Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

2 participants

Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Joel Lun 18 Mar 2013 - 19:07

Lè BOYER te envite AMERIKEN NWA yo pou yo vini lan IL lan.Sa te fè SANS pou l te bayo tè lan PATI PANYÒL lan ki te vid.
Pwoblèm lan ,PATI LWÈS lan te pèdi mesye sa yo apre 1844;paske MESYE sa yo te KONN LI ,yon bagay enpòtan lan EPÒK lan e yo se te ATIZAN tou ;ki te ka konstwi BATO.
BOYER te voye yo lan LA SEMANA ;sanble yo kenbe tout KOUTIM yo te vini ak yo an ;menm LANG ANGLE:




Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Doub-Sossis Lun 18 Mar 2013 - 22:51

JOWEL WOU SONJE LE NOU TAP FE DISKISSION DIFFERANS ANT RD AK HAITI MWEN TE DIW YON NAN PRINCIPAL DIFFERANS SETE KANTITE POPILATION AK EDIKATION.

SA-A SE YON LOT PREV, REPIBLIK DOMINICANE EN 1825 SE YON SAVANN LI TE YE SE JIS KEK VILLES KITE GEN MOUN LADAN AK KEK BITATION PA CI PA LA, LO SA-A DAPRE RECIT EPOK LA WOU TE GENDWA MACHE 2 JOU WOU PA RANKONTRE AK YON GREN MOUN.

SE POUSSA BOYER KI TE FE SEZI TERRES GWO DOMAINES LEGLIZ ESPAGNOL TE GENYEN NAN RD TE KOUMANSE DISTRIBIYE A HAITIENS, DOMINICAINS ET MEMN AMERICAINS NWA YO.

WA KONTINIE PALE BOYER MAL TOUJOU. GADE YON ERITAJ MENM APRE 2 SIEK LI KITE, MOUN SAYO AK PITIT YO VENERE NON LI.

MEN JIS NAN ZETA ZINI NAN PLEIN VILLE NEW YORK GEN YON LOJ MACONNIQUE NWA AMERICAIN YO BALI NON JEAN PIERRE BOYER DEPI PLIS KE 200 ANS EN RECONNAISSANCE DE SA LI TE FE POU AMERICAIN NWA YO, SE NOU MENM KI PA RECONNAIT LI. MEN YO SOT FETE 200e anniversaire loge la ki se yon gwo loge ki rekonni a travers le monnde maconnique pou travail HUMANIS LI ACCOMPLI POU AVANCEMENT L"HOMME NOIR.

http://capitolwords.org/date/2012/03/22/E432-2_celebrating-the-200th-anniversary-of-boyer-lodge-n/

tan wou aux etats wou met kree loj paw pou Miranda ak Dessalines
LOL
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Joel Mar 19 Mar 2013 - 6:14

Wi BOYER te envite yo ,se vre ;men anpil ladan yo te kase tèt tounen paske sa BOYER te pwomèt yo pa t konkretize.
BOYER te pwomèt yo LEKÒL ,yon bagay ke BOYER te alèjik a sa.
Se youn lan pi gwo rezon ki fè ke yo pa t rete .Se yon bagay yo pa t machande paske menm anvan GÈ SIVIL AMERIKEN an ;se sèlman 20% NWA lan NÒ ""MASON DIXON LINE"" ki pa t konn li.

Pou moun ki pa konnen ""MASON DIXON LINE""se preske yon FWONTYÈ ki te separe ETA ki te aboli LESKLAVAJ bonè lan NÒ an ,ak ETA ESKLAVAJIS SID yo.
Anvan GÈ SIVIL AMERIKEN an ;AYITI se te tankou IZRAYÈL ye pou JWIF yo ,pou NWA AMERIKEN yo.
Se pou di se pa t pou nwa ameriken yo sèlman se te pou tout nwa lan AMERIK lan.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Joel Mar 19 Mar 2013 - 11:08

DOMINIKEN yo ak INIVÈSITE AMERIKEN yo fè anpil ETID sou DESANDAN AFRIKEN AMERIKEN yo sou LIL KISKEYA ;sitou sa ki lan RD yo.

Ou gen dwa wè yo sou WEB lan.Yo estime ke gen anviwon 500 MIL desandan MIGRASYON sa a ki ap viv lan RD e ladan yo gen preske 10 MIL ki prezève LANG ANGLE an.
E PATI LWÈS lan ;gen moun ki konnen konbyen desandan mesyedam sa yo ki genyen?
Se yomenm ki te entwodwi LEGLIZ EPISKOPAL lan ,ann AYITI,si m kwè e ki te bati KATEDRAL SENT TRINITE an.
Petèt JAF konnen plis sou bagay sa a ,paske misye te di ,si m sonje, ke l sòti lan tradisyon sa a.

OZETAZINI ,yo te rele legliz sa a AFRICAN METHODIST EPISCOPAL.Se yo ki gen youn lan pi gwo KATEDRAL lan HARLEM ;kote KRÈM BOUJWAZI NWA AMERIKEN an ,se MANM!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Doub-Sossis Mer 20 Mar 2013 - 0:06


Jowel,

Anpil nan sa ki rete Haiti yo se sak te plis nan komes ak lot metier ki te ka permet yo integre societe haitienne nan plis facil.

Mwen pa kwe ke sak te habitant yo menm jan en RD te rete malgre yo te distribuye terre bayo...Konnessan probleme terre haiti , menm natif natal pat jwenn li tap difficil pou etranger jwenn epi yo prospere ladan.

Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Joel Mer 20 Mar 2013 - 5:21

Yo pa t kiltivatè pou la plipa.
Lan gran vil lan SID lan tankou CHARLESTON ;mèt yo te konn montre esklav yo metye ,pou yo fè LAJAN ak yo.Se yo ki te konstwi BATO pa egzanp ,fè MÈB elt..
Se yo tou ki te pi fasil chape poul yo e travèse MASON DIXON LINE lan.
Men tou menm si w te lan NÒ an e w pa t gen papye yo te konn voye MOUN dèyè w pou rekaptire w paske w se pwopriyete.
Se mesyedam sa yo ki an premye ,te vle emigre swa ann AYITI ,swa lan LIBERIA ,swa lan SIERRA LEONE.

Se te rèv tout NWA lan AMERIK lan pou yo te emigre ann AYITI.
Ekriven MATINIKÈ an RAPHAEL CONFIANT di ke esklav MATINIKÈ ak GWADLOUPEYEN te konn pran lan MÈ sou ti BATO pou yo ale ann AYITI.
Misye di preske yo tout te konn peri lan lanmè paske yo pa t reyalize ke AYITI pa t pre ;ke l te lwen.

ABDIAS DA NASCIMENTO limenm di depi esklav lan BREZIL yo te revolte ;premye non yo envoke se te AYITI .
An 1826 ,DENMARK VESEY t ap òganize yon REVÒLT ESKLAV lan KAWOLIN DI SID e youn lan rezon ke mouvman sa a manke reyisi se paske li te kouri BRI ke li te gan APWI JEAN PIERRE BOYER.
Bagay ki te fè ESKLAVAJIS lan REJYON sa a tranble

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Joel Mer 20 Mar 2013 - 12:29

Sa a se pou NÈG ki kontinye lan RANS NÈG NWA ak NÈG MILAT lan .Wi nou erite bagay sa a de KOLONI an men li lè tou pou nou ""ralanti"" pale de bagay AKAYIK sa a ;si se pa sèlman lan kontèks istorik.

TRUJILLO ki te pi cho devan bann pou pale de BLANCO DE LA TIERRA li an te gen 2 FRÈ l te NWA-NWA gen youn tèt koupe ak li ki te gen yon ti NON ""NEGRO"" epitou TRUJILLO te gen yon ""poud espesyal "" pou chak maten anvan l sòti li te konn poudre figi l ak men l.

Lan KIBA menm ;kote kilti AFRIKEN an fò ;se FIDEL CASTRO ki vini bali tout enpòtans li;plis pase ann AYITI menm.Te gen ""apartheid"" sou FULGENCIO BATISTA ki poutan se te yon NWA-MILAT.

Gen anpil entelektyèl DOMINIKEN ki kòmanse ap leve pou yo di DOMINIKEN yo ,yo se dorijin AFRIKEN e diferans ke yo panse yo genyen ak AYISYEN se yon kesyon de degre:
Epitou pou NÈG kontinye ap pale de kesyon NÈG-NWA ak NÈG MILAT lan se tankou yon ALMAN ki kontinye ap pale de RAS ARYÈN.
Si w fè sa jodi an ann ALMAY ;y ap ri w:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO Empty Re: Yon PAJ ISTWA ENTERESAN-DESANDAN AMERIKEN KE BOYER TE ENVITE YO

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum