Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

3 participants

Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Joel Mer 7 Sep 2011 - 9:02

[b]Lè w ap tande radyo yo ann AYITI ,ti krik ti krak ou tande EKONOMIS AYISYEN ap fè kòmantè.Yo menm gen yon asosyasyon ki rele ASOSYASYON EKONOMIS AYISYEN.
Lè w tande mesye sa yo ap kòmante ;se yon bann platitid ;yon bann kliche.
Poukisa kèk lan yo pa mete tèt yo ansanm pou yo ouvri yon BOURSE.Mesye sa yo pa kapab kòm toujou se DJÒB LETA y ap tann ki se bi pi fò AYISYEN ki yon ti moso edikasyon .
Mwen di sa ;JAMAYIK gen yon BOURSE e gade BOURSE DOMINIKEN an ki kòmanse piti e kounye an ap jenere 56 milya dola dominiken ,ou byen anviwon 1.5 milya dola ameriken an chif dafè.
E kòm ekonomi dominiken an ;5 fwa pi laj ke pa AYITI ;eske yon BOURSE AYISYEN pa ta ka jenere 300 milyon dola an chif dafè.

Poukisa ekonomis sa yo pa ale lan JAMAYIK ou byen an DOMINIKANI pou etidye jan BOURSE yo fonksyone ;ki lwa ki pran ,ki ""garde fou"" ki genyen.
Ak yon BOURSE ann AYITI ;gen anpil biznis ki ta ka demare.

Li atik sou BOURSE DOMINIKEN an

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2011/8/30/40753/Dominican-Republic-Bourse-annouces-Bloomberg-E-Bond

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Le gros roseau Mer 7 Sep 2011 - 16:17

Joel
Ankor yon fwa mèsi pou information saa ki montre ankor yon lot fwa diferans de devlopman ant 2 peyi yo.An dominikani genyen yon elit eklere e responsab an ayiti nou genyen yon senkyem kolonn retrograd e enbesil.genyen yon moun ki te ekri yon verite sou site le nouvelliste ke mwen pa janm bliye;li te ekri ke :"l'elite en haiti n'est ni elitiste ni haitienne."Et menm Preisdent Martely rekonet sa lotrejou lè li di nou pa yon sosyete nou pa yon peyi.byen ke les linges sales se lavent en famille "li pat dwe di sa pandan ke li Presidan.men li pa lwen la verite.

Genyen moun ki konn ap di :mwen arogan ,mwen egri,mwen jalou.mwen rayi milat mwen rayi entelktyel.Men ki jan poum ta fè renmen moun sa yo lè mwen ap gade yon peyi ki ap deteryore devan je yo e yo pa konnen ki jan pou yo fè pou frennen decheyans lan ;ki jan poumm fè respekte swa disan neg ki ap pran poz ekonomis yo an ayiti si yo pa ka fome menm yon bank komersyal san ke yo pa sabote bank lan yo menm ak gwo apwentman pou yo vinn rich yo pa ka menm fome yon investment bank pou pemet entreprenè jwen kredi pou yo pwodwi plis byen ak servis nan peyi ya.Ki jan poum ta ka respekte zentelektyel komokyel ayisyen ki pa ka fome konpayi ki pou pwodwi menm ze ak let ak fromaj nan peyi ya pou ba pep la manje?tande konbyen kob bous dominiken ap jenere chak ane.Ki jan pou se pa lakay yo pou nou ap achte manje ak tout materyo de konstiktyon nou beswen.Ki sak fè nou pa ka kreye yon konpayi tankou Home depot an ayiti tou? pouki sa nou pa ka fome yon konpayi tankou kraft, del Monte, Dole, Tyson food an ayiti tou?

Alor se bagay saa ke mwen genyen ak zentelktyel komokyel ki se job nan leta selman yo vle fè pou yo kale wes.lèm tande genyen 50.000 jen ayisyen ki ap etidye an dominikani epi pou yon ayisyen ap vinn dim li for pase ralfor mwen mande ki sa konesans li ya itil peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  revelation Mer 7 Sep 2011 - 18:05

Ayisyen pa sofistike ni edike ase pou angaje yo nan eTrade, eBond konnyen la.
Pep la ap pran nan boul malathon jak jou nan jwe Bolett, jwet zo e nan fe "main" w vle pou yo al tombe nan eTrade ak eBond.
Investise professionel, intellijan, e sofistike pedi lajan yo nan domaine saa.

Joel! pa vinn pran foli grandeur la ni frape l'estomak w pou di ke Ayisyen kap fel tou!!
Li pran ekonomi Dominiken an plis ke 20 tan avan ke yo komanse avek Bond e stock maket saa.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Joel Mer 7 Sep 2011 - 19:06

Kòm toujou lè w ap li ou chwazi.
Eske w pa wè madanm di yo kòmanse piti piti ;se kounye an ap fè E TRADE ,E BOND .JAMAYIK gen yon BOURSE ,gen anpil lòt ti peyi ki genyen sa tou.
Pou oumenm enterè w se kilès ki lan tèt peyi an ;tankou w ap plede ke se pou yo konpoze ak ti minorite zwit lan.
Pou m repete pawòl MARC BAZIN yo pou wou ;li lè pou yon gwoup moun ki pa jenere richès gen tout pouvwa sa sou vi politik peyi an Lli lè pou sa fini
Se te jis yon parantèz .Gen anpil bagay ki ka fèt san nou pa toujou lan konsiderasyon ki moun ki alatèt peyi an;pou konn kilès ki ap jwenn djòb LETA.GEN LÒT BAGAY KI KA FÈT.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Le gros roseau Mer 7 Sep 2011 - 20:59

Epi ki sa ki di fok se nan trade elektronik nou komanse ki jan chicago mercantile exchange lan te komanse. Ki jan wall street te komanse.ki jan Philadelphia te komanse?Se bagay saa ki fè nou ap toujou deyè kamyonet la.si lè madoff ayisyen te ba moun kout ba yo te fout femen yo nan prison a vi e byen koruptyon tap fini.wi li pran dominiken yo 20 lane pou yo rive kote yo ye jodya men se yon jou yo te komanse e nou ki lè nap komanse?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Joel Jeu 8 Sep 2011 - 11:36

Depi yon bagay gen pou l wè ak djòb LETA ;gen yon seri de nèg ki ap di w yo byen prepare;entèl byen prepare ;yo te gen tan ""le plus capable"";men pou lòt bagay ki vini routine lan lòt peyi ;ki mande yon ti risk finansye ;menm nèg sa yo ap vin di w ke peyi an pa prepare.
Sè djòb LETA sèlman ;nèg ki ""prepare"" yo vle fè; pou yo KALEWÈS e BOULEGRA san risk.
Se pa koripsyon ki pa genyen an DOMINIKANI ;seryezman gen plis KORIPSYON an DOMINIKANI ke AYITI ;men tou yo ankouraje ANTEPRENÈSHIP;tout nèg pa layite dengonn yo pou se DJÒB LETA sèlman yo wè yo ka fè.

Etabli yon BOURSE se pa si tèlman difisil ;men gen ti risk ;poukisa bann nèg ki di yo se EKONOMIS pa ale lan JAMAYIK e DOMINIKANI pou etidye kijan yo te kòmanse e òganize BOURSE yo an.
Fò k gen moun serye lan peyi an ki ta vle etabli biznis men yo pa gen aksè a KAPITAL ;yo ta gen dwa manm BOURSE sa a pou yo leve KAPITAL.
Ann AYITI ,se sèlman 15 % djòb ki lan sektè prive fòmèl lan ;yon peyi pa ka ap kontinye fonksyone konsa ;fò k gen yon bagay ki fèt
Mezanmi ,gade VYETNAM ,ki 30 a 35 an de sa te pi pòv ke nou ;kounye an yo gen miltinasyonal NATCOM ki ap bay djòb lakay nou.
5

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Le gros roseau Jeu 8 Sep 2011 - 12:59

Yè swa map gade yon peyi asiatik mwen kwè se Singapoure sim pa twompe m kote kapital la jodya ki te yon ti vilaj de pechè pa trop lontan de sa jodya se yon kapital modern chaje ak gratte syel.epi genyen yon paket multimilyonè nan peyi ya.Poukisa nou pa ka imite sa moun sa yo fè pou yo devlope peyi yo.eske se nou ki pi bet pase tout moun ou byen se paske se chacun pour soi Dieu pour tous la ki ap kokobe nou.Poukisa nou pa ka fome konpayi ki pou pwodwi manje nan peyi ya?Poukisa mwen ka achte stock Kraft epi mwen pa ka achte stock nan yon konpayi ayisyen ki ap pwodwi manje nan peyi ya?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Joel Jeu 8 Sep 2011 - 13:22

Annou pran yon bagay pratik.Mwen te li yon atik sou NOUVELLISTE sou potansyèl touristik MILOT lan NÒ an .
Si te gen yon BOURSE ann AYITI e gen yon gwoup serye ki ta vle eksplwate potansyèl sa a.Eske pa ta gen AYISYEN e ann AYITI e lan dyaspora a pa tap achte aksyon pou devlope zòn sa a.
Yo di gen otèl lòt bò fwontyè an ;an DOMINIKANI ki ap òganize tounen pou touris yo al vizite SITADÈL lan .
Pa gen tankou SITADÈL lan ,lan tout AMERIK lan.
Si ta gen otèl lan zòn lan ;yon vilaj touristik;konbye djòb ki t ap kreye?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU? Empty Re: POUKISA PA GEN YON ""BOURSE""ANN AYITI TOU?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum