Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G Double Sim 128Go ...
389 € 539 €
Voir le deal

News pou tipepis yo

+3
Joel
Marc H
Thunder
7 participants

Aller en bas

News pou tipepis yo Empty News pou tipepis yo

Message  Thunder Mer 9 Mar 2011 - 0:41

Se nòmal pou anako-popilis yo panike. Pou yo wè ke moun ke y ap rele "fachis" ak "koudetayis" yo, se pou yo ke pèp lan pral vote 20 Mars.

Genyen yon erè grav ke tipepis yo renmen komèt, se souzestime advèsè yo. Yo toujou konprann ke se yo ki genyen kontwòl pèp lan nan peyi an. Pou yo demonize advèsè yo, you toujou pare pou yo fè alizyon ak koneksyon militaro-makout tan pase moun sa yo.

Ebyen, mwen genyen news pou yo.

Zafè konekte Madan Manigat ak masak Riyèl Vaillant an pou montre ke yo abitye fè alyans ak militè pou pran pouvwa a, se krèk ti bèt. Pèp lan di: Ban m manman m!

Zafè konekte Martelly ak FRAPH, NINJA, MICHEL FRANCOIS, Ti Guy, elatriye... pou montre ke Martelly se "koudetayis" oubyen GNBis, saa li menm se bounda Nini. Pèp lan di: Ban m tèt kale m!

Mwen panse ke epòk eleksyon sa yo ap dezonbifye yo, mwen pran libète pou nonmen Manigat kòm leader fanm ki pi popilè nan peyi an, Martelly li menm kòm leader gason ki pi popilè nan peyi an.

Mwen konnen ak dènye fraz saa ke mwen ekri an, tout bizango monte sou vaz yo (lol).
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Marc H Mer 9 Mar 2011 - 0:50

Leu Aristide retounnen pa vinn krye non
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Thunder Mer 9 Mar 2011 - 2:04

Kriye poukisa?

Wou pa konnen ke Hitler tou genyen fanatik toujou?

Men Charlie Sheen te gen tan jwenn plis pase yon milyon "followers" menm jou ke li te louvri yon account avèk twitter.

Popilarite se youn, sa ke w ka fè ak li se 2. Si Aristide mete yon kantite moun deyò ki ase pou anpeche eleksyon fèt 20 Mars, m ap rekonsidere sa ke mwen te ekri nan pòs anvan an.

Sinon! Se pou manman nou kontinye ban nou bwè ti te asòsi ak vèvenn nou tèt kale.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Joel Mer 9 Mar 2011 - 7:29

MARC;

Gen yon nouvèl ki tonbe tankou yon bonb an FRANS.FACHIS yo rele MARTINE LEPEN lan ap mennen lan sondaj yo.
Pou mwen se yon bon nouvèl ,paske n ap kapab bay FRANKOFOU yo yon koutpye lan bounda yo ,si MARTINE LE PEN ta vin prezidan.
Se ap ""BAS LES MASQUES"" vre .
Alòs pa gen moun ki ta ka sezi si FACHIS ann AYITI yo ,ta vin pran prezidans lan tou.

Men tou ak de nawè m ;m ap gade jan n ap mete koulèv lan chita.Se k ap dènye tantativ FACHIS yo ann AYITI;pou nou pran prezidans lan ,se k ap yon mal pou yon byen ;moun ak tèt frèt pa p sezi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Le gros roseau Mer 9 Mar 2011 - 10:36

Gras a tret la nou ka chante kantamwa nou net.poukisa nou pa vle ti pè ya tounen si nou popilè konsa.genyen yon pwoverb ayisyen ki di lè w pa ka jwen manman w ou blije tete grann w.se pou Preval te kite Aristide tounen epi ba lavalas dwa patisipe lè saa vre nou ta wè ki moun ki pi popilè an ayiti.Mezanmi ala yon bagay ki dwol lè yon kokorat pa konnen se kokorat li ye.Lè yon pitit sò yet kanmarad mwen pa konn kote l soti yo fel bouche nenl pou yo fel bwè tout move dlo sal e li konprann se let yap bal bwè.

wap blame ti pepisme epi mwen tande ni Mickey Ni Myrlande se tou sa Aristide te konn di yo ke yap repete tankou jacko repet. "Edikation gratis ti cheri."se pou pitit sò yet yo ka ale nan iniversite tou."

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Rico Mer 9 Mar 2011 - 12:04

Thunder a écrit:Kriye poukisa?

Wou pa konnen ke Hitler tou genyen fanatik toujou?

Men Charlie Sheen te gen tan jwenn plis pase yon milyon "followers" menm jou ke li te louvri yon account avèk twitter.

Popilarite se youn, sa ke w ka fè ak li se 2. Si Aristide mete yon kantite moun deyò ki ase pou anpeche eleksyon fèt 20 Mars, m ap rekonsidere sa ke mwen te ekri nan pòs anvan an.

Sinon! Se pou manman nou kontinye ban nou bwè ti te asòsi ak vèvenn nou tèt kale.


Marc se yon enkorijib, pou yon swadizan AYISYANO-KANAYEN kap respire plen poumon sistèm DEMOKRATIK. Poutan se yon bon alye ANAKO

POPILIS, KOKEN kap fè politik nan peyi kod lombrit li.

Thunder bali leson, SADAM MOURI LI ANKO PLEN ZWAY KI KWÈ NAN LI.

E PWI POU ZOT ARISTIDE PASE 2 MANDA, LI PA KANPE SOU ANYEN, TONAS MADAN MANIGAT AK MIKI SE KANDIDA

SELMAN, SE TANN AVAN RELE ANMWE BARE VOLO. KI MACHE PRESE SA.


Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  dilibon Mer 9 Mar 2011 - 16:45

Aristid, Pe titid map baw youn konsey tann. Depi ou tande Chamblain chef la polis, ti Guy chef lame, pa timid, rantre rapid tande! Yap tann w pou yo ka mate ton petit zizi!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Maximo Mer 9 Mar 2011 - 17:59

Le gros roseau a écrit:Gras a tret la nou ka chante kantamwa nou net.poukisa nou pa vle ti pè ya tounen si nou popilè konsa.genyen yon pwoverb ayisyen ki di lè w pa ka jwen manman w ou blije tete grann w.se pou Preval te kite Aristide tounen epi ba lavalas dwa patisipe lè saa vre nou ta wè ki moun ki pi popilè an ayiti.Mezanmi ala yon bagay ki dwol lè yon kokorat pa konnen se kokorat li ye.Lè yon pitit sò yet kanmarad mwen pa konn kote l soti yo fel bouche nenl pou yo fel bwè tout move dlo sal e li konprann se let yap bal bwè.

wap blame ti pepisme epi mwen tande ni Mickey Ni Myrlande se tou sa Aristide te konn di yo ke yap repete tankou jacko repet. "Edikation gratis ti cheri."se pou pitit sò yet yo ka ale nan iniversite tou."


Blofè Koman nou ta fè pa vle ti pè ya tounen, nou vle li tounen, nou ta renmen li tounen, nou anvi li tounen ak tout fos nou, se li ki pa vle tounen, li te di li pa gen paspo, kounye ya yo foure paspo'l nan pla men'l, kidonk pa gen ekskiz paspo anko, ti pè ya toujou pa vle tounen, Aristide tounen tanpriiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Thunder Mer 9 Mar 2011 - 23:40

Le gros roseau a écrit:Gras a tret la nou ka chante kantamwa nou net.poukisa nou pa vle ti pè ya tounen si nou popilè konsa.genyen yon pwoverb ayisyen ki di lè w pa ka jwen manman w ou blije tete grann w.se pou Preval te kite Aristide tounen epi ba lavalas dwa patisipe lè saa vre nou ta wè ki moun ki pi popilè an ayiti.Mezanmi ala yon bagay ki dwol lè yon kokorat pa konnen se kokorat li ye.Lè yon pitit sò yet kanmarad mwen pa konn kote l soti yo fel bouche nenl pou yo fel bwè tout move dlo sal e li konprann se let yap bal bwè.

wap blame ti pepisme epi mwen tande ni Mickey Ni Myrlande se tou sa Aristide te konn di yo ke yap repete tankou jacko repet. "Edikation gratis ti cheri."se pou pitit sò yet yo ka ale nan iniversite tou."

Malgre ke Maximo reponn wou deja, m ap mete pa m.

Si l pa tounen kòman viktim yo pral fè jwenn jistis swa avèk lalwa oubyen yon T-65? Kijan?

Rayi chen, men di dan l blan. Si Preval anpeche nou patisipe nan seleksyon, men li pat janm anpeche nou mobilize. Si nou pa genyen kapasite pou nou rasanble ase moun anba tonèl lan ankò, se pa fòt pa l.

Anplis, se pa nou menm ki te montre Preval kijan pou l vòlò eleksyon? Se nou menm ki te montre l voye ròch, kisa sa fè si l ta kase tèt pa nou tou?

Lè vòlò eleksyon ak parèy yo ap regle koze yo, mwen pa mele. Sèl bagay mwen ka di nou, se ke nou kakus. Pèp lan fout nou yon souflèt marasa nan djòl nou. Nou do te konprann nou t ap ka twonpe tout moun pou tout tan...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Thunder Jeu 10 Mar 2011 - 2:26

Anplis,

Mwen pa konprann lè ke w ekri ke yon pitit Sò Yèt pa konn kote ke l sòti?

Kote ke mwen sòti an rele Ayiti. Alò pou m te demontre ke m se pitit Sò Yèt (kòm mwen pa konnen sa ke w rele pitit Sò Yèt lan, paske wou sanble pa fin konprann anpil ekspresyon ak konsèp), fòk mwen t ap rele viv tipepism? ...Viv lavalas? ...viv Aristide? aba lame? ...Mwen se Afriken? ...elatriye

Sanble ke w panse pitit Sò Yèt vle di zonbi ak rasis?

Se pa paske yon moun pitit Sò Yèt ki fè ke lè "Sò Yèt" parèy li ap vòlò, ap vann dwòg, ap asasinen moun, ap fè vyolans, elatriye... pou l pa ka denonse sa tou. Zafè w wou menm si posyon Sò Ann nan boule sèvo w ak fè w avèg. Men mwen menm, mwen pa genyen oken kan kwèdèk, mwen se Ayisyen tou senpleman.

Si n ap denonse moun ki fè peyi an mal, nou pa ka denonse sila yo ki genyen tèl koulè oubyen ki nan tèl klas sosyal, ki militè, ak ki makout sèlman. Fòk nou denonse Piti Sò Yèt yo, sa ki an soutann oubyen ak tabliye boulanje yo, chimè, bizango, ak tipepis demagòg yo tou ki fè peyi an ankò plis mal ke sa ki te pase anvan yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

News pou tipepis yo Empty Re: News pou tipepis yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum