Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

4 participants

Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  jafrikayiti Mar 2 Aoû 2011 - 12:16

Marc,

Ou va remake mwen patisipe detanzantan sou fowòm nan pou pataje kèk dokiman rechèh epi pou brase lide ak konpatriyòt yo. Men, alaverite sètansi mwen twouve nivo a desann ba anpil. Gen yon seri nèg ki tèlman konplekse yo gen lè santi depi se an kreyòl y ap ekri se betiz ak voksal pou yo ldeblatere. Blokaj mantal fè yo limite lang yo an pansan se lang nan ki limite. E poutan!

Gen yon valè edikatif fowòm sa a te ka pran. Men, malerezman, li ka pi fasil pou li rete anbreye nan vilgarite kèk demeplè vle trennen li la a. Se pa tout tan wout ki pi fasil la se limenm ki pi bon.

Tankou ou konnen, mwen abitye fè diskisyon ak tout konpatriyòt nan lonè-respè. Kit se sa ki kanpe sou menm pozisyon ak mwen sou yon sijè osnon ki wè koze yo depaman. Mèzalò, mwen pa p apiye okenn konpetitsyon gede sou fowòm nan. Espesyalman lè moun ki ta sipoze moderatè yon chenn diskisyon chwazi itilize espas la pou li voye monte yon bann betiz rasis - ki pa epanye menm tilezanj - osnon pou atake vi prive moun ki pa benefisye "privilèj anonima" menm jan ak yo.

Ou ta ka wè mwen ekri tout kalite kritik osijè Michel Martelly sou baz sa li di, sa li fè. Men, keseswa jamè pou mwen ta ankouraje moun ki ta vle avili madanm li osnon pitit li sou baz vye prejije rasis osnon lòt kalite yo ta soufri. Menmman parèyman pou ansyen prezidan peyi Dr. Aristide, madanm li ak 2 tilezanj li yo.

Gen atak se "cheap shots" yo ye - sitou lè moun n ap kalonnen an pa gen mwayen pou li ta kalonnen nou tou - pandan nou kache byen konfotab dèyè klavye ak fo non n ap itilize sou fowòm piblik la.

Gen anpil sitwayen moun de byen sou fowòm sa a. Gen anpil moun ki ekri pou pataje bon jan enfòmasyon ki ka itil. Mwen espere, kontribisyon valab sa yo va ogmante jiskaske rans medizans yo tounen yon kantitie neglijab nan foul la. M ap kontinye pote sa mwen kapab, nan espas kote mwen sa ka itil.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Re: Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  Marc H Mar 2 Aoû 2011 - 12:39

Mèsi anpil Jafrikayiti

Safe lontan nap esaye protege fowom de bagay sa yo wou sot pale la . Mwen telman vle bay tout moun pale . souvan mwen laisse anpil moun arogan pale sou fowom lam .

Mon but c'est de provoquer ce face à face entre haitien konplekse sayo ak lot ki pa konlekse. Jou va , jou vien nap fini pa rive kote nou tout vle fowom lan rive.

Mwen kwè ke tout moun kap patisipe sou fowom lan renmen fowom lan . Mais je reconnais que nous avons un problème grave dans ce forum . Ce problème découle de notre deficit démocratique . Nous devrons faire cet apprentissage democratique , à savoir accepter le point de vue de l'autre . C'est le problème numéro 1 dans les discussions inter-haitiennes. Si tu n'es pas d,accord avec moi , tu es contre moi. Je jure que je vais travailler pour demontrer aux lecteurs que ce n'est pas vrai ce proverbe . Je suis contre une politique . Je ne suis pas contre mon pays . Je suis dans l'opposition pour mieux travailler au progrès d'Haiti. Il faut une opposition pour faire fonctionner la démocratie . Il faut des opinions diversifiées pour faire avancer un débat et un pays .

Vive le dialogue inter-haitien

Jafri mwen konte sou kolaboration'w ak lot yo pou nou fe fowom ayiti vini un espace ou les haitiens de toutes catégories sociales ne se sentent pas exclus .

Bravo

Marc Henry


Dernière édition par Marc le Mar 2 Aoû 2011 - 23:20, édité 1 fois
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Re: Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  dilibon Mar 2 Aoû 2011 - 13:00

Bon mwen li sa konpatyot Jaf ekri. Msie genyen anpil rezon e se youn nan patisipan ki pa janm mete bav nan boush li pou di sa li pense. Dako ou pa ak msie fok nou rekonet ke li fe youn travay de rechech vre. Nou ka dako ou pa dako ak tout opinion li men li rete youn patisipan de pwa. Solid kenbe la fre.

Sependan, fok nou pa fe tet nou okenn ilisyon, nap toujou jwenn moun ki vle kenbe youn seten standa epi nap jwenn refleksyon soyete nou vle sevi ki le emosyon debode eh byen se fyel pete. Pafwa moun kap diskite ou ki ap joure konn pataje plis ke yo pense. Men, nou pa ka vle desevi youn sosyete san ke nou pa konnen dinamism li vre. Li nan ayisien pou le li fanatik pou li aveg e paka we anyen ki pa sonnen menm jan ak senfoni pa li an. Le sa fok genyen grnamoun ki nan zonn pou mete ola e fe yo sonje fomasyon ak ledikasyon yo epi konn genyen lape.

Mwen pap ankouraje pesonn aji mal men le sa rive fok genyen moun ki ka leve ak payans e sajes mete ola olye de fe ti dife volan. Metye edikasyon ak chanjman mentalite fok nou genyen fyel pou nou ede, retounen ak plis ed, regade strateji nou pou nou fe esans sa nap pataje transpire nan tout lespri jan ke nou vle a. Bagay sa yo pase nan fourm sou internet, gende kote ki konn gneyen plis toujou men.... an nou kontinye nan wout fran pale ant ayisien an!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Re: Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  dilibon Mar 2 Aoû 2011 - 13:06

What Does It Mean To Be Educated?

By Steve Denning | Forbes – Sun, Jul 31, 2011
"A demonstrated ability to listen carefully, to think critically, to evaluate facts rigorously, to reason analytically, to imagine creatively, to articulate interesting questions, to explore alternative viewpoints, to maintain intellectual curiosity and to speak and write persuasively. If we add to that a reasonable familiarity with the treasures of history, literature, theater, music, dance and art that previous civilizations have delivered, we are getting close to the meaning of educated."

"To develop the intellect, presumably including linguistic, mathematical and analytic capabilities. To produce competent, caring, loving, and lovable people. To create and sustain a democratic society. To invest in producing future workers for the workforce and, ultimately, corporate profits.


Qu'est-ce que cela signifie d'être Instruit?

By Steve Denning | Forbes – Sun, Jul 31, 2011
"Une capacité démontrée à écouter attentivement, à réfléchir de manière critique, d'apprécier les faits de façon rigoureuse, de raisonner méthodiquement, à imaginer de manière créative, d'articuler des questions intéressantes, à explorer des points de vue différents, de maintenir la curiosité intellectuelle et à parler et écrire de façon convaincantes. Si nous ajoutons à cela une connaissance raisonnable avec les trésors de l'histoire, la littérature, le théâtre, la musique, la danse and l'art que les civilisations antérieures ont produit, nous arrivons proche de la signification du mot éduqué."
"Pour développer l'intelligence, y compris vraisemblablement des capacités linguistiques, mathématiques et analytiques. Pour produire des gens compétents, attentionné, aimant et aimable. Pour créer et maintenir une société démocratique. Pour investir dans la production de futurs travailleurs de la main-d'oeuvre et, finalement, recueillir le bénéfice des entreprises."

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Re: Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  travers Sam 6 Aoû 2011 - 7:18

DILIBON ET MARC
je vous fellicite de votre largesse d esprit de votre ouverture pour la compreention de l autre c est tres bien study
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com Empty Re: Kalite entèvansyon sou forumhaiti.com

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum