Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% Récupérateur à eau mural 300 litres (Anthracite)
79 € 99 €
Voir le deal

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

4 participants

Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  jafrikayiti Ven 30 Mar 2012 - 10:55

Onè konpatriyòt,

Depi kèk ane m ap travay sou koze jeneyaloji. Mwen ta renmen ankouraje moun ki enterese nan sijè sa a pataje kèk sous enfòmasyon youn ak lòt.

Semenn sa a mwen fokis anpil sou rejyon Leyogàn kote kòd lonbrit plizyè nan bizawèl ak tatawèl mwen yo antere. Non ki asosye ak yo, se Saint-Vil, Saint-Polin, Couamin, Constant, Délice, Jolivet, Impert... Mwen jwenn bon kou dosye nan Association de Genéalogie d'Haiti (AGH) - yon òganizasyon mwen ta ankouraje nou sipòte.
http://www.agh.qc.ca/

Se yon travay ki pasyonan anpil. Men, li mande pasyans sitou pou noumenm pitit Lafrik Ginen. Parekzanp, lè ou rive nan epòk 1800-1830 yo, li pwobab anpil nan zansèt ou yo se yon "n?" ou jwenn pou non fanmi yo, paske alepòk lesklavaj zansèt nou ki te esklav yo pa te gen dwa gen "nom de famille". Kidonk, fòk ou konsilte anpil sous diferan, pase palentèmedyè dosye ansyen bouwo kadejakè franse yo, osnon ansyen lib ki te pwopriyetè yo, pou ou wè si ou ka jwenn moso tras lavi zansèt sa yo.

Men yon ekzanp sous ki ka mete ou sou yon chimen bouske zo grann ou:

Sept Nègres, l'un nommé Hypolite, Congo, taille de 5 pieds 2 pouces, ayant les jambes grosse & remplies d'ulcères ; Lajoie, Mondongue, de petite taille & très-noir : Petit-Léveillé, Cotocoli, de petite taille & fluet ; Jean-Louis, Congo, taille de 5 pieds un pouce, très-noir ; Couaminan, Aguia, armé d'un vieux fusil & d'une manchette, vêtu d'une vareuse de toile ; Alexandre, Créole, âgé d'environ 60 ans, très-grand, ayant des malingres aux jambes ; & Vanté, Congo, taille de 5 pieds 5 à 6 pouces, tout nud, très-noir, ayant sur le côté droit la cicatrice d'un coup de manchette ; tous étampés RAYMOND, partis marrons le 20 Janvier dernier de l'habitation de Madame de Raymond, Paroisse du Petit-Trou, quartier de Nipes. Ceux qui les reconnaîtront sont priés de les faire arrêter & d'en donner avis à M. Destouches, Gérant ladite habitation ; il y aura une récompense proportionnée au nombre des Nègres.

Sous: http://www.marronnage.info/en/lire.php?id=11291&type=annonce

Se granmesi lanmou, si jenerasyon apre jenerasyon lavi pote laviktwa sou lanmò. Konsa tou, se granmesi listwa nou kapab di fanmi pa janm pèdi. Fanm ak gason sa yo ki te sipoze mouri san yo pa kite tras, chak fwa nou reyisi detere listwa yo, konfime pasaj yo sou tè sakre sa a Dessalines te rebatize Ayiti a, se ede nou ede yo pote laviktwa sou jenosid Napoleyon ak Rochambeau te pwograme a. Konsa tou, lè nou retire gwo "P" ki te konn sou batistè pitit Dessalines yo, se yon gwo viktwa nou te pote kont "Code Rural" Boyer ak lòt enbesil ki te vle defèt viktwa 18 novanm 1803 a. Se nou ki dwe kontinye travay pou yon jou ka jou kote tout Ayisyen va gen batistè - san "p"!

Pa neglije ekri mwen sou adrès sa a: jafrikayiti@gmail.com


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Invité Ven 30 Mar 2012 - 17:38

jaf kotew jwen ab jenalogik paw ? nan kote pam se yon grandèt ki anvan li mouri ane pase te ekri kom "kado" ab jenalogik la.. si mwen rete kwè ke dat yo fyab, li ta toujou bon pou gen yon versyon "officiel'. Inisiativ la bel vre, men sak ki malere a se ke anpi nan nou soti nan fanmi peyizan e malerezman, anpil erè fèt nan trankri non moun ki fè ke anpil sous gate.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Bon Paulo Ven 30 Mar 2012 - 17:51

D'une branche du coté maternel, j'ai remonté à une ascendante esclave (avant 1804). Il m'arrive très souvent d'imaginer ses conditions de vie de l'époque.

Si après la mort, il y a autre chose, et elle peut voir d'où elle est, et si l'objectivité prédomine, que doit-elle dire en scrutant ces actuels acheteurs et vendeurs de patrie, animés de sadisme ?

Bon Paulo
Star
Star

Nombre de messages : 175
Date d'inscription : 09/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  ainsi ne soit-il Ven 30 Mar 2012 - 20:27

M'ap made poukisa, menu si w pa bije repond. Tande, m'pa gen oken' problem le n'ap raple istwa traka, trial pep Ayisyen e lot pep Nwa sitou k'ap viv bor isit. M'pa neg ki gen anpil konpliman lan panye kado'm pou on seri de moun men mwen JAF mon cher, pouki sa w pa jis kontante de bay enformasyon a e pou ki rezon w blije toujou angry konsa aloske w'ap di ke jan de aktivite rechech konsa pasyonan, pote anpil plezi e satisfaksyon. W se yon san pran soufl. Man-ye pa ensiste trop sou negativite sa yo menm si se vre ke moun fet pou konn istwa yo. Si w ap revandike yon bon bagay w pa bezwen ap chante blues tout tan. (lol)

From a very angry man.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  jafrikayiti Ven 30 Mar 2012 - 22:41

Onè T-Nèg,

Monchè, se granmesi lepè m ki te kite yon gwo pati nan travay la ki fè mwen ka kontinye travay sou li. Nan ane 1997 mwen te fè kèk jou anndan Achiv Nasyonal, kote mwen te reyisi verifye kèk nan enfomasyon lepè m te ekri yo. Men, se nan pale ak moun ki grandèt nan fanmi a, nou reyisi ranmase endis pasi pala. Nan kalite travay sa a, mwen twouve li nesesè pou ou ale nan plizyè direksyon alafwa. Pa fokis sou yon branch an patikilye....ranmase tout sa ou ka jwenn. Ou ka fè erè tou, se pa grav....pi devan ou ka reyisi dekouvri erè a epi korije li. Se vre rejis yo te chaje ak fot. Mesyedam yo te gen mani reprann yon non sou plizyè jenerasyon osnon bay plizyè piti pote moso non tonton, granparan.... tout sa kreye konfizyon. Men, sa ki pi difisil la, se pwoblèm esklizyon sosyal la ki lakoz li. Anpil fwa, malere ki bandone nan fon kè peyi a, pa gen mwayen dokimante ekzstans yo. Travay AGH fè a itil anpil.

Bon Paulo, chak fwa mwen li temwanyaj ansyen yo, se menm refleksyon ou fè a ki pase nan lespri m. Mwen fenk fin li yon liv yon otè kanadyen ekri ki rele "the Book of Negroes". http://www.lawrencehill.com/the_book_of_negroes.html

Malgre mwen pa yon gwo fanatik fiksyon, mwen apresye travay Lawrence Hill la anpil, sitou kote istorik listwa li rakonte a. Dokiman sa yo ede nou pran mezi sakrifis ekstraodinè ki te fèt pou nou te ka vivan epi lib jounen jodi a.

Konpatriyot Martine, mwen sèten ou konprann pou kisa mwen pa ka ekri sou koze sa yo san pa gen yon kolè ki fofile kanmenm nan ekspresyon santiman m yo. Kolè pa yon move bagay. Ojis, mwen kwè yo aprann nou kontwole kolè nou twop, noumenm Nèg. Sa k ap pase lakay jodi a ka dekonstonbre tout ti resous mantal yon nèg - menm sila ki ta pi manfouben yo. Lè ou konsidere kote nou soti. Mizè plizyè milyon moun andire pou yo te ka ede nou siviv epi viv pi byen, epi se sa n ap remèt depi plizyè deseni, nou pa ka pa santi kolè. E mwen sèten, oumenm tou, se nan konba ou ye pou ou kontwole pawol ak aksyon ou. Mèzalo, mwen tande sa ou di a. Mwen pran not epi m ap eseye fè efo mpou mesaj santral la pa neye san nesesite.

Kenbe fèm!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Joel Dim 1 Avr 2012 - 10:34

[b]JAF;

Si sa enterese w ;HOWARD UNIVERSITY genyen yon pwogram ki rele DNA PROFECT.
Yo kapab ekzamine DNA w pou di w lan ki rejyon LAFRIK ,ZANSÈT ou yo te sòti.Mwen te tande sa sou TELEVIZYON.Sa gen 2 zan de sa ,yo di l te koute 300 dola.
Se paske se lan LABORATWA ,yo teste ADN lan.
HENRY LOUIS GATES limenm gen yon KONPAYI ,limenm li di w ki POUSANTAJ ADN ou ki AFRIKEN,ki pousantaj ki EWOPEYEN ,ki pousantaj ki ""NATIVE AMERICAN"".

Sou bagay sa a ,lan yon ""show"" SKIP GATES te teste yon DOMINIKEN li te jwenn ke 50.7 ADN misye te EWOPEYEN%;devine sa misye te prese pou l di sa li ye (lol)?
Mwen pa konnen sa H.L GATES chaje.
Yo fè tès lan a distans;ou ekri yo,ou voye yon ""sample"" (krache) e yo fè tès lan voye ba wou:

http://www.infoplease.com/spot/slavery2.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Invité Dim 1 Avr 2012 - 10:47

Joel a écrit:[b]JAF;

Si sa enterese w ;HOWARD UNIVERSITY genyen yon pwogram ki rele DNA PROFECT.
Yo kapab ekzamine DNA w pou di w lan ki rejyon LAFRIK ,ZANSÈT ou yo te sòti.Mwen te tande sa sou TELEVIZYON.Sa gen 2 zan de sa ,yo di l te koute 300 dola.
Se paske se lan LABORATWA ,yo teste ADN lan.
HENRY LOUIS GATES limenm gen yon KONPAYI ,limenm li di w ki POUSANTAJ ADN ou ki AFRIKEN,ki pousantaj ki EWOPEYEN ,ki pousantaj ki ""NATIVE AMERICAN"".

Sou bagay sa a ,lan yon ""show"" SKIP GATES te teste yon DOMINIKEN li te jwenn ke 50.7 ADN misye te EWOPEYEN%;devine sa misye te prese pou l di sa li ye (lol)?
Mwen pa konnen sa H.L GATES chaje.
Yo fè tès lan a distans;ou ekri yo,ou voye yon ""sample"" (krache) e yo fè tès lan voye ba wou:

http://www.infoplease.com/spot/slavery2.html

toutt dan misye te do deyo lol.

Se sak ki tris kay nou menm ayisyen, gen anpil nan nou kap perdi tras kote yo soti a koz de anafabetism. mgen chans mwen menm mka remonte jous nan debi independans lan e mwen kwè mwen ka al pi lwenn ak patronym mgenyen an de lot kote ab la pwiske se te moun ki te konn li kontreman a lot kote ab la;

msot gade sou sit jaf lan patronym ke mwen pote an, byen ke mwen poko fè demach yo mwen sonje papam kon ap pale de frè ak sè ke gran paranl te perdu de vu. Ak etoneman mwen wè ke dat yo kolabore e ke non moun sa yo e kote yo pati a konkorde tou. Men il faut dire ke nan fanmi an, menmsi pa gen ekriven filozof, te gen kan menm yon alfabetization minimal.


Ki vle di ke mgen kouzin ki do pa menm konnen istwa fanmi an, mgen kek archiv lakay la ke moun sa yo malerezman pap menm konnen!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Joel Dim 1 Avr 2012 - 11:58

T-NEG;

Mwen te wè ""show"" HENRY LOUIS GATES lan sou NBC.Se ekstrawòdinè.Misye ba w ekzakteman ki pousantaj ki AFRIKEN ,ki pousantaj ki EWOPEYEN ,ki pousantaj ki ""ENDYEN"".Se konpozisyon ADN ,noumenm ki gen lontan lan AMERUK lan.
Misye te fè yon demonstrasyon pou OPRAH WINFREY,WINTON MARSALIS ak lòt.
Pou OPRAH misye te jwenn sou bò manman l ;se lan peyi ki rele SIERRA LEONE jodi an ,ke yo sòti.
Pou WINTON MARSALIS menm ,li te jwenn ke misye te 70% AFRIKEN ,anviwon 23% ak yon monnen EWOPEYEN e rès lan ""ENDYEN"",NATIVE AMERICAN si w vle.
Li gen dwa fè menm bagay lan pou yon AYISYEN .DIFERANS noumenm ,KIBEN,ak BREZILYEN sè ke esklavay lakay nou 10 fwa pli di ke AFRIKEN AMERIKEN yo .Ann AYITI ,KIBA ak BREZIL yon esklav pa t dire an mwayèn plis ke 7 an sou plantasyon yo.
Se pa pi bon ANGLE yo te pi bon ke PÒTIGE,FRANSE ou byen PANYÒL non ;se te yon reyalite ki te gen pou wè ak PWODIKSYON SIK

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Joel Dim 1 Avr 2012 - 14:42

JAF;T-NEG;

Mwen jwenn paj HENRY LOUIS GATES lan .Yo di ki jan pou Kòmande etid lan e si w chèche yo di w konbyen l koute.
Yo di w tou ki DATABASE yo ize ak yon DIVIDAL INIVÈSITE ki kolabore ak yo
2 PAJ:

http://www.africandna.com/tests.aspx
ak

http://www.africandna.com/scientific-papers.aspx

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  jafrikayiti Dim 1 Avr 2012 - 23:32

Au XVIIIe siècle, en France, l'armement négrier est concentrée entre les mains de 500 familles qui armeront, à Nantes, Bordeaux, La Rochelle, Le Havre et Saint-Malo, quelques 2800 navires pour l'Afrique (une vingtaine seulement de ces familles auraient armé le quart des navires).
Cette aristocratie négrière occupe les places les plus importante dans les sociétés portuaires, et, formant des lobby, ces notables infiltrent aussi les sphères du pouvoir où leur influence leur ouvre les portes. Sous la Restauration, la plupart des maires de ces villes portuaires sont des négriers notoires (entre 1815 et 1830 presque tous les maires de Nantes seront des négriers).

http://dp.mariottini.free.fr/esclavage/france-negriere/france-negriere.htm


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty ARCHIVES (ETATS CIVILS) EN LIGNE

Message  jafrikayiti Mar 3 Avr 2012 - 20:52

Konpatriyot, youn nan pi bon nouvèl ki tonbe dènyèman nan domèn sa a, se piblikasyon sou entènèt la, yon latriye dokiman achiv peyi Lafrans genyen sou ansyen koloni a.

Anpil nan dokiman yo konsène nèg lib, epi esklav tou.

Nou ka chèche dokiman pou plizyè vil. Tyeke la a:

http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/caomec2/recherche.php?territoire=SAINT-DOMINGUE (Ou ka jwenn foto dokiman yo la a menm!)

http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/ps367ey2j (sa se lis vil yo)


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Invité Mer 4 Avr 2012 - 6:44

Men yon lot sit sou jenalogy, li te pi komplet senpman a koz ke sit la te trè popilè, server an te mande pou yo wete non moun ki vivan toujou

http://www.rootsweb.ancestry.com/~htiwgw/

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  jafrikayiti Ven 6 Avr 2012 - 12:41

Rapo kèk bato negriye ki disponib sou entènèt la: http://www.culture.gouv.fr/documentation/archim/JDB/JDB-accueil.htm

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Joel Dim 29 Avr 2012 - 21:30

JAF;

Men de dokiman ki ka ede w lan rechèch ou an .Men se pou w gen pasyans moun ki ap chèche trip foumi.Se tout dokiman ak tranzaksyon ki te fèt lan koloni an ,anvan 1789.
Peryòd ant 1780-1785 lan sèlman gen plis ke 800 paj.Men sa ka ede w lan fiti travay ou kòm istoryen.
An pasan ,LINSTANT PRADINE bizawèl prezidan MATELI an te fè yon travay konsa men se pou peryòd apre 1804 lan .Li enteresan anpil.N ap jwenn li sou GALLICA tou :

http://gallica.bnf.fr/Search?adva=1&adv=1&tri=title_sort&t_relation=%22Notice+d%27ensemble+%3A+http%3A%2F%2Fcatalogue.bnf.fr%2Fark%3A%2F12148%2Fcb30977497c%22&q=moreau+de+saint+mery&lang=en

KLIKE

GET THE DOCUMENT

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  jafrikayiti Dim 20 Jan 2013 - 22:48

Deux Mulâtres nommés Jean & Jean-Baptiste Lefevre, freres, sans étampes, se disant libres sous prétexte qu'ils sont fait la Campagne de Savanah sous les ordres de M. le Comte d'Estaing, sont marons du Port-au-Prince depuis quinze jours. Le premier est âgé de 20 ans, taille de 5 pieds 7 à 8 pouces, perruquier pour hommes & pour femmes ; & le second, de 24 à 25 ans, taille de 5 pieds 3 à 4 pouces, ayant une taie sur un œil & le regard louche, postillon & un peu maçon. Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter & d'en donner avis à Mrs Lory, Farjanel [esperluette] Compagnie, Négocians au Cap.

Permanent link : http://www.marronnage.info/en/lire.php?type=annonce&id=11331

1786-01-11 — Lafortune, Mandingue, âgé de 22 ans, taille de 5 pieds 3 pouces, taillé depuis peu, ayant un malingre considérable à la jambe gauche, étampé JOLIVET & au dessous AU CAP, marron du 10 du courant, avec une chaine au bout de laquelle est un poids de 50 liv. attachée à la jambe droite. En donner avis à M. Tiphaine, Greffier de la subdélégation au Cap. Il y aura récompense....

Lien permanent : http://www.marronnage.info/fr/lire.php?type=annonce&id=556

1789-12-19 — Pierre, Créole, étampé sur les seins CONSTANS, au-dessous JACMEL, âgé d'environ 40 ans, de forte corpulence, commandeur & fort adroit; parti marron depuis près d'un an : on l'a vu plusieurs fois dans les Cormiers, dépendance de Léogane, où il a sa mère. Ceux qui en auront connaissance sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis à M. Constans, Habitant au Fond-Melon, quartier de Jacmel; il y aura bonne récompense....

Lien permanent : http://www.marronnage.info/fr/lire.php?type=annonce&id=10044

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen Empty Re: Resous enpòtan pou travay Jeneyaloji Ayisyen

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum