Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

4 participants

Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Joel Lun 20 Mai 2013 - 16:07

Nou konnen ak MIZÈ ki genyen ann AYITI,bagay RESTAVÈK sa a kapab an ba LIS lan bagay ki pou ranje lan peyi an.
Men bagay yo RÈD.Fòk gen yon amelyorasyon ki pou pote lan bagay sa a;mwen pa konn ki jan ,men fòk li fèt:

http://lens.blogs.nytimes.com/2013/05/20/haiti's-child-servants/?hp

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Sasaye Mar 21 Mai 2013 - 16:56


Depi m piti ap grandi ann Ayiti, mwen gen pwoblèm avèk sistèm restavèk lan. E pa janm gen okenn chanjman, okenn ameliorasyon lan kondisyon timoun sayo.

Ayisyen jwenn tout kalite ekskizs pou yo pa eliminen, kraze sistèm saa.

Pwoblèm ekonomik lan agrave ak prezans tout restavèk sayo ki pa itil peyi an.
Se yon gwo fôs travay ke moun ki gen restavèk retire lan ekonomi peyi an paske yo ta kapab jwenn, chèche, kreye anplwa ki ta ogmante asyèt fiskal peyi an.

Opwendvi sosyal e imen, Ayisyen retade.
Kijan fè ke yon pèp, yon nasyon ki te pote flanbo lalibète, ki premye peyi ki aboli esklavaj kontinye ap pratike lesklavaj.
Kijan fè pa gen oken peyi lan zôn nan apa de Ayiti ki gen restavèk.
Tonnè fout!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Joel Mar 21 Mai 2013 - 17:30

Gen anpil NÈG menm sou SIT sa a ki vle fè eskiz pou bagay sa yo ann AYITI sou pretèks nou te yon SOSYETE ESKLAVAJIS.
Se tankou lòt sosyete lan zòn lan pa t sosyete esklavajis tou.
Kouman fè yon sosyete tankou BARBAD;se menm kote ak nou ke yo sòti ;se ann AFRIK DE LWÈS .Dirijan BARBAD yo se desandan ansyen esklav ki sòti ann AFRIK DE LWÈS ,menm jan ak nou.
Kouman fè BARBADYEN trete moun lan peyi yo tèlman diferan de jan nou trete pa nou yo?
De peyi tankou KIBA ak BREZIL tou ;se lan 1880s yo; yo te aboli LESKLAVAY pou ki sa yo pa trete desandan ESKLAV sa yo pi mal pase nou.
Se kesyon sa yo pou nou poze;eske se pa rezon sa a tou ki fè peyi an lan tout mizè ke li ye tou.

Mezanmi gade FOTO #4 lan .Se pou nou wè ""sadness"" ki lan zye JUDELINE lan ;imilyasyon ,ou wè ti pitit lan santi tout pwa ""monn"" lan sou do.
FOTO sa a merite yon ""PULITZER PRIZE""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  ainsi ne soit-il Mar 21 Mai 2013 - 22:34

W travay w pa touche se zombie w ye. Gen aryere k'ap vin di si w kwe w ka chanje bagay yo. Se reyaksyon anpil moun ki pa'p janm konprand ke peyi sa gen yon bezwen ijan pou yo repense'l.

Mwen pa janm kwe lan sistem konsa. Moun ki gen laj gen dwa al travay ofri sevis yo wi pou fe dis kob yo ak diyite men pou mwen se yon krim eksplwatasyon menm gen anpil ti moun ki pa sibi move tretman e ke yo voye lekol.

Se sou-devlopman mantal e entelektyel ki anpeche yo reglemante pratik sa. Peyi inikite. Men fok mwen di ke gen lot kilti ki pi mal byen ke sa pa dwe servi kom eskiz.

Mwen deja we yon malbourik Libanais k'ap bouskile yon gran moun gason k'ap fe ti travay lan ti boutik yo. Madanm blanch ki te devan'm la mande'l ki es gran moun la ye. Enbesil la repond se tonton'l e pi li bese tet li. Li pense dam blanch la te pwal kontan paske l'ap rele sou gran moun la pou al cheche item madanm la mande'l.

Alor mwen pa kwe Ayisyen t'ap janm trete tonton yo ou menm gran moun k'ap sevi yo konsa devan kliyan e pi pa gen tonton Ayisyen ki t'ap janm aksepte sa lan main neveu yo.


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Mer 22 Mai 2013 - 13:51, édité 2 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  ainsi ne soit-il Mar 21 Mai 2013 - 23:01

San fe zen gen moun ki debake an Ayiti sistem sa fe zafe yo. Alor Ayisyen sa yo ki chita ap kalonen moun ki vin ak vizyon pou peyi a se paske yo mal anpil.

Wi se pou yo rezoud problem restavek la men m'ap mande'm kouman dabor yo pwal rezoud problem vagabon sousou k'ap fe jenufleksyon devan le parrain de Saint Domingue. Lan kou a depute a jenou a tou voye on mesaj ke nou pran lan Cosa Nostra net fwa sa. Woy!

M'ale.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Thunder Mer 22 Mai 2013 - 3:22

Pwoblèm restavèk lan se pa yon pwoblèm ki ka rezoud yon grenn maten paske se pa yon ti gwoup ki itilize l, men se tout kouch sosyal an jeneral, sitou sila yo ki pa si alèz ekonomikman yo.

A mwayen tèm, sa nou ka fè se petèt mete nimewo telefòn pou moun denonse bagay sa yo bay leta e pou leta li menm vini chache timoun sa yo e ede yo jwenn yon lavi miyò demen ak edikasyon elatriye... anatandan ke yo ka ede pwòp tèt yo.

A lon tèm menm, se edike fanm ak gason nan zafè kontwole fè pitit e dechouke lamize ki oblije ke paran yo bay pitit yo rete ak moun tan pou timoun sa yo mouri ak grangou devan zye yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Joel Mer 22 Mai 2013 - 6:32

Se pa si fasil.Menm ELIT AYISYEN an pa fin wè tou sa ki ""wrong"" ak pratik sa a.
Se tankou bagay ANALFABETISM lan.
Lè MEDINA prezidan ki fèt eli an DOMINIKANI an ;youn lan premye MESAJ A LA NASYON ke li fè se pou l di ke preske 10% moun lan RD yo pa konn li ak ekri.Misye di ak yon bagay konsa RD pa p janm rive kote pou l rive an .
Misye di se yon BAGAY ENTOLERAB e li mande KONKOU popilasyon pou eradike bagay sa a.
Apre mesaj sa a ;anviwon 5000 DOMINIKEN pòte yo volontè pou yo ede.
Konpare sa ak AYITI kote ke 50% popilasyon an ANALFABÈT e ki IJANS ke GOUVÈNMAN an ak POPILASYON wè pou yo diminye FLEWO sa a.
Semèn sa a ;gen yon moun lan GOUVÈNMAN AYISYEN an ki te jis mansyone AVÒTMAN li pa t menm mansyone posibilite pou legalize l.APATRID tankou OSNER FEVRY te gen tan kòmanse ap voye monte.

Lan KIBA tout aksè ak KONTRASEPSYON legal ;avòtman depi w vle .li aksesib .KIBA gen yon estabilite popilasyon .Se pa kounye an li 11 MILYON ,li pa janm ogmante;yo di li ka menm diminye.

Bagay sa yo ka gen solisyon men se ELIT RETADE nou an pou nou edike anvan e apre n ap ka edike rès popilasyon an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Sasaye Mer 22 Mai 2013 - 8:05

Se pa lelit lan sèlman ki pa jwenn anyen de mal lan pratik restavèk lan.
Se yon majorite popilasyon an ki twouve sa nômal.
Gen moun ki di se yon bon bagay ki ap ede timoun yo.
Tou sa se rans ki sôti lan yon mantalite retwograd e malveyan.

Ann Ayiti, malere ak moun ki viktim sèvitid ap pèpetre sistèm lan.
Gen bôn ki geyen restavèk payo.
E gen restavèk ki fanmi ( kousen, kouzin, fiyèl) moun kote yo rete yo.
Yo trete yo kôm esklav kanmenm.
Sa pi mal pase mononk libanè an.

Epi yon aspè ki osi grav se abi seksyèl restavèk yo sibi.
Ke se papa a, ke se pitit gason lan kay la, yo koupe timoun yo e ansent anpil ladan yo e yo pa ni pran responsabilite, ni rekonèt timoun yo.
Sa ogmante popilasyon an tou.
Lwa kont kadejak pa aplike pou restavèk.

Li nesesè pou lejislati an adopte yon lwa pou kontwole nesans ak twôp popilasyon,
men avèk menm mantalite saa, bagay restavèk saa pap rezoud.

Sonje ke anvan popilasyonan te rive lan nivo saa, te toujou gen restavèk.
Se yon ideyoloji kolonyal ki kenbe sistèm nan.
Kontwol dè nesans dwe pran jarèt lan evolisyon tèt ayisyen an jeneral.

Se pa grangou sèlman ki fè ke peyizan ayisyen an voye pitit li al fè esklav lan lavil yo.
Yo ta kapab sèvi ak timoun yo pou ede jan yo kapab lan jaden yo, tankou anpil sosyete fè.
Yo genyen yon espès de espwa ke sistèm saa ta retire timoun nan lan sitiyasyon riral pou yo vin lavil ki pi bon.

Men nou wè ke lavil pa pi bon.
Gade moun ki lan bidonvil ki ap pouse lan tout vil lan peyi an.

Lè nou ap pale de edikasyon ann Ayiti, se pa pou moun aprann li ak ekri sèlman.
Se montre tout moun an komansan pa moun ki konn li deja, ke tout moun se moun e ke tout ayisyen merite respè.

Poukisa ayisyen pa kapab fè menjan ak lôt peyi pou rektifye injistis saa?

Pa gen lontan, lan ane karant (40) yo, Angle te konn voye timoun al travay lan min chabon. Yo te men voye milye ti angle lan Kanadsa pou yo al lan yon sitiyasyon ki sanble ak restavèk nou yo.
Men sa aboli jodia.

Sa nou genyen ki fè nou pakab fè sa?
Se sôt nou sôt pandan nou retwograd toujou?

Lan pwen kestyon kou tèm ak lon tèm.
Se yon kontinyasyon esklavaj depi endepandans nou.
Se yon wont nasyonal e entènasyonal.

Se lwa drastik ki pou vote epi enfôsman sanpransouf ki mete koupab lan prizon pou sa.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE! Empty Re: Bagay RESTAVÈK sa a RÈD VRE!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum