Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

4 participants

Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Sasaye Ven 27 Déc 2013 - 23:04

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Le gros roseau Sam 28 Déc 2013 - 11:12

Poutan Preval fè Bill Clinton Gouvènè apre kel fè mea culpa pou sal fè ayisyen.Fok nou avwe tou nou genyen anpil tret dans nos rangs.e tou tan nou pas debarase nou de tret sa yo nap toujou ap mande charite.e yap toujou di se nou ki pi pov nan amerik la.e yap di se paske nou te siyen kontra ak dyab pou nou te pran endepandans ki fè nou mal konsa.men yo pap janm di pou ki rezon yo te okipe peyi ya an 1915.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Joel Sam 28 Déc 2013 - 11:48

Ou konn tande malpwopte ki te fè KOUDETA an 1991 lan ;ak JOUNALIS mantè ann AYITI yo konn ap rann ARISTID responsab pou zafè DIRI an ke AMERIKEN yo te anvayi AYITI an ak LAME an ki kraze an.
Se te yon ""FAUSTIAN DEAL"" ke ARISTID te fè ;li te fè chwa ki mwen domajab lan.
Tankou NOAM CHOMSKY te fè remake l ;CIA te òganize FRAPH pou l mete yon KOUTO anba GÒJ ARISTID.
CHWA a sè ke ARISTID pa ta aksepte DEAL lan e REPRESYON an t ap kontinye ,yo t ap ranfòse LAME an e angiz de ant 3 ak 4 MIL MOUN ki t ap mouri ,se t ap ant 50 ak 75 MIL e LAME an t ap pi fò ke JAMÈ tankou sa yo te fè lan SALVADOR an

Pou MOUN ki ap di ke ARISTID pa t dwe kraze LAME an.Zak sa a pwoteje la VI anpil MOUN.Se pou nou gade sa ki ap rive lan ONDIRAS jounen jodi an ;EKSTRÈM DWAT lan ak ""back up"" LAME an ;se yon REPRESYON GRENN KRAZE y ap fè;Eskadwon LANMÒ se sèl kòk chante.
Alòs si MESYEDAM lan ONDIRAS yo ,ta ka jwenn yon MOUN tankou ARISTID ki ta ka kraze LAME TOUYADÒ yo an ,yo t ap rele OZANA!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Thunder Sam 28 Déc 2013 - 18:25

Nan pifò listwa sou Ayiti ke mwen tande, se toujou yon sèl bagay: FMI sesi, Bank Mondyal sela, CIA sesi, Repibliken sela...

Men, listwa sa yo toujou manke yon bagay fondamantal: Ki wòl ke  vòlò nou yo jwe nan destriksyon peyi an? Se pa blan an sèlman ki siyen non, toujou genyen yon Ayisyen ki siyen tou, menm si adoratè vòlò sa yo pral di w ke se "kouto" yo te mete anba gòj yo, malgre ke enpe nan vòlò yo admèt ke yo te fè "yon ti dezòd". Kifè se te pou vini sove Ayiti ke Aristide te tounen an 1994? Oubyen se pou l te ka tounen sou "throne" li? Avèk "SI" yo ka di w ke FRAPH t ap touye tout Ayisyen menm pou yo ka jistifye sa ke yo menm ankò konn rele "kontra lanmò" an. Ala nèg genyen pouvwa sou lavi moun, depi l ap kite oubyen rantre an Ayiti, se toujou lavi moun ke l ap sove, se pa janm anyen pèsonèl.

Se laa pou moun fè distingsyon ant gran zòm ak mazèt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Joel Dim 29 Déc 2013 - 15:39

Alòs se lòt MOUN pou toujou GRAN ZÒM?
Lè n ap koute ENPERYALIS yo e fè KOUDETA ,ki sa nou ye?
Alòs JACOBO ARBENZ GUZMAN ki te sibi KOUDETA a lan GUATEMALA an 1954 ;misye pa t yon GRAN NÈG.Wi li se te yon GRAN NÈG.
MALPWÒP lan se te COLONEL CASTILO ARMAS ki te tande ALLEN DULLES ,direktè CIA lan epòk lan e al fè KOUDETA e plonje GUATEMALA lan 40 AN GÈ SIVIL.
Non ,JUAN BOSCH ki te sibi KOUDETA lan DOMINIKANI an 1963 ,pa t yon MAZÈT ;MALPWÒP lan se te JENERAL ELIAS WESSIN Y WESSIN ki te fè KOUDETA a kont li.
An 1965 lè PÈP DOMINIKEN an anraje pou mande pou JUAN BOSCH tounen,yo pa t mande LAME AMERIKEN pou debake pou pote LAME DOMINIKEN an èd ;bagay ki te kòz de SANTÈN lan yo MOURI.
Lan BREZIL ,an 1964 ,JOAO GOULART pa t mande pou yon FAKSYON LAME BREZIL lan ba li KOUDETA ak APWI CIA .
Nou pa bezwen al pi lwen ;al chache kote MAZÈT yo ye!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Thunder Mar 31 Déc 2013 - 8:17

Joel,

Diferans nou se ke mwen di aba vòlò, machann dwòg, asasen, demagòg tou. M ap raple w ke, vle ou pa, Fidel Castro te pran pouvwa a ak fòs, Hugo Chavez ke w te renmen anpil te tante Koudeta pa l.

Anplis, diferans ant gran zom ak mazèt se ke Mandela te mande anbago pou zam kont Afrik di Sid, mazèt te mande anbago sou menm medikaman kont pwop peyi yo; Lan tout leader ke w site yo, konbyen nan yo ki te mande e siyen envazyon pwòp peyi yo ak siyen "kontra lanmò" pou yo te ka tounen sou throne yo? Nenpot nan yo ki te fè sa se mazèt tou.

Pou m fini, m ap raple w ke ENPERYALIS pa konn mande fè koudeta sèlman, yo konn mennen mazèt tounen anba zèsèl yo tou, jis yo rele yo "bon papa".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Joel Mer 1 Jan 2014 - 8:21

Adye THUNDER.
MANDELA te mande ANBAGO sou zam SÈLMAN ?
Ak tout LAJAN ke AFRIKANÈ yo te gen lan KÒF yo ;yon ANBAGO sou ZAM t ap respekte?
THUNDER ,si w pa konnen ,AFRIKANÈ yo te gen tan konstwi 5 BONB ATOMIK;yo te gen tan monte yon ENDISTRI AMEMAN OTONÒM ;pi bon KANON sou PLANÈT lan se SID AFRIKEN yo ki te konstwi yo.
Jounen jodi an ,SID AFRIKEN yo gen yon ENDISTRI ZAM solid ,se gouvènman AFRIKANÈ an ki te kite l
Se ANBAGO EKONOMIK lan ki te fè AFRIKANÈ yo krake ;se rezon sa a ki fè ke mesye BLACK CAUCUS yo te mande mete ANBAGO sou POUTCHIS yo.
Sispann repete KLICHE.Al mande pouki sa ANBAGO sou POUTCHIS yo pa t pran.Al tcheke tou pouki sa BALAGUER pa t ka vòlò ELEKSYON 1994 yo ;e pouki sa li te blije fè BAK e li te refè ELEKSYON apre 2 zan.
ANBAGO an pa t yon mezi MAZÈT ditou.
Li te reyisi ann AFRIK DI SID ;san nou pa neglije tou PRESYON KIBEN yo t ap mete sou AFRIKANÈ yo.
CLINTON t ap mete presyon sou BALAGUER.
Si nou konprann ke POLITIK AMERIKEN pa janm chanje ;gen anpil LIV ki ekri sou ki jan POLITIK SEKIRITE NASYONAL AMERIKEN an devlope.
THUNDER;
Administrasyon ROOSEVELT lan te chaje ak SOSYALIS ladan l.Ou tande pale de FRANCES PERKINS ki te SEKRETÈ TRAVAY sou 3 administrasyon ROOSEVELT yo ak WALLACE ki te VIS PREZIDAN l lan.
Pou m fini mesye ;si nou konprann ke politik AMERIKEN pa ka chanje ;kontinye BOULE ,jan n ap BOULE an ;N AP KONN JÒJ.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Thunder Jeu 2 Jan 2014 - 1:00

Non Joel! Mwen pa janm di ke se anbago zam ke Mandela te mande sèlman. Mwen te vle di w ke lè yo te bezwen monte yon kran anplis apre sanksyon ekonomik yo, Mandela te sipòte anbago zam. Men mazèt yo yo menm, lè yo te bezwen monte yon kran anplis kont Ayiti apre sanksyon ekonomik yo, yo te mande "ANBAGO TOTAL KAPITAL" kote menm medikaman ak avyon komèsyal pa t vole. Se laa diferans lan ye.

Father Aristide said additional economic pressure must now be placed on the military leaders through new trade sanctions, including the banning of all commerce and the severing of air links with the island. "We request a total blockade, which is necessary, even essential" he said, adding, "I'm convinced the military won't be able to hold out."

http://www.nytimes.com/1993/10/29/world/aristide-asks-un-to-place-a-total-embargo-on-haiti.html

Anplis, wou pale de "Cliché" lè m ap ba wou fè yo. Se pou w di m kiyès nan pil leader ki te pran koudeta sa yo kiyès nan yo ki  te janm mande e siyen envazyon pwòp peyi yo? Kiyès ki te fini siyen "kontra lanmò" ak "ENPERYALIS" yo epi ki vini di ke "mwen fè yon ti dezòd"?

Se pa kliche, se fè.

Se wou menm ak zanmi lavalas wou yo ki konprann ke se chak jou ke ti magrit pote bon siwo. Nou te konprann ke apre yo te fini depanse milya pou Mennen nou tounen, yo t ap aksepte ke nou fè tout bagay. Lè w pran pwen nan men dyab la, fòk wou peye, sinon l ap manje w.

Pou m fini, m ap di w ke pou enfòmasyon w, anbago ekonomik lan te jis yon pati nan sa ki lakòz kapitilasyon rejim apartheid lan. Pa bliye rezistans pèp lan, pa minimize apwi global ke rezistans saa te genyen ak boycott ki te òganize.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Joel Jeu 2 Jan 2014 - 8:59

Anbago an pa t reyisi fè NÈG yo bat ba ,pou yon sèl rezon ;se te BALAGUER.Boujwazi an ki te apwiye KOUDETA a pa t santi ANBAGO a kòz de BALAGUER.
Pèp AYISYEN an te apiye ANBAGO an ,menm jan ke NWA lan AFRIK di SID yo te apiye ANBAGO kont peyi yo.Ann AYITI NEG yo t ap bat BA si sèlman ANBAGO an te mòde yo.

Epitou ,mesye sa yo ;ZANMI w yo ki kontinye ap pale de ANBAGO an ;pouki sa yo pa t mete BA lè ZAM lè yo te mete ANBAGO an?
AFRIKANÈ yo se 4 MILYON MOUN ;yo ta gen dwa REZISTE jis MAYI MI si yo te vle;se pou di ke yo renmen peyi yo plis ke MESYE w yo.
ARISTID pa responsab ANBAGO an ak tout sa ki te dekoule de li ;se MESYE W YO ,PA GEN LÒT.
Te gen yon lòt KOUDETA lan yon peyi lan AMERIK lan kont yon prezidan popilè ;se an GWATEMALA ,limenm li te koze 40 an GÈ SIVIL ak DEVASTASYON.
Se pou nou kòmanse aprann MESYE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Thunder Mar 7 Jan 2014 - 19:28

Joel,

Si wou di ke Aristide pa t lakòz anbago kriminèl 1991 lan, pou ki rezon ke wou menm ak zanmi w yo toujou ap mete anbago ekonomik 2000 lan sou do lopizisyon an ak tout sa ki dekoule de li?

Alò moun ki kapitile anba anbago, se yo ki renmen peyi yo? Poukisa se rebelyon ame ki te dekole Aristide li menm? Ebyen Castro mechan anpil?

Se wou ki pou konsistan ak lojik wou yo laa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen Empty Re: Istwa Ayiti ke tout moun dwe konnen

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum