Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

RD: Dosye imigran ayisyen yo pa dwe rete anba tab

Aller en bas

RD: Dosye imigran ayisyen yo pa dwe rete anba tab Empty RD: Dosye imigran ayisyen yo pa dwe rete anba tab

Message  gwotoro Dim 18 Mar 2007 - 11:03

REPIBLIK DOMINIKÈN / VIZIT PREZIDAN AYISYEN AN, RENÉ PRÉVAL / Dosye imigran ayisyen yo pa dwe rete anba tab

(Nòt pou Laprès)

GARR salye vizit prezidan ayisyen an, René Préval, ap fè nan Repiblik Domini- kèn kote li pral chita pale avèk otorite dominikèn yo anvan li patisipe nan Somè rejyonal sou dwòg la, ki prevwa pou fèt nan peyi sa a, 16 mas 2007.

Se yon bon siy pou relasyon 2 peyi yo, lè dirijan sou zile a, detanzantan, chita pale pou gade ansanm plizyè dosye ki konsène relasyon 2 peyi vwazen. Malerez- man, nan chita pale sa yo, otorite yo trè souvan gen tandans mete koze migrasyon an sou kote, oswa anba tab. Kòmkwa, se yon koze ki twò cho, ki ka mete divizyon, oswa ki ka gate zanmi. Poutan, koze dwa imigran ayisyen yo an Repiblik Domini- kèn se yon dosye enpòtan, ki travèse tout lòt dosye ki gen arevwa ak relasyon 2 peyi yo.

Nan mwa janvye 2007, prezidan René Préval ak Leonel Fernandez rankontre nan Nikaragwa, nan okazyon prestasyon sèman nouvo prezidan Daniel Ortega. Tousuit apre, chefdeta ayisyen an anonse somè dwòg la pral fèt e yo pran tout dispozisyon pou reyalize l. Poutan, depi nan koumansman ane a, n ap asiste anpil dram imigran ayisyen yo ap viv ki ta merite pou gen gwo chita pale ki fèt sou dosye sa a tou. Men, pa janm gen okenn desi- zyon ki pran, alòske rapatriman yo pa janm kanpe epi trafik moun kontinye pi rèd sou fwontyè a.

Reyalite migran ayisyen yo an Repiblik Dominikèn tèlman malouk, gen plizyè òganizasyon ki santi yo konsène e ki pibliye nan koumansman ane 2007 la rapò sou sa. Nou ka site rapò Refugees International ak Sèvis Literyen pou Imigrasyon ak Refijye pibliye apre yon misyon yo te fin reyalize sou teren an. Yo te mande 2 gouvènman yo chita ansanm prese prese pou rezoud yon seri pwoblèm ki pa ka tann, yon bann moun ap viv, tankou paregzanp sitiyasyon desandan ayisyen yo okenn nan 2 peyi sou zile a pa rekonèt.

Nan koumansman mwa fevriye a, ayisyen ak dominiken nan Nouyòk te fè rasanbleman devan Konsila dominiken an pou mande respè dwa migran ayisyen yo. Fen fevriye menm, gwo seminè fèt, nan Inivèsite John Jay College, kote migran dominiken ak ayisyen nan peyi Etazini, analize difikilte migran ayisyen yo ap viv an Repiblik Dominikèn.

2 mas 2007, Depatman Deta ameriken pibliye yon rapò Dwa Moun kote li lonje dwèt sou diskriminasyon kominote ayisyèn ki an Repiblik Domini- kèn ap sibi. 7 mas, òganizasyon dominikèn Solidaridad Fronte- riza ak Rezo Binasyonal Jano Siksè, remèt yon gwo rapò bay otorite nan Dajabon, sou tout vyolasyon sitwayen-sitwayè n ayisyen yo ap sibi nan men otorite sou fwontyè a. 9 mas, nan Nouyòk, Sekretè Jeneral OEA, Jose Miguel Insulza, pale sou diskriminasyon ti desandan ayisyen ki san papye yo ap sibi. Toujou nan mwa mas la, nan kad yon vizit prezidan Fernandez te fè Pòtoriko, òganizasyon pòtoriken Pro-Ninez lanse yon petisyon pou mande prezidan an respekte desizyon dwa nasyona- lite pitit Ayisyen yo, jan Lakou Entèamerikèn dwa moun n reklame sa.
Alòske toupatou, vwa ap leve pou mande voye je gade moun sa yo, otorite ayisyèn yo poko janm pran konsyans se yon dosye enpòtan. Nan virewon y ap fè an Repiblik Dominikèn, yo pito chita sou lòt koze.

Garr ap fè remake, dosye migrasyon ayisyen nan Repiblik Dominikèn chita nan kè relasyon 2 peyi yo, e dirijan sou zile a, dwe mete men pou rezoud pwoblèm ki poze yo, olye yo fè kòmkwa yo pa okouran. Ki lè y ap okipe zafè trafik moun k ap fèt toulejou sou fwontyè a, anba je tout moun?

Garr ap fè remake, malgre pwomès ki te fèt, dirijan ayisyen ak dominiken yo pa janm reyaktive Kominisyon Miks la ki se yon espas ofisyèl ki ta pèmèt deba fèt sou yon seri pwen enpòtan ki konsène 2 peyi yo, anvan yo siyen akò sou yo.

Garr mande yon lòt fwa ankò pou Komisyon Miks la rekoumanse fonksyone epi pou l tounen yon espas dyalòg ak desizyon ki efikas kote koze enpòtan yo, tankou koze ki konsène Dwa Travayè Migran, fwontyè...

Fen teks Garr.

Groupe d’appui aux rapatriés et aux réfugiés (Garr), 14mas 2007

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum