Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Kounyea, li minwi mwen l ka

2 participants

Aller en bas

Kounyea, li minwi mwen l ka Empty Kounyea, li minwi mwen l ka

Message  Sasaye Lun 7 Mar 2011 - 22:34



Lan mitan tout analiz, tout sipozisyon, tout sispisyon, tout kondanasyon;
lòlòj lan ap kontinye tiktak tiktak lan direksyon minwi.

Lè nou kite bagay yo ap grandi anvan nou bloke yo, nou pa menm wè lè yo vinn mi.

Tankou mango ak zaboka sou pyebwa.
E si nou pa fè anyen, ya p gentan pouri.

Yon premye tan nou te di:
Sa paka rive.
Yon dezyèm tan, lè sa al pi lwen, nou di:
Avèk tout kalite moun konpetan, entelektyèl lan peyi an, kijan sa ta ka rive.
Pi lwen nou di entènasyonal lan pa ta kapab kite sa rive.

Pandan na p analize, gen yon lòt goudougoudou politik ki ta p mangonmen pa anba.
Pèp ke nou di ki sòt e pa konnen kisa la p fè ta p lage yon pil po mango sou beton an.
Sa k pa konnen ap glise, kase bèk, kase kou.

Entènasyonal fout nou yon panzou.
Pandan nou kontinye ap fè le kantamwa:
Yon nèg konsa pa prepare, li pa gen chans pou li ta prezidan yon peyi.

Blan an gen yon lot kalite prejije: Tout nèg se nèg.
Li pa lan tout ti sibtilite nèg kreyòl, nèg bosal, kongo etc...
Li gade li wè yon bann nèg ke li kenbe ak yon bwa long.

Men li jwen youn lan yo ki kapab fè travay li:
Amadwe, karese pèp lan, men kenbe l lan plas li.
Yo te deja wè kisa gad la te bay an 1991.

Kounyea, li two ta pou evalye eta finansye Mateli, yo te dwe gade sa depi anvan.
Li gentan finn pran nanm pèp lan.
Lanpwen anyen ki pou fè yo chanje lide.
Yo deja montre sa pa mele yo kisa moun ap di de nèg tètkale yo a.

Sa pa deranje yo ke li desann kanson l pou devwale grenn li.
Sa yo wè sè ke li gen grenn.

Kounyea, se nou ki pou ranje kò n pou nou kapab konfwonte sa k sanble inevitab.

Se depi kounyea pou nou prepare seryèman pou nou prezante yon altènatif valab lan senk an
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kounyea, li minwi mwen l ka Empty Re: Kounyea, li minwi mwen l ka

Message  Le gros roseau Lun 7 Mar 2011 - 22:59

ki donk ou di se lè volè finn kase kay la se lè sa nap rele bare volè.Ki donk nou fè jis nou pran yon presidan konpa direk tout bon vre.Se bon pou lwa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Kounyea, li minwi mwen l ka Empty Re: Kounyea, li minwi mwen l ka

Message  Sasaye Lun 7 Mar 2011 - 23:11


--------------------------------------------------------------------------------

ki donk ou di se lè volè finn kase kay la se lè sa nap rele bare volè.Ki donk nou fè jis nou pran yon presidan konpa direk tout bon vre.

Se sa menm.
W konprann konpa a.

Chante an di: ala mizè pou mwen, mondye manman m.................
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kounyea, li minwi mwen l ka Empty Re: Kounyea, li minwi mwen l ka

Message  Le gros roseau Lun 7 Mar 2011 - 23:37

se sa wi vye frè tout mezon divise ap detwi.yo tout vle presidan e byen mimi ap bwè let la sou yo la pandan ke yap goumen.sa fè la penn pou pep saa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Kounyea, li minwi mwen l ka Empty Re: Kounyea, li minwi mwen l ka

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum