Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Nike : Jusqu’à 50% sur les articles de ...
Voir le deal

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

2 participants

Aller en bas

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre. Empty L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

Message  ainsi ne soit-il Sam 28 Mai 2011 - 23:57

J... di se lè l'wè l'a kwè. LGR di ke li pa bezwen yo vin ak ti lame rizib devan moun. Mwen di ke se jis yon lót okazyon yo bay blan a pou l'griyen e pou l'di: un plan de nègre...

Mwen fini par konstate ke Ayisyen k'ap repete sotiz sa yo e ki kwè ke yo bon se on band aryere ki bezwen makonen. Nèg sa yo k'ap apiye lame Sweet Mickey promèt la, poze yo on senpl kestyon: ki sa lame ap vin fè? E pi, yo blye ke Sweet Mickey se yon nèg enstabl pèsonèlman deja e pi li gen dosye ajan destabilizatè. Se bagay ki te fè'm chanje pós la, lè m'te tande yon bout lan diskou'l la kote l'ap fè chantaj ap di ke li konn moun ki pwal vin seye fè destabilizasyon. Ale wè, li ka tonbe frèt anba prop main patron li yo.

Tande. Sweet Mickey te chofe ban akademi, jodi a li ta vle bay tèt li on valè ak restorasyon lame. Ki lame, menm jan de moun li fin trenen lan labou, fè yo fè makak, rele anmwe lanbal, e pi li voye yo al kouche ak yon bon kolangèt manman'n.
Tout sa ki enterese Sweet Mickey se frotman ak lajan paske se lan sa li aprand anpil koze. Misye pa lan pran anyen lan main lót otorite, administrasyon, lejislati peyi a. E se pa a koz de koripsyon. Paske se lekol li. Si manman'l ak papa'l vivan ou menm si yo mouri, sèl si se lan bèso SM aprand koripsyon po yo ta kontan de li menm si li vin prezidan. Shit!

Pandan l'ap promèt anpil lekol, lame, travay, elatrèy, mwen ta renmen konen ki sa l'ap promèt advèsè li yo ki lan palman pou yo ka bay'l pase. Pwal rive yon lè ke se kriz sou kriz nou pwal tande, se protestasyon palmantè yo. Gen de kriz ke klan li a pwal provoke menm pou ka ekate tout opozan sou chemen yo.

A propreman pale, peyi a pa gen gouvènman depi 14 mai. Lè w byen gade, ki sa ki pwal chanje. Se brikolaj tout nèg, rouj, bleu, jonn, blan, mawon ap fè. Yo tout melanje bagay yo. Yo tout endistenkteman rete ak menm mantalite Sendomengwaz la lè majorite richès ki te ranmase se an Frans yo te fóse abouti. Jodi a, se jis on kestyon de moun pa k'ap kontinye tankou sou Duvalier: lage monopol lan main zanmi yo.

Wi, Sweet Mickey, ki wól lame? Lame se an dènye rekou, lè otorite lokal, lè minisipalite yo paka asire sek ak sekirite popilasyon ou lè la nati dechenen, pou konbat terorist ak rebèl... Lame se pa vin pran kontrol jiridiksyon otorite lokal. Lè militè komèt yon krim se la polis ki sipoze al arete'l. Pran PAP parekzanpl, olye ke nèg stipid sa yo ap vin pale de nesesite lame, poukisa yo pa vin ak ide nèf. Ala nèg yo aryere.

Wi. Nou vle di ke lame nou te genyen a te ka fè yon mèd lan katastróf 12 janvye a? Mwen pa bezwen tchwipe... Nou ta pi wont si moun sa yo te ekziste, te kontinye ap tèrorize e pou kominote entanasyonal te vin wè ke se on band makak ak kokomakak. Lè madigra konsa ta vin parèt tèt yo, yo t'ap jis tase yo. Sa ki ta entèlijan e ki ta konprand, yo ta al retire inifóm la sou yo sof bót la pou vin bay sekou kóm sivil...

Konbyen pós ak kamyon ponpye ki ap desèvi PAP e alantou? Konbyen traktè, konbyen pèl mekanik, konbyen bull-dozer, konbyen kamyon k'ap deblye la ri, konbyen kamyon baskil, elatrèy, minisipalite PAP gen kóm ekipman? Konbyen elikoptè, konbyen bato vedèt pou menen on seri de operasyon?

E byen se pa lame ki jis ka menen operasyon. La polis nasyonal e minisipal bezwen ekipman sa yo itou. Nenpót bandi gen dwa fin fè yon kou e pi li chape lan hors-bord ki t'ap tand li. Sa rive deja. Hum! Pou la polis ta atrap sa se pou'l ta gen vedèt ki pou al pousuiv, ansèkle bandi konsa.

Ki sa ki polis Ayisyèn la? Chef li deja pótre on gwo skarabe tout en jaune ou beige. Misye sanble tout bon ak youn lan kólèg Sweet Mikey yo...

