Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Réassort du coffret Pokémon 151 ...
Voir le deal

ZANJ LAVI

Aller en bas

ZANJ LAVI  Empty ZANJ LAVI

Message  jafrikayiti Mar 20 Sep 2011 - 2:00

by Jafrikayiti Jean Elissaint Saint-Vil on Tuesday, September 20, 2011 at 1:52am

ZANJ LAVI - Lame tou nèf sa a n ap pale a, si se pa ak lajan Ayisyen nou peye salè li, abiye li, antrene li, ekipe li, nou mèt konnen se pa yon Lame Ayisyen l ap ye. Se menm salopri FAdH kolon rasis yo te kite pou maspinen popilasyon Nwa Ayiti a, nou pral mete nan dengong malere anko.

Ayiti pa bezwen plis zàm fann fwa (made in USA) pou disparèt popilasyon sivil li. Nan ane 2011 gen anpil zàm puisan yon lame revolisyonè dwe genyen nan men li pou li goumen ak zagribay ki anpeche pèp nou an respire. Yon lame jenn fanm ak jenn gason ki suiv yon pwogram re-edikasyon (kasechenn nan tèt) se yon lame ki ap pi efikas lontan pase lame bagay tradisyonèl - zouti represyon kolon makiye nou abitye sibi yo.

Depi kèk ane m ap ankouraje nou mete kanpe yon lame Zanj Lavi. Sa vle di 55550 fanm ak gason deside ki kanpe pou defann chak nan 27, 750 kilomèt kare nou an kont tout mesas. Chak kilomèt kare va genyen 1 fanm osnon 1 gason ki responsab li. Sa vle di, kit se menas lanati (dife, dlo, bakteri), kit se menas kriminèl etranje (pedofil avek ou san soutàn k ap fè ti dife vole ant Ayisyen) - Zanj Lavi yo ap kanpe afas yo pou defann sekirite pèp Ayisyen nan yon konsepsyon SEKIRITE TOTAL.

Se moun fou sèlman ki pou lage fal peyi yo nan men etranje pou ba yo sekirite. Menm nan moman pi kritik premye ane ekzistans Ayiti, nou ka wè ki jan Jean-Jacques Dessalines te jere relasyon li ak blan Angle ki se yon seri vwazen sispèk (sou zile Jamayik) li te oblije negosye ak yo....men li pa te janm lage fal peyi a sou kont yo. Se pou sa li te ame pwop bato pa li pou defann teritwa zile a. Se pou sa li te bati fo Kilbite, Fo Lafendimonn, Fo Deside ak yon latriye lot anko. Jodi a, nou dwe bati anpil fO....e nou dwe gen tout kalite kanno ki brake sou lenmi a.....Ak entèlijans, nou dwe aprann konprann kijan pou nou tradui reyalite 1804 nan espas reyalite 2011. Pa bliye: CHENN NAN TÈT PI DI PASE CHENN NAN PYE ! Men, jodi a, 20 sektanm 2011, anveritedye DESSALINES VIVAN!


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

ZANJ LAVI  Empty Re: ZANJ LAVI

Message  jafrikayiti Mar 20 Sep 2011 - 2:11

20 SEKTANM 2011 - Ayisyen kase randevou toupatou pou fete anivèsè Jean-Jacques Dessalines!

Nan New-York, randevou kase nan sant Kiltirèl Gran Chimen - 963 Rogers Ave, Bkln (btw Beverly Rd & Tilden Ave) Tel: 718-907-0484 Email: lakounyenfo@yahoo.com

Nan Ottawa, se nan restoran Goyave (2208 St-Joseph,Orleans) Ayisyen pral reyini jou 20 sektanm 2011 lan. Tel (613) 482-2549
Ayisyen toupatou kapab suiv sou entènèt apati 7è nan aswè sou www.akasan.org (akasantv)

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum