WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
+2
Ina Marie
Joel
6 participants
Page 1 sur 2
Page 1 sur 2 • 1, 2
WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Koumanman;
Apre mesye GUY PHILIPPE yo;WIKILEAKS pase men pran YOURI LATORTUE.
Ameriken yo akize YOURI de 7 peche kapito.Se pa 2 kakachat yo mete deyò sou YOURI LATORTUE:
http://www.haiti-liberte.com/archives/volume4-50/Youri%20Latortue.asp

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
yo pale anpil de sa sou lot sit. yo di ke ginler se vre paske Youri pa janm voyaje kite peyi a paske pagen okenn peyi kii vle bali viza espesialman US paske se drog diler kel ye.
Ina Marie- Senior
-
Nombre de messages : 45
Localisation : Europe
Opinion politique : Libérale
Loisirs : Jogging
Date d'inscription : 18/06/2011
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
INA;
Te konn gen akizasyon ,men WIKILEAKS se yon vitès siperyè.Se patwon mesye sa yo ki ap mete kakachat deyò jounen jodi an.Genlè pa p gen yon GNBis ki ap sòti endèm lan bagay sa a ;paske yo di WIKILEAKS gen yon tòn revelasyon l ap fè toujou;bagay sa yo se jis twòkèt lan.
Te konn gen akizasyon ,men WIKILEAKS se yon vitès siperyè.Se patwon mesye sa yo ki ap mete kakachat deyò jounen jodi an.Genlè pa p gen yon GNBis ki ap sòti endèm lan bagay sa a ;paske yo di WIKILEAKS gen yon tòn revelasyon l ap fè toujou;bagay sa yo se jis twòkèt lan.
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
non moun tankou Youri Latortue avec les freres Lucien (cousins de Ceant) te tout tan ap site lakay mwen le zanmi papam yo reyini. Sapa etonem ke non li site nandrog. Minm madanm aktyel Ceant yo di ke premye maril te gwo drog diler, ceant sete avoka li, Msye mouri nan lopital kanape vert epi se konsa Ceant marye ak dam lan. Mwen tande pale anpil de moun sa yo, min mwen pa janm pale de yo paske mwen pa konen si se vre.
Ina Marie- Senior
-
Nombre de messages : 45
Localisation : Europe
Opinion politique : Libérale
Loisirs : Jogging
Date d'inscription : 18/06/2011
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Nèg fè ,mwen pa konnen 17 an ap voye monte ,ap di ke ARISTIDE te dèyè sasinaj MIREILLE BERTIN an.
Kisa moun sa y ap di kounye an ke ANBASAD AMERIKEN an te deklare ke YOURI se te yon sispèk lan sasinaj lan.
Ala yon WIKILEAKS papa ;y ap kontribwe a demantle tout APARÈY GNBis lan.
Genyen revelasyon ki ap vin toujou ,sou wòl ke LA PRÈS te jwe lan destabilizasyon rejim ARISTIDE lan.
WIKILEAKS ap fè travay lan pou pèp ayisyen an
Kisa moun sa y ap di kounye an ke ANBASAD AMERIKEN an te deklare ke YOURI se te yon sispèk lan sasinaj lan.
Ala yon WIKILEAKS papa ;y ap kontribwe a demantle tout APARÈY GNBis lan.
Genyen revelasyon ki ap vin toujou ,sou wòl ke LA PRÈS te jwe lan destabilizasyon rejim ARISTIDE lan.
WIKILEAKS ap fè travay lan pou pèp ayisyen an
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Bon jodya nou konnen poukisa yo kouri ak madan Manigat.Li pa tap janm ka Presidan dayiti ak yon moun tankou Youri bò kotel.pita na konnen ki jan anpil moun mouri nan latibonit pou yo te ka metel sou do Aristide.
mwen sonje genyen yon moun ki te ekri sou moun.com ;"Nou pat kò menm fini touye Amyot metayer yo te gen tan metel sou do Aristide." jodya nou konnen ki sak fè sa nan latibonit neg sa yo te touye moun ba moun Saint marc zam pou fè pep la revolte.mwen te toujou konnen ke krim sa yo se te yon senkyem kolonn ki te nan sen Aristide ki tap fè yo.malerezman pou Aristide li te koute Fourel Celestin poul te mete nonm saaa nan palè ya.

Dernière édition par Le gros roseau le Lun 4 Juil 2011 - 10:47, édité 1 fois
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Sèl bagay, mwen wè ki jan ke ti nèg ap voye Wikileaks monte. Hum! ...Pinga pi devan, lè y ap mete kk chat lòt moun deyò, pou w wè ke se menm nou menm yo k ap tonbe kriz.
Joel! Kinbe konsa tande ak Wikileaks. Pinga ke w fè menm jan ke w te fè Marcus Garcia ak NY Times lan. W ap voye yo monte, men kou yo lage yon bonm nan lenn Aristide, m ap tande plenyen. M ap tann wou sou 2 pye militè m.
Epi Joel, yon sispèk se yon sispèk, men Anabasad lan te deja di ki moun ki te touye Mireille Bertin. Pinga w vini pran woulib laa pou w ka dedwane idòl wou an.

Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Ti nèg ap chache tout jan pou yo dedwane ti asasen ak vòlò pa yo. Men kounyea y ap repete sa moun te ekri sou fowòm nan. Kisa nèg sa yo te bwè pou yo devote a yon sanzave konsa? Yon nonm ki pa fout itil peyi yon mèd apre de foure l nan labim pi fon, epi pou w jwenn moun, ki di ke yo genyen konpreyansyon, k ap adore sanzave konsa toujou. Se nou sèl tou k ap rete sou batiman lavalas saa, pifò pèp lan di yo alo lavoum deja, e flanke yo nan poubèl listwa menm jan ak anpil lòt rejim san manman ki te pase deja yo.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Un débat qui promet : Toute la vérité rien que la vérité. Jurons !
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Thunder,
Pa bon Youri pa ka fè Aristide vini bon, depi 2004 map denonse Youri kòm atoufè, magouyè san fwa ni lwa, mwen te denonse Gerard Latortue ki pat vini regle anyen pou peyi ya ak tout Youri e mwen pat wè kijan on nèg tankou Youri te konseye Gerard.
Men malgre tout pa bon Youri ki vreman on pouri li se anfan de kè devan Aristde ki dapre temwayaj tout ekip drug dilè ki tap travay pou li yo depi sou prezidan sena'l la jiska chef polis li ya e ki jije o USA misye se te el padrino de la drog an Ayiti.

Maximo- Super Star
-
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Thunder a écrit:Sèl bagay, mwen wè ki jan ke ti nèg ap voye Wikileaks monte. Hum! ...Pinga pi devan, lè y ap mete kk chat lòt moun deyò, pou w wè ke se menm nou menm yo k ap tonbe kriz.
Joel! Kinbe konsa tande ak Wikileaks. Pinga ke w fè menm jan ke w te fè Marcus Garcia ak NY Times lan. W ap voye yo monte, men kou yo lage yon bonm nan lenn Aristide, m ap tande plenyen. M ap tann wou sou 2 pye militè m.
Epi Joel, yon sispèk se yon sispèk, men Anabasad lan te deja di ki moun ki te touye Mireille Bertin. Pinga w vini pran woulib laa pou w ka dedwane idòl wou an.
Voye WIKILEAKS monte?
Non.
Kilè anbasad lan te di ARISTIDE te dèyè sasinaj MIREILLE BERTIN an.Yo t ap pale de BEAUBRUN ki te sispèk ;BEAUBRUN ki te lan kabinè ARISTIDE lan ;men pa janm gen kote yo di ke ARISTIDE te dèyè sasinaj lan.
ARISTIDE ta sasinen l pou vanjans ;akòz de pozisyon li t ap pran e kolaborasyon l ak JENT TOUYADÒ an ?
Se sa ki te enplike?
Menm si yo ta di yo wè YOURI ak komèt zak lan e ARISTIDE pa t gen anyen pou l wè ak li ;nou pa t ap lage paske ""mind set"" nou ,se mete sasinaj lan sou do ARISTIDE.
THUNDER;
Ki mirak ou pa di ou konnen yon moun ki te tande lè ARISTIDE t ap bay lòd pou touye MIREILLE BERTIN an(lol)
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Maximo,
Sa pa genyen manti nan sa ke w ekri laa. Men, mwen pa janm plede pou okenn moun, se pa pou Youri pou m ta kòmanse. Sèl bagay, mwen avèti ti nèg mwen wè k ap voye Wikileaks monte yo, pou pi devan pou m pa wè yo 2 ran dlo ak 2 ran larim. Paske se konsa yo fonksyone, depi yon sektè denonse moun ke yo pa renmen yo, se AYIBOBO ke yo rele. Men, lè kou pa yo rive, yo gen tan ap chache tout defo pou bay sektè ki denonse moun ke yo ap adore yo.
Roseau te fè sa deja ak Michel Soukar. Joel li menm se eta nòmal li, li te fè sa ak plizyè moun ak sektè tankou NY Times, Marcus Garcia, CNN, Haiti Libre, etc...
Sa pa genyen manti nan sa ke w ekri laa. Men, mwen pa janm plede pou okenn moun, se pa pou Youri pou m ta kòmanse. Sèl bagay, mwen avèti ti nèg mwen wè k ap voye Wikileaks monte yo, pou pi devan pou m pa wè yo 2 ran dlo ak 2 ran larim. Paske se konsa yo fonksyone, depi yon sektè denonse moun ke yo pa renmen yo, se AYIBOBO ke yo rele. Men, lè kou pa yo rive, yo gen tan ap chache tout defo pou bay sektè ki denonse moun ke yo ap adore yo.
Roseau te fè sa deja ak Michel Soukar. Joel li menm se eta nòmal li, li te fè sa ak plizyè moun ak sektè tankou NY Times, Marcus Garcia, CNN, Haiti Libre, etc...
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Joel a écrit:Thunder a écrit:Sèl bagay, mwen wè ki jan ke ti nèg ap voye Wikileaks monte. Hum! ...Pinga pi devan, lè y ap mete kk chat lòt moun deyò, pou w wè ke se menm nou menm yo k ap tonbe kriz.
Joel! Kinbe konsa tande ak Wikileaks. Pinga ke w fè menm jan ke w te fè Marcus Garcia ak NY Times lan. W ap voye yo monte, men kou yo lage yon bonm nan lenn Aristide, m ap tande plenyen. M ap tann wou sou 2 pye militè m.
Epi Joel, yon sispèk se yon sispèk, men Anabasad lan te deja di ki moun ki te touye Mireille Bertin. Pinga w vini pran woulib laa pou w ka dedwane idòl wou an.
Voye WIKILEAKS monte?
Non.
Kilè anbasad lan te di ARISTIDE te dèyè sasinaj MIREILLE BERTIN an.Yo t ap pale de BEAUBRUN ki te sispèk ;BEAUBRUN ki te lan kabinè ARISTIDE lan ;men pa janm gen kote yo di ke ARISTIDE te dèyè sasinaj lan.
ARISTIDE ta sasinen l pou vanjans ;akòz de pozisyon li t ap pran e kolaborasyon l ak JENT TOUYADÒ an ?
Se sa ki te enplike?
Menm si yo ta di yo wè YOURI ak komèt zak lan e ARISTIDE pa t gen anyen pou l wè ak li ;nou pa t ap lage paske ""mind set"" nou ,se mete sasinaj lan sou do ARISTIDE.
THUNDER;
Ki mirak ou pa di ou konnen yon moun ki te tande lè ARISTIDE t ap bay lòd pou touye MIREILLE BERTIN an(lol)
Kote konpleksite w? Apa lè se pou defann touyadò ke yo rele Aristide lan, wou bliye ke w toujou ap chache "konpleksite?"
Joel, wou panse ke Ameriken ta pral lonje dwèt dirèkteman sou Aristide nan asasina saa pandan ke yo te fenk depanse plizyè milya dola ak lajan kontribiyab Ameriken yo pou te retounen ak misye sou pouvwa a?
Pou yon fwa, mwen ta renmen ke w onèt ak tèt wou, epi reponn kesyon saa san ke w pa kite fanatism wou souye repons wou an.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Non THUNDER;
Mwen pa absolitis tankou w ak MAXIMO.
Jounal ,moun chanjeSe pou w wè jan NYTIMES te kouvri ranvèsman JACOBO ARBENZ lan ,lan GUATEMALA.Yo te di ,misye se te yon KOMINIS,se te yon danje pou SEKIRITE AMERIKEN.Jounen jodi an y ap pale de misye tankou l te yon SENe ke se pi gwo kou ETAZINI te pote GUATEMALA ak ranvèsman ARBENZ lan.
Pou MARCUS GARCIA tou ;wi mwen te ap voye misye monte ;mwen te menm di pou misye te kandida an 2006,menm jan ak MICHELE MONTAS.
MARCUS chanje,misye te vini sanpousan PREVAL e misye te aji konsa;MARCUS te menm patisipe lan kanpay kont PATI LAVALAS e t ap di se fòt yo yo pa t anrejistre.
Mwen te wè PIPORIKO di ke MARCUS te di ke li fin granmoun ,li pa p ale ann ekzil ankò.
THUNDER;
Jan m panse pa fije ;oumenm ak MAXIMO ,depi yo di yon bagay pozitif de ARISTIDE;nou monte chwal nou.
Mwen menm mwen di ,mwen pa gen monopol la verite tankou yo di l"la vérité est plurielle

Thunder a écrit: [/b]
Kote konpleksite w? Apa lè se pou defann touyadò ke yo rele Aristide lan, wou bliye ke w toujou ap chache "konpleksite?"
Joel, wou panse ke Ameriken ta pral lonje dwèt dirèkteman sou Aristide nan asasina saa pandan ke yo te fenk depanse plizyè milya dola ak lajan kontribiyab Ameriken yo pou te retounen ak misye sou pouvwa a?
Pou yon fwa, mwen ta renmen ke w onèt ak tèt wou, epi reponn kesyon saa san ke w pa kite fanatism wou souye repons wou an.[/quote]
Alòs,lè yo t ap destabilize ARISTIDE ;yo pa t ap tou pwofite di l ;paske yo konnen se yon sijè sansib.
THUNDER;
Se pèdi tan ;ou pa p janm pa kwè ke ARISTIDE pa t dèyè sasinaj MIREILLE BERTIN.Se tankou moun TEA PARTY yo ,malgre ke yo montre BATISTÈ OBAMA ;malgre temwayay madan doktè ki te delivre misye an ;yo kontinye ap di ke misye pa AMERIKEN se lan KENYA li fèt.
Epitou apa anbasad ameriken an di ke YOURI LATORTUE se yon sispèk lan sasinaj lan.
Men tou w ap kwè ke sòf si yo t a di ke YOURI ta fè sa ,sou zòd ARISTIDE
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Si yon moun koupab de yon krim e viktim yo ou bywen la jisitis pa ka jije l e byen se pa enmi l ki ka jije l.Nou di Aristide se te parenn drug la.An nou admet ke se vre. poukisa lè yo te fèl al afwonte Ketan yo pat tou fèmen l tou?jodya Aristide pa an afrik di sid ankò se an ayiti li ye kote gwo zotobre yo fè sa yo pi pito poukisa yo pal arete Aristide?nanpren moun ki ka di ke Paul denis se pwotektè ou byen se zanmi Aristide poukisa anvan li te demisyone li pat fè arete Aristide.martelly pa zanmi Aristide poukisa li pa ba Mario Andresol lod arete Aristide?
eske yon moun ki genyen bon sans ta panse ke Aristide ta mande tounen an ayiti pandan ke paul Denis Ministre de la justice ou byen ke martelly presidan an ayiti sil te konen ke li koupab de krim ke yo repwochel yo.
eske yon moun ki genyen bon sans ta panse ke Aristide ta mande tounen an ayiti pandan ke paul Denis Ministre de la justice ou byen ke martelly presidan an ayiti sil te konen ke li koupab de krim ke yo repwochel yo.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Le gros roseau a écrit:Si yon moun koupab de yon krim e viktim yo ou bywen la jisitis pa ka jije l e byen se pa enmi l ki ka jije l.Nou di Aristide se te parenn drug la.An nou admet ke se vre. poukisa lè yo te fèl al afwonte Ketan yo pat tou fèmen l tou?jodya Aristide pa an afrik di sid ankò se an ayiti li ye kote gwo zotobre yo fè sa yo pi pito poukisa yo pal arete Aristide?nanpren moun ki ka di ke Paul denis se pwotektè ou byen se zanmi Aristide poukisa anvan li te demisyone li pat fè arete Aristide.martelly pa zanmi Aristide poukisa li pa ba Mario Andresol lod arete Aristide?

Eske ou konen ki traktasyon ki fèt an ba tab pou retou ni JCD ni Aristide, se pa konsa ni youn ni lot tounen. Fok ou ta mande Preval pou ki sa li fè yo tounen?
Maximo- Super Star
-
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Ki donk Preval genyen otorite sou DEA tou?jodya se pa Preval ki presidan an ayiti se Joseph martelly enmi jire d'Aristide ak GNBIST yo ki o pouvwa.an nou tann moun ke Martelly pral mete Minis de la jsitis pou nou wè ki jan pwosè Aristide la pral deroule si nou pa fè sa se callate .ah ah ah ah
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Le gros roseau a écrit:Ki donk Preval genyen otorite sou DEA tou?jodya se pa Preval ki presidan an ayiti se Joseph martelly enmi jire d'Aristide ak GNBIST yo ki o pouvwa.an nou tann moun ke Martelly pral mete Minis de la jsitis pou nou wè ki jan pwosè Aristide la pral deroule si nou pa fè sa se callate .ah ah ah ah
Ah AH AH AH AH, piga mwen tande rèl kay makorèl apre.
Maximo- Super Star
-
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Pap janm ka gen rel ka makorel depi se yon tribinal enpatyal ki jije l.ap genyen rel ka makorel si se yon kangarou court,yon bann GNBIST nou mete ki pou jijel.mwen te toujou mande pou yo ba ni li ni JCD dwa pou yo defannn tet yo lakay yo.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Joel a écrit:Non THUNDER;
Mwen pa absolitis tankou w ak MAXIMO.
Jounal ,moun chanjeSe pou w wè jan NYTIMES te kouvri ranvèsman JACOBO ARBENZ lan ,lan GUATEMALA.Yo te di ,misye se te yon KOMINIS,se te yon danje pou SEKIRITE AMERIKEN.Jounen jodi an y ap pale de misye tankou l te yon SENe ke se pi gwo kou ETAZINI te pote GUATEMALA ak ranvèsman ARBENZ lan.
Pou MARCUS GARCIA tou ;wi mwen te ap voye misye monte ;mwen te menm di pou misye te kandida an 2006,menm jan ak MICHELE MONTAS.
MARCUS chanje,misye te vini sanpousan PREVAL e misye te aji konsa;MARCUS te menm patisipe lan kanpay kont PATI LAVALAS e t ap di se fòt yo yo pa t anrejistre.
Mwen te wè PIPORIKO di ke MARCUS te di ke li fin granmoun ,li pa p ale ann ekzil ankò.
THUNDER;
Jan m panse pa fije ;oumenm ak MAXIMO ,depi yo di yon bagay pozitif de ARISTIDE;nou monte chwal nou.
Mwen menm mwen di ,mwen pa gen monopol la verite tankou yo di l"la vérité est plurielle
Wou pa bezwen lang wou 7 fwa nan bouch wou pou w di yon bagay ki osi senp. Wou pa tolere oken medya oubyen moun mete kk chat Aristide ak bizango l deyò. Moun chanje vre, men se pa toujou nan bò Joel renmen an ke yo chanje. Wou t ap voye Marcus monte paske li te parèt "friendly" ak Lavalas, men jou li vire bonèt li dèyè tèt li, li te gen tn genyen tout defo. Toutfwa, li ta bon pou wou menm ak koniflèt tatawèl wou yo ta kenbe yon ti rezèv e mete bab pa nou alatranp paske mwen si ke pi ta ap pi tris.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Le gros roseau a écrit:Si yon moun koupab de yon krim e viktim yo ou bywen la jisitis pa ka jije l e byen se pa enmi l ki ka jije l.Nou di Aristide se te parenn drug la.An nou admet ke se vre. poukisa lè yo te fèl al afwonte Ketan yo pat tou fèmen l tou?jodya Aristide pa an afrik di sid ankò se an ayiti li ye kote gwo zotobre yo fè sa yo pi pito poukisa yo pal arete Aristide?nanpren moun ki ka di ke Paul denis se pwotektè ou byen se zanmi Aristide poukisa anvan li te demisyone li pat fè arete Aristide.martelly pa zanmi Aristide poukisa li pa ba Mario Andresol lod arete Aristide?
eske yon moun ki genyen bon sans ta panse ke Aristide ta mande tounen an ayiti pandan ke paul Denis Ministre de la justice ou byen ke martelly presidan an ayiti sil te konen ke li koupab de krim ke yo repwochel yo.
Mwen te di sa e m ap repete l ankò. Non Michel Francois te konn site tou, apa l ap viv pezibleman nan Honduras. Kisa ke w wè ki rive Toto Constant? Se pa pou krim Ayiti non ke l ap peye laa.
Yon lòt kesyon ke moun k ap pale sa yo pa konnen yo ta dwe reponn: Poukisa ke Ameriken te sezi plizyè milye paj dokiman FRAPH lan pandan envazyon an, e remèt sèlman pati ki pa genyen non gwo zotobre Ameriken yo

Se pou REZON DETA.
Se pou menm rezon saa ki fè ke yo pa mare Aristide, li te nan konfyolo mafyozo ak twòp gro tèt Ameriken, tankou BLACK KOKEN yo, pou souse TELECO ak blanchi lajan sal. Si te youn oubyen 2 Ameriken, yo t ap mare yo. Men lè se tout yon rezo pou yo flanke minòt, sa ka lakòz ke politik peyi an baskile nan yon eskandal san presedan. Anplis, krim yo komèt yo se Ayiti ke yo fè mal, se pa peyi Etazini.
Ebyen, apa pa genyen youn nan mesye ansyen rejim militè yo ki nan prizon pou dwòg tou, yo tout inosan tou ah! ah! ah! Ala kote moun yo kite fanatism bouche sèvèl yo konpè se sou Forum Haiti (lol).
Paske yon moun an libète pa vle di ke l pa koupab. REZON DETA genyen plis pouvwa ke Lajistis. Mwen pa konnen si w te konn sa.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Si yo pa ka jijel o Zeta zuni kote yo te jije Manuel Noriega. e nou pa ka jije l ayiti se pa wou ki ka jij e persekitè an menm tan.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Mwen pa pèsekitè pèson, mwen jis pa vle ke fanatik yo bay moun manti. Se pa paske li inosan ki fè ke jounen jodia li p ap pije pèn ke l merite kòm asasen e vòlò. L ap jije kanmenm, yon fason oubyen yon lòt.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: WIFOUT ,WIKILEAKS PASE MEN PRAN YOURI
Pa enkyete w ROZO;zanmi kriminèl THUNDER yo ap jije anvan;viktwa ekstrèm dwat kriminèl lan ,se yon bagay tanporè.
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Page 1 sur 2 • 1, 2

» Apalitou! Nouvo lame an pase pran tout ansyen jandam.
» ESKE SE PA LOUVRI YON BWAT DE PANDO JIJMAN LAMOTHE POU PASE PRAN ARISTIDE
» Zuma premye etni zoulou ki pran pouvwa Afrik di Sid, kisa pral pase ak Tutud
» Ayiti koman manifestan pran beton mete ekolye an otaj men lese Boukman pase
» SELON SAUVEUR ETIENNE PREVAL PRAN KONTROL PALÈ NASYONAL. LI VLE PRAN PRIMATI TOU

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|