M'pa konen si se on enstitusyon tankou la GRC Kanada ou byen si se yon kopi polis nasyonal Fransèz sof ke fómatè yo se on band cochon kanayen (pigs, polisye) hum! ki al bay ti Ayisyen sans amour-propre promosyon. Mwen te pale'n. Peyi a fini.

M'ap suiv maire PAP a. Se sèl nèg ki touche'm lè li vin bor isit. Misye se on nèg entèlijan. Li vin isit, li di ke li pa vin mande men li bezwen kooperasyon pou li ka mye administre vil la. Paske, mezanmi, nou pe pa ap deal ak yon gwo dezód tankou PAP san planifikasyon. Lè m'tande ke Preval p'at enkli misye lan yon komite pou jere kriz seism la, mwen te di'm ke se paske misye trankil men tuff. Se pa jan de moun ki al lan politik pou l'ka fè lajan lan al asosye ak magouyè. Dayè, si gen nouvèl on politisyen ki enterese'm se Muscadin.

Tout nèg sa yo ki nuls à chier e ki vin ap aplodi bluffer Sweet Mickey ak koze lame li an, tande non: nou pa wè ke anyen pa bouje depi yon ane ak pil dekonbr sa yo. Man-yè kite malprop non.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre. Empty Re: L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

Message  Le gros roseau Dim 29 Mai 2011 - 0:28

Kanta pou fè makak la yo fò nan sa anpil.Mwen sonje lè yo fòme corps de genie nan FADH la epi se Saint martin yo mete katye jeneral la. yon jou mwen di kite mwen al fè yon gade poum wè ki ekipman yo genyen,paske nan tet mwen si w genyen yon kò de jenie militè fok li genyen ekipman.pa menm yon traktè mwen pa wè nan la kou.pon tonbe ou pa janm tande kò jenie fè anyen.ou pa janm tande pon ke yo konstwi lè la riviere yo an kru,men genyen yon kolonel, yon Lt kolonel, yon major ak yon 50 jandam konsa nan kò de jeni.se menm bagay tou lè w tande ayisyen te ap pale de corps des engins lourds ,mande yo Konbyen ki te genyen e ki model yo te ye.

se konsa yon jou swa mwen resevwa yon kout telefonn epi se Komandan gad kot la ki rele pou mande eske genyen teknisyen nan servis transmisyon ki ka repare sonar bato Gc-8 ki te an pann ,mwen dil ki te mwen al pran ranseyman pou li.lè saa se te Malherbe Eyma yon ofisye ki fè prekse tout karyè l nan katye jeneral deyè biro ke yo te voye Komandan servis transmissions; mal nan biro li pwiske lè saa lame te nan kondityon D epi mwen dil sa Laroche te mande ya.Eyma mandem eske genyen teknisyen konsa isit la.mwen dil mwen pa kwè men kom genyen kek neg ki te etidye elektronik mwen dil mande Calixte. sil ka ranje sonar ki nan bato GC-8.sonar la pat janm ka servi ankò.depi lè sa mwen pa konne si se meriken yo dwe te voye chache ki pou te vinn repare li.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre. Empty Re: L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

Message  Invité Dim 29 Mai 2011 - 9:03

La constitution le veut et le public le veut .Rendez-moi fou ou sage, il faut qu'on en finisse avec l'anarchie .C'est bizarre que des patriotes de l'exil volontaire se plaignent ad nauseam que le chef du pouvoir exécutif veuille respecter les voeux de la constitution .Il y a une voie constitutionnelle, si je m'en souviens bien, pour l'opposition .

Et ça fait vingt ans qu'on en parle .Le peuple et ses dirigeants ont compris que l'armée fait partie de notre identité nationale, de notre TRADITION ,la marque distinctive de notre "coming of age".

Il Y A LE CORPS .

IL Y A LES BRAS,

LA BOUCHE

LA TETE,

LES YEUX,

LES JAMBES,

LES BRAS,

LES GENOUX ,

LES PIEDS

LE GUIGUITT OU

LA CHOCHOTTE

QUEL EST LE PLUS IMPORTANT DE CES MEMBRES QUI NOUS PERMETTRA DE CONFRONTER LES DEFIS NATURELS DE L'ENVIRONEMENT ?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre. Empty Re: L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

Message  Le gros roseau Dim 29 Mai 2011 - 11:49

C'est incroyable l'audace des GNBistes qui reclament le respect de la Constitution qu'ils ont violée en plusieurs occasions.Ils meprisent toujours cette Constitution pour deboulonner les chefs d'etat qui reclament plus de justice sociale dans l'enfer qu'ils veulent maintenir per fas et nefas avec le retablissemnt des FADH qui n'a jamais defendu l'integrité du territoire national et l'honneur des haitiens..

Que les dwat et goch,les sans boussoles , nous epargnent leurs plaidoiries pour ce corps inutile.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre. Empty Re: L'armée de Sweet Mickey: un plan de nègre.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum