi ya pou 5 lane.

Pèp ayisyen, nou konstate byen laprès ak yon tizwit nan systèm nan vle fè nou kwè gen yon diferans ant 2 moun yo. Yo menm fèn konprann sak pi aje a se manman nou. Opotinis tout koulè kreye operasyon banm manmanm, pou yo gen pouvwa pou yo ka al jwi.

Pèp ayisyen pa gen diferans ant 2 moun yo enpoze nou yo, tou 2 reprezante enterè moun ki mete nou nan mizè sa nou ye la. Youn se la dwat popilis, lot se la dwat dekonplekse, rezilta a se kontinye peze nou.

Pèp ayisyen la près boujwaz la ak tiboujwa "nasyonalis" yo vle fè nou konprann si "manman mari" prezidant nap gen yon moun ki konn pale bon franse, se tou, kom si pèp grangou ka manje lang franse.

Pèp ayisyen ki te moun yo regle zafè yo, komanse prepare nou, pou nan lane kap vini yo, pou n ba yo monen pyès yo. komanse prepare nou, pou yon altènativ kredib serye fas a moun sa yo ki pa pral fè anyen pou peyi a.

Pèp ayisyen fas a bonnet blan, et blan bonnet nou gen 2 chwa: 1- rete la kay nou, 2- vote blan.


Pèp ayisyen bon kouraj.

Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

BONNET BLAN, BLAN BONNET Empty Re: BONNET BLAN, BLAN BONNET

Message  Le gros roseau Dim 6 Mar 2011 - 11:09

Julien 5 lane se pa 2 jou non,mwen yon ti jan dakò ak sa w di ya blan bonè bonè blan an men tou lè w rive devan yon fè akonpli fok ou entelijan fok ou ka chwasi mal ki mwens lan de fason pou pa mouri konsa wa ka rasanble fos w pi devan pou goumen ak mechan yo.Wi se vre fos fè nwa mete nou nan yon anbara kote nou pa konnen ki moun pou nou chwasi men tou genyen tet fè mal e genyen kriz kadyak ki ka touye nou tou den kou.Jodya se yon kriz kadyak ke peyi ya fè li nan koma ;Mwen konnen ke Myrlande Manigat se yon ti doktè stajyè ki ka geri yon ti tet fè mal se pa li ke nou beswen kom kadyolog men kom mwen deja di mezanmi pye bef pou pye bef pito nou pranl ka Myrlande toujou de fason pou nou rebati tonel pep la sou yon lot baz ak nouvo leader.fok nou ba malad la serum toujou ;si syek pat touye nou se pa ane ki ka touye nou.

an nou wè si pandan 5 lane sa yo ki ap vini la si nap ka bati yon vrè PRH. pati Revolutyonè ayisyen ak yon direktwa pwogresis.paske san sa nap toujou ap tounen an ron tankou yon topi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

BONNET BLAN, BLAN BONNET Empty Re: BONNET BLAN, BLAN BONNET

Message  grandzo di Dim 6 Mar 2011 - 14:11

Mwen pa we pou linstan yon sel rezon valab pou nap dechouke yon moun ki pa janmin gouvene.. ou konnin comen yo rele sa.. Guilt by association…

Aysien pa janmin konten.. ba kandida yo yon chans.. nou pa kabab kritike yon moun san nou pas bal yon chans.. ce pa serieu sa… yo petet blan bonnet bonnet blan min ce yon kap vini prezidan… fok nou accepte yon fwa pou tout ke moun ki vini prezidan.. ce li mim kap gouverne pou 5 ans.. fok habitue mete nan tet nou que bagay yo kon sa et pa otrement… nou kapab sote.. krie.. anyen pa ka change.. fow nou accomode tet nou avec realite sa..

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

BONNET BLAN, BLAN BONNET Empty Re: BONNET BLAN, BLAN BONNET

Message  Rico Dim 6 Mar 2011 - 15:48

Julien antouka mwen konprann desèpsyon w pou ekip sotan ki an dekonfiti o pwen yo pral pèdi pouvwa. Wi bann malpouwont apre plis plis 17 lane ki tap mennen yon politik katastrofik.

Pwochenn eleksyon sayo yon nouvo ekip dwe vini ak yon lot rejim gouvenman. Rezon ak bon sans mande pou swiv, evalye avan nou pote jijman.

Men zafè rekriminasyon komanse rele bare volè, pandan pa genyen ni machandiz vole, ni volo nan poulaye, li enjis.

Koken, dilapidatè, koriptè pa janm kapab pwouve anyen. Mayèt la pral pase bay zot, se nomal pou bay nouvo kourè ke li madan Manigat ou Martelly chans yo.

Antouka nou vijilan pou rele ARO sou tout repriz menm brigandaj, koripsyon, lese grennen kelkanswa rejim gouvenman ki pral vini.

Men zafè pran devan komanse lanse move pinga sa sanble plis ak move pèdan ki pèdi pouvwa, kap fè kriyado.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

BONNET BLAN, BLAN BONNET Empty Re: BONNET BLAN, BLAN BONNET

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum