Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon : la prochaine extension Pokémon sera EV6.5 Fable ...
Voir le deal

GOLDEN RATIO-RATIO D'OR-KI SA LI YE

Aller en bas

GOLDEN RATIO-RATIO D'OR-KI SA LI YE  Empty GOLDEN RATIO-RATIO D'OR-KI SA LI YE

Message  Joel Lun 3 Juin 2013 - 9:17

Gen nou ki ka deja tande pale de bagay sa a ke mwen pa t janm tande pale ann AYITI.Petèt yo te pale de li, lan MILYE MASONIK yo.
Mwen ta pale de sa ;sitou pou moun ki poko janm tande pale de li.Mwen t ap tande mesye NASA yo ;wi NASA;ki ale lan ETA OHIO pou enterese timoun yo lan MATEMATIK ak SYANS.
Se pou w te wè jan timoun yo te eksite lè SYANTIS NASA yo t ap eksplike bagay RASYO DÒ sa a ;yo rele l tou koefisyan la vi.
KOEFISYAN sa a se 0.62.
Nou gen dwa wè l lan noumenm menm.Si nou mezire distans PWENT PYE NOU ak LONBRIT NOU e distans LONBRIT NOU ak TÈT NOU n ap jwenn distans LONBRIT NOU ak TÈT nou 0.62 ou byen aproksimatif distans PYE NOU ak LONBRIT NOU.

Ou jwenn sa lan preske tout bagay NATIRÈL.Se pou wè jan SYANTIS NASA yo t ap fè timoun yo mezire ki jan GRADOUB PO yon ANANA distribye ;kijan triyang lan yon ZORANJ.
Sitou KOKIY lan yon MOLISK elt,elt

ANSYEN yo te konn RASYO sa a .Se sou baz sa a anpil lan bagay lan PIRAMID yo te DESINE ;sitou lan CHANM yo.Ou jwenn li tou lan batiman GRÈK yo ,tankou PATENON an .Byen ke anpil bagay GRÈK yo te fè se sou EJIPSYEN yo ,yo te kopye l-SE YON LÒT KOZE.

Sa k pi rèd lan PIRAMID MAYAN yo ,lan AMERIK SANTRAL te respekte avèk ekzaktitid RASYO DÒ sa a.
Se 2 RASYO ,AN VERITE ;se .62 ak 1.618.

FIBONACCI ke yo rele tou LEONARDO de PISA NÈG ki te entwodwi ARITMETIK ann EWÒP lan 13 zyèm syèk .
Wi EWOPEYEN yo pa t konn ARITMETIK ke ARAB yo ak KONPAYÈL MIZILMAN AFRIKEN yo te konnen depi dè syèk-Se yon lòt koze.
FIBONACCI pou l te rezoud yon PWOBLÈM ,lè yo mande l konbyen LAPEN yo ka jwenn apre 1 aN ;si w kòmanse ak 2 LAPEN e si w konsidere LAPEN kapab fè lòt lapen apre yon mwa yon fèt.

Gen de NÈG ki pa kwè lan EVOLISYON men tou mwen pa wè dòt bagay se EVOLISYON.
Mwen ap mete PRÈV FIBONACCI an ki senp ;byen ke gen moun ki ize MATAMATIK pi avanse pou pwouve l.
Pa misye an trè senp.Bagay ki te a la pòte yon moun lan 13zyèm syèk ann EWÒP kote 99% moun yo pa t konn li ak ekri.




Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GOLDEN RATIO-RATIO D'OR-KI SA LI YE  Empty Re: GOLDEN RATIO-RATIO D'OR-KI SA LI YE

Message  Joel Mar 4 Juin 2013 - 9:23

Annou kontinye sou ti kozman.
Lan rankont SYANTIS NASA yo ,kote y ap chache fè timoun yo enterese lan MATEMATIK ak SYANS .
SYANTIS yo di timoun yo ;konte konbyen DWÈT yo gen lan yon men.
Timoun yo di 5 NATIRÈLMAN.
Yo di yo konte konbyen ""knuckle"" .Se 3.
Yo di yo se pa pa AZA .Pouki sa se pa 5 ""knuckle"" ou byen 6 ;menm 4.
Se jis paske MEN yo obeyi RASYO DÒ an.

3:5=0.6
e lan lòt sans lan 5:3=1.66.
Bagay ki apwoche RASYO DÒ an 0.62 ak 1.618
Annou tounen sou FIBONACCI.
FIBONACCI ou byen LEONARDO de PISA fèt lan PISA youn lan ""city-state"" ITALI yo.
Se lan ""city state"" sa yo ke RENESANS EWOPEYEN an kòmanse a kòz de proksimite yo ak SIVILIZASYON ARAB yo.
RENESANS ann ITALI te kòmanse anviwon 2 syèk anvan la FRANS pa egzanp.

FIBONACCI t ap travay lan teritwa ki ALJERI joiunen jodi an ;misye te ap konfeksyone ""BALÈN"" sa nou rele BOUJI an .PRESIZEMAN se lan vil ALJERYEN ki rele BOUJI an ;se poutèt sa FRANSE yo rele balèn ""BOUGIE""
Misye te wè anpil bèl bagay sou teritwa ARAB yo ;youn ladan yo se ""ARITMETIK"" ke ARAB yo te konnen ;ke EWOPEYEN yo pa t konnen e ke ARAB yo te pran lan men SIVILIZASYON LÈS yo tankou LA CHINE ak LEND.
FIBONACCI kite ALJERI misye te debake lakay li .MISYE te ekri yon LIV yo te rele ""LIBER ABACCI"";""THE BOOK OF NUMBERS""
Pou premye fwa misye t ap montre moun ki konn li yo(ki pa t anpil) sa ADISYON,SOUSTRAKSYON,MILTIPLIKASYON ,DIVIZYON ye.
An pasan se te yon KONSÈP AVANSE pou EWOPEYEN yo.Se sa ki te pèmèt BANK kreye;paske li te difisil ak ""ROMAN NUMERAL"" pou diferan ETA-SITE yo fè kòmès antre yo.
Se te yon KOCHMA pou yo te konvèti diferan mòd peman antre yo.
FIBONACCI te entwodwi RASYO DÒ an san l pa konnen.Se yon bagay y ap ize menm LAN ELEKTRONIK MODÈN jounen jodi an.Se pa t FIBONACCI ki te kreye SEKANS FIBONACCI an ;ENDYEN ann END yo t ap ize dè syèk oparavan.
Gen de EKWASYON KONPLÈKS KI EKSPLIKE l ;men men ki jan FIBONACCI te eksplike lan ""LIBER ABACCI""

1:1

1:2

2:3

3:5

5:8

8:13

13:21

21:34

34:55

Nèg entelijan sou sit lan gen dwa wè ki jan sekans lan mache.Li senp .E nou gen dwa wè tou ke plis ke NONM yo ap vin pi gwo ;n ap apwoche de RASYO DÒ an

.62 ak 1.618.
Pa egzanp :
21:34=.6177
34:21=1.619

N A KONTINYE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum