Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
(Adhérents Fnac) Enceinte Bluetooth Marshall Stanmore II Noir
199.99 € 249.99 €
Voir le deal

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

5 participants

Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  jafrikayiti Dim 23 Oct 2011 - 8:15

Twa rekòmandasyon ijan pou Prezidan Martelly, Premye Minis Gary Conille ak Gouvènman Ayisyen an :


Konpatriyòt,

Mwen ekri nou maten dimanch 23 oktòb 2011 sa a pou mwen pataje ak nou kèk rekòmandasyon mwen kwè ki ap bon pou sante peyi nou an epi pou gouvènman nou ap dirije a.

San pèdi tan, mwen mete lis rekòmandasyon yo devan je nou. Pi douvan, nou va jwenn yon esplikasyon tou kout, sou chak.

1. Prese-prese, pibliye dokiman enpòtan ki konsène tout nasyon an, tankou Bidjè Repiblik la pou ane 2011-2012 la ak Amandman Konstitisyon 1987 la, nan lang Kreyòl.

2. Pran kèk dispozisyon konkrè dekwa pou tout Sèvitè Leta respekte atik 40 Konstitisyon 1987 la ki konsakre dwa chak Ayisyen genyen pou li resevwa bon jan enfòmasyon nan men Leta peyi li, nan lang ofisyèl peyi a.

3. Mete lòd nan rezo enfòmasyon Leta Ayisyen an (sit entènèt, radyo, televizyon, Jounal Ofisyèl « Le Moniteur » etc…).


Esplikasyon sou Rekòmandasyon 1 – Bidjè 2011-2012 la, Amandman Konstitisyon an :

• Non sèlman se yon devwa Leta Ayisyen genyen pou li fè sa, li nan avantaj gouvènman peyi a lè sitwayen yo jwenn enfòmasyon klè nan sèl lang TOUT Ayisyen konprann tout bon vre a. Sa evite konfizyon, zen ak pale anpil pou granmesi.

• Osito Leta Ayisyen koumanse pibliye dokiman sa yo - an premye - nan Lang Kreyòl, li ap voye yon siyal klè, kòmkwa, Leta Ayisyen resi konprann nesesite pou li trete sitwayen Ayisyen an, kòm moun ki pi enpòtan devan je li. An menm tan, Leta Ayisyen ap amelyore kalite dokiman yo puiske lide orijinal ki jèmen nan lespri Sèvitè Leta yo an Kreyòl – pa bezwen tradui nan yon lòt lang epi, apresa, pou nou retradui yo ankò. Leta pral ekonomize tan ak lajan. Konsènan patnè entènasyonal yo, pa bliye, yo gen gwo mwayen aladispozisyon yo pou yo peye fè tradiksyon dokiman sa yo nan lang pa yo – Angle, Franse, Panyòl elatriye. Nou dwe fokis sou bezwen Ayisyen an premye. Kite zòt regle zafè zòt.

Esplikasyon sou Rekòmandasyon 2 – Respekte atik 40 Konstitisyon 1987 la:

• "Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a" - Atik 40 Konstitisyon Repiblik Ayiti http://ht.wikipedia.org/wiki/Konstitisyon_1987_(Ayiti) - Pi wo a, nou te deja esplike poukisa li pi lojik, ekonomik epi pratik pou Leta Ayisyen pibliye vèsyon Kreyòl dokiman yo, an premye.


Esplikasyon sou Rekòmandasyon 3 – Mete lòd nan rezo enfòfamsyon Leta Ayisyen an:

• Ayiti se peyi nan Karayib la ki gen plis medya tankou radyo ak televizyon. Kit se medya ki anndan peyi a, kit se sila yo ki nan dyaspora a, yo bezwen dokiman ofisyèl peyi a, nan lang Kreyòl pou yo ka fè yon travay enfòmasyon ak fòmasyon wodpòte.

• Jounal Ofisyèl Peyi a « Le Moniteur » pa gen dwa kontinye ap pibliye nan lang franse sèlman. Se yon dezòd grav, ki mete Leta Ayisyen nan kondisyon òlalwa!

• Sit èntènèt Leta Ayisyen yo difisil anpil pou moun jwenn yo. Yo tout pa konekte youn ak lòt. Laplipa pa gen okenn enfòmasyon itil nan sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm nan (Kreyòl). Anplis, yo chaje ak ipèlyen ki pa fonksyone. Mesyedam, nou ka rezoud ti pwoblèm sa a rapidopresto. Souple, pa trennen sou sa!

28 oktòb se "Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl". Nan okazyon dat sa a, chak ane, gwo reyinyon òganize nan peyi kote moun pale Kreyòl sou planèt la. Lakay nou, Ayiti epi nan dyaspora a, toujou genyen gwo aktivite sosyo-kiltirèl ki fèt jou sa a. Mwenmenm, mwen espere ane sa a, olye se yon dividal pwezi nou resite, responsab Leta yo va pran dispozisyon konkrè ki ale nan sans devwa li, wòl li epi bezwen pratik pitit peyi a genyen toupatou. Si omwens, nou ta reponn rekòmandasyon 1 osijè Bidjè 2011-2012 la ak Amandman Konstitisyon 1987 la, pou dat 28 oktòb 2011 la, se ta va yon bèl siyal ki ta sonnen pi byen pase tout pwezi nou abitye tande nan ane ki pase yo.

Lèt sa a se pa yon patizan gouvènman nou an ki ekri li pou flate nou, osnon pou li jwenn yon djòb. Ni non plis se pa yon advèsè ki ap chèche fawouche nou osnon fè nou mal parèt. Nou te mande kritik konstriktif….kidonk, men youn. Souple, sèvi ak li pou byennèt nasyon an, jan nou kapab.

Kreyòl pale, Kreyòl ekri, Kreyòl konprann!

Respè,

Jafrikayiti (aka Jean Elissaint Saint-Vil)
23 oktòb 2011
Jafrikayiti@hotmail.com
www.godisnotwhite.com


Dernière édition par jafrikayiti le Dim 23 Oct 2011 - 16:00, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  revelation Dim 23 Oct 2011 - 13:09

Nou apiye pledwaye ke Jaf fe la pou lang kreyol la ki se lang ofisyel 10 million ayisyen san konte lot peyi e institisyon akademik ki rekonet itilite lang saa nan development peyi Dayiti.

Gouvenman ayisyen gen yon obligasyon sivik e moral pou metè, piblyè, difizè tout kakachat ke lap fe nan lang pep la.

Sepandan, si bidjè peyi a pibliyè an kreyol, anplis de sa, fok gen dirijan ki pou explikè pep la sa prodwi national brit, varians, pousantaj,. Ki sa yon gato bugeter ye. Ki jan Leta se parè gato saa. Ki moso ki al nan edikasyon, santè, lojman aktivite sosyal etc..

ki impak sekous ke sa genyen pou tout kwen nan peyi a si gatô bidjeter saa mal separè.

Palè kreyol se yon, men inteprete yon lwa budjeter, inpotans e konsekans yon amandman kostitisyonel pou aveni peyi a gen plis inpotans anko.

Fok nou pa bliye ke gen sitwayen ameriken e kanadyen ki gen pwoblem interprete lwa ak konstitisyon peyi yo paske jan lwa sa yo ekri se save ak avoka ki pli souvan konprand yo paske se yo ki ekwi lwa sa yo.

Donk pep ayisyen pa an reta sou poin sa yo.
fok nou kenbe pressyon sou dirijan nou yo pou yo sa elatrye tout verite, fe otopsi dezozè tout dokiman, virè tout poch yo a lanver e troussè manch chemis yo pou yo pa banou fo mamit memm si se an kreyol.

Pibliye baptister pep la an kreyol se yonn, explike e fe yon konprand inpotans sak ekwi a se yon lot gwo travay anko.

An nou kenbe la Jaf e bon selebresyon lang kreyol la!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  grandzo di Dim 23 Oct 2011 - 13:24

Mwen se yon gro patizan kreol… sak fe mwen pa utilize kreol kom yon zouti de kominikasyion, ce paceke mwen pa kabab exprime mwen kom mwen vle..

Map travay sou problem sa pou amelyorie competans liguistik kreol…

Min MWEN DAKO avek zaksyion JAF ap minin pou neg. Mwen pa nan dikotomi de lang…

ye soir mwen te ka poze'm yon kesyion.. kommen mwen pral fe si mwen genyen yon ti moun pou'm oblige'l pale kreyol.. nan yon kontesk pa genyen haisyan

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  Le gros roseau Dim 23 Oct 2011 - 13:48

Sa se yon pwoblem anpil ayisyen ki ap viv nan dyaspora genyen sitou moun ki marye ak etranje .Ou ta byen vle transfere kilti ,lang w ba ti moun yo men an menm tan ou pa ta vle yon pale lang pa yo ak aksan.pafwa ou di bon annou tann pi ta ,men pi ta sa pa enterese yo ankor.mwen sonje lem te mande premye gasonm yo poukisa yo chwasi panyol o lye de franse nan High school yo te reponn mwen konbyen moun ki pale franse o Zeta Zuni.mwen te blije ba yo rezon.Pou kreyol la genyen valè ke li merite se elit ayisyen kiomanse pa dirijan yo ki pou ba li valè. e se sa ki fè mwen dakor ak jaf.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  Joel Dim 23 Oct 2011 - 18:09

ROZO;

A pwopo de rekòmandasyon JAF yo;se bagay ki fasil pou mesyedam yo ta fè.
Yo konnen sa;se ekspre yo fè;tankou jan DR DEGRAFF DI L ;pou mesyedam yo ,si yo bay KREYÒL valè ke l merite ,se devalye y ap devalye FRANSE an e pou yo se yon avantaj ke yo konnen plizoumwen FRANSE e gen anpil lòt moun ki pa konnen l.

Se fòse pou yo fòse mesyedam yo fè sa ki dwe fèt e se pa yon bagay ki twò fasil.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  revelation Dim 23 Oct 2011 - 18:45

Lèt sa a se pa yon patizan gouvènman nou an ki ekri li pou flate nou, osnon pou li jwenn yon djòb. Ni non plis se pa yon advèsè ki ap chèche fawouche nou osnon fè nou mal parèt.
Nou te mande kritik konstriktif….kidonk, men youn. Souple, sèvi ak li pou byennèt nasyon an, jan nou kapab.

Kreyòl pale, Kreyòl ekri, Kreyòl konprann!

Respè,
Jaf
Kom dabitid, gen moun ki deside pran mesaj saa e politize'l.

Fok nou konprand ke infomasyon e mesaj an kreyol pa sifi, se yon komansman.
Fok nou itilize lang kreyol la pou nou edike pep la.
fok gen sevis sosyal ki pou explike sak nan nannan e mwel mesaj sa yo.
Pa examp budje annyel la se kantite lajan ke gouvenman prevwa ke lap bezwen poul opere pou annee a.
Gen moso ki pra'l nan edikasyon, nan sante, nan lojman etc.. Fok nou explike yo ke si moso sa yo pa byen elatrye kom sa dwa nan popilasyon an, gen group kap jwen plis ke yo pa bezwen , gen lot group ki pap jwen ditou.

Pibliye tout infomasyon an kreyol san explikasyon se lague yon ordinater nan men yon timoun san montre'l kijan pou'l sevi ak li. Lang kreyol la se yon fos ke'l ye e fos saa kap detouwi ou byen develope, sa depand de ki group kap manipile lang saa nan direksyon ki nan avantaj yo.

Lang kreyol plis bonjan explikasyon = edikasyon!




revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  Joel Dim 23 Oct 2011 - 19:57

Se oumenm ki vle politize bagay lan.
Pa gen moun ki di ke tèl gwoup te pi bon pou lang KREYÒL lan ke tèl lòt gwoup.
Sa yo mande se o minimòm bay lang KREYÒL enpòtans ke l merite.

Konstitisyon an di ke gen 2 lang OFISYÈL .Omwens respekte konstitisyon an.Konstitissyon an al pi lwen ;li di ke KREYÒL SE LANG KI SIMANTE TOUT AYISYEN ;li pa di sa de lang FRANSE an ;donk KLÈMAN li bay KREYÒL lan pye sou lang FRANSE an.

ki sa ki gen politik lan sa?Menm sa de ETA tankou MASSACHUSETS e menm NOUYÒK fè ;yo pa fè l ann AYITI.
Biwo leta sa yo bay KREYÒL plis enpòtans ke yo bali ann AYITI.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an Empty Re: Lèt tou Dekachte pou Prezidan Martelly, PM Conille ak Gouvènman an

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum