Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à -50% (large sélection)
Voir le deal

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

5 participants

Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  jafrikayiti Mar 25 Déc 2012 - 21:24

KONSÈY POU LETA AYISYEN OSIJÈ TABLO LE SERMENT DES ANCETRES
Libète pran pou ou pran - l !

Daprè jan sosyete Ayisyen an dekonstonbre jounen jodi a, daprè jan mwen wè Blankofoli an Negrofobi kontinye ap ravaje mantal nou, mwen kwè Leta Ayisyen bezwen yon konsèy k ap bon anpil pou peyi a, jounen jodi a.

Tout moun ki reyalize ki kokennchenn pouvwa 'Imaj' osnon 'Senbòl' genyen sou fòmansyon eskanp mantal krityen vivan ap konprann poukisa kòmantè sa a valab tout bon vre.

Ti kòmantè sa a , se de (2) atik H-e-M fè sou tablo "Le Serment des Ancêtres" la ki enspire l. Daprè H-e-M "Le Serment des Ancêtres" se yon Papa Tablo ki pi wo pase 3 mèt ke yon frè nou Gwadloupeyen te fè Ayiti kado depi nan ane 1828. Tablo sa a fenk sot fè reparasyon, li ekspoze nan "Musée du Louvre" epi anvan lontan l ap tounen lakay.

Dapre foto ki parèt sou H-e-M yo, tablo sa a montre yon sòlda Afriken ak yon sòlda San Mele ki kanpe sou yon pòz tèt ansanm epi yo kenbe drapo nasyonal Ayisyen an nan men yo. Men, anwo tèt de sòlda yo genyen yon Ewopeyen ki kòmkidire kwoke nan nyaj epi li lonji de bra l tankou pou li beni jès tèt ansanm sa a ke de nèg yo ap fè a.

Nan tan Atis la te fè tablo sa a se sèten tout moun t ap idantifye twa pèsonaj sa yo konsa: Afriken = Desalin; San Mele = Petyon (Milat); Ewopeyen = Papa Bondye. Men, nan ane 1998 - kijan noumenm nou riske (ti elèv lekòl elatriye…) idantifye pèsonaj sa yo?

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Vivbon10
Si nou onèt, ak lawont epi ak anpil tristès, nou sètoblije admèt apre 194 rekòt kafe anyen pa chanje sou pwen sa a. Kidonk Papa Bondye blan epi li anlè ak lòt blan parèy li epi nou menm Nèg nou anba a ak Jida, dyab anba pye Sen Michel la elatriye…

Ki konsekans entèpretasyon degrenngòch sa yo ka genyen sou timoun nou yo?

Èske yomenm tou y ap grandi ak lide "Bondye blan, kidonk blan se Bondye"?

Kilè n ap pran endepandans mantal nou?

Mwen sot pase 16 mwa nan peyi m. chak jou m leve m ap gade Bondye, Jezi, Mari, Jozèf, Moyiz, Jozye…ak tout lòt fotokopi ti bondye blan je vèt sou tap-tap mwen, nan legliz mwen, nan lekòl mwen, nan Ounfò mwen. Tout moun di se pa anyen sa. Se senbolik. Sa pa gen enpòtans….

Bò isit (Amerikdinò) nou abitye rele "Anmwe enjistis, Anmwe rasis" lè zòt fè derespektan ak nou. Men kisa ki eksplike nou ret konsa nou deside fè derespektan ak pwòp tèt pa nou?

Pou mwenmenm sijè sa a gen tout enpòtans li. Kidonk mwen ta kontan anpil si H-e-M ta pran yon ti espas pou li pibliye tèks sa a. Si sa pa posib, omwens eseye pibliye ti konsèy sa a pou mesyedam k ap respire nan Ministè Lakilti yo. Mèsi anpil.

Men konsèy la: Fè Tablo "Le Serment des Ancêtres" la rantre Ayiti, ekspoze li nan "Musée du Panthéon National" la ak yon nòt ki eksplike aklè istorik tablo a. Epi, sitou, mete yon kòmantè byen vizib sou kontèks istorik endepandans lan yon mannyè ki fè parèt klè kou dlo kòk aspè "ironik" prezans "Ewopeyen" an, sitou nan pozisyon sa a, nan yon tablo konsa.

Zansèt yo te sèmante «Libète ou Lanmò», jodi a se noumenm ki pou chwazi kilès nou pipito.

Lapè Granmèt la ak ou kanmarad!
Jean E. Saint-Vil, Hon. B.Sc.,Ottawa.
(Alewè:Haiti en Marche Vol. XII No 15, Mercredi 20 mai 1998, page 18)



Mesaj sa a valab toujou an 2012 menmsi orijinal la se nan ane 1998 li te pibliye...
Date: Wed, 6 May 1998 15:24:04 -0700 (PDT)
From: "Jean E. Saint-Vil" <jafrikayiti@rocketmail.com>
Subject: "Le Serment des Ancêtres"
To: hem@earthlink.net


(Sous "Viv Bondye! Aba Relijyon!" p160)
Liv la disponib gratis sou entènèt la nan adrès sa a:
http://www.lulu.com/items/volume_65/1728000/1728817/2/print/1728817.pdf


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Doub-Sossis Mer 26 Déc 2012 - 8:43

JAFRIK,

MWEN PA KONPRAN SIGNIFICATION 4 E PERSONNAGE LA OU INTRODUIT NAN PHOTO A. YON DIEU EGYPTIEN, KISA LI VIN FE LA? NOU SONJE EGYPTIEN YO TE EXKLAVAJIS, TANKOU ANPIL NAN NORD-AFRICAINS MUSULMAN YO TOU, SE YO KI TE ALIMENTE GUERRES FRATRICIDES NAN LOT ZONES AFRIK YO POU FE PRISONNIERS AK ESCLAVES AVANT EROPEENS YO VINI FE KOMES SA-A TOUNEN YON INDISTRI A YON ECHELLE MONDIAL.
http://senegalmetis.com/Senegalmetis/Esclavage.html

MWEN PA KWE SYMBOLIS ORIGINAL TABLO A GEN ANKEN PROBLEM AK LI. SE O NOM LWA NATIREL BON DIE KE TOUT LES HOMMES FET EGAUX KE REVOLUTION AN TE FET. SI OU LI TOUT SA KE REVOLUTIONNAIRES EPOK LA ECRIT YO TOUJOU FE APPEL A LA MORALE CHRETIENNE COMME JUSTIFICATIF ABOLITION ESCLAVAGE (EXAMP, DE VASTEY, DUPUY, PREZEAU). D'AILLEURS CE YON FAIT ETABLI KE MAJORITE "AMIS DES NOIRS YO" SETE DES CHRETIENS TANKOU ABBE GREGOIRE AN FRANCE AK ZOT EN ANGLETERRE TANKOU Thomas Clarkson.

MEN KEK ECRITS VASTEY KI PROUVE SA MWEN DI YO, REFORMIS ILLUMINE WAP PRONE YO MWEN KWE YAP SIMEN PLIS LA TROUBLAY AK CONFUSION NAN TET MOUN. O MYTHE SE YON EKIP ESCLAVES KI LEVE YON GRAN MATEN YO DECIDE FE REVOLUTION PA KANPE SOU ANYEN, SETE YON MOUVMAN MONDIAL POST-1789 KITE GEN YO GWO COMPOSANTE MORALE, MULAT YO KITE EN FRANCE TANKOU OGE KOMME CHAINE TRANSMISSION. MEN VRE SYMBOLIS TABLO A.

Selected works

Le Système Colonial Dévoilé (1814)
Réflexions Adressées aux Haïtiens de l'Ouest et du Sud (1815)
Le Cri de la Patrie (1815)
Réflexions sur une lettre de Mazères : ex-colon français, adressée à M. J.C.L. Sismonde de Sismondi, sur les noirs et les blancs, la civilisation de l'Afrique, le royaume d'Hayti, etc. (1816)
Réflexions Politiques sur quelques Ouvrages et Journaux Français Concernant Haïti (English: Political Remarks upon Certain French Publications and Journals Concerning Haiti), 1817
Essai sur les Causes de la Révolution et des Guerres Civiles en Haïti (English: An Essay on the Causes of the Revolution and Civil Wars of Haiti), 1819
Le Cri de la Conscience (1815)

Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Mer 26 Déc 2012 - 10:22

Men mesye wo,DOUB.
KOUMANMAN.
Ou pa wè gen yon bagay dwòl ke BONDYE an se yon BLAN ki reprezante l?
Ki reprezantasyon li ye ;se JUPITER ,yon senbòl EWOPEYEN;paske se limenm ou wè la a.

Men kounye an ;w ap di ke EJIPSYEN yo te ESKLAVAJIS.
ADYE ;esklavajis konpare a ki sa ;pa vin di ke se sa ou li lan LA BIB yo.Yo pwouve ke moun ki te bati PIRAMID yo pa t esklav ;yo te peye yo ak PEN,BYÈ ak lòt bagay e yo te BATI YON VILAJ pou yo rete.
SE PWOUVE!
Epitou ,lan yon peyi kote DESSALINES te deklare ke tout AYISYEN se NWA e se pou NÒMAL ke yo reprezante BONDYE tankou yon ""archetype"" EWOPEYEN?
TONNÈ!!!!!!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Doub-Sossis Mer 26 Déc 2012 - 11:09

Jowel, Mwen pap pale specifiquement de construction pyramide yo, ni de epok sa-a.
Fok ou place zev la nan kontext epok la tandis que en 1789 se droits de l;homme ki tap diskite en Frans ak en Europe men sak tap fet en Egypte: "C’est en Égypte que le mal est le plus général et le plus enraciné. Quand Bonaparte s’empara de l’Égypte en 1799, il trouva le commerce des esclaves dans l’état le plus florissant."

http://fr.wikisource.org/wiki/La_Traite_des_esclaves_en_Egypte_et_en_Turquie

http://www.congoforum.be/fr/congodetail.asp?subitem=21&id=43240&Congofiche=selected

Et pou composante chretienne abolition esclavage la nan periode 1789:

http://en.wikipedia.org/wiki/Abbe_Gregoire

http://en.wikipedia.org/wiki/Thomas_Clarkson


"1. La traite Orientale


Elle s'inscrit dans la continuité des pratiques esclavagistes des
sociétés de l'Antiquité classique: l'Egypte ancienne, la Mésopotamie,
l'Empire romain, notamment ont abondamment eu recours aux esclaves
africains pour le travail agricole et la construction des édifices
publics et des routes, mais également pour la domesticité. héritier du
monde romain, l'Empire byzantin apoursuivi cette pratique jusqu'au
coeur du moyen Age. Edifiés en grande partie sur le territoire de
l'Empire byzantin, les empires arabes, à partir du VIIe siècle, ont
continué ce transfert de populations africaines asservies jusqu'aux
centres des nouveaux pouvoirs vers Bagdad et Mossoul par exemple...
"


Dernière édition par Doub-Sossis le Mer 26 Déc 2012 - 12:42, édité 3 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  jafrikayiti Mer 26 Déc 2012 - 12:07

Joel, pa kouri vit ak Doub. misye konfonn epok yo.

Wi, Doub gen ARAB ki te esklavajis pandan lontan e yo kontinye komèt anpil krim sou kontinan Afriken an. Men, OSIRIS ou remake pi wo a, pa gen ANYEN arevwa ak Arab. Ansyen Ejipsyen yo se Nèg ki gen rasin yo nan peyi Soudan ak Etyopi, yo pa gen anyen ditou arevwa ak Arab.

Se jis nan ta, lè Sivilizasyon KMT (peyi moun Nwa yo - ansyen non Lejip) te koumanse pèdi pye, li vin sibi envazyon yon latriye lot pèp tankou Iksos yo jouk nou tonbe sou Arab ki anvayi peyi a nan moman an. Men, si ou vwayaje anndan Ejip jouk jounen jodi a, ou va rankontre desandan Ansyen Farawon yo.

Kanta pou potre Leonardo da Vinci (blan) ki parèt nan tablo "Le Serment des Ancêtres" la, se yon sentom pami anpil lot ki montre ki jan Krisyanis lan pa te janm inivèsèl vre. Dominasyon blan an nan tout espas se premye preyokipasyon li. E sa ki pi grav la, bouwo a devlope teknik pou ankouraje viktim li yo pèpetye preyokipasyon nasisik li genyen an.

Krisyanis lan se yon sèk ETNOSANTRIK ki pran paspouki anfavè yon tribi, yon klan yo deklare "bonbye" pi pito. Si ou tyeke pasaj tankou Levitik 25:44, Efezyen 6:5 ak anpil lot anko - ni nan ansyen, ni nan nouvo testaman, ou va konprann pou kisa, dezoutwa blan kretyen ki te anti-esklavvajis yo se fose yo t ap fose itilize Bib la pou defann agiman yo puiske an reyalite Bib la pa janm kondane lesklavaj. Okontrè, li bay detay kijan pou Izrayelit yo fè lot pèp tounen esklav - menm ti bebe ki nan vant.

An reyalite, onivo sivilizasyon se yon bagay enpotan Ayisyen dwe sonje. Revolisyon Dessalinyen an fè yon bagay ni Jidayis, ni Krisyanis, ni Islam pa te janm fè. Ni non plis okenn lot revolisyon selèb yo. Se premye mouvman ki tabli prensip sakre sa a pou limanite: LESKLAVAJ SE YON KRIM KI PA AKSEPTAB KI MERITE KONBAT AK TOUT FOS NOU, TOUT VOLONTE NOU.

Sepa ni Jezi, ni Mowamèd ni Abraram ki tabli prensip sa yo, se MAKANDAL BOUKMANN ak DESSALINES!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  jafrikayiti Mer 26 Déc 2012 - 12:16

Osijè jesyon tablo a...

Ekriven Manno Ejèn pwopoze yon petisyon. Mwen di dakò. Men, m ap fè nou remake konsèy sa a se depi ane 1998 mwen te voye li pou Prezidan Préval I, apre tablo a te jwenn yon premye pase men.

Alepòk, Jounal Haiti-en-Marche te pibliye tèks mwen an. Epi, tan fè tan kite tan...

Nou pase Aristide II, Gwo Jera ak Bonifas pou lafas (mwen espere p ap gen II pou sila yo tou!). Nou pase Preval II, jouk nou tonbe nan "Sweet Michael number one" le président qui visite Haiti de temps à autres, en passant par l'Espagne et le Japon....

Leta Ayisyen poko janm mete devwa li opwòp!

Kidonk, 14 ane annapre pou di gen rezon espere Le-TA sa a gen zorèy pou tande? Antouka, si yon moun devlope petisyon an, mwen pare pou mwen siyen li. Mèzalò, mwen pa ta vle ekzèse foli gwo midi.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Mer 26 Déc 2012 - 13:11

EJIPSYEN ARAB yo EJIPSYEN menm jan ak DESANDAN EWOPEYEN se ENDYEN ou byen FIRST NATION jan yo rele TÈT yo an.

Se tou lòt jou la a ARAB kòmanse vini an MAS se te pou la plipa lan 7yèm syèk ;lan tan kounye an.
Mwen paka sipòte lè gen NÈG ki ap vini ap agiman DEPASE tankou NÈG te konn fè NÈG parèy yo esklav;ou byen ke ARAB te ESKLAVAJIS tou.
ADYE;mwen kwè li lè pou NÈG vini ak lòt AGIMAN.
EWOPEYEN te konn vann EWOPEYEN parèy yo lan ESKLAVAJ tou.Se bay ARAB yo ,moun lan SID EWÒP yo te konn vann parèy yo;rive jis lan 15yèm syèk.

Esklavay EWOPEYEN fè lòt moun sitou lan AMERIK lan ,keseswa AFRIKEN ou byen Endyen pa gen parèy.Li INIK se sa k fè se li yo rele KRIM KONT LIMANITE



Dernière édition par Joel le Mer 26 Déc 2012 - 21:01, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  jafrikayiti Mer 26 Déc 2012 - 14:47

YON BLAN SOU TÈT DESSALINES - Yon sentòm konsyans falsifye

CHÈCHE PA PECHE - Mèkredi 26 desanm 2012, 9è aswè
Vin rapousuiv brase lide a ak Jafrikayiti epi envite espesyal Pwofesè Pierre Justice Lubin.

Pwofesè Justice se yon pitit Ayiti k ap viv Kanada. Li fenk sot pase plizyè semèn Ayiti.

Randevou 9è won nan aswè!
------------------------------------------------
Mèkredi ki pase yo, nou te fokis sou : Dokiman Lanmèmòt yo, istorik konpilasyon Bib la, Levanjil Mari, Levanjil Jida, Levanjil Toma ak lòt dokiman bibliyotèk Nag Anmadi yo, istorik kijan Jidayis la kaselezo li bay Islam, kijan Krisyanis Katolik Wowen an kase lezo li bay Pwotestan, istorik monoteyis la osnon, kwayans nan yon sèl bondye kreyatè, evolisyon predikasyon levanjil ann Ayiti depi 520 ane, eskandal nan Vatikan, Ki Bib ki pi bon, Èske "dyab" ekziste vre?, 12 prensip Bwa Kay Iman, Mit esklavaj nan peyi Lejip, 100% Ayisyen Vodouyizan, Leonardo de Nazareth, Madanm Jezi, lavi apre lanmò, èske Einstein ap boule nan lanfè, Bondye Ansyen Testaman Vs Bondye Nouvo testaman, Sen Konze, Valè moral andeyò relijyon, "renmen pwochen ou menm jan ou renmen tèt ou", "renmen Ayiti se renmen Ayisyen", Lapèrèz pa lapè, Koute yon pè ki gen lè pa pè, Konsyans Falsifye...

------------------------------------------------

Koute 106.3 FM CKIN nan Montreal, osnon sou entènèt toupatou: http://www.radiokajou.com/ osnon http://www.ckinfm.ca/

Rele nan nimewo sa yo pou ou poze kesyon osnon fè yon komantè:

Montreal: (438) 807-2397 ext 1
Ottawa: (613) 209-0181 ext 1
Etazini: (305) 677-1992

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Jeu 27 Déc 2012 - 8:20

Mwen t ap tande ENTÈVYOU JAF fè ak PWOFESÈ LUBIN an ki trè enteresan.
Sa ki te pi enteresan se EKSPERYANS misye te fè ak ETIDYAN AYISYEN yo (mwen kwè).
Misye te pran yon bann chemiz ki te fabrike ann AYITI .Chemiz yo IDANTIK ;genyen la dan yo ;misye mete ""MADE IN HAITI"" e gen lòt li mete ""MADE IN FRANCE"".
San gran ETÒNMAN ,ETIDYAN yo chwazi ""MADE IN FRANCE"" yo ;lè l mande ki chemiz ki pi byen fèt ;menm lè li chifonnen sa ki gen ETIKÈT ""MADE IN FRANCE"" yo';plis ETIDYAN yo te dispoze peye pi chè pou sa ki gen ETIKÈT ""MADE IN FRANCE"" yo.

Si MISYE ta fè EKSPERYANS sa a ann AYITI ;plis ke 90% POPILASYON an t ap chwazi chemiz ak etikèt ""MADE IN FRANCE"" yo ,si pa plis.
Si m sonje ;misye di sou 241 ETIDYAN ;sèlman 2 ladan yo te chwazi sa ki gen etikèt ""MADE IN HAITI"" yo.
SE YON GWO ,GWO PWOBLÈM.
Zafè ,CHENN LAN TÈT sa a?
Se menm pwoblèm lan ki te gen OZETAZINI ,LAN LANNE 50s yo ,lè PWOFESÈ JOHN KENNETH CLARKE te pran POUPE e li te bay timoun nwa.
POUPE YO te idantik eksepte `KOULÈ yo ;lè yo te di timoun yo chwazi yon POUPE ;poupe ki pi BÈL yo ;preske yo tout te chwazi poupe ak PO KLÈ yo.
An 2012 ,ou pa p wè sa ankò OZETAZINI ak yon gwo travay ki te fèt ;men mwen garanti si w al fè EKSPERYANS sa a ,ann AYITI ,an 2012;preske tout timoun yo ap chwazi POUPE a po KLÈ yo.
RETE ANPIL TRAVAY KI POU FÈT!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Amoph Jeu 27 Déc 2012 - 10:35

Chwa preferansyèl "Made in France" lan totalman konpreansif. Li montre estIm e yon kapital konfyans populasyon ayisyèn nan genyen nan travay, mè surtou, nan savwar-fèr fransè yo.

Dayèur, nan kadr dè tenu vestimantèr e dè prodwi kosmetik, ayisyen yo pa lè sèul à privilejye le labèl de kalite "la griffe" fransè.

Ilustre par yon exzanpl pOrtan sur le chwa antr poupe nwar e poupe blanch par la populasyon pa sufizAmman elokan. An revanch, yon sondaj, yon chwa de preferans nan tout fen fon peyi a : antr lang kreOl e lang fransèz pour ansEnye nan sistèm edukatif ayisyen an tap mete tout moun dakOr.

Amoph


Dernière édition par Amoph le Jeu 27 Déc 2012 - 15:28, édité 1 fois

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  jafrikayiti Jeu 27 Déc 2012 - 11:27

Komantè Amoph la fè mwen panse ak reyaksyon yon Ayisyèn te fè sou menm sijè sa a sou fowom Sakapfet la. Moun ki gen konflidenterè ak sijè sa a, ap mal pou yo depase konfli sa a epi konprann nesesite pou nou aji kont viris anti-Afriken an ki kontinye ap fè anpil dega nan sosyete nou an.

Men ki sa mwen te ajoute sou sijè a:
http://forums.sakapfet.com/WBSakapfet/default.asp?action=9&boardid=8&read=34032&fid=37
In the context of Haiti's history and present reality, it would be foolish for the majority of Haitians - the 99,9% of us who are of African ancestry to expect that the 0.1% who is enamored with its European DNA to understand or care for matters pertaining to crushing the vestiges of white supremacist ideology. Most of them have proven by past and current behaviour that they are incapable of that mental leap, neither do they have to care.

Now, what is messed up in the brains of all these visibly Black Haitians that they fail to realize that a work of art like "Le Serment des Ancêtres" needs proper handling and contextualizing, so that it does not serve to further entrench racist stupidities in the minds of the viewers, especially the young and impressionable ones?

Obviously, the white figure in the picture is an anomaly given the nature of the forces that stood against the anti-slavery Haitian Revolutionary forces. Can you imagine depicting the ancestors of the Jewish people in a painting with Hitler's trademark moustache and displaying it to schoolchildren in Tel Aviv, with no explanatory note.

Brother Marcus Mosiah Garvey reminded us that no one is obligated to do for you what only yourself is accountable to do for yourself.

So, those who understand why this painting is to be handled with care should simply assume their duty and do what is necessary and useful in a timely manner. As for the children of Rochambeau....let them be what they choose to be.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Jeu 27 Déc 2012 - 11:40

AMOPH;

Ou di ou se AYISYEN ;mwen pa kwè ou se AYISYEN vre.
Ou peut ètre vous voulez vous payer notre tète.

J'allais vous répondre ,mais ça ne vaut pas la peine.
L'example que j'avais donné ;concernant les poupées blanches et les poupées noires était l'argument principal dans le fameux PROCÈS aux ETATS UNIS appelé ""BROWN vs THE BOARD OF EDUCATION""

Ce procès gagné par le FUTUR PREMIER NOIR JUGE À LA COUR SUPRÈME DES ETATS UNIS était le COUP D'ENVOI pour le mouvement pour les droits civiques aux ETATS UNIS.
Si vous ètes BELGE ,ça se comprend parce que les BELGES jusqu'aujourd'hui n'ont pas fait leur CONTRITION pour le GÉNOCIDE au CONGO.
SI VOUS ÈTES HAITIEN ;je ne pourrai rien ajouter car il y en a qui sont impossibles à convaincre.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Doub-Sossis Jeu 27 Déc 2012 - 13:13

"Obviously, the white figure in the picture is an anomaly given the nature of the forces that stood against the anti-slavery Haitian Revolutionary forces.J."

I don't believe it is an anomaly, as I explained before, the depiction of God with white skin was a universal archetype with no racial connotation. That's where the haitian revolution reach Universalism and Humanist principles. That's why it was supported the world over by christian philosophers such as Abbe Gregoire and Thomas Clarkson.

One question for Jafrik:was the Haitian Revolution a Racial War (Ethnic cleansing) or a Liberation war?

"By the end of April 1804, some 3000 to 5000 people had been killed[11] and the white Haitians were practically eradicated. Only three categories of white people, except foreigners, were selected out as exceptions and spared: the Polish soldiers who deserted from the French army; the little group of German colonists invited to North West Haiti before the revolution; and a group of medical doctors and professionals.[2] Reportedly, also people with connections to officers in the Haitian army were spared, as well as the women who agreed to marry non-white men.[11]
[edit]Aftermath

Dessalines did not try to hide the massacre from the world. In an official proclamation of 8 April 1804, he stated, "We have given these true cannibals war for war, crime for crime, outrage for outrage. Yes, I have saved my country, I have avenged America".[2] He referred to the massacre as an act of national authority. Dessalines regarded the elimination of the white Haitians an act of political necessity, as they were regarded as a threat to the peace between the black and the colored. It was also regarded as a necessary act of vengeance.[11] He was, however, eager to assure that Haiti was not a threat to other nations and that it sought to establish friendly relations also to nations where slavery was still allowed.[14]
In the 1805 constitution, all citizens were defined as "black",[15] and white men were banned from owning land.[11][16]
The 1804 massacre had a long lasting effect on the view of the Haitian Revolution and helped to create a legacy of racial hostility in Haitian society.[15]"


Dernière édition par Doub-Sossis le Jeu 27 Déc 2012 - 18:14, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Jeu 27 Déc 2012 - 13:52

A legacy of racial hostility in Haitian society?
I don't understand that one.

What about the FRENCH MASSACRE of the GUADELOUPEANS in 1802.
Did it provoke " a racial hostility"" toward the FRENCH?

Oh I forgot ,VILLEPANCE could massacre MEN,WOMEN and CHILDREN ,under NAPOLEON'S ORDERS in GUADELOUPE ;and no stain on NAPOLEON'S reputation while DESSALINES is regarded by some;in his own country;as a killer.

MY!MY!























Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Joel Ven 28 Déc 2012 - 7:07

AMOPH;

Nous avons peu ou prou à imiter de la FRANCE.LA FRANCE est un has-been.
Si nous voulons imiter;imitons plutot le BRÉSIL qui est beaucoup plus proche de nous ,culturellement.
Ou plutot,construisons ,choisissons nos propres voies:

http://www.nytimes.com/2012/12/03/world/europe/young-and-educated-in-france-find-employment-elusive.html?pagewanted=all

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Amoph Ven 28 Déc 2012 - 15:25

Père Joël,

Frèr ou ap vivr avèk yon bèl brezilyèn, se nOrmal maten, midi, aswè wap klerone Brezil plu bo peyi pase w nanpwen, peyi ki plu rich pase w nanpwen, peyi li fè bon vivr pase w nanpwen, ...

Fransè e ayisyen partaj la mêm kultur osi byen ke no zami portugè e brezilyen.

A note : peyi ki soutnu plus Ayiti an matyèr dèd o devlopman nan Amerik la rèst e demèur le Venezwela, vyen answit Kuba.

Quelle serait la voie à suivre ?

Evite le repli sur swa, tout tantative de jwe kavalye sèul agravrè la situasyon deja kaotik e se sOlderè par un echèk kwizant. LETA 105 kOb nan kès. Ayiti an trè bOn relasyon avèk tou lè peyi du mond, LETA dwe kout ke kout antretnir sè bOn relasyon pour tante damelyore lè kondisyon de "vie" de la populasyon. Se la sèul isu favorabl.

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  travers Ven 28 Déc 2012 - 15:51

je voulais repondre a joelle on a des bresiliens aussi (au bois de boulogne) lol!
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen Empty Re: Le Serment des Ancêtres - Konsèy pou Leta Ayisyen

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum