Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

2 participants

Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  jafrikayiti Lun 13 Aoû 2012 - 23:23

Èske ou te konnen kwayans nan "dyab", "lougawou", se eritaj nou pran nan men blan Franse?

Istwa kote yo te konn fè moun tounen CHWAL e yo jouke yo...
ISTWA kote moun al achte VYANN nan MACHE epi yo jwenn yon tèt BÈF ki gen yon DAN LÒ...

Anpil lòt LEJANN LOUGAWOU konsa, nou te konn ap tande lè nou t ap grandi....SE LEJANN FRANSE !
ALEWÈ: https://sites.google.com/site/folklorelegendstalltales/loup-garou-legends

Zansèt nou yo te chwazi fokis enèji yo pou yo konbat vrè "dyab" yo, ki toujou abitye envante yon seri "dyab ak bondye imajinè" ki la pou ede yo kache krim yomenm menm yo t ap komèt sou tè sa a.

14-15 Dawou 1791 Boukmann pa te pran nan malatchong. Li te lonji dwèt sou veritab "dyab" yo ki te "gen je sou manman nou" (le colon guette maman). Papa Boukmann te leve kanpe nan Bwa Kay Iman, li te di:
"Jete vye potre bondye blan yo ki swaf dlo nan je nou. Koute libète k ap pale nan kè nou tout"!

Ayisyen, nan mitan ane 2012 sa a, pa kite pyès moun bannou manti osijè veritab idantite "dyab" la. Se pa yon lespri mitik! Se limenm menm ki fenk touye plis pase 7 mil Ayisyen ak bakteri Kolera a. Se limenm k ap volè kabrit nou, e alèkile li "gen je" sou min lò ak iridyòm nou yo. Anverite, lenmi nou pa te janm yon "dyab imajinè". Non plis, sovè nou pa yon "bondye" imajinè.

AYISYEN, alèkile, nou sèmante pou nou sispann lapriyè 2 je fèmen. Nou deside kale je nou epi defann lavni nou sou tè sa a!!!

KOUTE LIBÈTE K AP PALE NAN KÈ NOU TOUT!!!!!!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)
----------------------------------------------------------
http://www.jafrikayiti.com

Koute CHÈCHE PA PECHE - dimanch 9 pm sou www.radiokajou.com ak www.ckinfm.ca

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Re: Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  Joel Mer 15 Aoû 2012 - 11:47

Men kijan ""CAJUN"" lan LWIZYÀN yo wè sipèstisyon sa yo .
CAJUN yo ,pou moun ki pa konnen ,se yon gwoup FRANSE ke ANGLE yo te chase de KANADA e yo te al ateri lan LWIZYÀN.
Kelkelanswa kote FRANSE yo te pase ;moun yo te vin kwè lan LOUGAROU.
Gen kote,lejann sa yo pa gen fòs ankò ;tankou KEBÈK ;men ann AYITI moun yo refize bay LEJANN sa yo ,yon kout pye lan dengonn yo.

http://themoonlitroad.com/cajun-superstitions-spells

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Re: Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  Joel Jeu 16 Aoû 2012 - 7:53

Yè swa ,mwen t ap tande pwogram JAF lan sou RADYO KAJOU.JAF te tèlman byen atikile sou zafè DYAB lan ;sou tout SIPÈSTISYON ,tankou zafè LOUGAROU ke BLAN FRANSE kite pou nou yo ;ke si JAF ta gen yon pwogram konsa sou yon radyo ann AYITI;li t ap fè anpil PÈ,PASTÈ ak OUGAN CHALATAN ,al chache lòt okipasyon pou yo fè (lol).

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Re: Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  jafrikayiti Ven 17 Aoû 2012 - 7:29

mèesi anpil pou ankourajman ou Joel. Ou ka remake referans ou te pataje akmwen yo te itil anpil nan reyalizasyon emisyon an. Mèsi frè m!

Kanmarad ki te rele nan finisman emisyon an ak anpil bon zouti sou aspè sikolojik koze yo pwomèt pou li retounen detanzantan.

Annatandan, emisyon an repase prèske chak jjou a 9 am, 1 pm, 5 pm epi 9 pm.

Kenbe fèm!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Re: Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  Joel Ven 17 Aoû 2012 - 11:17

Mwen swete ke ap gen radyo ann AYITI ki ap brav ase pou yo retransmèt EMISYON w yo.
Se pou moun ann AYITI yo aprann panse ;sitou sila ki entèvni sou RADYO yo.Monotòn sa a ;ke yo tout ap repete menm bagay lan pa bon pou avni peyi an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman? Empty Re: Èske te gen "dyab" nan Bwa Kay Iman?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum