Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

5 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Ven 26 Juil 2013 - 10:32

DOUB;

Banm yon ti LIMYÈ ,oumenm ki branche.De ki sa mesyedam yo t ap pale pandan 1 èd tan 1/2.
Eske selon sa k ap pale AMERIKEN yo pral jete DWAT DI an lan POUBÈL tankou yo te fè l lan DOMINIKANI?
Eske yo ka ize RDNP pou modere FL ,menm jan yo te ize PRSC pou modere PLD?
Taktik sa a te pote rezilta lan RD ;byen ke gouvènman ki o pouvwa lan RD an pa osi pro-AMERIKEN ke yo ta renmen l lan.
Pou sa ta reyisi ann AYITI se pou moun tankou madan MANIGAT yo ta gen vizyon.Sitou ke malgre li pral gen 76 zan an 2016 ,li di li ap KANDIDA a la PREZIDANS.

Mesyedam yo fè yon bon pale ;sa m ta swete sè ke madan MANIGAT sispann yon politisyen 19yèm syèk e ede antere DWAT DI AYISYEN an ki ap chache parèt tèt li ankò.

Tout se espekilasyon ,antouka n ap gade:

http://lenouvelliste.com/article4.php?newsid=119455

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Ven 26 Juil 2013 - 12:41

Problem mwen se dezod ak dezoganizasyon politik ki gen lan peyi a. Myrlande Manigat ap fè politik tankou yon rèn kaduk lan tou d'ivwa'l. Se toujou diskisyon politik akse pou pèsonalite politik, yon ekzèsis ki pa rapóte anyen paske an Ayiti yo pa fè politik pou sèvi popilasyon an men plis pou asire ke se lan menm yo menm la ti resèt lEta antre pandan ke popilasyon ap kreve de fen ak inyorans. Tout moun sa yo, tout lejislatè ak tout reprezantan sa yo ki pa ka man-yen prezidan fatra sa a se paske ti vagabon a se branch sou ki yo tout chita. li lè pou bluff kachotri a fout fini, li lè pou di pèp Ayisyen ake peyi a kraze, ke gouvènman a pa ka chanje vi yo. Li lè pou tout vil ak provens vire do bay Repiblik makrèl P-A-P a do nèt.

Madan Manigat ap enpoze kondisyon'l e li anonse kandidati evantyèl li. Alor sa fè'm sonje nèg ki t'ap plede mande pou Aristid retire kor'l kom chef FL. E byen men li, Myrlande di li p'ap fè yon pa de fason pou li favorise sa li pretand ke li ka frenen a; talè nou pwal tande Sweet Mickey deklare ke li pa pwal okenn kote non plis eleksyon ou pa. Tout est posibl lan peyi sa a.

Kestyon a tro konplike pou mwen paske mwen pa konprand vrè enjeu a lan pil deklarasyon politik byenere ak byenerèz yo. Mwen menm dekouraje paske sanble nou plis enfóme sou entrig politik ke pou nou ka gen enfomasyon ki ta bay nou yon ide de avansman a lon tèm lan peyi a.

Sa fè mwen retounen sou Jude célestin. M'ap mande'm si nou pa fè yon erè lè ke nou te aksepte ke yo ekate misye nèt. Mezanmi, antre nou, lan mitan tout inaptes ak ineptes sa yo mwen pa kwè ke Jude ta pi mal pase sa non. M'ap sonje an patikilye misye ki te vini ak projè enfrastikti lan program politik li a. Preval gen tor se vre men m'ap mande si ti nom sa a pa't nèg nou te bezwen a pou le moman. De tout fason lan mal kalkile se pa mal ke pReval te vle fè peyi a. Yo toujou di ke lè w wè nèg ap pote bofis li an lè, se paske gen karaktè lan kay la. antouka Jude Célestin ke nou pa konen byen pa fouti pi mal ke malpropte sa a ak Madanm sa a ki soufri menm maladi ak mari li: se swa la prezidans ou rien du tout. MYrlande pa gen anyen pou li di lan koze sa ankor, si li te reflechi tou d'bon li ta sonje ke se li ki te sèvi fasilitatè pou Sweet Mickey ka vin defeke sou moun lan peyi a.

Ah wi, li al bay kou lan inivèsite Aristid la? Eh byen, se bon siy, nen manmzèl pa an lè tankou pa Lesly ki pa ta janm poze yon jès konsa. (lol)


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Ven 26 Juil 2013 - 14:42

Mwen pa konnen ki sa k ap pase;sèl bagay ,enperyalis lan gen yon jan li opere.

Yo konn lave men yo pafwa de yon gwoup DEMEPLÈ.Byen ke yo fè KOUDETA ,netwaye teren pou DWAT lan enpoze l ;men yo paka fè l.
DWAT sa a ,se tan pèdi pou ENPERYALIS lan ;BREZILYEN yo ap vale teren a kote an ;lan RD;y ap taye zèb anba pye ENPERYALIS TRADISYONÈL yo.

Madan MANIGAT ta ka itil wi pou yon pòsyon DWAT lan ;li ta ka ede netralize yo ,pou yo sispann anmède moun.

Kanta CELESTIN ;mwen te definitivman pou misye .Misye te preferab a madan MANIGAT ou byen SWIT MIKI.Definitivman.
Misye te pwouve ke si l te vin prezidan ;li pa t ap al lan voye monte ;li t ap mete ala tach pou l chanje bagay yo.
Te gen gran pwobabilite pou sa te fèt

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Doub-Sossis Ven 26 Juil 2013 - 16:40

JOWEL, MWEN PA TOUJOU DIW KISA R.D.N.P. SIGNIFIE, LE LA PATRIE AN DANJE
-------------------------------------------------------------------------------


vendredi 26 juillet 2013

« Elections ou démission », Martelly doit choisir
Source: lenouvelliste.com, 25 juillet 2013
Par Robenson Geffrard
rgeffrard@lenouvelliste.com






Madame Mirlande Manigat, Secrétaire générale du RDNP
Crédit photo: Le Nouvelliste, 25 juillet 2013



La secrétaire générale du RDNP ne jure que par la réalisation des élections cette année. Selon Mirlande Manigat, qui n'a pas caché son intention de se présenter à nouveau à l'élection présidentielle de 2016, Michel Martelly n'a que deux options : « élections ou démission ».

« Si Dieu le veut et si mes compatriotes le veulent, oui, je serai encore candidate à la présidence », a déclaré jeudi matin Mirlande Manigat sur Radio Magik 9. Mais pour l'instant, a souligné la secrétaire générale du RDNP, ce n'est pas la priorité de son organisation politique. « L'élection présidentielle de 2016 paraît assez loin », a-t-elle dit. Cependant, l'ex-première dame a indiqué que dans un pays normal, il ne serait pas trop tôt, trois ans avant, qu'un parti politique commence à s'organiser.

En revanche, l'ancienne candidate à la dernière présidentielle somme le chef de l'Etat de tout mettre en oeuvre pour la tenue, cette année, des élections devant renouveler le tiers du Sénat et les collectivités territoriales.

Selon elle, Michel Martelly a proposé d'utiliser la loi électorale de 2008 dans l'unique but de profiter du prescrit inconstitutionnel de l'article 231 du document qui raccourcit le mandat des députés et des sénateurs. « C'est le comble ! », a-t-elle lancé. Comme les autres partis politiques membres du Mouvement patriotique de l'opposition démocratique (MOPOD), Mirlande Manigat a estimé que le chef de l'Etat doit démissionner s'il n'arrive pas à organiser les élections cette année.

« Nous allons assister à un effondrement de l'ordre juridique et de l'ordre institutionnel du pays, a-t-elle prédit. Si le président veut déclarer le Parlement caduc, car c'est son intention, dans ces conditions il faut qu'on remette les pendules à l'heure. Tout le monde s'en va. »

Interrogée sur l'application et les interprétations divergentes autour de l'article 191-1 de la Constitution, la constitutionaliste a rappelé qu'elle avait, depuis longtemps, souligné l'ambiguïté qui existe dans cet article et dans plusieurs autres articles qui méritent qu'on y apporte des précisions. Il y a un principe en droit qui veut que, a-t-elle dit, ce qui est valable c'est ce qui est écrit et qui doit être observé.

Cet article indique que le CEP envoie le projet de loi électorale à l'exécutif pour « les suites nécessaires ». Mirlande Manigat a analysé successivement les deux interprétations qui sont sur le tapis. « On peut considérer que l'exécutif est une boîte aux lettres qui transmet au Parlement. Mais d'un autre côté, on peut aussi considérer, étant donné que le CEP est un organisme autonome, qu'il n'a pas accès au Parlement. Dans certains pays, le tribunal électoral dépose la loi directement au Parlement. Et, je pense que ce serait une bonne chose que le CEP a la faculté de déposer la loi électorale directement au Parlement », a-t-elle expliqué.

« Maintenant, a demandé madame Manigat, quel est le rôle de l'exécutif ? On lui envoie un document, il n'est pas là simplement pour le transmettre comme un facteur. Un projet de loi doit avoir une certaine forme et doit être approuvé en Conseil des ministres. Il faut qu'il y ait un ministre, probablement celui de la Justice, qui le présente et le défende au Parlement. »

La façon dont la Constitution parle de cet aspect laisse croire que c'est l'exécutif qui élabore le projet de loi. Mirlande Manigat a souligné qu'il ne s'agit pas du président Martelly, mais de l'exécutif, voire même du gouvernement, puisque le document doit avoir, en plus de la signature du chef de l'Etat et du Premier ministre, celles de tous les ministres.

Il y a une autre manière de procéder, a déclaré la secrétaire générale du RDNP. « Avec discrétion, le Conseil des ministres pourrait souligner à l'intention du CEP deux ou trois articles qui pouvaient être écrits autrement... », a-t-elle dit. Selon l'ancienne première dame, le chef de l'Etat cherche à faire passer le temps lorsqu'il a déclaré vouloir examiner l'ensemble des 246 articles du projet de loi électorale. « Ce qui confirme les soupçons qu'ils ne veulent pas organiser les élections », a-t-elle dénoncé.


Mirlande Manigat chez Aristide

Le mardi 18 juin dernier, Mirlande Manigat et Jean-Bertrand Aristide ont passé 1h30 à discuter de tout et de rien dans la résidence privée du leader Lavalas. « On parlait de la politique du pays, de ses idées à lui, c'était très charmant », a confié au Nouvelliste la secrétaire générale du RDNP. Elle a souligné que la rencontre était très cordiale. « Les questions relatives aux élections n'ont pas été abordées », a-t-elle précisé.

Peu de temps avant, le Dr Maryse Narcisse lui avait proposé de dispenser un cours à l'université du parti sous le titre ''Constitution et Etat de droit''. « Très sincèrement, je ne voyais pas pourquoi refuser », a-t-elle soutenu. Elle savait que sa présence à l'université de Jean-Bertrand Aristide allait soulever la curiosité des gens. Mais elle l'a quand même fait. La politique !
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Ven 26 Juil 2013 - 18:37

Se adrès atik sa a wi mwen te mete pou w kòmante.Mwen pa t pran ka premye paragraf yo,paske depi MANIGAT yo pa sou pouvwa a e wou tande y ap pale de rache manyòk ;yo se pakapala.
Se sou 2zyèm PATI ATIK lan mwen te mande w pou kòmante si w vle;m ap pale w de rankont 1è 1/2 ke madanm lan te fè ak ARISTIDE lan TABA.
Mwen t ap fè espekilasyon.L. MANIGAT sanble ak BALAGUER a la diferans ke BALAGUER te fè 4 manda sou pouvwa a.BALAGUER te menm etidye lan SÒBÒN menm jan ak MANIGAT.
Mwen te remake ke lòske AMERIKEN yo te lave men yo de DWAT DOMINIKEN an ;Pati BALAGUER an pou l te siviv ,menm si se rakle l ap rakle,li te antre lan yon ALYANS ak PLD ,pati JUAN BOSCH lan.
Sa m ap di nou mesye ,nou toujou konprann ke AMERIKEN yo ap reyaji menm jan ,alòs ke lan anpil lòt peyi ,yo konn chanje fizi yo depòl.

DWAT AYISYEN an san apwi AMERIKEN yo ,paka siviv.Yo pa menm gen ase `FÒS militè sou teren an.
Mwen te konprann ou te gen yon bagay ou t ap ajoute lan diskisyon an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Marc H Ven 26 Juil 2013 - 22:47

Poukisa Manigat Bay Martely 2 choix -option kan Martelly ta dwe genyen yon sel option : demisyone.
Après avoir influencé le travail d'un juge , Martelly n'a pas de choix que de remettre sa démission. Ki bay election ou demisyon yap pale la . Franchement ces politiciens sont vraiment ...
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Sam 27 Juil 2013 - 13:30

Joel a écrit:Se adrès atik sa a wi mwen te mete pou w kòmante.Mwen pa t pran ka premye paragraf yo,paske depi MANIGAT yo pa sou pouvwa a e wou tande y ap pale de rache manyòk ;yo se pakapala.
Se sou 2zyèm PATI ATIK lan mwen te mande w pou kòmante si w vle;m ap pale w de rankont 1è 1/2 ke madanm lan te fè ak ARISTIDE lan TABA.
Mwen t ap fè espekilasyon.L. MANIGAT sanble ak BALAGUER a la diferans ke BALAGUER te fè 4 manda sou pouvwa a.BALAGUER te menm etidye lan SÒBÒN menm jan ak MANIGAT.
Mwen te remake ke lòske AMERIKEN yo te lave men yo de DWAT DOMINIKEN an ;Pati BALAGUER an pou l te siviv ,menm si se rakle l ap rakle,li te antre lan yon ALYANS ak PLD ,pati JUAN BOSCH lan.
Sa m ap di nou mesye ,nou toujou konprann ke AMERIKEN yo ap reyaji menm jan ,alòs ke lan anpil lòt peyi ,yo konn chanje fizi yo depòl.

DWAT AYISYEN an san apwi AMERIKEN yo ,paka siviv.Yo pa menm gen ase `FÒS militè sou teren an.
Mwen te konprann ou te gen yon bagay ou t ap ajoute lan diskisyon an!    

Entèlokitè a redoudabl... (lol)

Kilti sipèstisyon an Ayiti abeti menm moun ki swadizan konn li. Yo pi mal ankor paske mwen gen nouvèl pou yo; mwen te al Ayiti e youn lan moun ki plis saj e plis lojik ke mwen te tande k'ap pale se te yon pov peyizan iletre, 80 ane, an ranyon ki pa t gen yon grenn dan lan bouch li ankor.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Lun 29 Juil 2013 - 18:11

Joel kozefanatik sa ap fe w pedi talman tet ou ...se nan paj sa yo pale de rankont MANIGAT TITID LA ......yON RANKONT ANPLIS ...YON LOT KONPLOT ANPLIS !
KONT LE PEP ! KONT PEYI A ......

Lo Aristide vle fe yon rankot serye se ak Sauveur Pierre Etienne Humler rhebu et Tneb Delpe poul ta ramkontre .....Apre sa kwe m si nou se pa l apres Martelly ka regle la ......anko mwen s koza jistis kap regle si tout bon Martelly ta mele nan koze lanmo Magistra a ...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Lun 29 Juil 2013 - 23:44

TITUDE SA NAP PALE LA PWAN CHANS LI DEJA PLIZYE FWA..CHAK FWA YO LI TOUJOU FINI PA YON FIYASKO ....FIASKO KI KITE GWO ERITAJ POU NOU TANKOU KIDNAPING , OPERASYON BAGDAD , AK OKIPASYON...

MOUCHE SA PROUVE ANPLIZYE OKASYON LI SE YON JAN DE MALE ...LI REIYISI SAN PEP LA PLIZYE FWA DEJA.... lI TA DWE AL CHITA TANN JISTIS PEYI A OGANIZE TET LI ...SI LI PA GENTAN MOURI POU L KA REPONN DE ZAK LI ...DE TOUT ZAK LI YO ....

YO JOU POU YO KA BAY SWITA RAPO PAUL DENIS AN ....SE YON OU BYEN LOT KI TA DWE ALE NAN PWIZON.. SE SWA PAUL DENIS TE NAN MANTI ..OU JBA KOUPAB DE TOUT SA YO REPWOCHE LI YO ....LA JISTIS KESYONEN LI POU L BAY MONEN !

MET ANDRE MICHEL LEVE DEJE MARTELLY POU KORIPSYON PANDAN LI SE AVOKA ARISTIDE POU KOZE KORIPSYON.....AYITI SANBLE TOUT BON YON ETAT MODENN...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Mar 30 Juil 2013 - 6:44

Kounye an ,se pa de MOUN ke li te touye ;se ERITAJ li ta kite.
Si te gen OPERASYON BAGDAD vre ,e pa t genyen ,se GNBis,koudetayis poutchis yo ki responsab.
Ki sa k ta gen tan gen la a ;pou nou fè KOUDETA nou,touye MOUN jan nou vle E VIKTIM yo pa t gen dwa REZISTE kont sa nou t ap fè.
M ap di nou ankò ,remèsye BONDYE te gen ENTÈVANSYON ETRANJE ,paske anpil lan nou pa t ap la.
Pa gen moun ki te voye nou al fè KOUDETA.ARISTIDE te fè tout sa ki posib pou l te evite sa.
Gen ETRANJE ki di se paske misye te montre twòp KONSILYASYON ki fè NÈG pa t bat ba.

ALE LI NOUYÒK TIMES ant 2000 ak 2004 pou w wè tout sa ARISTIDE te fè pou evite peyi an KATASTRÒF nou te mete l lan.

Tout sa ki te rive apre 2004 ,se pa t ARISTIDE ki te responsab ;se te noumenm ki te responsab.
Kanta pou KOUDETA 1991 lan ,ale li ROBERT FATTON.Misye di ke pa gen anyen ARISTIDE te ka fè pou l evite KOUDETA a.
ANYEN!
KOUDETA a pa t fèt kont ARISTIDE se te kont PRENSIP ke MOUN te ka vote pou yo chwazi PREZIDAN ,lib e libè.
FATTON PA LAVALASYEN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Mar 30 Juil 2013 - 8:37

Joel a écrit:Kounye an ,se pa de MOUN ke li te touye ;se ERITAJ li ta kite.
Si te gen OPERASYON BAGDAD vre ,e pa t genyen ,se GNBis,koudetayis poutchis yo ki responsab.
Ki sa k ta gen tan gen la a ;pou nou fè KOUDETA nou,touye MOUN jan nou vle E VIKTIM yo pa t gen dwa REZISTE kont sa nou t ap fè.
M ap di nou ankò ,remèsye BONDYE te gen ENTÈVANSYON ETRANJE ,paske anpil lan nou pa t ap la.
Pa gen moun ki te voye nou al fè KOUDETA.ARISTIDE te fè tout sa ki posib pou l te evite sa.
Gen ETRANJE ki di se paske misye te montre twòp KONSILYASYON  ki fè NÈG pa t bat ba.

ALE LI NOUYÒK TIMES ant 2000 ak 2004 pou w wè tout sa ARISTIDE te fè pou evite peyi an KATASTRÒF nou te mete l lan.

Tout sa ki te rive apre 2004 ,se pa t ARISTIDE ki te responsab ;se te noumenm ki te responsab.
Kanta pou KOUDETA 1991 lan ,ale li ROBERT FATTON.Misye di ke pa gen anyen ARISTIDE te ka fè pou l evite KOUDETA a.
ANYEN!
KOUDETA a pa t fèt kont ARISTIDE se te kont PRENSIP ke MOUN te ka vote pou yo chwazi PREZIDAN ,lib e libè.
FATTON PA LAVALASYEN!  

JOEL JOUNEN JODIA FUCK NOU TA KITE KOZE NEW YORK TIME YO ...PA JANM BLIYE N Y TIME SE YONN NAN JOUNAL KI TE KONN AP PALE KE HAITIEN SE YONN NAN 4 H YO .....JOUNEN JODIA SE NAN HAITI TIMES MWEN YE ??????LAP TRES DIFISIL  POU W RIVE EFASE MALEAK TO KE ARISTIDE KOZE PEYI A ....

SI TOU DEPI NOU TANDE TRIBINAL NOU VOYE PYE NOU FE BWI...NOU MENM CHACHE TOUYE MOUN....SE SA KI FE NOU TOUT GWO BAWON LAVALAS NOU AKSEPTEKOURI KITE PWIZON SAN OKENN JIJMAN ...NEPTUNE ,PRIVERT , JEAN JUSTE ..
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Mar 30 Juil 2013 - 9:26

aRISTIE FET TOU SENPLIMAN POU PWAN KONSYANS ..BAY PEYI A YON TI CHANS...PEYI A PAKO SIBI YON LOT KONPLO DUVALAS...YON LOT KONPLO ARISTIDE...ARISTIDE SE YON ETENEL ECHWE......LI LO LI TAN POUL BAY PEYI A YON CHANS...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Mar 30 Juil 2013 - 9:59

Ou fèt tanmen ap voye pye.Lè nou kite l dirije peyi an ;nou pa fè koudeta kont li n a di l fè silans.
Byen ke NÈG lan pa preske pale ;n ap tranble depi nou tande NON li.

Tonnè fout KAKAKÒK;
Nou bouke ak bagay san pye ni tèt ou yo ke ARISTIDE se kriminèl ,li koronpi.Menm lè gen yon diskisyon sou MATELI ,se pou jwenn yon jan pou w foure ARISTIDE ladan l.
Pou di ,mwen pa konprann obsesyon sa a ou gen ak NÈG lan.
Men tou se pa obsesyon sa a depi plis ke 10 zan ki ap regle anyen pou wou.
Depi an 2003 ,sou sit OPL lan ,ou lan dengonn ARISTIDE.
Misye fè 7 an ann EKZIL ;ou pa p pase 2 JOU san w pa nonmen non l;e se te pandan l te ann EKZIL lan wi.

DE KI PREVYEN KAKAKÒK!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Mar 30 Juil 2013 - 10:28

EPI FOUT TONNÈ KAKAKÒK

Sispann mete GAZOLIN pou nou mete DIFE epi n ap rele O FE
Sispann rele ARISTIDE kriminèl .
OTAN FOUT KAKAKÒK

http://haitiaction.net/News/HIP/belade.html

Oumenm ak LEPANDYÈ lan RADYO yo ki fè KARYÈ pou yo voye toya sou ARISTIDE yo; bay pwovèb AFRIKEN sa a rezon "'Si se LYON an ki t ap di jan CHAS lan pase ou t ap gen yon narasyon diferan de sa CHASÈ an te di""
Mwen kwè ou ase entelijan pou w konprann  

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Doub-Sossis Jeu 1 Aoû 2013 - 5:20

Haïti-politique: "Pas de coup d'état, mais pluralisme... et élections honnêtes", dit le RDNP
Mercredi, 31 Juillet 2013 22:35 HPN Nouvelles - Politique Envoyer Imprimer PDF


Le parti politique Rassemblement des démocrates nationaux progressistes (RDNP) a réagi mercredi dans un communiqué aux propos tenus par le président Michel Martelly lors du carnaval relatifs à un coup d'état se prononçant en faveur du pluralisme politique et la tenue d'élections honnêtes à la fin de l'année. (le texte du communiqué)



"LES MEMBRES DU CONSEIL EXECUTIF ONT SUIVI AVEC BEAUCOUP D'ATTENTION ET D'INTERET LES DECLARATIONS DE M. MARTELLY À LA TELEVISISON RELATIVES A UN COUP D'ETAT.

TOUT DANS SES PROPOS TRADUIT QU'IL PARLAIT DE LA SECRETAIRE GENERALE DU PARTI, MME MIRLANDE MANIGAT.


PARTI VIEUX DE 34 ANS NÉ EN TERRE ETRANGERE, LE RDNP N'A JAMAIS PRÔNÉ ET NE PRONE PAS DE COUP D'ÉTAT.

IL N'A JAMAIS ÉTÉ ASSOCIÉ NI EN 1991 NI EN 2004, ANNÉE DU BICENTENAIRE DE L'INDEPENDANCE À CEUX QUI FAISAIENT DU COUP D'ÉTAT LA SEULE RÉPONSE AUX CRISES POLITIQUES.

FORT DE SA CULTURE DE NON-VIOLENCE ET DE TOLÉRANCE TIRÉE DE LA DÉMOCRATIE CHRÉTIENNE, LE RDNP A TOUJOURS SU GARDER UN COMPORTEMENT LOYAL VIS-À-VIS

DES AUTRES PARTIS POLITIQUES, ET UNE ATTITUDE LÉGALISTE FACE À UN POUVOIR MÊME ANTINATIONAL ET A FORTE TENDANCE DICTATORIALE.


LES MEMBRES DU CONSEIL EXÉCUTIF NATIONAL INVITENT M. MARTELLY À SE RESSAISIR CAR LE CARNAVAL ,TOUT EN RESTANT UN MOMENT FORT DE LA TRADITION POPULAIRE, NE SAURAIT NOUS DISTRAIRE DES PREOCCUPATIONS LÉGITIMES DE LA POPULATION:


CORRUPTION GÉNÉRALISÉE, MORT SUSPECTE D'UN JUGE D'INSTRUCTION ENQUÊTANT SUR LA FAMILLE PRÉSIDENTIELLE, VOLONTÉ MANIFESTÉE PAR LE POUVOIR DE DOMINER LE JUDICIAIRE ET LE LEGISLATIF, MISÈRE ROSE, CHOMÂGE EXAGÉRÉ,

PAUPÉRISATION DES CLASSES MOYENNES, ARROGANCE DU POUVOIR FACE À DES PROFESSIONNELS, VOLONTÉ DE L'EXÉCUTIF DE FAIRE TAIRE MAÎTRE ANDRÉ MICHEL ET CERTAINS AUTRES OPPOSANTS, MILICE DÉGUISÉE ET SES FORMES DE VIOLENCE.


LE RDNP ACCOMPAGNERA LE PEUPLE HAÏTIEN DANS TOUTES SES REVENDICATIONS LÉGALES DÉMOCRATIQUES ET PACIFIQUES.


POUR LE RDNP, LA SEULE VOIE CONSISTE À GARANTIR LE BON FONCTIONNEMENT DE NOS INSTITUTIONS ET LE PLURALISME POLITIQUE EN ORGANISANT DES ELECTIONS HONNÊTES À LA FIN DE L'ANNÉE.


TOUT EN INVITANT SES MEMBRES AU CALME ET LES PARTIS FRÈRES DE L’OPPOSITION À GARDER LA MOBILISATION VIGILANTE POUR DE VRAIES ELECTIONS EN 2013, LE RDNP CONTINUE DE CROIRE EN UNE HAITI MEILLEURE.

JUSQU'À LA VICTOIRE FINALE".


DR GERARD E. BEAUBRUN
S.G ADJOINT CHARGÉ DES RELATIONS INTERIEURES
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Jeu 1 Aoû 2013 - 6:29

Se yon repons ke madan MANIGAT bay MATELI ki di ke madanm lan ap MITONNEN koudeta kont li.
Lan opinyon pa m MATELI t ap tchwipe si se deklarasyon ke lòt PATI POLITIK RADYODYÒL RADYOLIS yo siyen ak RDNP an sèlman ki te genyen;se rankont ant madan MANIGAT ak ARISTIDE lan ki ap bay MATELI maltèt.

Pa gen anyen ke misye fè ki bay AMERIKEN yo menm yon ""hint'' ke l kapab mete BAZ yon PATI de DWAT ki kapab fè KONKIRANS ak FL.
ANYEN!
Bagay mesye yo pa konprann sè ke opinyon AMERIKEN an kòmanse chanje depi apre KOUDETA 2004 lan.DWAT AYISYEN an se yon sèl bagay li konnen se REPRESYON.
Eleksyon 2011 lan se te yon ABERASYON,se te byen konte mal kalkile.Lan ONDIRAS ak AYITI madan CLINTON kite yon MÈS pou OBAMA.
ETAZINI sou presyon lan ONDIRAS ,y ap mande l pou l reyaji kont DWAT KOUDETAYIS ,PROTO-FA-CHIS lan; e ann AYITI?

Byen ke mwen pa dakò ke RDNP pa t lan pas pouki lan koudeta 2004 ,men tou se pou l pran distans li de SOSYALO FA-CHIS tankou SAUVEUR PIERRE ETIENNE ak ekstrèm dwatis tankou HIMLER RHEBU.

Gen yon lòt bagay ke NÈG pa teni KONT se DIFERANS ant madan CLINTON ak JOHN KERRY.madan CLINTON a dwat lan politik ETRANJÈ konpare ak KERRY ki se yon SANTRIS.
Pa bliye an 2004;JOHN KERRY se te SÈL SENATÈ ki te pran la PAWÒL pou l OPOZE KOUDETA a.Misye te di ke se yon ERÈ ke mesye BUSH yo t ap fè ,lè yo pa t BLOKE KOUDETA a.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Jeu 1 Aoû 2013 - 13:59

Tout chef d'Eta gwo e mwayèn peyi fè jefor pou pale yon lót lang. Kanta prezidan ameriken a, li toujou manke kilti paske ameriken tro egosantrik. Kennedy te seye chanje pèsepsyon ameriken a lè li te pran yon fanm fransèz men... Yo trete Obama de elitis, snob paske misye miltikiltirèl. John Kerry ki parèt la e ki sanble ak yon prezidan pale franse e sa deja plis yon andikap ke yon avantaj paske konsèvatè ameriken yo plis renmen gwo solye, nèg epè, fanm ki gen ti gigit tankou Hilary... Ha! ha! ha!

Seryezman, mwen tande bri divèsyon Sweet Mickey af fè an Ayiti. Sanble la a lan obsève etap demokratik Ayisyen dwe chita kite Sweet Mickey defeke lan figi yo paske visye pè pou blan pa koupe yo les vivres. Si se te yon lót yon mwa pa t'ap pase rasis la te deja jete'l ou byen pimpe'l lan tchè LAfrik pou raple'n ke nou se yon band nèg e ke nou pa gen plas pou n'ap fè bri lan Amerik.

Moman a rive pou mete yon point final sou pretansyon salopri malprop, gwo ponyèt, vyolan, asasen ki pati pou yo kidnape ti peyi a ke y'ap vand moso apre moso. Mwen pa vle wè vye nèg tankou Sweet Mickey a e misye pa t janm di'm an-yen lè li t'ap fè mizik. Tout moun te konn ki sa li t'ap vand e se sou menm beat la li kontinye.

Li lè pou sa ki rete yo e ki gen kèlk notoryete mete ansanbl ak [i]resous rekou/i] peyi a pou kontre zèv dyabolik ti yason sa a vin fè. Sa te pran tan pou byen idantifye Duvalier ou plito li te fè voupvap sou nou men fwa sa a si nou pa choute chyen konsa a tou d' suit, pèsonn pa ka vin di ke yo pa t konen. Yon vye trèt, residivis, topiye ki rakonte ap prop bouch li jan li te denonse nèg lan travay li ki te konn fimen crack ak li. Se paske misye se youn lan pi gwo pouriti ki gen sou tè a ki fè yo te prepare'l pou nou. Lan tout demele li te gen ak la jistis Amerikèn, sa te pèmèt yo dekouvri nèg pa yo a tèt kale.

Mwen tande anpil moun ki komanse ap di ke la patri an danje, alor si yo konprand byen sa sa vle di pou lavni ras nou yo va poze jès konsekan ki se pimpe makak sa a kote li soti ak pwen grandè li ya. Shit!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Jeu 1 Aoû 2013 - 14:52

Mezanmi wo. Pou yon nèg gen tout dosye nwa, sal sa yo, e an Ayiti e Ozetazini e pi pou li pèmèt li izipe prezidans peyi a menm janr ak Duvalier yo. Yo konn sa yo fè trè byen wi paske si Palè Nasyonal la te ret kanpe moun ta konen ki kote pou y'al chèche san zave, fachis, suppôt de Satansa a.

Mwen pa janm regrèt pawol a'm, mwen deja di ke mwen pa gen dwa met pye lan peyi Sweet Mickey. Sweet Monkey, rache manyók a w!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Jeu 1 Aoû 2013 - 16:33

ainsi ne soit-il a écrit:Mezanmi wo. Pou yon nèg gen tout dosye nwa, sal sa yo, e an Ayiti e Ozetazini e pi pou li pèmèt li izipe prezidans peyi a menm janr ak Duvalier yo. Yo konn sa yo fè trè byen wi paske si Palè Nasyonal la te ret kanpe moun ta konen ki kote pou y'al chèche san zave, fachis, suppôt de Satansa a.

Mwen pa janm regrèt pawol a'm, mwen deja di ke mwen pa gen dwa met pye lan peyi Sweet Mickey. Sweet Monkey, rache manyók a w!

SA MADAN MANIGAT TAL REGLE AK ARISTIDE ???????? SE YON KONPLOT !

kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Jeu 1 Aoû 2013 - 18:30

W pa konprand pozisyon'm non, Konpe Kok. Sweet Mickey te al devan Aristid itou e w pa janm poze kestyon de ki sa yo te pale. E si w te gen bon sans, w ta sipoze se pou pase eponj lan intere peyi a.

Madan Manigat gen dwa rankontre Aristid tankou tout sitwayen. W pa fout gendwa ap seye sote sou sa pou repete pawol kapon malprop la ke se kou d'Eta ki ap prepare. Sweet Monkey te kanpe lan mikro pou li di ke pa gen pesonn ki pwal anpeche fe sa li vin fe. Poze w kestyon jodi a de ki sa li te pale ak JCD le li t'al chita ak li.

W pa konprand jwet Sweet Monkey a ap jwe; jan tout kor'l plen pou defye la loi peyi a lan bay manti. Se paske bounda misye ap chofe e ke patron li yo vle lage'l ke l'ap jwe ka't kapon li a. Misye konen ke apre sa li pa kanpe sou anyen an Ayiti, li te panse ke li te ka vin ralye moun pou ranfose'l men apre bal tanbou lou. Moun yo fin danse lan kanaval apre sa yo rantre lakay yo san ke pozisyon yo pa chanje paske yo deja konen ak ki bsa yo an affaire.

Misye akize Madan Manigat e pi li di ke se yon fanm ki viktim koup d'Eta deja ki vle ranverse'l. Eske w tande byen? Eske w konprand byen? Antr mwen ak w, w pa remake ke lach la ap fe atansyon lan deklarasyon a. Se je wont je ki fe li pa nome ti-Doc ke li abitye joure kolangyet manman. Oui, Konpe Kok, yo konen w byen, w pa t'ap manke vini ak Aristid lan kestyon a. W gen le pa janm osi alez an Ayiti ke depi Sweet Monkey izipe pouvwa la.

W ap pran poz ap denonse tout moun, w fe akizasyon ki san fondman e se sa menm ki fe ke m'pap janm etone'm. W lan manti, si tout moun ap diskite ap proteste pou etabli suprematie Lwa peyi a, pou pije pouvwa lejislatif ke san zave ap goumen pou li fin pouri net.

W byen kanpe deye kay roz la. Ha! ha! ha! Se divesyon w vle fe. Konpe Kok an misyon. Oh yeah!

Seryezman, neg, bay tet a w yon chans, menm si w ta rayi yon endividi, si w serye lan defand demokrasi konsa, w vreman ekzajere pou ap kmete pou Aristid aloske moun ap pale de yon pretansyon yon residivis an Ayiti lan syekl n'ap viv la.

Sweet Monkey pa gen bagay ni bagay entelektyel ni prestij yon chef militaire pou li dirije Ayiti kelke swa lan epok nou t'ap viv la. Yo sipoze frenen Sweet Monkey e se pa ni Madan Manigat ni Aristid ki ap deside sa. Makak sa pa bezwen moun pou desand kanson'l, pa gen moun ki fou an ayiti pou al kouri deye demon konsa. Misye ap jwenn chatiman'l lan main metr li, patron'l. E se bounda'l ki cho tou d'bon ki fe l'ap rele anmwe. Li fout paranoyak, se konsa ak tout sanguinaire.

Antouka, Madan Manigat pa fe anyen ki mal, li pa deklare ke li pa t rankontre Aristid tankou neg ki gen gwo soupson sinon setitid k'ap pand sou tet yo ke yo bay yon jij pwazon. Mwen di li deja, Sweet Monkey ak Lamothe va aprand ke Jij Jozef se pitit yon moun, se yon frere, yon tonton, yon mari, yon zanmi pou anpil moun.

Yon denye bagay, si Canada antre lan kestyon a, Ayisyen gen dwa pa jwenn konfimasyon a, men si prev yo tonbe lan main patron Sweet Monkey, y'ap fout choute bouda'l. Piga salopri a ap vin di ke fanm la ap oganize kou d'Eta kontr li-menm. Kapon a, ki sa l'ap tand pou akize aristid direkteman. Ah! mwen te blye, li ka konte sou neg tankou Konpe kok pou fe travay sa a pou li. (lol)

Mwen vreman fache. Le eleksyon te fet, mwen te di: bay'm nenpot ki sof Sweet Mickey. le tout moun te komanse ap vire ron lan diskisyon yo apr jes fanfaron li te komanse poze, mwen te di mezanmi nou pran an ba duvalierisme ankor... Mwen-menm, mwen kwe lan demokrasi, men mwen pa chita ap tand ke bet la mande anraje pou konstate dega ki li deja fe.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  ainsi ne soit-il Jeu 1 Aoû 2013 - 18:34

Konpatryot ki t'ap voye Hilary Clinton monte a anbarase jodi a pou se fanm sa a ki lage bete sa lan main'n. Mwen konen li degoute ak politisyen Ayisyen yo men Hilary desevwa misye anpil. (lol)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Jeu 1 Aoû 2013 - 21:26

ainsi ne soit-il a écrit:Konpatryot ki t'ap voye Hilary Clinton monte a anbarase jodi a pou se fanm sa a ki lage bete sa lan main'n. Mwen konen li degoute ak politisyen Ayisyen yo men Hilary desevwa misye anpil. (lol)

Mwen pa manje manje bliye ! Mwen genyen plis pase 50 tan sou bwat tet mwen ...Mwen we anpil koze ...Sa madan Manigat tal fe nan fouk Aristide ???Lo mandanm lan ,peyi a te bezwen li aa,,Li tap pale kk ....Kom gwo opotonis santi li tann pou kote dlo a koule fre ....

Aristide te ka ede ou cheche ede pou peyi a pa te tonbe anba zago Miky ...Jodya se tou senplman se konplo politik .. Se sa kkkok di ..Aristide panko janm chita poze yon bon bon pwoblem pou peyi a .
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Ven 2 Aoû 2013 - 7:05

Gen anpil bagay yo vin dekouvri sou HILLARY ,se antan li te vin SEKRETÈ DETA a.
Se youn lan rezon ki te bay OBAMA ,maj pou l genyen nominasyon an sou li;paske tout moun t ap di li inevitab.
Youn lan rezon ki fè OBAMA te genyen nominasyon an ,se paske HILLARY te apwiye ENVAZYON IRAQ lan e OBAMA te kont li lè sa t ap diskite lan SENA a ,anvan ENVAZYON an.
Opinyon piblik lan ,te vin wè ki DEZAS ENVAZYON IRAQ lan te ye ,se sa ki te bay OBAMA nominasyon an.

HILLARY definitivman a DWAT lan politik etranjè.Te gen MOUN alantou OBAMA ki te kont KOUDETA lan ONDIRAS lan ,HILLARY te pou KOUDETA a.
Se pou sa gen kesyon lan ki jan JOHN KERRY ap wè yon KRIZ ann AYITI si MATELI lan estipidite l pwovoke youn.

Lan tout KARYÈ L JOHN KERRY ki te CHAIRMAN KOMISYON ZAFÈ ETRANJÈ lan SENA pa t janm pale ANSYEN PÈ an MAL.
Tankou m te di l deja misye te di an FEVRIYE 2004 ke KOUDETA a se te yon ERÈ POLITIK si ETAZINI te apiye l e si yo pa t BLOKE l.
Gen NÈG ki konprann ke se tout ""establishment'' ameriken an ki te apiye KOUDETA 2004 lan;yo twonpe yo grandman.
Se pou nou wè ''kab"" ke ANBASAD AMERIKEN an t ap voye bay DEPATMAN DETA pandan tout ANE 2004 lan.
Yo te trè SEPTIK ou menm ENKYÈ ke bagay sa a t ap pase byen e yo pa t gen okenn konfyans ke mesye DWAT yo ak SOSYALO FA-CHIS yo te ak kapab kontwole sitiyasyon an.

Gen moun ki di ke se LATORTUE yo t al chache pou pran alatèt gouvènman .Se pa t konsa non ,yo te rive a desizyon sa a.
Yo te nonmen misye paske MAS yo pa t konnen misye e misye pa t gen yon ""BULL'S EYE"" GNBis lan do l

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  kakakok Ven 2 Aoû 2013 - 9:47

SWEET MICKY RETE YON WA KANAVAL SALL UP ! Pa genyen okenn moun ki byen nan tet ki ta kwe ke L ancien Nenja de Raoul Cedras ..ta pwal pote yon bagay ki pi bon pou peyi Dayiti ...

Men pa genyen okenn sevel poul , okenn fanatik ki pwal vini vann mwen JEAN B ARISTIDE ....YON LOT PAPA SALL UP REVANCHA , YON POPILIS SANTI ...YON ANTI NATIO NASYONAL SALL UP ....KI ISTORIKMAN PA JANM KONPLOTE NAN BON SANS POU PEYI A ....

SE LI SEL , MADANM LI , PITIT LI , CHEN LI AK KE FIDEL SALL UP NEN FWET LI ....

sA VLE SI SE PA NAN KAD YON KONPLO MADAN MANIGAT PA GENYEN ANYEN , ANYEN PA PEDI ANYEN KAY GWO TRET SA A....

KKKOK KONSIDERE TOUT MOUN KI APWOCHE 100 A VOEUX KOMM TRET ! KOMM KONPLOTE KONT AYITI ....
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Joel Ven 2 Aoû 2013 - 10:20

kakakok;

A pa de rans tankou JEAN LAMY ,JACQUES ROCHE,DESSOURCES ,AMARAL DUCLONA elt;di ki sa ou genyen ak ARISTIDE ki fè ou paka sispann pale de li.
Mwen sonje anvan sa sou sit OPL lan se de madan MIREILLE DUROCHER BERTIN ou te konn pale;se te an 2003.
Lòt moun sou SIT lan ,ede m konprann silvouplè;paske mwen pa fouti konprann.

KOK;
Preske tout sa ou konn di de ARISTIDE yo se pa vre.Ale li DEPÈCH ANBASAD AMERIKEN yo lan LIV PETER HALLWARD ou byen JEB SPRAGUE yo.
Se DEPÈCH ANBASAD AMERIKEN yo ki DEKLASAFYE.W ap jwenn yo ak tout nimewo DEPÈCH yo.
DEPÈCH sa yo pase men pran tout KONPAYÈL ou yo ;LESLI MANIGAT,GERARD PIERRE CHARLES ,HIMMLER RHEBU ak lòt yo.
Lè w ap vin ranpli sit MARC lan ak rans anti-ARISTIDE yo se ESPAS w ap ranpli.Se tèt ou w ap chache konvenk.

Kounye an ,ou lan dengonn madan MANIGAT.KÒK kwè mwen ANBASAD AMERIKEN an pa akòde okenn enpòtans a POLITISYEN RADYO yo.
OPL,ALYANS elt..pa gen okenn enpòtans pou yo.
Moun sa yo se le pase ;FIKSASYON ANBASAD AMERIKEN an se FANMI LAVALAS e sa pa p etone m ke sa ki ap etidye se kòman y ap "'deal'' ak FANMI LAVALAS ;lan yon SANS pou yo modere l.

Sa te rive an DOMINIKANI tankou m te remake l ;ETAZINI te mete pye lan dengonn DWAT DI an ;li te di yo al chita yon kote.Yo preske pa ekziste ankò lòt bò fwontyè an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi Empty Re: De ki sa madan MANIGAT ak TITID t ap pale pandan 1èd tan edmi

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum