Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

5 participants

Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Sasaye Ven 28 Oct 2011 - 20:41


Sesyon ekstrawôdinè ak kontinye.
Jiskounyea tout senatè denonse arestasyon depite Belizè a.

Senatè Moyiz Janchal pwopoze yon rezolisyon.

Senatè Evalyè Boplan trè elokan. Li mande revolisyon kareman paske l;i genyen 320 mil moun ki vote pou li.

Senatè Deras Dyesèl kondane sak pase an. Li mande pou akize tout moun ki an rapô avèk krim saa.

Senatè Lanbè mande reyaksyon enèjik pou pini eksè ak vyolasyon konstitisyon an ak Palman peyi an.

Senatè Josèf Jowèl John mande revolisyon pou chanje sistèm ki laa.

Yo sèmante pou epok Divalye an pa tounen anko.

Mateli mete de pye l ak tout gwo soulye l lan dyôl li.
Sa lakôz palman pran aksyon avèk jès ki pou chanje peyi an toutbon.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Excel Ven 28 Oct 2011 - 20:50

Breaking News *** Révocation par la chambre basse (71 députés) de Thierry Mayard Paul Super Ministre de l’intérieur, Josué Pierre Louis Ministre de la Justice, Brunache secrétaire d’état aux affaires étrangères et le commissaire du Gouvernement Leger

Résolution de la chambre déclarant ne plus reconnaitre l’autorité de Thierry Mayard Paul Super Ministre de l’intérieur, Josué Pierre Louis Ministre... de la Justice, Brunache secrétaire d’état aux affaires étrangères et le commissaire du Gouvernement Leger

Si ces derniers ne donnent pas volontairement leurs démissions, la chambre des députés se réserve le droit de donner un vote de censure à l’ensemble du gouvernement de Garry Conille dès la première session de la chambre

Excel
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 272
Localisation : Léogane
Opinion politique : denonse diktateu
Loisirs : manger di riz ak pwa
Date d'inscription : 10/07/2011

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Sasaye Ven 28 Oct 2011 - 21:08


Lanbè di ke chanmm depite yo deja pran yon rezolisyon ke yo panko pibliye.
Men Sena pral pran yon pozisyon ki konpatib e ki pral sipôte pozisyon Lachannm nan.

Se pou premye fwa tout palmantè pral solidè ansanm pou defann konstitisyon an.

Sena pa vle bay gouvènman an yon repons pou sa yo fè an, men yo mande yon koreksyon toutbon.

Senatè Benwa kanpe kom denye entèvenan.

Benwa di ke yo te avèti ke pwoblèm yo ta pral rive.
Benwa te deja enimere deriv ki ta p fèt.
Li te voye yon nôt avètisman bay Tèt mato ki pran sa mal, ki joure olye li konpran avètisman.
Li di Mateli pati menmjan le yo tap vote pou Rouzye.

Yo denonse yon konplo ke gouvènman tap mare kont senatè Moyiz Janchal, men avèk istwa Belizè an, se pap kapab rive anko.

Benwa vle pou yo revoke 9 minis. Kanaval se an fevriye, lan pwen sa ann Octob.
Se pou deriv yo fini.

Tout senatè yo dakô pou pran yon pozisyon inanym.
Tout senatè yo pral siyen yon dokiman rezolisyon.
Yo anpeche prezidan Lachann nan antre lan salon diplomatik.



Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Sena vote 2 rezolisyon kont gouvènman

Message  Sasaye Ven 28 Oct 2011 - 21:33


1-Steven Benwa entwoduy yon rezolisyon pou entèple minis Lajistis ak Minis dè zafè etranjè.

2-Moyiz Janchal entwoduy rezolisyon pou fôme yon komisyon pou verifye nasyonalite
tout manm gouvènman an y konpri Mateli.

Tou de rezolisyon yo pase.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Nickie Sam 29 Oct 2011 - 0:33

Sé pou yo sèvi ak tisimôn, li frekan twôp
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Le gros roseau Sam 29 Oct 2011 - 0:34

Wi se revolutyon nou pa fout beswen presidan ak premye Minis nan peyi ya kote moun ap mouri ak kolera epi martelly ap fè touris poul touche gwo per diem.Anmweeee bare volè ki pran poz se zafè peyi ya lap regle , ayisyen leve knape pou nou di martelly sa kasayol te di bef la.L'union fait la force.jou cheve yon Palmantè tonbe se pou chanb depite ya akise tet marto epi pou haute cour de jusitice la jijel kom delenkan. Se pa pou Palman kite li retabli FADH la ni mete kor VSN nan peyi ya.si depi jodya li pankor genyen berger alman li yo lap arete dpeite ki sa li pral fè lè nou kitel retabli chen anraje li yo?Ayisyen leve kanpe pa tann se lè la kwa rive lakay nou pou nou ap rele anmwe sak sot pase la se konsa li te komanse a la fen 1957.Fè atansyon pou vagabon pa touye nou len apre lot.Aba Martelly.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Joel Sam 29 Oct 2011 - 7:49

Se pou SENATÈ yo prese prese retire kontwòl KOMISYON JISTIS lan ,lan men LATÒTI.
Se yon ABERASYON.LATÒTI ap bloke tout sa mesye yo vle fè lan SENA sou bagay sa yo e li se yon ALYE deklare MATELI.
MOYIZ JANCHAL kòmanse wè sa ;men ki sa l ap fè ak sa ?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Sasaye Sam 29 Oct 2011 - 11:55

Joel,
Yè swa mwen ta p tande tout entèvansyon lan deba ki te fèt o sena sou zafè Belizè a.
Se pandan sa mwen ekri nôt ke m mete sou pos saa kôm yon espès de repôtaj sou pwen esansyèl yo. An fèt Radyo Kiskeya rapôte menm bagay la sou Rezolisyon senatè Janchal la.

Mwen remake ke petèt pou la premyè fwa, tout palman an solidè avèk pozisyon l e tout senatè yo ale lan menm sans.

Menm Youri Latôti denonse sitiyasyon saa.
Li menm mande pou sena enskri kôm regleman anpil bagay ki pa klè lan konstitisyon an, pa ekzanp, Lè Lapolis di yo swiv lôd san yo pa antre lan legalite tankou arete yon palmantè, Se yon konsèp yo sipoze konnen, men li pa ekri lan règleman yo, konsa li ap difisil pou pini yon polisye ki arete yon palmantè.

Menm jan yo anpeche presidan Lachanm nan antre lan salon diplomatik, pa gen enstriksyon ki di ke palmantè gen dwa antre la nenpôt ki lè.

Kom mwen te di, bagay saa genlè ap louvri je tout palmantè pou pran responsabilite yo epi gade yon lôt jan.

Gen yon senatè ki montre kijan bagay yo pa menm ankô.
Li rakonte yon istwa papa l te rakonte l kom ansyen depite.

Se te sou Franswa Divalye, te gen yon mosyon kont prezidan an sou kesyon de prezidan avi an.
Prezidan Lachanm nan di moun ki an favè kanpe, moun ki pa an favè rete chita.
Tout moun rete chita, men te gen yon depite an reta ki tap prese antre pandan vôt lan. li lage kô l atè paske li potko rive kote chèz li ya te ye.

Li rakonte ke apre yon depite te vote kont li, Divalye rele nèg saa lan palè epi li rale yon rigwaz, li bat li tankou yon timoun.

Senatè yo kanpe pou di sa pap rive ankô lan peyi an.
Senatè Evalyè Boplan di lanpwen pèsonn ki kapab arete l. Si yo aseye, lap rele patizan l pou kanpe ak li e li genyen 420, 000 patizan lan depatman l.







Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Sasaye Sam 29 Oct 2011 - 12:08


Yon lôt obsèvasyon mwen fè pandan deba yo yè swa.

Tout senatè ki entèvni yo se de nèg ki sob, ki kalm eksepte Steven Benwa ki eksite.
Mesye yo tout fè deba yo an Kreyol, bon Kreyol.

Eksepte Latôti ki fè deba pa l la an franse, men li pale bon franse, san bege.

Steven Benwa fè lekti Resolisyon pou entèple minis yo. Li ekskise l dèske tèks la an franse paske yo te fenk sot ekri l.

Kom Jaf di, nèg yo ekri an franse dabô epi yo tradwi an Kreyol, alôske sa te dwe lekontrè, men sa pran yon antrenman ak bôn volonte.

Kanta nèg ki te konn ap pale ke kilowat ak kilomèt yo, senatè Janchal pa sôt ditou.
Li se petèt senatè ki pi sibtil lan palman an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Le gros roseau Sam 29 Oct 2011 - 13:23

Si Senatè ak depite pa konprann sak rive belizaire ka rive yo tou e se nan linyon ke fos yo ye kont makout ki reprann pouvwa nan peyi ya se bagay ki gade yo.Si lè Francois Duvalier te fè arete Senatè Seraphin yo tout Senatè ak depite yo te leve kanpe pou kondane abi saa e byen li pata vinn presidan a vi jis yon swa poul te voye Acedius Saint Louis ak yon detachman gad presidantyel la al arete Rameau Estime.Mwen sonje lè li te fè moun ap tande nan radyo ki jan yo tap bat Rameau Estime nan SD.

Si Mario Andrsol pa genyen kouraj ase poul di makout yo li pap obeyi oken ordre ilegal e imoral se poul bay demisyon li , nou pa beswen oken restavek kom chef la Polis natyonal la jodya.Sil pa genyen kolonn vertebal ase poul ka di yon Komisè gouvenman a.i, kel pa genyen dwa bal lod ilegal e byen li pa merite chef la polis natyonal la.Fok chak ayisyen jwe wol yo byen pou ka genyen yon eta de dwa nan peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Joel Sam 29 Oct 2011 - 13:37

SASAYE;

Se pou swiv LATÒTI wi.Misye te bloke entèpelasyon MOYIZ JANCHAL ak 5 lòt alye te vle fè pou yo mande de ki prevyen ,komikike gouvènman an ap prepare pou yo remobilize LAME an.
Gen anpil gwoup ki ap antrene vre e NOUYÒK TIMES maten an di ke MATELI te rann yo vizit pou ba yo ankourajman.

Se veye wi;paske al mete yon LAME sou pye e se sou kontwòl MAYARD PAUL li ye ;peyi an ap pran wi.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Nickie Dim 30 Oct 2011 - 7:34

Plan Tisimôn trè klè é lap fè tout posib li poul metel a egzékisyon. Tout moun konprann poukil meté Tyéri minis entéryè. Misyé paré poul planté lamé woz li a nan peyi a; si pa gen mobilizasyon, nou mélé. Si paleman manké dézuni, yo bannann. Lap maré palemantè oun apré lôt
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Le gros roseau Dim 30 Oct 2011 - 12:42

Zafè Palmantè yo si yo pa ini ;si yo pa konprann ke fos yo se nan linyon ,martelly pral chache fè tout jan poul desiny yo li pral ofri yo kek job anbasadè ak kek machine tankou Duvalier te fè poul konromp yo. men malè a sa ki kite martelly koromp yo apre sa se ak kout pye li pral pran yo nan palè ya aprel finn konsolide pouvwa li.Yo rakonte ki jan Duvalier te fè Max Dominique fout yon ansyen duvalierist o cap kek kout pye nan boudal nan palè ya.Li rele Marthol poul mande l ki moun max Dominique ye epi li mete max Dominique yon kote poul tande sa Marthold ap di ,apre lè marthold finn pale max dominique mal kont li ,Duvlaier rele max li dil ou tande sa moun o Cap parey w di de wou.Yo di se pa 2 kout pye max dominique pa fout marthold nan boudal.Zafè Palmante yo si yo kite ti Simone divise yo.Se Lè ya nan nouvo Fort Dimanche lan ya konprann nan ki sa yo pran.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje. Empty Re: Senatè yo trè fache kont gouvènman an. Genyen ki mande anraje.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum