Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

BASS REEVES,GREATEST U.S MARSHALL

Aller en bas

BASS REEVES,GREATEST U.S MARSHALL Empty BASS REEVES,GREATEST U.S MARSHALL

Message  Joel Dim 17 Fév 2013 - 8:35

Kòm Mwa sa a se ""BLACK HISTORY MONTH"",annou fè yon ti konesans ak BASS REEVES.
Pouki sa BASS REEVES ,an pil lan nou ka mande.
Se paske ,ke nou te vle l ou non ;anpil lan nou te leve lan FIM KÒBÒY.Anpil lan nou sa ki bon ""good guys and bad guys"" se FIM sa yo ki te ede nou konseptyalize bagay sa yo.
Lan FIM sa yo ,nou te konn bat BRAVO lè KÒBÒY BLAN yo ap touye ENDYEN yo ki te jis ap defann teritwa yo.Nou entènalize bagay ke ENDYEN yo se te SOVAJ alòs ke SOVAJ yo se moun ki t ap eseye vòlò tè yo.

Yon lòt bagay ,lè yo di nou COWBOY;nou te wè BLAN .Te gen plis BLAN ki te COWBOY men omwens 1/3 KÒBÒY yo se te NWA.
Apre gè SIVIL lan ,se te sèl DJÒB ke yo te ka jwenn.Djob KÒBÒY lan se ton travay ki dejanre.Lè w fè 2 zou 3 mwa ap kondwi bèf sòti lan TEXAS rive lan KANSAS,anpil bagay ka rive.

Pou U.S MARSHALL menm ;lè yo di nou sa ,nou gen tandans te wè moun tankou KIT CARSON,WYATT EARP,HOPALONG CASSIDY,BAT MASTERSON elt..
Mesye sa yo te fame wi ,men yo pa ka limen yon CHANDÈL lan pye BASS REEVES.Sè jou si swa lan LIV swa lan TELEVIZYON y ap pale de BASS REEVES.
BASS REEVES ,te fèt ESKLAV lan TEXAS .Apre fen GÈ SIVIL lan misye te rantre lan kò U.S MARSHALL lan ,kòm DEPITE.BASS REEVES pa t konn li ak ekri;men misye te vin responsab OKLAHOMA TERRITORY ;se te yon teritwa ki ta ka fè plis ke 2 FWA SIPÈFISI AYITI.

BASS REEVES te arete plis ke 3000 BANDI pandan KARYÈ li,li touye plis ke 14 BANDi lan ""shoot out"".
Yo di ke jis jounen jodi an ,pa janm gen yon U.S MARSHALL tankou BASS REEVES


http://www.legendsofamerica.com/we-bassreeves.html


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum