Noumenm AYISYEN se antre nou nou renmen goumen ,alòs ke ZÒT yomenm y ap gade LWEN.
Ane sa a se 150yèm ANIVÈSÈ sa DOMINIKEN yo rele RESTORASYON an.
Apre DOMINIKEN yo te pran ENDEPANDANS yo lan men AYISYEN an FEVRIYE 1844 ,yo pè ke yo pa t ap ka reziste yon ENVAZYON MILITÈ AYISYEN ankò.
PEDRO SANTANA envite PANYÒL yo pou yo retounen lan PATI LÈS ZILE an.
Panyòl yo te tou pre an lan KIBA ak PÒTORIKO kote ke te gen LESKLAVAJ toujou ;alòs se te nòmal pou yo te anvizaje retabli LESKLAVAJ an DOMINIKANI.
Lè DOMINIKEN an reyalize sa ,yo te revolte an 1863 pou yo kwape PANYÒL yo.Se sa yo rele RESTORASYON an.
Atik PICHARDO an enteresan ;misye ap di ke yomenm DOMINIKEN pa twò diferan de AYISYEN yo.Misye di ,kounye an AYISYEN yo ap janbe fil pou yo antre an DOMINIKANI men lontan se te le kontrè paske DOMINIKEN yo te konn ale ann AYITI pou y al chache la vi.
Se lan optik sa a misye ap mande si ZILE an ta retounen yon SÈL ;eske se t ap yon move LIDE.
Mwen gen dwa ajoute ke ANTI-AYISYANISM DOMINIKEN an ,se yon bagay ke ""IGNORAMUS"" ki te rele TRUJILLO an te kiltive.Se pa yon bagay ki ""INE"" lakay DOMINIKEN.
Se yon ATIK ENTERESAN .GOOGLE TRANSLATE li an FRANSE si nou vle .Se yon bon TRADIKSYON:
www.listindiario.com/puntos-de-vista/2013/8/16/288514/Fusion-de-La-Espanola