Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-15%
Le deal à ne pas rater :
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ 75367 Le croiseur d’assaut de ...
552.49 € 649.99 €
Voir le deal

koman nou ka retire Ayiti kote li ye la'a?

Aller en bas

koman nou ka retire Ayiti kote li ye la'a? Empty koman nou ka retire Ayiti kote li ye la'a?

Message  dilibon Mer 10 Aoû 2011 - 14:09

Martine la tourmente,

Pi gwo rezon reta ekonomik Ayiti se enstabilite politik la ak koripsyon ke youn ti gwoup ayisien ap kontinye awoze ak patisipasyon e konplisite blan an kap fe ti dife volan. Men si ou pwan AYiti epi ou ouve li wap remake ke pwoblem ekonomik li yo pa vreman konpleks jan anpil moun ap pale a.

Nou gneyen youn balans bidjete ki chita sou preske 70% sipo etrnaje. Sa'a se youn pwoblem, youn pi gwo pwoblem le ou konsidere ke majorite peyi donate yo chaje ka pwop pwoblem pa yo. Kisa Ayiti ka fe pou rapote plis kapitla pou finanse pwoje a koutem lakay li san sipo etranje? Lide pam:

1- Se pemet tout ayisien ak moun ki genyen relasyon ak Ayiti kap viv osu la te pou yo ka patisipe nan jwet politik la. Yap ka fe sa nan internet nan youn sit tou nef kote apre yo finn signen ak enfomasyon yo, yap peye $100 dola meriken sou kredi kat yo. Imajine w ke genyen 3000,000 aysien ou byen 500,000 ayisen si ou mete pitit ayisien yo ladan yo ki ap peye 100 chak lane? Lajan ki soti NY ka ale nan edikasyon, Miami ka ale nan enfrastrikti, lot eta yo nan adminsitrasyon, lajan lot kontinan yo ka dirije lot kote tankou agrikilti. Imajine w ke chaj sa'a ka ogmante chak 4 lane!

2- Ayiti ka aranje paket sit istorik li yo pou atire ou oblije timoun lekol vizite. Bagay sa yo ka jenere anpil lajan.

3- Takse peche yo tankou gwo taks sou sigaret ak alkol, taks sou jwet aza kazino ak bolet!

4- Desann taks dwann men fose tout moun ki dwe peye menm si ka genyen rediksyon si yo peye sou plas.

5- Mete tolls sou nouvo wout yo pou maintenance ak konstriksyon lot wout.

6 Refom legal ak fiskal ki ak eliminen komes enfomel la. Fok tout komes fomel. Ti biznis (mwens de 500,000 goud) ka pa peye taks men fok yo anrejistre pou depatman komes ka ba yo semine ak ti kredi, voye yo nan fwa ak lot ekspozisyon ak tout fom ede ki ka fe yo rive a nivo pou peye taks kom sa dwa.

7- Biznis ki ale andeyo de Potoprens selon si yo nan grand vil ou byen kominn ou byen seksyon riral e yo kreye youn nonm danplwa ka jwenn plis lane ke yo pap peye taks.

8- Konpayi ka peye taks direkteman ou byen yo ka adopte youn lekol ou youn ekip spotif ki ka ede yo desann bodro fiskal yo.

9- Refom nan enpo lokatif. Tout moun net pa peye taks sa'a selon tay kay la. Kay ki poko fini ap genyen youn tan pou yo fini andedan tankou deyo. Bagay kay la fini andedan epi deyo pa fini pou li pa peye taks swadizan li ankonstriksyon an fini. Okontre kay fini ap peye mwen ke kay ki pentire deyo pou anbeli vil la.

10- Sevi ak pri gaz la kom youn nan moyen pou dekonsantre Potoprens, gaz la ap pi bon mashe andeyo, an pwovens e tout tan wap mashe sou Potoprens lap vinn pi che.

Ou we youn seri de mezi ke ou ka pwan ki ka pemet ou di nan 5 kan men kote nap ye, nan 10 zan men ki kote nap ye. men tout tan nou fe chwa ap viv an parasit, an grenn 5, degrenn goch ak youn politikayri san fwa ni lwa kap detwi youn lot eh byen nou fouti! Men ap rete anpil tan anko non pou nap fe jwet mwen pap kite pou ou se ou ki pou kite pou mwen an non. Daiboloze tout moun nou pa renmen e diolatre vagabon nap sevi san we big picture a kise Ayiti... nap nan big trouble!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum